Vini, Suiv Mwen
16–22 Desanm Nwèl: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa’


“16–22 Desanm Nwèl: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

16–22 Desanm Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
tibebe Jezi nan yon etab

An sekirite nan yon etab, pa Dan Burr

16–22 Desanm

Nwèl

“Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa“

Pou kèk moun, Nwèl ka yon epòk mouvmante. Panse a kijan etid ou sou Nouvo Testaman an ka ede w pote yon espri lapè ak sentete nan lavi w. Medite sou enfliyans nesans ak misyon Sovè a nan lavi ou, epi ekri nenpòt enpresyon w resevwa.

Ekri enpresyon ou

Poukisa nesans yon tibebe pote yon si gwo lajwa konsa? Petèt paske yon nouvo tibebe ka yon senbòl lespwa. Gen yon bagay nan yon nouvo lavi tou nèf ki plen posiblite ki envite pou n reflechi sou lavi a rezève pou timoun sa a ak ki bèl bagay li pral akonpli. Sa pa t janm pi vre pase lè nesans Pitit Gason Bondye a, Jezikri. Pa t janm gen plis espwa yo te plase sou yon timoun konsa, epi pa t janm gen yon timoun ki te fèt avèk si anpil pwomès konsa.

Lè yon zanj te envite bèje yo pou yo te chèche yon tibebe ki te fèk fèt nan yon etab la, li te ba yo yon mesaj osijè timoun sa a tou. Sete yon mesaj lespwa—ke tibebe sa a te vin sou tè a pou l te ranpli yon misyon sakre. Bèje yo te “simaye mesaj la … epi tout moun ki te tande l te etone pou sa bèje yo t ap rakonte yo. Men Mari te kenbe tout bagay sa yo nan kè li, epi l te medite sou yo nan kè l” (Lik 2:17–19). Petèt li ta bon pou w ta suiv egzanp Mari a nan Nwèl sa a: pou w ta medite nan kè w sou sa w te tande sou Sovè a ane sa a. Kijan l te akonpli misyon redanmsyon l lan, daprè sa w li yo? Epi, pi enpòtan toujou, kijan misyon l lan te chanje lavi ou?

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20

Jezikri te konsanti pou l te vin fèt pami nou sou tè a.

Menmsi w te deja li oubyen tande istwa nesans Jezikri a anpil fwa anvan sa, etidye l fwa sa a avèk panse sa a nan lespri ou: “Nwèl se pa sèlman yon selebrasyon pou raple nou kijan Jezi te vini nan mond lan men pou fè nou konnen kiyès li ye tou—Senyè nou ak Sovè nou, Jezikri—ak poukisa l te vini” (Craig C. Christensen, “La pénitude de l’histoire de Noel” [Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, Des. 4, 2016], broadcasts.lds.org).

Kisa w konnen sou kiyès Jezi te ye anvan l te fèt sou tè a? (gade, paregzanp Jan 17:5; Mozya 3:5; DA 76:13–14, 20–24; Moyiz 4:2). Kijan konesans sa a afekte fason w santi w lè w ap li apwopo nesans li?

Kisa w konnen sou rezon k fè Jezikri te vin sou tè a? (gade, paregzanp, Lik 4:16–21; Jan 3:16–17; 3 Nefi 27:13–16; DA 20:20–28). Kijan konesans sa a afekte fason w santi w apwopo Sovè a? Ki efè l genyen sou lavi ou?

Gade 2 Korentyen 8:9; Ebre 2:7–18; 1 Nefi 11:13–33; Alma 7:10–13; “Nativite a” (video, LDS.org).

1 Korentyen 15:21–26; Kolosyen 1:12–22; 1 Pyè 2:21–25

Jezikri te ranpli misyon l lan epi l te rann posib pou m eritye lavi etènèl.

Byenke istwa nesans Kris la te antoure pa anpil evenman mirakile, li t ap jis yon lòt nesans si se pa t pou gwo travay sa a li te akonpli nan apre nan lavi l la. Jan prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Tibebe Jezi Betleyèm nan t ap sèlman yon lòt tibebe tankou tout lòt san Kris redanmtè Jetsemani ak Kalvè a, ak san Rezirèksyon triyonfan l lan” (“The Wondrous and True Story of Christmas,” Ensign, Dec. 2000, 5).

Imaj
Jezi ki ajenou nan Jaden Jetsemani an

Jetsemani, pa J. Kirk Richards

Gen prèv sou misyon divin Sovè a ak lanmou puisan li pou lòt moun nan tout Nouvo Testaman an. Ki pasaj oubyen resi ki vin nan lespri w? Ou gen dwa gade nan tout dokimantasyon sa a oubyen nan jounal etid ou pou w repase kèk nan enpresyon ou te ekri yo. Epitou, ou gen dwa li 1 Korentyen 15:21–26; Kolosyen 1:12–22; 1 Pyè 2:21–25 epi medite sou fason Sovè a ak travay li a beni lavi ou. Kisa w santi w enspire pou w chanje nan lavi w? Kijan w pral rale nan pouvwa Sovè a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20

Kijan w ka selebre nesans Jezikri avèk fanmi w? Men kèk ide, oubyen ou ka vini ak pwòp ide pa w:

  • Li oubyen jwe wòl kèk pati nan istwa Nativite a ansanm.

  • Gade videyo “Nativite a” (LDS.org).

  • Gade kèk nan resous ki disponib nan christmas.mormon.org; jesuschrist.lds.org; oswa “Christmas,” Gospel Topics, topics.lds.org yo.

  • Gade yon Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan (broadcasts.lds.org;).

  • Chante kantik Nwèl ansanm, oubyen chwazi kèk vwazen oubyen zanmi pou n al vizite epi chante pou yo (gade Cantiques, nos. 123–137).

  • Rann yon sèvis.

  • Mande manm fanmi w pou yo chèche detay sou istwa Nativite a ki ka ba yo ide sou dekorasyon yo ta ka fè pou raple yo Jezikri.

1 Korentyen 15:21–26; Kolosyen 1:12–22; 1 Pyè 2:21–25

Poukisa nou rekonesan dèske Jezi te fèt? Ki kado li ba nou? Kijan nou ka montre l rekonesans nou?

“Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo”

Si w vle ede fanmi w konsantre yo sou Sovè a pou epòk Nwèl la, petèt ou te ka pase yon ti tan ap li oubyen etidye ansanm avèk yo “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (Ensign oswa Liahona, Me 2017, andedan paj kouvèti a). Petèt ou ta gen dwa aprann kèk pasaj nan “Kris vivan an” pa kè oubyen chèche deskripsyon sou lavi Sovè a nan Nouvo Testaman an ki kore deklarasyon k ladan l yo. Ou gen dwa envite chak manm fanmi an pou yo ekri temwayaj yo konsènan Jezikri tou, epi, si l santi l pouse pou fè sa, li l pou fanmi an.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche Jezikri. Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwaye de Jezikri (gade Moyiz 6:62–63), konsa, nou ta dwe chèche l nan tout bagay. Pandan w ap li ekriti yo, panse pou w ekri oubyen make vèsè ki anseye w sou li yo. Nan jou k ap vini yo k ap rapwoche de Nwèl la, pran tan pou w gade bò kote w pou w ka chèche bagay ki temwaye de Jezikri.

Enprime