Doktrin ak Alyans 2021
Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo


“Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2021 (2020)

“Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo

Nou ka jwenn resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou ka adapte nenpòt ki aktivite nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou itilizasyon nan klas Primè w la. Pa fatige w si gen timoun ki deja fè aktivite sa yo avèk fanmi yo lakay yo; repetisyon ede timoun aprann. Pandan Primè a ap fèt, gen timoun ki gen dwa anvi pataje avèk lòt sa yo ap aprann lakay yo sou Sovè a ak sou levanjil Li a.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan yon fason memorab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfants, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan timoun nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Mizsic ak App Medya Levanjil la.

Gade Timoun Piti Nou Yo

Anpil nan sijè yo abòde nan Gade Timoun Piti nou yo: Manyèl Gadri sanble avèk sa w pral anseye yo nan Primè a. Sitou si w ap anseye timoun piti, panse pou w konsilte manyèl gadri a pou w ka jwenn chan, istwa, aktivite, ak atik atizama siplemantè.

Revi Zanmi an ak Lyawona

Revi Zanmi an ak Lyawona yo ka ba w istwa ak aktivite ki ka konplete prensip w ap anseye nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè yo.

Istwa Ki Nan Doktrin ak Alyans

Istwa Doktrin ak Alyans yo itilize foto ak langaj senplifye pou ede timoun yo aprann nan Doktrin ak Alyans yo. Ou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan Medyatèk Levanjil la nan ChurchofJesusChrist.org.

Liv Koloryaj pou Istwa Ekriti yo: Doktrin ak Alyans

Resous sa a gen paj aktivite ki prepare pou apwofondi aprantisaj timoun yo nan Doktrin ak Alyans yo.

Video ak Ilistrasyon

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede moun w ap anseye yo vizyalize doktrin nan ak istwa ki gen rapò avèk ekriti yo nan Nouvo Testaman yo. Viite Medyatèk Levanjil la nan ChurchofJesusChrist.org pou w ka konsilte koleksyon dokimantasyon odyovizyèl Legliz la genyen yo. Resous sa yo disponib nan aplikasyon Medyatèk Levanjil la tou, epi w ap jwenn anpil imaj nan Liv Ilistrasyon Levanjil la tou.

Ankre nan Lafwa

Si w bezwen ide adisyonèl pou konprann prensip debaz w ap anseye timoun yo, anvizaje gade nan liv Ankre nan Lafwa a. Liv sa a bay eksplikasyon senp sou kèk sijè levanjil, ki sou yon lis nan lòd alfabetik.

Imaj
yon fi ak yon timoun k ap li materyèl Legliz la

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye nan fason Sovè a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, nou diskite sou prensip sa yo epi nou fè pratik avèk yo.

Les Saints

Les Saints rakonte istwa Legliz la nan plizyè volim. Volume 1, L’étandard de la vérité, ak volim 2, Aucune main impie, kouvri menm peryòd istwa Legliz la avèk Doktrin ak Alyans yo. Istwa sa yo ka ba w ide sou kontèks ki te antoure revelasyon w ap etidye nan Doktrin ak Alyans yo.

Enprime