Vini, Suiv Mwen
23–29 Desanm. Revelasyon 12–22: ‘Moun ki venk mond lan ap eritye tout bagay’


“23–29 Desanm. Revelasyon 12–22: ‘Moun venk la ap eritye tout bagay’Revelation 12–22: ’Moun ki venk mond lan ap eritye tout bagay’ Vini, Suiv Mwen-Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“23–29 Desanm. Revelasyon 12–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezikri k ap akeyi moun yo nan Dezyèm Vini an

Site etènèl la, pa Keith Larson

23–29 Desanm.

Revelasyon 12-22

“Moun ki venk mond lan ap eritye tout bagay“

Pandan w ap prepare w pou anseye a, itilize eksperyans ou fè nan etidye Revelasyon 12–22 yo pèsonèlman epi avèk fanmi ou. Kisa k pi frape ou? Ki enpresyon w te resevwa? Sonje ke aktivite yo sigjere la yo ka adapte pou timoun nenpòt laj.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo di poukisa yo ta renmen al viv avèk Pè Selès la ankò. Pandan tout leson an, ede yo jwenn kisa yo ka fè pou prepare yo pou yo retounen al jwenn ni.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Revelasyon 12:7–11

M te montre lafwa nan Jezikri nan lavi premòtèl la.

Nan Lagè nan syèl la, pitit fidèl Bondye yo te venk Satan “pawòl temwayaj yo” ak pa lafwa yo te montre nan Jezikri (Revelasyon 12:11).

Aktivite posib

  • Pou ede yo konprann kisa savle di suiv egzanp yon moun, chwazi yon timoun pou l yon “dirijan” epi mande lòt yo pou yo suiv li nan fè tout sa l ap fè. Apresa fè lòt timoun vin lidè. Li Revelasyon 12:7–11 pou timoun yo epi eksplike ke anvan nou te fèt, nou te chwazi pou n suiv Jezi e pa Satan.

  • Chante ansanm yon chan sou lavi premòtèl la, tankou “I Lived in Heaven” oubyen “I Will Follow God’s Plan” (Children’s Songbook, 4, 164–65). Poze kesyon tankou: kisa k te pase nan syèl la anvan nou te fèt? Kisa nou te chwazi pou n fè? (Gade tou “Entwodiksyon: Plan Pè Selès nou an,” Istwa Nouvo Testaman, 1–5, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org.)

Revelasyon 19:7

M ka prepare pou Dezyèm Vini Jezikri a nan chwazi sa ki byen.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke Dezyèm Vini an ap yon evenman jwaye pou nou si nou suiv kòmandman Jezi yo?

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi li Revelasyon 19:7. Di yo ke “Nòs Anyo a“ reprezante Dezyèm Vini Jezikri a. Poukisa moun yo te “kontan“? Mande timoun yo si yo konn asiste yon maryaj. Kijan sa te pase? Poukisa moun yo te kontan?

  • Eksplike timoun yo pouki rezon w ap tann Dezyèm Vini Jezi a/ Ou gen dwa chante yon kantik sou Dezyèm Vini an ansanm tou, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46–47).

  • Envite yo pou yo di kisa yo te fè pou yo te pare pou Legliz la jou Dimanch. Poukisa nou fè bagay sa yo anvan nou vin legliz la? Poukisa nou dwe prepare pou Dezyèm Vini Jezikri a? Nan paj aktivite semèn sa a, fè timoun yo desine ka yo kapab pou prepare yo pou Dezyèm Vini an.

Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2

M ka viv nan wayòm selès la avèk Pè Selès la avèk moun mwen renmen.

nan dènye de chapit Revelasyon yo, Pòl te itlize yon bèl langaj pou dekri laglwa selès fidèl yo pral benefisye a.

Aktivite posib

  • Fè timoun yo desine pyebwa yo dekri nan Revelasyon 22:2 a sou tablo a. Eksplike ke pyebwa a se pyebwa lavi a, epi fwi l yo reprezante lanmou Bondye (gade 1 Nefi 11:21–22). Desine fèy papye ki dekoupe an fòm fwi, epi envite yo pou yo desine yon bagay sou papye a ki ede yo santi lanmou Pè Selès. Eksplike ke moun ki fidèl yo ap viv avèk Pè Selès la nan wayòm selès la.

  • Pataje kèk imaj oubyen detay Jan itilize pou dekri laglwa selès la avèk timoun yo (gade Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2), epi envite yo pou yo desine bagay sa yo.

  • Chante ansanm yon kantik sou plan Bondye a, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 164–65). Envite timoun yo pou yo idantifye kisa yo ka fè pou yo retounen al viv ak Pè Selès la ankò.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Revelasyon 12:7–11

M te montre lafwa m nan Jezikri nan lavi premòtèl la.

Timoun w ap anseye yo sou tè a paske yo te gen lafwa nan Jezikri nan lavi premòtèl la epi yo te chwazi pou suiv li.

Aktivite posib

  • Li ansanm Revelasyon 12:7–11, epi ekri sou tablo a mo dragon, Lagè nan syèl la, chase, temwayaj, ak Anyo. Mande timoun yo pou yo rezime vèsè sa yo kote y ap itilize mo ki sou tablo yo. Kisa nou aprann konsènan Jezikri (Anyo a) nan vèsè sa yo? Kisa nou aprann osijè chwa nou te fè nan lavi premòtèl?

  • Sou tablo a, kreye twa kolòn epi mete etikèt Anvan lavi sa a, Pandan lavi sa a, ak Toulède. Prepare kèk moso papye ki deklare verite osijè lavi premòtèl la ak lavi nan mòtalite a, tankou Nou gen kò, Nou pa gen kò, Nou viv nan prezans Bondye, Nou nan lagè avèk Satan, Nou egzèse lafwa nan Jezikri, ak Nou suiv plan Bondye. Fè timoun yo pran tan pou yo chak chwazi yon moso papye epi pou yo deside nan ki kolòn pou yo mete l. Montre konfyans ou ke timoun yo ka kontinye montre lafwa nan Kris la.

Revelasyon 19:7–8

M ka prepare pou Dezyèm Vini Jezikri a nan chwazi bon bagay.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo pou yo konprann Dezyèm Vini Jezikri a ap yon evenman jwaye pou jis yo?

Aktivite posib

  • Li ansanm Revelasyon 19:7–8, epi ede yo konprann senbòl ki nan vèsè sa yo—maryaj la se Dezyèm Vini Sovè a, Anyo a se Sovè a, epi madanm ni se Legliz la (oubyen nou tout). Kijan moun yo prepar yo pou yon maryaj? Kisa nou ka fè pou prepare nou pou retou Sovè a?

  • Repase e memorize Atik lafwa 1:10 la avèk timoun yo. Eksplike ke atik lafwa sa a dekri kèk evenman eksitan ak gloriye ki pral rive lè retou Jezi a. Montre foto Dezyèm Vini Jezi a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi envite timoun yo pou yo desine sa yo panse Dezyèm Vini an ap sanble.

Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2, 17

M ka viv nan wayòm selès la avèk Pè Selès la ak moun mwen renmen.

Pandan w ap prepare pou w anseye sou wayòm selès la, reflechi sou sa wayòm selès la vledi pou ou. Kijan w ka pataje temwayaj nou avèk timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo chèche vèsè sa yo pou yo ka jwenn kèk foto oubyen detay Jan te itilize pou dekri laglwa selès la: Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2. Fè yo chwazi yon foto oubyen yon detay yo ta renmen desine. Apresa yo ka pale sou desen yo a avèk klas la. Ankouraje yo pou pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo lakay yo.

  • Li Revelasyon 22:17 ansanm avèk yo, epi eksplike yo ke konjwen ki di “Antre” a se Legliz la. Nan kisa nou ta renmen envite lòt moun pou yo “vin“ gade? Ki kèk bon fason pou n envite moun pou yo “vini“

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ede timoun yo prepare pou yo li Liv Mòmon an ane pwochèn kote w ap envite yo pou yo mande yon manm fanmi oubyen yon zanmi pou l pale yo de yon oubyen yon istwa li prefere nan Liv Mòmon an.

Amelyore ansèyman nou

Anseye timoun yo pou yo ekri enpresyon yo. Si yo ka pran abitid pou yo ekri enpresyon yo, sa ap ede yo rekonèt Lespri a ak suiv li. Timoun yo ka ekri enpresyon yo nan make ekriti yo, desine foto, oubyen ekri nan jounal yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 30.)

Enprime