Vini, Suiv Mwen
23–29 Desanm. Revelasyon 12–22: ‘Moun ki venk la va eritye tout bagay’


“23–29 Desanm. Revelasyon 12–22: ‘Moun ki venk la va eritye tout bagay’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“23–29 Desanm. Revelasyon 12–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezikri k ap akeyi moun nan Dezyèm Vini l lan

Site Etènèl la, pa Keith Larson

23–29 Desanm

Revelasyon 12-22

“Moun ki venk la va eritye tout bagay”

Pandan w ap li Revelasyon 12–22 a, chèche paralèl ant sa Jan te wè yo ak sa w wè nan mond lan jodia. Chèche gidans spirityèl pou ede w jwenn leson pèsonèl pandan w ap plonje tèt ou nan langaj senbolik Jan an.

Ekri enpresyon ou

Imajine yon fi “ki gen doulè k pral akouche ki bezwen delivre.” Kounyeya imajine “yon gwo dragon wouj, ki gen sèt tèt ak sèt kòn” k ap plane anlè tèt fi a, pare pou l “devore timoun nan osito ke l fèt” (Revelasyon 12:2–4). Pou w konprann vèsè sa yo nan revelasyon Jan an, sonje ke imaj sa yo reprezante Legliz la ak wayòm Bondye a ak danje n ap fè fas yo. Pou Sen k te sibi gwo pèsekisyon yo nan epòk Jan an, viktwa sou mal la te gen dwa parèt envrèsanblab. Viktwa sa a ka parèt difisil pou n anvizaje tou nan yon epòk tankou pa nou an, kote advèsè a ap “fè lagè avèk sen yo” epi l gen “pouvwa … sou tout tribi, lang, ak nasyon” (Revelasyon 13:7). Men, fen revelasyon gloriye Jan an montre nou ke byen p ap pote laviktwa sou mal. Babilòn ap tonbe. Jezikri pral gouvène kòm Wa tout Wa yo. “Bondye pral seche tout dlo nan je yo” epi fidèl yo pral renye avèk li epi y ap “eritye tout bagay” (Revelasyon 21:4, 7).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Revelasyon 12:7–17

Lagè nan syèl la kontinye sou tè a.

Nou pa konn anpil bagay sou lagè nan syèl la men gen yon brèf deskripsyon vivan sou li nan Revelasyon 12:7–11. Pandan w ap li vèsè sa yo, imajine oumenm k ap pran pa nan konfli premòtèl sa a. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason oumenm ak lòt pitit fidèl Bondye yo venk Satan? Kisa sa enplike sou fason nou ka venk li nan epòk pa nou an kote l ap kontinye “fè lagè avèk [moun ki] gen temwayaj konsènan Jezikri yo”? (vèsè 17).

Gade 1 Nefi 14:12–14; “War in Heaven,” Gospel Topics, topics.lds.org; Bible Dictionary, “Michael,” “War in Heaven” tou.

Revelasyon 14:6-7

Ki zanj Jan te wè k ap preche levanjil la?

Youn nan akonplisman pwofesi nan vèsè sa yo te fèt lè Mowoni te parèt devan Joseph Smith epi l te dirije l al jwenn anal li te tradui ak pibliye kòm Liv Mòmon an. Liv sa a gen “levanjil etènèl” yo ba nou responsablite pou n preche bay “tout nasyon, ras, lang ak pèp” la (Revelasyon 14:6).

Revelasyon 17-18

Senyè a envite m pou m kouri kite Babilòn ak peche l yo.

Revelasyon 17–18 gen imaj twoublan ki dekri peche, materyalis, ak konvwatiz Babilòn—senbòl enpite ak mechanste. Panse sou egzanp kondisyon tankou Babilòn ki egziste jodia nan mond lan, epi medite sou kisa w ka fè pou w suiv konsèy pou “kouri soti nan” Babilòn epi “pa patisipe nan peche l yo” (Revelasyon 18:4).

Revelasyon 20:12–15

Tout pitit Bondye yo pral jije selon liv lavi a.

Sipoze yon otè ta ofri pou l ekri yon liv sou lavi ou. Ki detay oubyen eksperyans ou t ap mete ladan l? Si w ta konnen l ta pral ekri bagay ou pral fè nan lefiti, kijan w t ap chanje fason w ap viv? Panse sou sa pandan w ap li konsènan Jou Jijman an nan Revelasyon 20:12–15. Kisa w espere k pral ekri osijè oumenm nan liv lavi a?

Gade Diksyonè Bib la, “Liv lavi a.”

Revelasyon 21; 22:1–5

Si m fidèl, m ap resevwa laglwa selès.

Kontrèman ak deskripsyon sou Babilòn yo, Revelasyon 21–22 dekri laglwa selès k ap tann disip fidèl Kris yo. Ki imaj, fraz, oswa pwomès nan chapit sa yo ki pouse w pou w rete fidèl menm lè sa difisil?

Revelasyon 22:18-19

Èske vèsè sa yo vledi pa ka gen okenn lòt ekriti apa Bib la?

Gen kèk moun ki site Revelasyon 22:18–19 an kòm yon rezon pou yo rejte Liv Mòmon an ak lòt ekriti dènye jou yo. Sepandan, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Kounyeya gen pratikman anpil espesyalis labib ki mete ansanm pou di ke vèsè sa a aplike sèlman a Liv Revelasyon an, non pa tout Bib la. Espesyalis nan epòk pa nou yo rekonèt ke gen yon kantite ‘liv‘ nan Nouvo Testaman an ki te sètènman ekri apre revelasyon Jan an sou Zile Patmòs la. …

“Men, gen yon repons ki pi senp. … Bib la annantye jan nou konnen l lan—yon koleksyon tèks ki relye nan yon sèl volim—pa t egziste lè yo te ekri vèsè sa a” ((“Mes paroles… ne cessent jamais,” Ensign oswa Liahona, Me 2008, 91).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Revelation 12; 19; 21

Kèk manm nan fami w ta renmen jwi ak benefisye nan desine imaj sou vizyon yo dekri nan Revelasyon yo. Paregzanp, desine imaj ki baze sou Revelasyon 12 la ta ka mennen nan diskisyon sou Lagè nan Syèl la (gade vèsè 7–11). Foto ki baze sou Revelasyon 21 an ta ka enspire konvèsasyon sou wayòm selès la. Ou gen dwa montre foto ki akonpaye plan leson sa a tou epi mande manm fanmi an pou yo chèche vèsè nan Revelasyon 19 la foto sa a dekri.

Revelasyon 12:11

Kisa fraz “pawòl temwayaj yo” a vle di? Kijan temwayaj nou konsènan Jezikri ede noumenm ak lòt moun venk Satan?

Revelasyon 13:11-14

Kisa manm fanmi w panse de bèt la k ap twonpe moun nan? Kijan nou ka detekte epi evite twonpri nou wè nan mond lan jodia?

Revelasyon 20:2-3

Kijan 1 Nefi 22:26; Doktrin ak Alyans 43:30–31 ede nou konprann kisa savle di pou yo “mare” Satan?

Revelasyon 22:1-4

Ki sans senbolik sa dwe genyen pou n gen non Sovè a ekri “sou fwon [nou]”? (Revelasyon 22:4; gade Revelasyon 13:16–17 tou).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. “Lè w fè suivi sou yon envitasyon pou w aji, ou montre manm klas yo ke w sousye pou yo epi ou montre yo kijan levanjil la se benediksyon nan lavi yo. Epitou ou ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo, sa k ap fòtifye angajman yo e pèmèt yo youn soutni lòt nan viv levanjil la (Anseye nan fason Sovè a, 35).

Enprime