Doktrin ak Alyans 2021
13–19 Desanm. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan: “Fanmi Se Pwen Santral Nan Plan Kreyatè a”


“13–19 Desanm. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan: ‘Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“13–19 Desanm. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond land,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
yon fanmi

13–19 Desanm.

Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan

“Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”

Ki prensip ou jwenn nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” ke ou santi w enspire pou w pataje avèk timoun yo? Pandan w ap prepare w pou anseye a, ekri enspirasyon ou resevwa nan men Lespri a.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pote oubyen desine yon foto fanmi yo pou yo pataje avèk klas la. Mande yo pou yo pataje yon bagay yo renmen nan fanmi yo oubyen yo te aprann osijè fanmi yo semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Fanmi yo enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la

Kijan w ka itilize pwoklamasyon sou fanmi an pou ede timoun yo konprann kijan fanmi enpòtan nan plan Bondye a?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a kèk bagay ki tèlman enpòtan ke yo ta renmen pale tout moun de yo. Montre yo yon kopi “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” epi eksplike ke pwofèt yo ak apot yo te ekri li pou yo te fè tout moun konnen kijan fanmi enpòtan pou Papa nou ki nan Syèl la. Mande timoun yo poukisa yo panse fanmi enpòtan konsa pou Papa nou ki nan Syèl la. Pataje yon bagay nan pwoklamasyon an ke w santi tout moun bezwen konnen.

  • Montre yo foto yon tanp ak foto yon fanmi. Fè yo kenbe foto yo pandan w ap li dènye fraz nan twazyèm paragraf pwoklamasyon sou fanmi an. Mande yo pou yo lonje dwèt yo sou foto kòrèk la lè w ap li mo “tanp” ak “fanmi” yo. Temwaye ke gras ak òdonans tanp yo, fanmi nou kapab ini pou tout tan. Chante ansanm yon kantik sou fanmi etènèl, tankou “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99), epi ede yo koute mo tankou “tanp” ak “fanmi” yo.

  • Mande yo kisa nou ka fè pou nou rann dvès bagay solid—tankou dan nou, kò nou, oswa yon batiman. Kisa nou ka fè pou rann fanmi nou solid? Ede timoun yo konprann prensip ki mennen nan bonè nan lavi familyal, ke nou jwenn nan paragraf sèt nan pwoklamasyon sou fanmi an (gade paj aktivite semèn sa a tou.) Ede timoun yo planifye mwayen yo pral fòtifye fanmi yo.

    Imaj
    yon fanmi k ap kuit manje

    Paran yo dwe elve pitit yo nan lanmou ak lajistis.

M se yon “se yon pitit lespri gason oubyen fi byeneme ki soti nan paran selès.”

Pwoklamasyon sou fanmi an anseye ke nou tout se pitit Paran Selès epi nou isit sou tè a pou nou ka vin plis tankou Yo.

Aktivite posib

  • Chante ansanm “Je suis enfant de Dieu” (Chants pour les enfants, 2–3). Apre sa voye yon boul oubyen yon bagay mou bay yon timoun pandan w ap di: “M konn yon pitit Bondye ki rele [non timoun nan].” Mande timoun nan pou l voye bagay la bay yon lòt timoun, pandan l ap di menm pawòl yo epi site non timoun sa a. Repete aktivite a jiskaske tou pa chak timoun rive. Temwaye ke chak timoun se yon “pitit lespri gason oubyen fi byeneme paran selès.”

  • Konsidere fason ou ta ka ilistre ke, paske nou se pitit Paran Selès, nou ka vin tankou Yo. Pa egzanp, montre foto bèt ak tibebe yo, oubyen foto oumenm ak paran oubyen pitit ou, epi ede timoun yo wè similarite yo. Temwaye ke menm jan tibebe grandi pou yo vin tankou paran yo a, nou ka vin tankou Paran Selès nou yo yon jou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Fanmi se pwen santral nan plan Papa nou ki nan Syèl la

Pwoklamasyon sou fanmi an te pibliye pou reyafime verite etènèl konsènan fanmi yo. Reflechi sou fason w pral ede timoun yo apwofondi temwayaj yo sou verite sa yo.

Aktivite posib

  • Mande yo si yo konn kimoun ki te ekri pwoklamasyon sou fanmi an. (Nan mesaj li a ki rele “Plan an ak Pwoklamasyon an” [Ensign ou Lyawona, Nov. 2017, 28–31], Prezidan Dallin H. Oaks te dekri kijan l te ekri.) Ede timoun yo konprann kisa mo “pwoklame solanèlman” an nan kòmansman paragraf la vledi. Mande yo pou yo di sa yo panse sou rezon k fè pwofèt yo ak apot yo vle “pwoklame solanèlman” verite osijè fanmi nan epòk nou an.

  • Pataje kèk deklarasyon nan pwoklamasyon sou fanmi an ki espesyalman siyifikatif pou ou. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan verite sa yo. Nan ki fason lavi nou t ap diferan si nou pa t konn bagay sa yo? Chante ansanm yon kantik ki gen rapò avèk verite nou jwenn nan pwoklamasyon an, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” oswa “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 86–87, 98).

  • Montre timoun yo (oubyen mande yo pou yo desine) foto ki reprezante kèk verite nou jwenn nan pwoklamasyon sou fanmi an. Foto sa yo ta kapab foto yon tanp, yon fanmi k ap priye oubyen jwe ansanm, oubyen yon koup ki ap marye. Envite timoun yo pou yo chèche fraz nan pwoklamasyon sou fanmi an ki an rapò avèk foto yo. Kisa fraz sa yo anseye nou?

  • Prepare kèk kesyon ki ka gen repons yo nan pwoklamasyon sou fanmi an, tankou “Kisa Bondye panse apwopo maryaj?” ak “Kisa ki rann yon fanmi kontan?” Fè chak timoun chwazi yon kesyon, epi ede yo jwenn repons nan pwoklamasyon an.

  • Envite manman ak papa youn nan timoun yo pou yo vin pataje avèk klas la kijan yo “youn ede lòt kòm patnè egal” nan “responsablite sakre” yo nan fanmi yo. Envite timoun yo pou yo diskite sou sa yo ka fè kounyeya pou prepare yo pou yo vin madanm ak mari, manman ak papa jis.

Fanmi yo gen plis kè kontan lè yo suiv Jezikri.

Papa nou ki nan Syèl la renmen chak nan pitit Li yo, epi Li vle pou yo gen kè kontan. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann ke vrè bonè soti nan suiv ansèyman ak egzanp Sovè nou an, Jezikri?

Aktivite posib

  • Desine yon gwo kè sou tablo a epi envite timoun yo pou yo li paragraf sèt nan pwoklamasyon an. Mande yo pou yo chèche sa yo ka fè pou ede fanmi yo gen kè kontan, epi ekri repons yo andedan kè a. Envite yo pou yo chwazi yon bagay yo ka travay sou li pou rann fwaye yo gen plis kè kontan.

  • Envite yo pataje eksperyans kote yo te santi yon manm fanmi an renmen yo. Ede yo idantifye prensip nan paragraf sèt pwoklamasyon an ki ka ede manm fanmi yo santi yo renmen yo. Kijan konesans nou konsènan levanjil Jezikri a ta dwe afekte fason nou trete fanmi nou?

  • Mande timoun yo kisa yo t ap reponn si yon zanmi ta mande yo poukisa marye oubyen fè pitit enpòtan. Kijan nou t ap ede zanmi sa a konprann jan fanmi yo enpòtan pou Pè Selès la? Ede timoun yo jwenn deklarasyon nan pwoklamasyon sou fanmi an ki ta ka ede; epi gade videyo “Ki Bi Fanmi?” an tou (LeglizJezikri.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo planifye pou yo fè yon bagay pou ranfòse fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje plan an avèk manm fanmi yo lakay yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Se pou w gen tak. Lè w ap anseye verite yo anseye nou yo nan pwoklamasyon sou fanmi an, tanpri panse a pil timoun k ap elve nan fanmi ki pa koresponn a ideyal yo dekri nan pwoklamasyon an. Se pou w veye pou w pa di anyen ki ta ka fè yo santi yo dekouraje oubyen enferyè.

Enprime