Doktrin ak Alyans 2021
Enstriksyon pou Peryòd Chante


“Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2021 (2020)

“Enstriksyon pou Peryòd Chante,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
timoun k ap chante

Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo

Chè Prezidans Primè ak Dirijan Mizik,

Chan Primè yo se yon zouti puisan pou ede timoun yo aprann plan bonè Pè Selès la ak verite fondamantal levanjil Jezikri a. Lè timoun yo chante chan konsènan prensip levanjil la, Sentespri a ap rann temwayaj sou verasite yo. Pawòl yo ak mizik la ap rete nan lespri ak nan kè timoun yo pandan tout lavi yo.

Chèche èd Lespri a lè w ap prepare pou w anseye levanjil la atravè mizik. Pataje temwayaj ou sou verite y ap chante yo. Ede timoun yo wè kijan mizik la an rapò avèk sa y ap aprann ak sa y ap viv lakay yo ak nan klas Primè yo. Timoun yo ak fanmi yo ap beni pa efò devwe w yo.

Nou renmen w epi nou eksprime rekonesans nou pou sèvis devwe w ap bay pou fòtifye ak pwoteje timoun presye nou yo.

Prezidans Jeneral Primè a

Direktiv pou Prezantasyon Reyinyon Sentsèn nan

Sou direksyon evèk la oswa prezidan branch lan, prezantasyon reyinyon Sentsèn timoun yo nòmalman fèt nan katriyèm trimès lane a. Antanke prezidans Primè ak direktè mizik, fè aranjman pou w rankontre byen bonè nan ane a avèk konseye nan episkopa a ki responsab Primè a pou nou ka kòmanse planifye prezantasyon an. Lè w fin prepare plan yo, chèche jwenn apwobasyon l pou yo.

Prezantasyon an dwe pèmèt timoun yo prezante sa yo menm ak fanmi yo aprann sou levanjil Jezikri a nan Doktrin ak Alyans yo lakay yo ak nan Primè a, sa enkli chan Primè yo te chante pandan ane a. Reflechi nan yon espri lapriyè sou ki prensip levanjil ak chan ki sipòte sa yo aprann yo. Pandan tout ane a, pran nòt sou diskou timoun yo ak eksperyans pèsonèl yo ke w ta ka petèt itilize nan prezantasyon an. Mande timoun yo pou yo pataje ekriti, istwa, ak temwayaj yo sou Sovè a ak levanjil Li a nan prezantasyon an. Lè w ap planifye prezantasyon an, panse a fason li ka ede kongregasyon an konsantre sou Sovè a ak verite Li te retabli nan dènye jou yo.

Inite ki pa gen anpil timoun piti yo ka reflechi sou fason manm fanmi yo ka patisipe avèk timoun yo. Yon manm episkopa a kapab fini reyinyon an avèk kèk remak.

Lè w ap prepare prezantasyon an, sonje direksyon sa yo:

  • Pratik yo pa ta dwe pran nan tan klas Primè yo oubyen nan tan fanmi yo san nesesite.

  • Imaj, kostim, ak prezantasyon nan medya pa apwopriye pou reyinyon Sentsèn nan.

Gade nan Manyèl 2: Administrasyon Legliz la 11.5.3, ChurchofJesusChrist.org.

Enstriksyon pou Peryòd Chante

5 minit (Prezidans Primè): Priyè ouvèti, ekriti oubyen atik lafwa, ak yon diskou

20 minit (dirijan mizik): Peryòd Chante

Objektif peryòd chante a se pou ede timoun yo apwofondi lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri atravè mizik. Prezidans Primè a ak dirijan mizik la dwe chwazi chan pou chak mwa yo avèk objektif sa a nan lespri yo. Chan yo dwe ranfòse prensip timoun yo ap aprann konsènan levanjil Jezikri a nan klas yo ak lakay yo. Gen yon lis chan pou ranfòse prensip sa yo ki vini avèk gid sa a. Yo sigjere chan sa yo nan plan leson yo tou nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Lè w ap aprann timoun yo chan yo, envite yo pou yo pataje sa yo te deja aprann sou istwa ak prensip doktrinal chan yo anseye. Ou gen dwa revize plan leson Vini, Suiv Mwen—Pou Primè ke timoun yo ap etidye nan klas yo. Sa ap ede w vin okouran de ki istwa ak ki prensip y ap aprann pou w ka anvizaje kijan pou sipòte yo nan aprantisaj yo a avèk mizik.

Pandan peryòd chante a, ou ka repase tou chan timoun yo te deja aprann ak chan yo renmen chante. Pandan w ap fè sa, envite timoun yo pou yo pataje panse yo ak sa yo santi konsènan verite yo anseye nan chan yo.

Liv Chants pour les enfants an se resous debaz pou mizik nan Primè a. Kantik ki soti nan liv kantik yo ak chan ki soti nan Zanmi an ak Lyawona yo apwopriye tou. Okazyonèlman, timoun yo ka chante kèk chan patriyotik oubyen chan jou fèt ki apwporiye pou jou Dimanch ak pou laj timoun yo. Episkopa a dwe apwouve tout lòt mizik nan Primè a (gade nan Manyèl 2: Administrasyon Legliz la, 11.2.4).

Imaj
timoun k ap chante nan reyinyon sentsèn

Apèsi sou Primè a

Chak semèn, Primè a ap genyen:

Peryòd chante:25 minit

Tranzisyon:5 minit

Klas:20 minit

Dirijan Primè ki gen anpil timoun yo gen dwa divize timoun yo an de gwoup epi fè yon gwoup al nan klas pandan lòt gwoup la nan peryòd chante a. Apre sa de gwoup yo ap chanje plas. Nan ka sa yo, dirijan Primè yo gen dwa oblije ajiste lè yo bay pi wo la yo pou yo ka reponn a sikonstans yo.

Mizik pou Peryòd Chante

Janvye

  • La première prière de Joseph Smith,” Cantiques, no. 14.

  • “Quand je lis l’Ecriture Sainte,” Chants pour les enfants,66

  • Ma généalogie,” Chants pour les enfants, 100.

Fevriye

  • “Je voudrais déjà partir en missyon,” Chants pour les enfants, 90

  • “La prêtrise rétablie” Chants pour les enfants,} 60.

  • Merveilleux l’amour,” Cantiques, no. 113

Mas

  • L’Eglise de Jésus-Christ,” Chants pour les enfants, 48

  • “Le jour de mon baptême,” Chants pour les enfants, 53

  • “Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants, 46-47

Avril

  • Jésus est ressuscité,” Chants pour les enfants, 44

  • “Je voudrais déjà partir en missyon,” Chants pour les enfants, 90

  • Aimez chacun,” Chants pour les enfants, 39

Me

  • “Quand Jésus reviendra”,” Chants pour les enfants, 46–47

  • “Have I Done Any Good?” “Hymns, nimewo 223).

  • “Bien Choisir,” Cantiques, nimewo 154

jen

  • “Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les enfants, 40–41

  • “Le recueillement, c’est l’amour,” Chants pour les enfants, 12

  • “Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants, 52

jiyè

  • “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur ,” Cantiques no. 136

  • “Have I Done Any Good?” Hymns, no. 223

  • “Je ressens son amour,” Chants pour les enfants, 42

Out

  • “La prêtrise rétablie,” Chants pour les enfants,60 61

  • “Le Saint-Esprit,” Chants pour les enfants, 56

  • “Je suis enfant de Dieu,”,” Chants pour les enfants, 2-3

Septanm

  • “Humblement, calmement,” Chants pour les enfants, 26

  • Vois l’étoile du ciel,” Chants pour les enfants, 84

  • “Je serai vaillant,” Chants pour les enfants,85

Oktòb

  • L’Esprit du Dieu saint,” Cantiques, no. 2

  • “Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants, 99

  • L’Eglise de Jésus-Christ,” Chants pour les enfants, 48

Novanm

  • Ma généalogie,” Chants pour les enfants, 100.

  • “Ensemble à tout jamais,”,” Chants pour les enfants,98

  • Au grand prophète,” Cantiques, no. 16

Desanm

  • Je veux suivre le plan de Dieu,” Chants pour les enfants, 86

  • “Il envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20–21

  • Ecoutez Ecoutez le chant des anges,” Cantiques, no. 128

Itilize Mizik pou Anseye Doktrin

Sonje ke objektif peryòd chante a se pa senpleman pou montre timoun yo chante, men se pou itilize mizik pou ede apwofondi lafwa yo nan Pè Selès la ak Jezikri. Ide nou pral bay la yo kapab enspire w pandan w ap planifye jan pou w fè sa.

Aprann Konnen Pè Selès la ak Jezikri. Envite timoun yo pou yo di kisa yo aprann sou Pè Selès la ak Jezikri nan chan y ap chante yo. Envite yo pou yo pataje mo yo prefere yo nan chan ki dekri Bondye ak Sovè a.

Li ekriti ki an rapò yo. Pou anpil nan chan ki nan Chants pour les enfants ak liv kantik la, yo bay lis referans ki an rapò avèk ekriti yo. Ede timoun yo li yon pasaj ekriti, epi pale de kijan li gen rapò avèk chan y ap chante a. Ou gen dwa fè lis kèk referans ekriti sou tablo a epi envite timoun yo pou yo fè chak referans koresponn avèk yon chan oubyen avèk yon kouplè nan chan an.

Ranpli espas vid yo. Ekri yon kouplè nan chan an sou tablo a avèk plizyè mo kle ki manke. Epi mande timoun yo pou yo chante chan an, pandan y ap koute ki pawòl pou yo mete nan espas vid yo. Pandan y ap ranpli chak espas vid, diskite sou prensip levanjil ou aprann nan mo ki manke yo.

Imaj
timoun k ap chante nan reyinyon sentsèn

Sitasyon ki soti nan diskou dirijan Legliz la. Envite timoun yo pou yo koute yon sitasyon yon dirijan Legliz la ki anseye menm prensip levanjil avèk chan Primè a. Mande yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay ki ede yo konprann verite y ap chante a. Mande yo pou pataje sa yo te tande a.

Temwaye. Rann timoun yo yon temwayaj brèf sou verite levanjil la ke nou jwenn nan chan Primè a. Ede timoun yo konprann ke chante se youn nan fason yo ka rann temwayaj ak santi Lespri a.

Kanpe kòm temwen. Envite timoun yo pou yo kanpe lè tou pa yo rive epi pou yo pataje sa yo aprann nan kantik y ap chante a oubyen kijan yo santi yo konsènan verite yo anseye nan kantik la. Mande yo kijan yo santi yo pandan y ap chante chan an, epi ede yo idantifye enfliyans Sentespri a.

Itilize foto. Mande timoun yo pou yo ede w jwenn oubyen kreye foto ki matche avèk mo oubyen gwoup mo enpòtan yo ki nan chan an. Envite yo pou yo di kijan foto yo gen rapò avèk chan an ak sa chan an anseye. Pa egzanp, si w ap chante chan “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46-47), ou ta kapab en mete foto ki dekri mo enpòtan yo nan chan an (tankou zanj, nèj ak etwal) nan tout sal la. Mande timoun yo pou yo rasanble foto yo epi kenbe yo nan lòd kòrèk pandan n ap chante chan an ansanm.

Fè demonstrasyon yon leson. Ou ta kapab itilize yon objè pou enspire yon diskisyon sou yon chan. Pa egzanp, chan “Le jour de mon baptême” (Chants pour les enfants, 53) pale de lapli. Ou gen dwa montre timoun yo yon foto lapli oubyen yon vè dlo epi di yo kijan batèm ak Sentespri a pwòpte lespri nou menm jan dlo lapli pwòpte tè a; sa ta kapab mennen nan yon diskisyon sou benediksyon ki genyen nan batize ak resevwa don Sentespri a.

Envite yo pataje eksperyans pèsonèl. Ede timoun yo konekte prensip yo anseye nan chan an avèk eksperyans yo fè avèk prensip sa yo. Pa egzanp, anvan w chante “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les enfants,99), ou ta kapab mande timoun yo pou yo leve men yo si yo konn wè yon tanp. Envite yo reflechi pandan y ap chante a sou jan yo santi yo lè yo wè yon tanp.

Poze kesyon. Gen anpil kesyon ou ka poze yo pandan y ap chante chan yo. Pa egzanp, ou gen dwa mande timoun yo kisa yo aprann nan chak kouplè nan chan an. Ou gen dwa mande yo tou pou yo panse a kesyon chan an reponn. Sa ka debouche sou yon diskisyon sou verite yo anseye nan chan an.

Koute repons yo. Mande timoun yo pou yo koute chan yo pou yo ka jwenn repons pou kèk kesyon. Pa egzanp, chan “Il envoya son Fils aimé” (Chants pour les enfants, 20–21) gen plizyè kesyon ak repons. Ou ta kapab a poze timoun yo kesyon yo epi fè yo koute repons yo pandan y ap chante a.

Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan Primè yo

Timoun yo aprann yon chan nan tande l ak chante l pandan plizyè fwa. Toujou chante pawòl yon nouvo chan pou timoun yo—pa sèlman li yo oubyen resite yo. Sa ap ede yo konekte melodi a avèk pawòl yo. Lè w fin anseye yon chan, fè repetisyon sou li nan plizyè fason amizan pandan tout ane a. Anba la a gen kèk ide pou ede timoun yo aprann ak fè repetisyon sou chan yo.

Fè demonstrasyon ton chan an. Pou ede timoun yo aprann melodi yon chan, leve men w nan yon pozisyon orizontal, epi, pandan w ap chante mo yo, monte men w pou w ka endike ton ki pi wo yo epi desann ni pou endike ton ki pi ba yo.

Eko. Envite timoun yo pou yo fè eko pou ou nan repete sa w ap chante a. Chante yon ti gwoup mo oubyen yon ling pou timoun yo, epi apre sa, fè yo chante l pou ou.

Itilize varyasyon. Chante chan yo plizyè fason diferan, tankou, chichote, fredone, bat men, varye rit la, oubyen chante pandan yo chita oubyen kanpe. Ou ta gen dwa fè yon kib avèk papye tou, epi, sou chak bò kib la, ekri yon fason diferan pou chante. Envite yon timoun pou l woule kib la pou deside ki fason timoun yo pral chante chan an.

Chante an gwoup. Bay chak klas oubyen chak moun yon gwoup mo pou yo chante pandan yo kanpe, epi fè yo fè echanj gwoup mo yo jiskaske tou pa chak klas oubyen chak moun te rive pou yo chante chak gwoup mo.

Itilize Jès. Envite timoun yo pou yo panse a kèk jès senp pou ede yo sonje pawòl ak mesaj ki nan yon chan. Pa egzanp, lè w ap chante “Humblement, calmement” (Chants pour les enfants, 11), ou ta kapab envite yo pou yo kwaze bra yo, bese tèt yo, epi touche kè yo lè y ap chante pati ki pale de bagay sa yo nan chan an.

Tifi chante, tigason chante. Desine foto yon tigason ak foto yon tifi. Lè w ap repete yon chan, leve youn nan foto yo pou endike kiyès ki dwe chante pati sa a nan chan an.

Boul papye nan panye. Mete panye oubyen lòt veso nimewote devan sal la—fè kantite veso yo egal ak kantite vèsè pou chak chan . Envite youn nan timoun yo pou voye yon sak pwa oswa boulèt papye anndan oubyen toupre yon panye oubyen yon veso nimewote. Fè timoun yo chante kouplè ki gen menm nimewo avèk veso a.

Fè chak foto koresponn avèk yon gwoup mo. Ekri chak ling yon chan sou yon moso papye diferan, epi chèche yon foto ki reprezante chak ling. Mete foto yo sou yon bò sal la epi papye yo sou lòtbò a. Chante chan an, epi mande timoun yo pou yo fè foto yo koresponn avèk pawòl yo.

Kreye afich. Montre afich ki gen mo chak kouplè oubyen foto ki reprezante mo yo. Pandan timoun yo ap chante, kouvri kèk nan mo yo oubyen foto yo jiskaske yo ka chante tout kouplè a san afich la. Ou kapab envite timoun yo tou pou yo ede w kreye afich yo.

Enprime