Vini, Suiv Mwen
25 Novanm–1e Desanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi w avèk yon lajwa ineksplikab ak yon lajwa total’


“25 Novanm–1e Desanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi w avèk yon lajwa ineksplikab ak yon lajwa total’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

““25 Novanm–1e Desanm. 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezikri k ap preche levanjil la nan mond dèzespri a.

Kris la k ap preche nan mond dèzespri a, pa Robert T. Barrett

25 Novanm–1e Desanm 

1 ak 2 Pyè

“Rejwi w avèk yon lajwa ineksplikab ak yon lajwa total’”

Pandan w ap li Epit Pyè yo, ou gen dwa resevwa enspirasyon pou w aji. Ekri enspirasyon sa yo pandan w “ankò nan Lespri a” (DA 76:80) pou w ka byen kapte sa y ap anseye w yo.

Ekri enpresyon ou

Yon ti tan apre Rezirèksyon l lan, Sovè a te fè yon pwofesi ki dwe te twouble Pyè. Li te di lè Pyè te fin granmoun, yo t ap mennen l “kote [l] pa t ap vle … , sa k te vledi pa ki mò li t ap glorifye Bondye” (Jan 21:18–19). Lè Pyè te ekri epit li a, li te konnen ke mati sa a yo te pwofetize l la te pwòch: “Mwen konnen m pa lwen mouri. Se Senyè a menm ki fè m konn sa” (2 Pyè 1:14). Malerezman, kalite pèsekisyon grav sa yo te komen pou Sen yo nan pwovens Wòm yo, ke Pyè te voye lèt bay la (gade 1 Pyè 1:1). Epoutan, pawòl li yo pa t gen laperèz ni pesimis. Men olyesa, li te anseye Sen yo pou yo “rejwi grandman,” menmsi kounyeya yo “oblije gen lapenn akoz tout tantasyon yo.” Li te konseye yo pou yo te sonje ke “eprèv lafwa [yo] a” t ap mennen nan “louwanj ak onè ak laglwa lè Jezikri parèt” ak nan “sali nanm [yo]” (1 Pyè 1:6–7, 9). Lafwa Pyè dwe te siman rekonfòte premye Sen sa yo, jan l ankouraje Sen yo jodia, ki yomenm tou yo “patisipe nan soufrans Kris yo, pou ke, lè laglwa li va revele, [nou] ka kontan avèk gwo lajwa” (1 Pyè 4:13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19

M ka jwenn lajwa pandan moman eprèv ak soufrans yo.

Toudabò, sa ka parèt etranj ke Pyè te itilize mo tankou rejwi, kontan, laglwa, ak alegrès an asosyasyon avèk mo nou tipikman asosye avèk difikilte yo: tristès, tantasyon, doulè, afliksyon, founèz, ak soufrans (gade 1 Pyè 1:6; 2:19; 4:12–13). Mesaj Pyè te bay premye Sen yo sete menm mesaj Prezidan Russell M. Nelson te bay la: “Sen yo ka gen kè kontan nan tout sikonstans. … Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan limenm e gras avèk li. Li se sous tout lajwa” (“Joie et survie spirituelle” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 82).

Pandan w ap li 1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19, kisa k ba w espwa ke w ka jwenn lajwa menm nan mitan sikonstans difisil yo?

1 Pyè 3:18–20; 4:1–6

Levanjil la preche bay mò yo pou yo ka jije yo avèk egalite.

Yon jou, chak moun pral kanpe devan ba jijman an pou yo “rann kont bay moun ki pare pou jije vivan yo ak mò yo” (1 Pyè 4:5). Gen moun ki gen dwa ap mande tèt yo kijan Bondye ka jije tout moun ekitableman lè opòtinite pou yo konprann ak viv levanjil la si diferan konsa. Remake doktrin Pyè te anseye nan 1 Pyè 3:18–20; 4:6 la pou te ede Sen nan epòk li yo konprann ke jijman Bondye yo ap jis. Kijan vèsè sa yo fòtifye lafwa ou nan egalite ak jistis Bondye?

Pou w etidye doktrin sa a pi plis, ale nan Doktrin ak Alyans 138, yon revelasyon Prezidan Joseph F. Smith te resevwa pandan l t ap medite sou ekri Pyè yo. Ki benediksyon yo akòde moun ki rann òdonans levanjil yo disponib pou manm fanmi yo ki deja mouri epi k ap tann òdonans sa yo?

Gade “Batèm pou mò yo,” Gospel Topics, topics.lds.org tou.

2 Pyè 1:1–11

Atravè pouvwa Jezikri, m ka devlope nati divin mwen.

Èske w janm santi l enposib pou w vin menmjan avèk Jezikri ak pou w akeri karakteristik li yo? Èldè Robert D. Hales te bay panse ankourajan sa a sou fason nou ka devlope karakteristik kretyen yo: “Karakteristik Sovè a … se trè karaktè ki mele ansanm, ki ajoute youn sou lòt, ki devlope nan nou nan fason resipwòk. Otremandi, nou pa ka jwenn yon karakteristik kretyen san nou pa jwenn ak antrene lòt tou. Lè yon karakteristik vin solid, anpil lòt vin solid tou” (“Vin yon disip Senyè nou an, Jezikri” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 46).

Imaj
yon tapisri ki tise konplike

Chak kalite kretyèn nou devlope ap ede nou tise yon tapisri disip spirityèl.

Panse pou w li 2 Pyè 1:1–11 ansanm avèk mesaj Èldè Hales la. Kisa w aprann nan men de Apot sa yo ki ede w nan efò ou pou w vin pi kretyen?

Gade 1 Pyè 4:8; David A. Bednar, “Pwomès ki pi gran ak pi presye yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 90–93 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

1 Pyè 2:5–10

Pandan w ap li vèsè sa yo avèk fanmi ou, panse pou w itilize wòch pou ede manm fanmi an vizyalize ansèyman Pyè ki di Sovè a se “wòch fondasyon” nou an. Nan ki fason nou sanble avèk “wòch vivan” Bondye itilize pou bati wayòm ni an? Kisa nou aprann nan men Pyè sou Sovè a ak wòl nou nan wayòm ni an? Ki mesaj Pyè genyen pou fanmi ou?

1 Pyè 3:8–17

Kijan nou ka “toujou pare pou bay yon repons” a moun ki kesyone nou sou lafwa nou yo? Fanmi w gen dwa jwe wòl kote yon moun pwoche bò kote yo avèk yon kesyon sou levanjil la.

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Kisa n ka fè antanke fanmi pou n aprann konnen zansèt nou ki mouri yo. Petèt nan jou nesans yon zansèt ki desede, ou ta ka prepare manje favori li, ekspoze foto li, oubyen rakonte istwa sou lavi zansèt sa a. Si posib, ou gen dwa planifye pou w resevwa òdonans pou zansèt sa a nan tanp.

2 Pyè 1:16-21

Nan vèsè sa yo, Pyè raple Sen yo eksperyans li sou Mòn Transfigirasyon an (gade Matye 17:1–9 tou.) Kisa nou aprann nan vèsè sa yo apwopo ansèyman pwofèt yo? (gade Matye 17:1–9 tou). Kisa k ba nou konfyans pou n suiv pwofèt vivan an jodia?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

“Se pou ou toujou pare.” Moman sanzatann pou anseye lakay yo pase vit, konsa, li enpòtan pou w pwofite de yo lè yo prezante. Kijan w ka efòse w pou w “toujou pare” pou w anseye manm fanmi w verite levanjil yo e pataje “esperans ki nan ou a” (1 Pyè 3:15) lè moman ansèyman yo prezante? (Gade Anseye nan fason Sovè a, 16).

Imaj
Pyè k ap preche yon gwoup moun

Byenke Pyè te rankontre anpil pèsekisyon ak opozisyon, li te rete djanm nan temwayaj li konsènan Kris la.

Enprime