Vini, Suiv Mwen
18–24 Novanm. Jak: ‘Mete pawòl la an pratik, pa rete ap koute l sèlman’


18–24 Novanm. Jak: ‘Mete pawòl la an pratik, pa rete ap koute l sèlman’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

18–24 Novanm. Jak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Abraram k ap priye deyò tant li a

Abraram nan Plèn Mamre a, pa Grant Romney Clawson

18–24 Novanm.

Jak

“Mete pawòl la an pratik, pa rete ap koute l sèlman”

Pandan w ap li Epit Jak la, pote atansyon a fraz ki kapte atansyon w yo, epi ekri yo. Nan ki fason w santi w pouse pou w viv konfòm ak verite sa yo?

Ekri enpresyon ou

Pafwa jis yon vèsè nan ekriti yo ka chanje mond lan. Jak 1:5 sanble l bay yon konsèy senp—si w bezwen bon konprann, mande Bondye. Men, lè Joseph Smith, ki te gen 14 zan, te li vèsè sa a, “sanble sa te antre avèk anpil fòs nan chak kwen kè [li]” (Joseph Smith—Istwa 1:12). Konsa, Joseph te suiv egzòtasyon Jak la epi l te chèche bon konprann nan men Bondye atravè lapriyè. Epi Bondye ki bay liberalman an,te bay Joseph youn nan vizitasyon selès ki pi remakab nan istwa imèn nan—Premye Vizyon an. Vizyon sa a te chanje kous lavi Joseph epi l te mennen nan Retablisman Legliz Jezikri a sou tè a. Nou tout gen benediksyon jodi a paske Joseph Smith te li Jak 1:5 epi l te aplike li.

Kisa w pral jwenn pandan w ap etidye Epit Jak la? Petèt yon vèsè oubyen de pral chanje oumenm oubyen yon moun ou renmen. Ou gen dwa jwenn gidans pandan w ap chèche akonpli misyon w nan lavi a. Ou gen dwa jwenn ankourajman pou w pale jantiman oubyen pou w pi pasyan. Kèlkeswa sa k enspire ou, kite pawòl sa yo “antre … nan tout kwen kè [w].” Jan Jak ekri a: sonje pou “avèk dousè, ou resevwa … pawòl la ki kapab souve nanm ou yo” (Jak 1:21).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jak

Kiyès Jak te ye?

Yo jeneralman kwè ke moun ki te ekri Epit Jak la sete yon pitit gason Mari, manman Jezikri, epi konsa, li sete demi frè Sovè a. Yo mansyone Jak nan Matye 13:55; Mak 6:3; Travay 12:17; 15:13; 21:18; ak Galat 1:19; 2:9. Nan ekriti sa yo, nou ka wè ke aparaman, Jak sete yon dirijan Legliz la nan Jerizalèm epi yo te aple l kòm Apot (gade Galat 1:19).

Jak 1:2–4; 5:7–11

Pèsevere avèk pasyans mennen nan pèfeksyon.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye: “Tann se bagay ki ka difisil.” “Nou vle sa nou bezwen an, epi nou vle l kounyeya. Konsa, ide pasyans lan ka parèt dezagreyab” (“Pèsevere avèk pasyans,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 56). Lè w fin li Jak 1:2–4; 5:7–11, kisa w t ap di mesaj prensipal Jak osijè pasyans la ye? Ki ide adisyonèl ou genyen lè w fin li rès mesaj Prezidan Uchtdorf la? Kijan w ka montre Senyè a ke w dispoze pou w gen pasyans?

Jak 1:3–8, 21–25; 2:14–26; 4:17

Lafwa mande aksyon.

Kijan w ka fè konnen si w gen lafwa nan Jezikri? Kijan zèv ou demontre lafwa w nan Bondye? Panse sou kesyon sa yo pandan w ap etidye ansèyman Jak yo sou lafwa a. Li ta enteresan pou w ta li osijè Abraram ak Rahab tou, de egzanp Jak mansyone (gade Jenèz 22:1–12; Jozye 2). Kijan yo montre ke yo te gen lafwa nan Bondye?

Si w li Jak 1:3–8, 21–25; 2:14–26; 4:17, sa ka ede w panse sou fason w ta ka pi byen mete pawòl la an pratik. Ekri tout enpresyon w resevwa, epi planifye pou w mete yo an pratik.

Gade Alma 34:27–29; 3 Nefi 27:21 tou.

Jak 1:263:1–18

Pawòl m pwononse gen pouvwa pou blese oubyen beni lòt moun.

Pami pil imaj Jak itilize nan tout epit li a, n ap jwenn kèk nan langaj ki pi ekspresif yo nan konsè li osijè langaj la. Panse pou w fè yon lis sou tout fason Jak dekri lang oubyen bouch. Kisa chak konparezon oubyen chak imaj sa yo sigjere sou pawòl w ap pwononse? Panse a yon bagay ou ka fè pou beni yon moun avèk pawòl ou (gade DA 108:7).

Jak 2:1–9

Antanke disip Jezikri, m dwe renmen tout moun, kèlkeswa sikonstans yo.

Jak te avèti Sen yo spesifikman kont favorize moun rich ak meprize moun pòv, men avètisman l lan ka aplike a tout entolerans oswa prejije nou ka genyen anvè lòt moun tou. Li ka difisil pou n rekonèt fason nou jije lòt moun negativman, men, Senyè a pwomèt ke l ap ede nou wè nan kisa nou bezwen amelyore (gade Etè 12:27). Pandan w ap etidye Jak 2:1–9 la nan lapriyè, sonde kè ou epi koute enspirasyon Sentespri a ap ba ou yo. Èske w santi w bezwen pote chanjman nan fason w trete lòt moun oubyen nan fason w panse sou lòt moun?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite baze sou bezwen fanmi ou. Men kèk sigjesyon:

Jak 1:5

Panse pou w li Jak 1:5 epi envite yon manm nan fanmi an pou fe rèsime istwa Premye Vizyon an (gade Joseph Smith—Istwa 1:8–13 oubyen videyo “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith la” nan LDS.org). Envite manm fanmi yo pou yo pataje temwayaj yo konsènan Pwofèt Joseph Smith ak eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè yo.

Jak 1:26–27

Panse pou w gade videyo “Vrè Krisyanis la” (LDS.org) ki an koneksyon avèk vèsè sa yo. Apresa, li definisyon Jak bay sou relijyon pur la epi diskite sou fason fanmi w ka rann pratik relijyon yo pi pur.

Jak 3

Jak 3 a gen anpil imaj ki ta ka enspire leson sou choz memorab yo pou ede fanmi w sonje pou yo pale jantiman. Paregzanp, ou gen dwa diskite sou fason yon ti etensèl oubyen yon alimèt ka derape yon gwo dife, epi manm fanmi yo ka panse sou okazyon kote yon mo ki pa janti te lakoz yon pwoblèm (gade vèsè 5–6). Oubyen ou ka sèvi yon bagay anmè nan yon resipyan ou abityèlman itilize pou bagay dous—tankou ji sitwon nan yon bokal siwo myèl. Sa ka mennen nan yon diskisyon sou nesesite pou n veye pou n pale pawòl ki dous ak edifyan vèsè 9–14).

Jak 4:5–8

Poukisa nou dwe “apwoche kot Bondye” lè n ap fè fas ak tantasyon?

Jak 5:14–16

Petèt pataje yon eksperyans pèsonèl sou resevwa yon benediksyon prètriz ta ka ankouraje manm fanmi yo pou yo “mande yon benediksyon prètriz lè [yo] bezwen pouvwa espirityèl” (Dallin H. Oaks, “Enpòtans benediksyon Prètriz yo,” New Era, July 2012, 4).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Aplike sa nou aprann yo. Pandan w ap etidye, koute enspirasyon Lespri a ba ou sou fason w ka aplike sa w ap aprann yo nan lavi ou. Pran angajman pou w suiv enspirasyon sa yo epi viv levanjil la pi totalman. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 35).

Imaj
jèn Joseph Smith k ap li ekriti yo deyò lakay li

Se pou l mande Bondye, pa John McNaughton

Enprime