Doktrin ak Alyans 2021
20–26 Desanm. Nwèl: Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a


“20–26 Desanm. Nwèl: Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“20–26 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
tablo Mari ak tibebe Jezi

Nativite a an Kuiv ak Bwa, pa J. Kirk Richards

20–26 Desanm

Nwèl

Nwèl: Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a

Nwèl se yon moman pasyonan pou anpil timoun. Reflechi sou fason w pral ede yo konekte lajwa sezon Nwèl la avèk lajwa levanjil Sovè a.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite yo pou yo di kisa yo te fè semèn pase a pou yo te selebre nesans Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

M ka “ofri temwayaj mwen” pou selebre nesans Jezi.

Nan “Kris Vivan an” (ChurchofJesusChrist.org), Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te rann temwayaj yo sou Jezikri pou “komemore nesans Jezikri” a. Konsidere kijan w pral ankouraje timoun yo pou yo pataje temwayaj yo avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Montre yo yon kopi “Kris Vivan an” (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Montre yo mo Kris la nan tit la, epi fè yo montre mo yo tou. Epi tou, siyale siyati yo ki anba paj la, epi di yo ke nan ane 2000 Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo te ekri temwayaj yo konsènan Jezikri, yo te siyen li, epi yo te pataje l avèk mond lan.

  • Montre yon foto Jezikri, epi envite chak timoun pou yo kanpe epi pataje yon bagay yo konnen osijè Li. Si yo bezwen èd, sigjere yo verite yo ki nan “Kris Vivan an.” Raple timoun yo ke lè y ap pale lòt moun de Jezi, se pataje y ap pataje temwayaj yo.

  • Di timoun yo kijan w te akeri temwayaj ou konsènan Jezikri ak sa w ap fè pou kenbe temwayaj ou a solid. Ede yo panse a fason yo ka fòtifye temwayaj yo konsènan Jezikri, epi envite yo pou yo chwazi yon bagay yo pral fè.

Papa nou ki nan Syèl la te voye Pitit Gason L lan kòm kado pou nou.

Bay ak resevwa kado se yon pati tradisyonèl Nwèl la pou anpil moun. Tradisyon sa a ta dwe ede nou sonje “kado san parèy Pitit Gason Diven” Bondye a “Kris Vivan an”).

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo di ki kado yo te resevwa oubyen ki kado yo te bay. Li pou yo dènye fraz nan “Kris Vivan an,” epi envite yo pou yo koute kado Bondye ba nou an. (Si sa nesesè, ede yo konprann ke “san parèy” vle di “pi bon pase tout lòt.”) Poukisa Pitit Gason Bondye a, Jezikri, se pi bon kado a?

  • Chante yon chan sou Jezikri avèk yo, tankou “Il envoya son Fils aimé,” (Chants pour les enfants, 20–21). Ede timoun yo chwazi yon gwoup mo nan kantik la yo ta renmen fè desen sou li (tankou “tibebe ki fèk fèt la” oswa “mache avèk lòm”). Pandan y ap fè desen an, mande timoun yo pou yo di w kijan yo santi yo apwopo sa Jezi fè pou yo a. Di yo kisa w santi tou.

Jezikri envite m pou m suiv egzanp Li.

Yon pati nan “enfliyans … pwofon” Sovè a sou mond lan se egzanp pafè L la. Kijan w pral enspire timoun yo pou yo suiv Li?

Aktivite posib

  • Nan dezyèm paragraf “Kris Vivan an,” li pou timoun yo kèk nan bagay Jezi te fè yo. Montre yo foto ki baze sou lavi L (gade nan paj aktivite semèn sa a), epi envite timoun yo pou yo pale de sa Sovè a ap fè nan foto yo. Ede yo panse a fason yo ka suiv egzanp Li an.

  • Chwazi yon video “Klere Mond lan” (ComeuntoChrist.org) pou w montre yo, oubyen pale yo de yon lè kote ou te beni pa sèvis kretyen yon moun. Envite yon timoun pou l jwe senaryo yon senp ak sèvis, epi mande lòt timoun yo pou yo devine sa l ap fè a. Fè chak timoun yo fè sa tou nan tou pa yo. Ede timoun yo panse a bagay yo ka sèvi yon moun nan fanmi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

“Nou ofri temwayaj nou.”

Egzanp pwofèt yo ak apot yo ki te ekri “Kris Vivan an” kapab enspire timoun yo pou yo pataje temwayaj yo konsènan Jezikri.

Aktivite posib

  • Ekri M konnen ke Jezikri … sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo pataje fason yo tap konplete fraz la. Sigjere pou yo gade nan “Kris Vivan an” pou yo ka jwenn ide. Kisa nou ka fè pou nou ranfòse temwayaj nou konsènan Jezikri? Kijan lòt moun beni lè nou pataje temwayaj nou?

  • Siyale ke se Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo ki te siyen “Kris Vivan an.” Li ansanm Doktrin ak Alyans 107:23. Kisa ki rann Apot yo diferan “de lòt ofisye yo nan legliz la”? Chwazi youn nan videyo “Temwen Espesyal Kris” yo pou w pataje avèk timoun yo (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa nou rekonesan dèske nou gen temwen espesyal Kris la nan epòk nou an?

“Pa gen okenn lòt moun ki gen yon enfliyans pwofon konsa.”

Nan “Kris Vivan an,” pwofèt yo ak apot yo deklare ke okenn lòt moun pa gen yon pi gwo enfliyans pase Jezikri sou pitit Bondye yo. Medite sou fason w pral ede timoun yo aprann enfliyans pwofon Sovè a geyen sou nou tout lan.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon gwoup mo oubyen yon fraz ki soti nan “Kris Vivan an,” epi mande yo pou yo desine yon foto sou gwoup mo sa a oswa fraz sa a. Pandan chak timoun ap montre klas la foto l la, mande lòt yo pou yo devine kisa foto a reprezante epi chèche fraz ki koresponn avèk li a nan “Kris Vivan an.” Kijan nou beni akoz de lavi ak misyon Jezikri a?

  • Ede timoun yo jwenn non oubyen tit diferan Jezikri genyen nan “Kris Vivan an” epi souliye yo, si sa posib (kèk egzanp enkli Mesi, Premye Ne, premye a ak dènye a, avoka, ak wòch prensipal). Di yo kisa chak nan tit sa yo anseye nou sou Li. (Yo defini kèk nan tit sa yo nan Gid pou Ekriti yo oswa Diksyonè Bib la.)

“Li se limyè, lavi, ak lespwa mond lan.”

Nwèl se yon sezon lajwa akoz esperans Jezikri te pote nan mond lan atravè ansèyman L yo, egzanp Li yo, ak sakrifis ekspyatwa L la.

Imaj
Jezikri

Limyè mond lan, pa Howard Lyon

Aktivite posib

  • Envite chak timoun desine yon abdenwèl, oubyen desine youn sou tablo a. Mande yo pou yo dekore l avèk mo oswa gwoup mo ki soti nan “Kris Vivan an” ki dekri yon kado Sovè a ba nou (tankou “limyè,” “lavi,” ak “lespwa”). Fè yo di poukisa yo te chwazi mo oswa gwoup mo sa yo.

  • Ede yo chèche kantik Nwèl ki pale de limyè, lavi, ak lesperans nesans Sovè a pote pou mond lan—pa egzanp, “Petite ville, Bethléhem” oswa “Ecoutez le chant des anges” (Cantiques, nimewo 136,128). Chante kantik yo ansanm, epi fè timoun yo di kijan Jezi pote limyè, lavi, ak lespwa nan lavi yo.

  • Mande kèk nan timoun yo pou yo li sou bèje yo nan Lik 2:8–20. Mande kèk lòt pou yo li osijè Simeyon nan Lik 2: 25–33. Envite yo pou youn pale avèk lòt de kijan Simeyon ak bèje yo te santi yo lè yo te dekouvri ke Jezi te fèt. Poukisa yo te santi yo konsa? Poukisa nesans Li pote “gwo lajwa” pou nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo panse a yon moun nan fanmi yo ke yo ka rann temwayaj konsènan Jezikri. Ede yo reflechi sou sa yo ta di pou fòtifye lafwa moun sa a nan Li.

Amelyore ansèyman nou

Prepare nou nan etidye ekriti yo. “Etidye pawòl Bondye a nan yon espri lapriyè ap mete nou an amoni avèk Sentespri a. Li ka enspire nou pou nou itilize nan sa nou te etidye a lè n ap anseye ak edifye lòt moun” (Anseye nan Fason Sovè a, 12).

Enprime