Vini, Suiv Mwen
7–13 Desanm. Mowoni 7–9: “Se pou Kris la konsole ou”


“7–13 Desanm. Mowoni 7–9: ‘Se pou Kris la konsole ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“7–13 Desanm. Mowoni 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Mowoni ap ekri sou plak lò yo

Minerva Teichert (1888–1976), Mowoni: Dènye Nefit la, 1949–1951, penti aluil sou masonite, 34¾ x 47 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

7–13 Desanm.

Mowoni 7–9

“Se pou Kris la konsole ou”

Etidye Mowoni 7–9 la nan lapriyè ap envite enfliyans Sentespri a. L ap ede w konprann bezwen timoun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Raple timoun yo yon bagay ou te envite yo pou yo te fè pandan leson semèn pase a oubyen yon bagay yo te petèt aprann avèk fanmi yo semèn sa a. Ankouraje yo pataje sa yo te aprann.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mowoni 7:33

Si m gen lafwa, m ka fè tout sa Bondye vle m fè.

Timoun ki gen lafwa nan Jezikri yo ak konfyans nan pouvwa l yo ka akonpli gwo bagay lè y ap sèvi li.

Aktivite posib

  • Li Mowoni 7:33, epi envite yo pou yo kanpe lè yo tande mo “lafwa” a. Eksplike yo ke nou montre lafwa nou nan Jezikri lè nou obeyi kòmandman l yo. Ede yo fè yon lis sou tablo a sou kèk bagay Jezi vle nou fè, tankou obeyi paran yo oubyen di laverite. Temwaye ke lafwa nou nan Jezikri ka ede nou kenbe kòmandman yo.

  • Montre kèk foto ki montre yon moun nan Liv Mòmon an (oubyen nan lòt liv ekriti) ki te akonpli yon bagay enpòtan paske li te gen lafwa nan Jezikri, (gade, paezanp, Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 19, 70, 7881). Ede timoun yo rakonte istwa yo montre nan foto a. Di yo ke, paske moun yo te gen lafwa nan Jezikri, yo te ba yo pouvwa pou yo te fè sa l te bezwen yo fè.

Mowoni 7:41

Kwè nan Jezikri ka ban m espwa.

Gen anpil moun nan mond lan ki santi yo pa gen espwa. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo jwenn espwa nan Jezikri?

Aktivite posib

  • Li epi eksplike Mowoni 7:41 an pou timoun yo, epi mande yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay Mowoni te di nou ta dwe espere. Pale yo de esperans nou genyen gras ak Jezikri.

  • Mande yo pou yo panse ak yon moun yo konnen k ap travèse yon moman difisil avèk yon pwoblèm. Envite yo pou yo desine yon foto pou moun sa a ki ka raple l pou l gen esperans nan Jezikri.

Mowoni 7:47

“Charite se amou pi Kris la.”.

Ki eksperyans nan lavi w ki ta ka ede timoun yo aprann pou yo janti avèk lòt moun epi trete yo avèk amou?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo repete fraz sa a avèk ou: “Charite se amou pi Kris la” (Mowoni 7:47). Ede yo panse a fason Jezikri te montre amou pou lòt moun (foto ka ede, tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 55, 8384). Kijan l monte lamnou l pou nou? Kiyès nou ka montre amou nou jan Jezi te fè a? Pou yon egzanp, pase videyo “Frè m, Hyrum” nan (ChurchofJesusChrist.org).

  • Envite yo pou yo desine tèt yo k ap montre amou pou yon moun. Sigjere pou yo mete foto yo a kote l ap raple yo pou yo renmen lòt moun jan Jezi te fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mowoni 7:21 -22,25,33

Mwen beni lè m gen lafwa nan Jezikri.

Mòmon te vle moun yo konnen ke mirak pa t sispann lè ministè Sovè a te fini sou tè a. Toutotan nou gen lafwa nan Jezikri, avèk èd li, nou kapab fè tout sa l bezwen nou fè—enkli bagay mirakile.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo fè yon lis sou tablo a sou kèk “bon bagay” nou resevwa atravè levanjil Jezikri a, tankou fanmi etènèl, retounen al jwenn Pè Selès la, ak padon pou peche nou. Apresa, envite yo pou yo li Mowoni 7:21–22 ak 25, pandan y ap chèche kijan nou ka resevwa tout bon bagay sa yo. Kijan nou ka montre lafwa nou nan Jezikri ak nan pwomès li yo?

  • Li Mowoni 7:33 pou timoun yo, epi mande yo pou yo koute kisa nou ka fè lè nou gen lafwa nan Jezikri. Si sa apwopriye, pataje eksperyans ou te fè kote lafwa te ede w fè sa Bondye te vle w fè. Ede yo panse ak kèk egzanp nan lavi yo pou yo pataje. Kijan lafwa nan Kris la te fè yon diferans nan egzanp sa yo?

Mowoni 7:40–41; 9:25–26

Mwen ka gen esperans nan Jezikri, menm pandan eprèv difisil yo.

Mòmon ak Mowoni te fè fas ak sikonstans dekourajan, men yo te jwenn esperans nan Sovè a, Jezikri. Kijan w ka ede timoun yo jwenn espwa nan Kris la lè yo dekouraje?

Aktivite posib

  • Ede yo fè lis kèk pwoblèm ki ta ka fè moun santi yo dekouraje oubyen sanzespwa. Envite yo pou yo li Mowoni 7:40–41 ak 9:25–26, pandan y ap chèche yon bagay ki ta ka ede yon moun ki santi l dekouraje. Di yo kijan Jezikri ak levanjil li a te ede w pandan kèk epòk difisil.

  • Envite yo pou yo ekri yon mesaj voye bay yon moun ki santi l dekouraje pou ede l jwenn esperans nan Kris la, jan Mòmon te fè pou piti gason l lan nan Mowoni 9:25–26 la. Ankouraje yo pou yo itilize mo ak fraz nan vèsè sa yo nan mesaj yo a.

  • Ranpli yon veso klè avèk dlo, epi lage de bagay ladan l—youn k ap flote ak youn ki rete anba. Konpare sa k ap flote a avèk yon moun ki gen esperans nan Kris la. Li Mowoni 9:25 ansanm. Kijan Kris la “leve [nou] ” lè n ap travèse eprèv difisil? Ede timoun yo panse ak fason yo ka kenbe Sovè a ak ansèyman ankourajan l yo “nan lespri [yo] pou tout tan.”

Mowoni 7:45–48

“Charite se amou pi Kris la.”

Devlope don charite a se bi tout yon lavi. Kijan w ka ankouraje timoun yo pou yo chèche amou pi Kris la?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo di sa yo panse mo “charite” a vledi. Envite youn nan timoun yo pou l li Mowoni 7:45 (Si kèk nan pawòl nan vèsè sa a difisil pou konprann, ede timoun yo chèche yo nan yon diksyonè.) Mande yo pou yo panse avèk moun yo konnen ki se bon egzanp charite. Poukisa yo rele charite “amou pi Kris la”? (Mowoni 7:47). Kisa vèsè 48 la anseye nou sou fason nou ka ranpli ak charite? Ankouraje chak nan timoun yo pou priye pou charite semèn sa a epi pou yo chèche fason pou yo montre charite pou lòt moun.

  • Ede yo panse a kèk fason Jezi te montre charite (gade, paregzanp, Lik 23:34; Jan 8:1–11; Etè 12:33–34). Kijan nou ka suiv egzanp li?

  • Mande yo pou yo ekri non kèk moun yo konnen sou moso papye epi mete yo nan yon ti sache oubyen yon veso. Envite yo pou yo pote veso a lakay yo, chwazi yon non ladan l chak jou, epi fè yon bagay ki montre amou yo pou moun sa a. Nan yon leson nan apre, envite yo pou yo pataje eksperyans yo nan sèvi moun sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo panse ak yon moun ki gen dwa ap chèche gen pi gwo lafwa oubyen esperans nan Jezikri. Mande yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan klas la jodi a avèk moun sa a.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje reverans. Yon aspè enpòtan nan reverans se panse ak Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.

Enprime