Vini, Suiv Mwen
2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se lanmou’


“2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se lanmou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezikri k ap souri pandan l chita avèk kèk timoun k ap souri

Lanmou pafè, pa Del Parson

2 -8 Desanm

1–3 Jan; Jid

“Bondye se lanmou”

Pandan w ap li Epit Jan ak Jid yo, chèche enspirasyon sou fason w ka montre Bondye amou ou. Ekri enpresyon sa yo epi fè plan pou w aji konfòm avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Lè Jan ak Jid te ekri epit yo, Apostazi yo te anonse a te kòmanse, yon rezilta pèsekisyon entans ak koripsyon doktrin nan. Kèk fo enstriktè te menm mande si Jezikri te aktyèlman parèt “nan lachè” vre (gade, paregzanp, 1 Jan 4:1–3; 2 Jan 1:7). Konsa, Apot Jan te kòmanse premye epit li a kote l te bay temwayaj pèsonèl li sou Sovè a: “Sa se temwayaj nou rann konsènan sa k te la depi nan kòmansman an, ke nou te tande, ke nou te wè ak je nou, ke nou te kontanple, epi men nou te touche, Pawòl lavi a” (Joseph Smith Tradiksyon, 1 Jan 1:1 [nan 1 Jan 1:1, referans a]). Men, petèt, mesaj ki pi fò nan epit Jan an se lanmou: lanmou Bondye pou nou ak lanmou nou dwe genyen pou limenm ak tout pitit li yo. Apretou, Jan te fè eksperyans pèsonèlman avèk lanmou Sovè a (Jan 13:23; 20:2), epi l te vle pou Sen yo santi menm lanmou sa a lè y ap rankontre pwoblèm ak lopozisyon, paske “pa gen krent nan lanmou; men lanmou pafè chase tout krent” (1 Jan 4:18).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Jan

Bondye se limyè, epi Bondye se lanmou.

Si w t ap chwazi youn oubyen de mo pou w dekri Bondye, kisa yo t ap ye? Nan epit li yo, Jan itilize mo “limyè” ak “lanmou” (1 Jan 1:5; 4:8, 16). Pandan w ap li 1 Jan an, medite sou eksperyans Jan yo jan yo ekri nan Levanjil Jan an, epi panse kijan eksperyans sa yo te siman anseye Jan sou limyè ak lanmou Bondye. Ki eksperyans pèsonèl ki te anseye w ke Bondye se limyè ak lanmou?

Gade Jan 3:16–21; 15:9–17; 2 Nefi 26:24; Doktrin ak Alyans 50:24; 88:6, 12–13; 93:36–37 tou.

1 Jan 2:24–3:3

M ka vin menmjan ak Jezikri.

Èske objektif pou w vin sanblab ak Kris la konn sanble l twò wo pou ou? Reflechi sou konsèy ankourajan Jan te bay la: “Pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, na gen konfyans … [epi] na menmjan avèk li” (1 Jan 2:28; 3:2). Kisa w jwenn nan 1 Jan 2:24–3:3 a ki ba w konfyans ak rekonfò antanke disip Jezikri? Pandan w ap etidye epit Jan yo, chèche lòt prensip oubyen konsèy ki ka ede w nan efò w pou w vin pi kretyen.

Mowoni 7:48; Doktrin ak Alyans 88:67–68; “Becoming Like God,” Gospel Topics, topics.lds.org.

Joseph Smith Tradiksyon, 1 Jan 4:12

Èske “okenn moun … pa janm wè Bondye nan okenn moman”?

Tradiksyon Joseph Smith, 1 Jan 4:12 la klarifye ke “okenn moun pa janm wè Bondye a okenn moman, eksepte moun ki kwè yo” (nan 1 Jan 4:12, referans a; gade Jan 6:46; 3 Jan 1:11 tou). Ekriti yo rapòte plizyè okazyon kote Bondye Papa a te manifeste tèt li devan kèk moun fidèl, enkli Jan limenm (gade Revelasyon 4; gade Travay 7:55–56; 1 Nefi 1:8; Doktrin ak Alyans 76:23; Joseph Smith—Istwa 1:16–17 tou).

1 Jan 5

Si m egzèse lafwa nan Jezikri epi m nedenouvo, m ka venk mond lan.

Ide pou venk mond lan parèt plizyè fwa nan ekri Jan yo. Jan di nou Sovè a te di: ”Nou gen pou n soufri anpil tribilasyon nan mond lan; men, pran kouraj, mwen venk mond lan.” (Jan 16:33). Epi nan Revelasyon 2–3, Jan ekri pwomès Senyè a fè moun ki venk mond lan yo. Kisa Jan te di sou venk mond lan nan 1 Jan 5:3–5? Pandan w ap li 1 Jan 5 la, chèche wè kisa nou dwe fè pou n venk mond lan ak pou n jwenn lavi etènèl. Kisa venk mond lan vledi nan lavi ou? Ou gen dwa jwenn repons ak ide nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Overcoming the World” (Ensign oswa Liahona, Me 2017, 58–62).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

1 Jan 2:8–11

Pou ede fanmi w medite sou ansèyman Jan yo, reyini nou ansanm nan yon sal fènwa epi fè yo obsève diferans ant mache “nan fènwa” ak mache “nan limyè.” Kijan rayiman ka fè nou mache nan tenèb pou nou tonbe? Kijan renmen youn lòt pote limyè nan lavi nou?

1 Jan 3:21–22

Kisa nan vèsè sa yo ki ogmante “konfyans” nou genyen nan Bondye ak nan kapasite nou pou n resevwa repons pou priyè nou yo? Ou gen dwa chèche “Priyè” nan Bible Dictionary, Guide to the Scriptures (scriptures.lds.org), oswa Gospel Topics (topics.lds.org).

1 Jan 5:2–3

Èske gen kòmandman nou konsidere ki “penib” oubyen difisil pou nou obeyi? Kijan amou nou pou Bondye ka chanje fason nou santi n osijè kòmandman l yo?

Imaj
yon fanmi ki ajenou ansanm nan lapriyè

Obeyi kòmandman Bondye yo ede nou venk mond lan.

Jid 1:3–4

Èske gen danje spirityèl ki “glise” antre nan lavi nou ak nan lavi fanmi nou? (Jid 1:4). Kijan nou ka suiv konsèy Jid la pou n “onètman konbat pou lafwa” epi reziste anba danje sa yo? (Jid 1:3). Kijan nou ka fè pou asire nou ke “lapè, ak lanmou miltipliye” nan fanmi nou? (Jid 1:2).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche amou Bondye. Èldè M. Russell Ballard te anseye: “Levanjil la se yon levanjil lanmou—lanmou Bondye ak lanmou youn pou lòt” (“God’s Love for His Children,” Ensign, Me 1988, 59). Pandan w ap li ekriti yo, panse pou w ekri oubyen make mo ak fraz ki montre prèv lanmou Bondye.

Imaj
Kris la k ap mache sou bò yon lak

Mache avèk mwen, pa Greg K. Olsen

Enprime