Vini, Suiv Mwen
30 Novanm–6 Desanm. Mowoni 1–6: “Pou kenbe yo nan wout dwat la”


30 Novanm–6 Desanm. Mowoni 1–6: ‘Pou kenbe yo nan wout dwat la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

30 Novanm–6 Desanm. Mowoni 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Alma k ap batize moun nan Dlo Mòmon yo

Minerva Teichert (1888–1976), Alma batize nan Dlo Mòmon yo, 1949–1951, penti aluill sou masonite, 35⅞ x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

30 Novanm–6 Desanm.

Mowoni 1–6

“Pou kenbe yo nan wout dwa la”

Anvan w kòmanse prepare aktivite aprantisaj yo pou timoun yo, nan lapriyè, etidye Mowoni 1–6, pandan w ap chèche prensip ak vèsè ou santi yo bezwen konprann.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pataje sa y ap aprann sou Mowoni yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 53: Mowoni ak ansèyman l yo” (Istwa Liv Mòmon yo, 154–55, oubyen video korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org) pou ede yo sonje.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mowoni 10:4–5

Mwen pran sentsèn pou m montre ke m ap toujou sonje Jezikri.

Sentsèn nan ka yon eksperyans spirityèl sakre—menm pou timoun piti yo. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo itilize tan sentsèn nan pou yo panse ak Jezi?

Aktivite posib

  • Montre yo foto yon moun k ap pran sentsèn (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 108). Mande yo pou yo di kisa k ap pase pandan sentsèn nan? Kisa nou ta dwe fè pandan sentsèn nan?

  • Envite de manm nan pawas la pou vin nan klas la pou li Mowoni 4:3 ak 5:2 pou timoun yo epi di poukisa yo pran sentsèn chak semèn. Mande yo pou yo sigjere kèk bagay timoun yo ka fè pou ede yo panse avèk Jezi pandan sentsèn nan ak pou yo toujou sonje li.

  • Chante yon chan ki ap ede yo panse avèk Jezi, tankou “Humblement, calmement” (Chants pour les enfants, 26). Mande yo pou yo fè pratik chita ak reverans jan yo t ap fè pandan sentsèn nan.

Mowoni 6:1–3

Mwen ka prepare pou m batize.

Deskripsyon Mowoni de moun ki te batize nan epòk li yo ka ede timoun yo prepare yo pou yo resevwa òdonans enpòtan sa a jodia.

Aktivite posib

  • Li kèk fraz nan Mowoni 6:1–3 ki anseye kimoun ki ka batize. Eksplike tèm timoun yo gen dwa pa konprann yo. Paregzanp, youn nan siyifikasyon “yon kè brize ak yon lespri kontri” se santi remò pou peche nou (Mowoni 6:2). Di yo kijan w te prepare w pou w te batize, oubyen mande yon moun ki fèk sot batize pou l eksplike yo kijan l te prepare l. Ede yo panse a fason yo ka prepare yo pou yo batize yon jou.

  • Montre foto moun k ap batize (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103, 104), epi fè timoun yo pale de sa yo wè nan foto yo. Ede yo remake detay, tankou dlo a ak rad blan yo. Mande yo poukisa nou batize, epi eksplike yo poukisa ou te chwazi pou w te batize.

Mowoni 6:4-6, 9

Mwen beni lè m al legliz.

Èske timoun w ap anseye yo konprann poukisa nou vin legliz chak semèn? Mowoni 6 la bay kèk rezon enpòtan.

Aktivite posib

  • Mande yo poukisa yo renmen vin legliz, epi ede yo site kèk bagay nou fè nan legliz la. Li kèk nan bagay sa yo pou yo nan Mowoni 6:4–6, 9, epi envite yo pou yo mime oubyen desine foto yomenm k ap fè bagay sa yo (tankou priye, preche, chante, ak pran sentsèn nan).

  • Ede yo chante yon chan sou al legliz, tankou “When I Go to Church” (Children’s Songbook, 157). Di yo poukisa w renmen vin legliz la ak poukisa sa beni ou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mowoni 2–6

Sentespri a se yon don sakre.

Yon mansyone Sentespri a plizyè fwa nan Mowoni 2–6. Kijan w ka itilize chapit sa yo pou ede timoun yo konprann kijan Sentespri a ka ede yo?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo chèche chak vèsè nan Mowoni 2–6 la ki mansyone Sentespri a oswa Lespri a. Li chak nan vèsè sa yo ansanm, epi mande yo pou yo fè lis sou sa yo aprann osijè Sentespri a sou tablo a. Kijan Sentespri a ka ede nou?

  • Rakonte yo yon eksperyans kote w te santi enfliyans Sentespri a, nan legliz la oubyen yon lòt kote. Eksplike kijan w te fè konnen ke sete Sentespri a ak kijan li te ede ou. Envite yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè avèk Sentespri a, epi ankouraje yo pou yo chèche enfliyans li.

    Imaj
    jènfi k ap resevwa yon benediksyon

    Yo bay don Sentespri a atravè enpozisyon dè men.

Mowoni 4–5

Mwen pran sentsèn pou m montre ke m ap toujou sonje Jezikri.

Lè timoun yo konprann karaktè sakre sentsèn nan, y ap pi dispoze pou yo trete l avèk reverans epi santi yo pi pre Bondye pandan òdonans lan.

Aktivite posib

  • Ekri kèk fraz nan Mowoni 4:3 ak 5:2 sou moso papye, epi mande timoun yo pou yo mete fraz yo nan lòd kòrèk la. Daprè vèsè sa yo, poukisa sentsèn nan enpòtan?

  • Envite timoun yo pou yo imajine ke yon zanmi ap vin nan reyinyon sentsèn nan pou lapremyè fwa. Kijan yo t ap eksplike l kisa sentsèn nan ye ak poukisa nou pran li? Ankouraje yo pou yo itilize Mowroni 4:3 ak 5:2 a nan eksplikasyon yo a.

  • Envite yo pou yo pataje kèk bagay fanmi yo fè pandan sentsèn pou yo ka gen reverans epi panse avèk Jezikri. Ki lòt ide yo genyen? Envite yo pou yo chwazi youn nan ide sa yo epi fikse bi pou yo pase plis tan ap panse avèk Sovè a pandan Sentsèn.

Mowoni 6:4-6,9

Nou al legliz pou n pran sentsèn ak pou youn soutni lòt.

Pawòl Mowoni yo ta ka ede timoun w ap anseye yo jwenn pi bon rezon pou yo vin legliz la chak semèn.

Aktivite posib

  • Ekri Poukisa nou vin legliz? sou tablo a, epi mande yo pou yo ekri repons posib. Envite yo pou yo jwenn kèk repons adisyonèl nan Mowoni 6:4–6, 9 epi ajoute yo nan lis yo a sou tablo a. Envite yo pou yo di kijan yo jwenn benediksyon paske yo vin legliz. Fè yo jwe wòl pou eksplike yon zanmi ki nan yon lòt relijyon poukisa yo rekonesan dèske yo se manm Legliz la.

  • Montre foto oubyen egzanp manje ki nourisan. Poukisa li enpòtan pou nou nouri kò nou? Li ansanm Mowoni 6:4, epi mande yo kisa yo panse fraz “nouri pa bon pawòl Bondye a” vledi. Kijan pawòl Bondye a nouri nou?

  • Envite youn nan timoun yo pou l li sitasyon sa a Eldè Jeffrey R. Holland te fè, epi diskite sou sa l anseye konsènan fason nou youn ka nouri lòt: “Pifò moun pa vin legliz senpleman pou yo aprann yon bagay nouvo oubyen pou yo rankontre ansyen zanmi, byen ke tout bagay sa yo enpòtan. Yo vini pou chèche yon eksperyans espirityèl. Yo vle jwenn lapè. Yo vle lafwa yo fòtifye epi esperans yo renouvle. An brèf, yo vle nouri pa bon pawòl Bondye a, pou yo fòtifye pa pouvwa syèl yo” (“A Teacher Come from God,” Ensign, Me 1998, 26). Kijan nou youn ka nouri lòt spirityèlman nan legliz la?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo pale avèk fanmi yo de rezon k fè yo renmen vin legliz la chak semèn.

Amelyore ansèyman nou

Soutni paran yo. Priye pou w ka chèche sipò paran timoun w ap anseye yo. Kijan w ka sipòte efò yo pou anseye pitit yo levanjil la? Paregzanp, ou gen dwa pale avèk paran yo sou bezwen ak enterè pitit yo a oubyen pataje avèk yo kisa pitit yo ap aprann nan klas la (gade Anseye nan fason Sovè a,  25).

Enprime