Vini, Suiv Mwen
2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se lanmou’


“2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se lanmou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezikri k ap souri pandan l chita avèk yon timoun k ap souri

Lanmou pafè, pa Del Parson

2-8 Dedanm

1–3 Jan; Jid

“Bondye se lanmou”

Epit Jan ak Jid yo anseye nou sou lanmou ak limyè Pè Selès la. Pandan w ap etidye semèn sa a, medite sou rezon k fè timoun w ap anseye yo bezwen limyè ak lanmou nan lavi yo. Sonje pou w konsidere tout aktivite ki nan plan leson sa a, non pa jis sa yo mete nan gwoup laj timoun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo di kijan yo konn santi amou Pè Selès la ak poukisa, selon yomenm, Pè Selès la tankou yon limyè.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

1 Jan 1:5–7; 2:8–11

Si m suiv Jezi, sa ap pote limyè nan lavi m.

Kijan w fè konparezon ant limyè ak tenèb fizik ka ede w anseye timoun yo osijè limyè Pè Selès la pote nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo site bagay ki ba nou limyè. Ede yo konprann byenfè limyè: tnakou ede plant grandi, pèmèt moun wè, ak bay chalè. Envite yo pou yo klere yon foto Jezikri youn apre lòt pandan y ap di: “Bondye se limyè” (1 Jan 1:5). Temwaye ke Pè Selès la ak Jezikri ka pote limyè nan lavi nou lè nou obeyi kòmandman yo.

  • Etenn kèk limyè nan klas la epi envite yo pou yo sigjere ki fason yo ka fè limyè retounen nan sal la. Ede yo panse a fason nou ka pote limyè Jezikri nan lavi nou. Pandan y ap pataje repons yo, limyè flach oubyen pwogresivman ouvri yon fenèt pou ajoute limyè nan sal la.

1 Jan 4:10–11, 20–21

Mwen montre lanmou m pou Bondye lè m montre lanmou pou lòt moun .

Ede timoun yo wè koneksyon ant lanmou yo santi pou Pè Selès la ak lanmou yo montre pou pitit li yo.

Aktivite posib

  • Li 1 Jan 4:11 pou timoun yo, epi chante yon kantik sou lanmou Bondye, tankou “on Père céleste m’aime” (Chants pour les enfants, 228). Mande kèk nan timoun yo pou di kijan yo konnen Pè Selès la renmen yo. Apre chak repons, envite yo pou yo pase bra yo otou yomen epi di: “Bondye se lanmou, epi li renmen mwen.”

  • Li 1 Jan 4:21 pou timoun yo. Envite yo pou yo pataje oubyen jwe wòl sou fason yo ka montre lanmou pou yon zanmi, tankou ba l yon akolad oubyen fè yon kat pou li. Kijan bagay sa yo fè zanmi nou yo santi yo? Kijan Pè Selès la santi l lè nou fè bagay janti pou lòt moun?

1 Jan 2:3–5; 5:3

M montre lanmou m pou Bondye lè m kenbe kòmandman l yo.

Timoun yo ka aprann byen bonè ke ”kòmandman Bondye yo pa penib” epi suiv yo se youn nan fason pou n eksprime lanmou nou pou li.

Aktivite posib

  • Li 1 Jan 5:3, epi mande timoun yo pou yo koute kisa vèsè sa di sou fason nou ka montre nou renmen Bondye. Envite yo pou yo site otan kòmandman yo kapab. Kijan Pè Selès la santi l lè nou obeyi kòmandman l yo?

  • Envite yo pou yo desine yon foto ki montre youn nan fason yo ka eksprime lanmou yo pou Pè Selès la. Paregzanp, yo ka desine yon foto yomenm k ap kenbe youn nan kòmandman yo. Chante ansanm yon kantik sou obeyisans, tankou “Choisir le bien” (Chants pour les enfants, 160). Kijan nou santi nou lè nou obeyi kòmandman l yo?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

1 Jan 2:8–11; 4:7–8, 20–21

M montre lanmou m pou Pè Selès la lè m montre lanmou pou lòt moun .

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke renmen Bondye mande pou yo renmen moun bò kote yo—menm moun ki diferan avèk nou oubyen ki difisil pou nou renmen.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo imajine ke yon moun fèk vin nan lekòl yo oubyen pawas yo a epi li poko konn okenn moun. Kijan l ka santi l? Envite yon timoun pou li 1 Jan 4:7–8. Kisa vèsè sa a sigjere sou fason nou dwe trete moun sa a? Pataje menm senaryo a, oubyen mande timoun yo pou yo panse sou sitiyasyon kote yo ka jwenn opòtinite pou yo montre lanmou yo.

  • Mande yo pou yo li 1 Jan 4:7–8, 20–21, epi envite yo pou yo chak ekri yon fraz pou rezime ki leson yo panse k pi enpòtan nan vèsè sa yo. Lè yo fin pataje fraz yo a, ou gen dwa rakonte yo istwa Chy Johnson nan nan diskou Frè David L. Beck la “Votre devoir sacré de servir” (Ensign oswa Liahona, Me 2013, 55). Kijan timoun yo ka suiv egzanp jenòm sa yo nan istwa a ki te montre lanmou Chy la? Envite yo pou yo di ki fason yo ka montre lanmou pou moun bò kote yo.

1 Jan 2:3–6; 4:17–18; 5:2–5

M montre lanmou m pou Bondye nan obeyi kòmandman l yo.

Obeyi kòmandman yo ka pi fasil lè nou konprann verite yo anseye nan 1 Jan 5:3 yo. Kijan w ka ede timoun yo wè kòmandman yo se pa fado men se opòtinite pou yo eksprime lanmou yo pou Bondye?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo fè lis sou fason yo ka montre Bondye ke yo renmen li sou tablo a. Apresa, li 1 Jan 2:5–6; 5:2–5 ansanm pou ide adisyonèl. Kijan obeyi kòmandman yo montre ke nou renmen Pè Selès la?

    Imaj
    yon fanmi ki ajenou ansanm nan lapriyè

    Menmsi sa difisil, nou ka chwazi pou n obeyi kòmandman yo.

  • Li 1 Ja 4:17, epi eksplike timoun yo ke pou n “gen asirans nan jou jijman an” sa vledi pou n gen konfyans ak lapè lè nou kanpe devan Bondye pou l jije nou. Kisa vèsè sa a anseye nou dwe fè pou n ka gen konfyans sa a? Ki kèk bagay nou ka fè kounyeya pou n ka gen konfyans devan Bondye?

Jid 1:18-22

M ka fidèl menm lè lòt moun ap moke m.

Timoun yo gen dwa sibi mokri poutèt kwayans yo oubyen pou fason y ap viv antanke disip Jezikri. Vèsè sa yo gen konsèy Jid bay sou fason pou n rete fidèl nan sitiyasyon sa yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje moman kote yo te pase yo nan betiz poutèt yo t ap fè sa ki byen. Envite yo pou yo li Jid 1:18–22 epi chèche fason nou ka rete fidèl lè y ap moke nou oubyen pase nou nan betiz. Ekri kè nan sa yo jwenn yo sou tablo a, epi pale de fason yo ka suiv konsèy sa a.

  • Fè rezime rèv Leyi a (gade 1 Nefi 8:1–35), pandan w ap mande kèk timoun pou yo li vèsè nan 1 Nefi 8:26–28, 33. Diskite sou fason moun nan gwo kay byen laj yo te menmjan ak mokè Jid t ap pale yo. Kisa nou ka fè pou n pa enfliyanse pa moun k ap moke nou oubyen ki pa dakò ak sa nou kwè yo? (gade 1 Nefi 8:30, 33).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo planifye pou yo fè yon bagay pou pataje limyè yo avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo plen enèji. Pafwa ou gen dwa santi ke enèji yo a anpeche yo aprann. Men ou ka bati sou nati plen enèji sa a nan envite yo pou yo jwe wòl, fè desen, oubyen chante osijè yon prensip levanjil. (Gade Ansèyman nan Fason Sovè a, 25–26.)

Enprime