Vini, Suiv Mwen
9–15 Desanm. Apokalips 1–11: ‘Glwa, ak pouvwa, pou … Anyo a pou tout tan gen tan’


9–15 Desanm. Apokalips 1–11: ‘Glwa, ak pouvwa, pou … Anyo a pou tout tan gen tan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“9–15 Desanm. Apokalips 1–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kris la k ap veye sou yon twoupo mouton

Bon Bèje a, pa Del Parson

9–15 Desanm

Apokalips 1-11

“Glwa, ak pouvwa, pou … Anyo a pou tout tan gen tan”

Panse pou w ekri kesyon ou genyen sou sa w ap li nan liv Revelasyon an yo. Apresa ou gen dwa chèche repons pou kesyon w yo oubyen diskite yo avèk yon manm fanmi w oubyen nan klas ou nan Legliz la.

Ekri enpresyon ou

Èske w janm konn gen difikilte pou w dekri moun sa w te santi pandan yon eksperyans spirityèl puisan? Langaj toulèjou a ka parèt ensifizan pou w ta dekri santiman ak enpresyon spirityèl yo. Petèt se poutèt sa Jan te itilize yon senbolis ak imaj si rich konsa pou l dekri revelasyon majestye l la. Li ta ka senpleman deklare ke l te wè Jezikri, men pou ede nou konprann eksperyans li a, li dekri Sovè a kote l itilize pawòl tankou sa yo: “Je li te tankou de flanm dife,” “yon epe file de bò k ap soti nan bouch li,” epi “figi l menm te klere tankou gwo solèy midi” (Revelasyon 1:14–16). Pandan w ap li liv Revelasyon an, eseye dekouvri ki mesaj Jan te vle w aprann ak santi, menmsi w pa konprann siyifikasyon ki dèyè chak senbòl. Poukisa li konpare kongregasyon Legliz yo avèk chandelye, Satan avèk yon dragon, epi Jezikri avèk yon anyo? An definitiv, ou pa oblije konprann chak senbòl ki nan Revelasyon an pou w konprann tèm enpòtan l yo, enkli tèm ki pi dominan an: Jezikri ak disip li yo ap triyonfe sou wayòm lèzòm yo ak wayòm Satan an.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Revelasyon

Kijan w ka jwenn sans liv Revelasyon an?

Liv Revelasyon an ka difisil pou w konprann, men pa dekouraje. Pwomès Jan an ka enspire w pou w kontinye eseye: “Benediksyon pou moun ki li, ak moun ki tande ak konprann pawòl pwofesi sa a, epi ki kenbe bagay sa yo ki ekri ladan l yo, paske tan pou Senyè a vini an pwòch” (Joseph Smith Tradiksyon, Revelasyon 1:3 [nan Apendiks Bib la], italik ajoute).

Kesyon ak dokimantasyon sa yo ka ba w kèk ide pandan w ap etidye Revelasyon an:

Li ta bon pou w ta chèche ide nan Tradiksyon Joseph Smith te fè sou plizyè pasaj nan Revelasyon an tou. (gade referans yo ak apendiks Bib la.)

Revelasyon

Vizyon Jan an anseye kijan Pè Selès la sove pitit li.

Pandan w ap kòmanse etidye liv Revelasyon an, panse sou fason sa w li yo konekte avèk sa w konnen osijè plan Pè Selès la pou redanmsyon ak egzaltasyon pitit li yo. Ou gen dwa kòmanse repase rezime plan sali a ki nan liv Preche levanjil mwen an (paj 47–60). Apresa, pandan w ap li resi Jan sou vizyon l lan, poze tèt ou kesyon tankou sa yo: Ki verite m aprann nan Revelasyon an sou sa Pè Selès la fè pou ede m retounen al jwenn ni? Kijan sa ka ede m konprann plan Bondye pou mwen?

Sa ka ede w tou si w ta konnen ke, an jeneral:

  • Anpil pati nan chaptit 12 la gen rapò avèk lavi premòtèl la (gade “Premòtalite,” Gospel Topics, topics.lds.org tou).

  • Chapit 6–11, 13–14, 16–19 dekri lavi nan mòtalite a ak evenman sou istwa tè a (gade “Mòtalite,” Gospel Topics, topics.lds.org).

  • Chapit 2–3, 15, 20–22 dekri Jijman Final la ak laglwa k ap tann fidèl yo nan wayòm etènèl yo (gade “Posmòtalite,” Gospel Topics, topics.lds.org).

Revelasyon 2-3

Jezikri konnen m pèsonèlman epi l ap ede m simonte difikilte m yo.

Pawòl Sovè a nan Revelasyon 2–3 yo revele ke l te konprann siksè ak lit patikilye chak branch nan Legliz la nan epòk Jan an t ap travèse. Li te reyasire Sen nan plizyè kongregasyon yo ke, pami tout lòt bagay, li te konn “zèv yo,” “tribilasyon yo,” “pòvrete yo,” ak “charite yo” (Revelasyon 2:2, 9, 19)—ansanm avèk kèk fason yo ta ka amelyore.

Chapit sa yo ka raple w ke Sovè a konprann fòs ou ak feblès ou epi li vle ede w simonte difikilte terès ou yo. Kisa Jezikri pwomèt moun ki venk yo? Ki chanjman w santi w ta bezwen fè pou simonte pwòp difikilte pa w?

Revelasyon 5, 6

Se sèl Jezikri ki te ka rann plan Pè Selès la posib.

Menmsi w pa sonje sa, ou te siman prezan lè evenman Jan dekri nan Revelasyon 5 t ap deplwaye. Pandan w ap li apwopo evenman sa yo, reflechi sou sa nou te siman santi lè nou tout te reyalize ke Jezikri (“Anyo” a) t ap rann plan Pè Selès la posib (ouvri liv la epi ouvri sèt so yo). Poukisa sete sèlman Jezikri ki te ka fè sa? Kijan w ka montre lafwa nan li kòm Sovè ou?

Gade Jòb 38:4–7; “Expiation de Jésus-Christ,” Gospel Topics, topics.lds.org.

Revelasyon 6-11

Retablisman an te presede destriksyon ki pral fèt anvan Dezyèm Vini Jezikri a.

Revelasyon 6–11 dekri evenman ki pral pase pandan egzistans nou sou tè a (gade DA 77:6), enkli Retablisman levanjil la nan dènye jou yo (gade Revelasyon 7). Pandan w ap li sou evenman Jan te pwofetize yo epi w ap gade yo k ap deplwaye, kisa w santi w pouse pou w fè pou ka prepare oumenm ak fanmi w pou Dezyèm Vini an?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Revelasyon 2-3

Imajine ke Senyè a ta mande Jan pou l te bay fanmi w yon mesaj tankou sa l te voye bay legliz yo pandan epòk sa a. Kisa l t ap di ki t ap byen pase? Kijan w ka amelyore?

Revelasyon 3:20

Montre foto Sovè a k ap frape nan pòt la (gade foto ki nan plan leson sa a). Envite fanmi w pou yo li Revelasyon 3:20 epi diskite sou kesyon tankou sa yo: Poukisa Jezi frape olye l antre tou senpleman? Kijan nou ka envite enfliyans li nan fwaye nou?

Revelasyon 7:9, 13–14

Kisa vèsè sa yo ka anseye nou sou rezon k fè nou abiye an blan pou òdonans tanp yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje kesyon. Kesyon se yon endikasyon ke manm fanmi w pare pou yo aprann epi sa bay yon ide sou fason yo reyaji a sa y ap anseye yo a. Anseye fanmi w kijan pou yo jwenn repons nan ekriti yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a,25–26.)

Imaj
Kris la k ap frape nan yon pòt

Kite l antre, pa Greg K. Olsen

Enprime