Doktrin ak Alyans 2021
6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2: “Nou Kwè”


“6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl nimewo 1 ak nimewo 2: ‘Nou Kwè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
yon dra ki reprezante men anpil koulè po

Pou Tout Manm Diy, pa Emma Allebes

6–12 Desanm.

Gade nan Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2

“Nou kwè”

Pandan w ap etidye ak planifye pou w anseye a, reflechi sou kijan w ka ede timoun ki nan klas ou a ranfòse kwayans yo nan verite debaz levanjil la.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Voye yon boul bay yon timoun epi mande l pou l pataje yon bagay li kwè sou Jezikri oubyen Papa nou ki nan Syèl la. Repete aktivite a jiskaske chak timoun gen yon opòtinite pou yo pataje yon bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Gade Atik Lafwa yo

Mwen kwè nan levanjil Jezikri a.

Ou ka itilize Atik Lafwa yo pou egzamine avèk timoun yo kèk nan kwayans debaz Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Poukisa li enpòtan pou timoun w ap anseye yo kwè nan verite senp sa yo?

Aktivite posib

  • Chwazi kèk atik lafwa ou santi ki espesyalman enpòtan pou timoun w ap anseye yo. Pou chak atik lafwa, pataje yon foto (gade paj aktivite semèn sa a) oubyen yon istwa (nan ekriti yo oubyen nan lavi w) ki ilistre oubyen klarifye yon verite yo anseye nan atik sa a. Di timoun yo poukisa verite sa a enpòtan pou ou, epi kite yo di poukisa li enpòtan pou yo.

  • Chèche kantik oubyen chan timoun ki ka ede timoun yo konprann youn oubyen plis nan atik lafwa yo. Petèt timoun yo ka ede w chwazi. Chante chan yo ansanm, epi ede yo wè kijan chan yo gen rapò avèk atik lafwa yo.

Atik Lafwa 1:9; Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2

Senyè a gide Legliz Li a atravè pwofèt Li a.

Antanke manm Legliz la, lè nou konfwonte yon kantite pwoblèm, nou ka jwenn lapè nan konesans ke Pè Selès la dispoze pou l bay revelasyon pou gide nou. Ede timoun w ap anseye yo ranfòse lafwa ke Bondye ap gide Legliz la atravè yon pwofèt vivan.

Imaj
yon ti gason k ap gade konferans jeneral

Papa nou ki nan Syèl la gide nou atravè pwofèt.

Aktivite posib

  • Montre yon ekriti ak yon foto pwofèt vivan an (oubyen yon nimewo sou yon konferans resan nan Ensign oswa Lyawona). Ede timoun yo detèmine kiyès nan yo ki an rapò avèk fraz “tout sa Bondye revele” a ak kiyès ki an rapò avèk fraz “tout bagay li revele kounyeya” (Atik Lafwa 1:9).

  • Etenn limyè yo epi mete yon foto Jezikri sou tablo a. Klere yon flach sou foto a pou ilistre kijan pwofèt la, tankou limyè yon flach, ede nou wè Sovè a pi klèman.

  • Chèche kèk enstriksyon senp pou fè yon bagay, tankou manje oubyen yon jwèt Suiv enstriksyon yo avèk timoun yo, epi eksplike ke, palentèmedyè pwofèt la, Pè Selès la ba nou enstriksyon pou ede nou retounen al viv avèk li. Èske ou ka site kèk bagay pwofèt la anseye nou pou nou ka retounen al jwenn Bondye?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Gade Atik Lafwa yo

Atik Lafwa yo anseye verite senp levanjil la.

Pafwa levanjil la ka parèt gwo ak konplike, espesyalman pou timoun yo. Atik Lafwa yo ka ede yo konprann, nan yon fason senp, kèk nan verite debaz nou kwè antanke Sen Dènye Jou.

Aktivite posib

  • Envite chak timoun pou yo chwazi yon mo oubyen yon fraz kle nan atik lafwa yo epi pataje l avèk klas la. Apre sa fè lòt timoun yo devine (oubyen jwenn) nan ki atik lafwa mo a oubyen fraz la soti. Mande timoun yo pou yo di poukisa mo oubyen fraz yo te chwazi a enpòtan.

  • Kèlke jou alavans, mande kèk nan timoun yo pou prepare yo pou yo pataje nan klas la yon ti mesaj kout sou atik lafwa yo pi renmen an. Mesaj yo a ta ka enkli yon foto, yon kantik, yon istwa oswa yon eksperyans, oubyen lòt ekriti. Envite timoun sa yo pou yo di poukisa yo renmen atik lafwa yo chwazi a.

  • Ekri sou tablo a kèk kesyon moun ta ka genyen sou kwayans nou ke nou ka jwenn repons yo nan youn nan atik lafwa yo. Mande timoun yo pou yo chwazi yon kesyon epi chèche yon atik lafwa ki reponn li Kite yo pratike repons pou kesyon an pandan y ap itilize atik lafwa a.

Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2

Pwofèt yo ede nou konnen volonte Papa nou ki nan Syèl la.

Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo se egzanp ekselan sou fason pwofèt yo resevwa ak suiv revelasyon nan men Bondye. Kijan w ka ede timoun yo ogmante lafwa yo pou yo konnen Bondye ap dirije Legliz Li a pa revelasyon?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo jwenn yon atik lafwa ki anseye osijè pwofèt oswa revelasyon. Envite yo pou yo di poukisa yo rekonesan dèske nou gen yon pwofèt vivan. Pataje kèk egzanp sou fason Bondye gide Legliz la atravè revelasyon, enkli egzanp yo dekri nan Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo, epi fè timoun yo pataje egzanp yo konnen (tankou nenpòt chanjman resan nan pwogram oswa politik Legliz la).

  • Bay timoun yo referans ekriti sa yo: 2 Nefi 26:33; Jakòb 2:27. Envite yo pou yo detèmine kiyès nan ekriti yo ki an rapò avèk Deklarasyon Ofisyèl 1 an (ki te deboutche sou fen maryaj pliral la) ak sa ki an rapò avèk Deklarasyon Ofisyèl 2 a (ki rann benediksyon prètriz ak tanp yo disponib pou moun tout ras). Rann temwayaj ou ke Senyè a revele volonte l bay pwofèt tan lontan ak pwofèt modèn.

  • Ekri bagay sa a ki soti nan Deklarasyon Ofisyèl 1 an sou tablo a: “Ou dwe jije pou tèt pa w.” Kisa sa vle di pou nou jije pou tèt pa nou lè pwofèt la resevwa revelasyon? Pou ede yo reponn kesyon sa a, ou gen dwa pataje deklarasyon sa a Prezidan Russell M. Nelson te fè: “Nou ka konnen poutèt pa nou kisa ki vrè ak kisa ki pa vrè nan aprann disène chichotman Lespri a” (“Lanmou ak Lwa Bondye yo” [devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 17 Sept 2019], 4, speeches.byu.edu).

  • Desine oubyen afiche yon foto tè a sou tablo a. Envite youn nan timoun yo li de dènye paragraf yo nan lèt Premye Prezidans lan ki date 8 Jen 1978 la ke yo site nan Deklarasyon Ofisyèl nimewo 2 a (ki kòmanse avèk pawòl sa yo “Li tande priyè nou yo …”). Mande timoun yo pou yo konte konbyen fwa mo “beni” ak “benediksyon” parèt. Ki benediksyon ki soti nan levanjil la? Envite timoun yo pou yo fè lis benediksyon sa yo sou tablo a toutotou desen an oswa foto tè a. Rann temwayaj ou ke Bondye renmen tout pitit Li toupatou nan mond lan epi Li vle beni yo avèk levanjil Li a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo chwazi yon atik lafwa yo ta renmen memorize, epi ede yo planifye pou yo fè sa.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen pataje sa y ap aprann. Menm si yo jèn, yo ka fòtifye lafwa manm fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 30.)

Enprime