Doktrin ak Alyans 2021
29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138: “Vizyon Redanmsyon Mò yo”


“29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138: ‘Vizyon Redanmsyon Mò yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
moun nan mond dèzespri a

Joseph wè papa l, manman l, ak frè l la nan wayòm selès la (Vizyon Joseph Smith sou Wayòm Selès la, Robert Barrett).

29 Novanm–5 Desanm.

Doktrin ak Alyans 137-138

“Vizyon Redanmsyon Mò yo”

Chèche prensip nan revelasyon sa yo ki sanble yo enpòtan pou timoun w ap anseye yo. Kijan w ka ede yo dekouvri prensip sa yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon foto Jezikri nan mond dèzespri a, tankou sa nou jwenn nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou mond dèzespri a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti Yo

Doktrin ak Alyans 137:1–5

Bondye ban m yon mwayen pou m avèk fanmi m pou tout tan.

Nan yon vizyon, Joseph Smith te wè manm fanmi li ansanm nan wayòm selès la. Kijan w ka itilize vizyon sa a pou anseye timoun yo ke fanmi kapab ansanm pou tout tan.

Aktivite posib

  • Montre foto yon moun nan fanmi w, epi di jan w ta renmen avèk li nan wayòm selès la. Eksplike ke frè Joseph Smith la, Alvin, te mouri pandan l te yon jèn gason epi Joseph te sonje l anpil. Li Doktrin ak Alyans 137:1, 5 la epi mande timoun yo kiyès Joseph Smith te wè nan vizyon li te fè sou wayòm selès la (gade tou nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 152–53). Envite timoun yo pou yo byen ekate bra yo pou montre nan ki pwen yo renmen fanmi yo, epi mande yo pou yo di poukisa yo vle avèk vanmi yo nan wayòm selès la.

  • Itilize Doktrin ak Alyans 137:1-5 ak paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo dekouvri kèk detay sou vizyon Joseph Smith la sou wayòm selès la. Envite yo pou yo desine yomenm ak fanmi yo sou paj aktivite a pandan w ap jwe oubyen chante yon chan sou fanmi, tankou “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 98).

Doktrin ak Alyans 138:6–11

Sentespri a ka ede m konprann ekriti yo.

Ekriti yo ka difisil pou konprann pafwa, sitou pou timoun yo. Doktrin ak Alyans 138:11 anseye ke Sentespri a ka ouvri “je konpreyansyon [nou].”

Imaj
yon tigason k ap li ekriti yo

Sentespri a ka ede nou konprann sa n ap li nan ekriti yo.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Prezidan Joseph F. Smith (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 127). Eksplike ke se te sizyèm Prezidan Legliz la, epi yon jou, li t ap li ekriti yo ak medite sou yo (reflechi sou sa yo vle di) Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 138:6,11, envite timoun yo pou yo pretann yo se Prezidan Smith epi pou yo fè jès ki mache avèk mo yo.

  • Pale timoun yo de yon lè kote w te medite sou yon bagay nan ekriti yo epi Sentespri a te ede w konprann li. Chante yon kantik sou etid ekriti, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants,66). Kisa kantik sa a di nou ta dwe fè pou nou konprann ekriti yo?

Doktrin ak Alyans 138:18–35

Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la ap gen chans pou yo tande levanjil la.

Apre yo te fin krisifye Jezikri, Li te vizite Sen fidèl Li yo nan mond dèzespri a. Li te enstwi yo pou yo te anseye levanjil la a moun ki pot ko resevwa l yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon tonm (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 58, 59 oswa nan bann Foto ki nan Bib la, no. 14), oubyen desine foto yon tonm sou tablo a. Montre foto Sovè a nan mond dèzespri a pandan kò L te nan tonm lan (tankou sa ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Pandan w ap fè sa, poze kesyon pou ede timoun yo wè detay kle yo ki nan Doktrin ak Alyans 138:18–19, 23–24, 27–30, tankou kiyès Jezi te vizite, kijan yo te santi yo, ak kisa L te mande yo pou yo te fè.

  • Montre yo foto kèk misyonè (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 109, 110), epi mande yo pou yo di kisa misyonè yo fè. Ou gen dwa envite yo pou yo jwe senaryo sou kèk nan bagay misyonè yo fè tou. Li Doktrin ak Alyans 138:31–34 pou yo. Eksplike ke menm jan gen misyonè sa yo sou tè a, gen misyonè k ap anseye moun tou nan mond dèzespri a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 137:1–5

Bondye ban m yon mwayen pou m avèk fanmi m pou tout tan.

Joseph Smith te fè yon vizyon sou wayòm selès la epi li te wè paran l ak frè li Alvin la tou. Vizyon sa a anseye nou ke si nou jis, relasyon familyal nou kapab kontinye nan lavi apre a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li Doktrin ak Alyans 137:1–5 epi desine yon foto sou sa y ap li yo (gade paj aktivite semèn sa a tou). Kijan Joseph Smith kapab te santi l lè l te wè manm fanmi l nan wayòm selès la?

  • Pase videyo “Ensemble à tout jmais” a (ChurchofJesusChrist.org), oubyen chante yon kantik sou fanmi, tankou “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 98). Kisa videyo a oubyen chan an anseye nou sou sa nou ka fè pou nou rann fanmi nou etènèl?

Doktrin ak Alyans 138:1–11

Lè m medite sou ekriti yo, Sentespri a ka ede m konprann yo.

Kisa timoun yo ka aprann nan egzanp Prezidan Joseph F. Smith la ki ta ka amelyore fason y ap etidye ekriti yo?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 138:1-11, epi ede yo ekri yon rezime yon sèl fraz sou eksperyans Prezidan Joseph F. Smith la. Kisa l te fè ki te abouti nan vizyon remakab sa a? Kisa medite oubyen reflechi sou ekriti yo vle di?

  • Mande timoun yo kisa yo fè lè yo gen kesyon sou levanjil la. Pataje kèk egzanp ki soti nan ekriti yo oubyen nan pwòp lavi pa w kote medite sou ekriti yo te pote konpreyansyon gras ak Lespri a (pa egzanp, 1 Nefi 11:1–6; Doktrin ak Alyans 76:19–24; Istwa— Joseph Smith 1:11–12).

Doktrin ak Alyans 138:12–35

Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la ap gen chans pou yo tande levanjil la.

Prezidan Joseph F. Smith te aprann ke travay preche levanjil la kontinye nan mond dèzespri a. Travay sa a bay asirans ke tout moun ap gen chans pou yo aksepte levanjil la.

Aktivite posib

  • Sou tablo a, ekri kèk vèsè ki soti nan seksyon 138 la. Apre sa, fè lis deklarasyon ki rezime chak gwoup vèsè yo nan yon lòd diferan. Envite timoun yo pou yo fè deklarasyon yo koresponn a vèsè kòrèk yo. Vèsè yo ta kapab enkli 12–16 (espri moun jis yo ap tann Jezi parèt), 18–19 (Sovè a parèt devan espri ki jis yo), 29–30 (Jezi aple mesaje pou al preche levanjil la), 31–35 (espri jis yo ap preche levanjil la), etsetera. Lè timoun yo fin fè yo koresponn, mande yo pou yo pataje sa yo aprann nan vèsè sa yo.

  • Mande kèk nan timoun yo yo pou yo li Doktrin ak Alyans 138:33 pou yo ka jwenn ki prensip levanjil yo te anseye espri mò yo. Mande lòt yo pou yo li prensip yo anseye nan Atik Lafwa 1:4 yo. Ki resanblans ki genyen nan vèsè sa yo, e kisa ki diferan? Kisa sa anseye nou konsènan Pè Selès la ak plan L lan?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo planifye yon tan nan semèn sa a pou yo medite sou ekriti y ap li yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje reverans. Ede timoun yo konprann ke yon aspè enpòtan nan reverans se panse a Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.

Enprime