Vini, Suiv Mwen
18-24 Novanm. Jak: ‘Mete pawòl la an pratik, pa rete ap koute l sèlman’


“18-24 Novanm. Jak: ‘Mete pawòl la an pratik, pa rete ap koute l sèlman’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

18-24 Novanm. Jak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Abraram k ap priye deyò tant li a

Abraram nan Plèn Mamre a pa Grant Romney Clawson

18-24 Novanm.

Jak

“Nou dwe mete pawòl la an pratik. Pa rete ap koute l sèlman”

Epit Jak la gen anpil verite ki ka beni timoun w ap ansey yo. Suiv Lespri a pou w ka detèmine kiyès ladan yo w ap pataje avèk yo. Ede ki nan plan leson sa yo ka ede w tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pale de yon prensip levanjil yo sonje yo te aprann avèk fanmi yo pandan semèn pase a oubyen nan klas Primè a Dimanch pase a. Lè chak timoun fin pale, envite yon lòt timoun nan klas la pou l rezime sa yo te pale yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jak 1:5–6

M ka mande Pè Selès la pou ede m aprann sa ki vrè.

Ede timoun w ap anseye yo konprann ke yo ka priye Pè Selès la pou mande l sajès. Si yo fè sa, sa ap ede yo anpil lè y ap fè fas ak kesyon difisil.

Aktivite posib

  • Ede yo aprann fraz “Si yon moun manke bon konprann, se pou l mande Bondye” a (Jak 1:5). Kijan nou poze Bondye kesyon? Kijan li reponn nou?

  • Montre yon foto Premye Vizyon an (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 90), epi di kijan lè Joseph Smith te li Jak 1:5 la sa te fè l al mande Pè Selès la pou ede l rezoud kesyon l lan (gade Joseph Smith—Iswa 1:1–15). Temwaye yo ke Bondye reponn priyè nou, epi temwaye yo ke timoun yo ka priye l lè yo gen kesyon. Fè yo desine pwòp imaj pa yo sou Joseph Smith k ap li Jak 1:5 la epi k ap priye Pè Selès la.

Jak 3:1–13

M ka di bagay ki janti.

Jan Jak temwaye a, aprann di lòt moun bagay ki janti sèlman ap ede nou vin menmjan ak Jezikri (gade Jak 3:2).

Aktivite posib

  • Pote yon bagay ki dous ak yon bagay ki anmè pou timoun yo goute. Ede yo konprann ke nou dwe itilize lang nou pou n di bagay ki dous (oubyen janti) e nou pa dwe di bagay ki anmè (oubyen ki pa janti) (gade Jak 3:10). Ede yo panse ak kèk egzanp sou bagay janti nou ka di lòt moun.

  • Bay chak timoun yon senp desen sou yon moun k ap pale. Envite yo pou yo leve l lè w di yon bagay janti nou ka fè avèk lang nou (tankou di laverite, fè konpliman, ak ofri yon moun èd) epi pou yo bese l lè w di yon bagay nou pa ta dwe fè avèk lang nou (tankou bay manti, ensilte yon moun, ak refize obeyi paran nou).

  • Ranfòse mesaj ki nan Jak 3:1–13 a kote w ap chante yon kantik sou jantiyès, tankou “Soyons gentils” (Chants pour les enfants, 145). Sigjere pou timoun yo fè yon “bokal jantiyès” yo ka ranpli avèk ti wòch oubyen lòt ti bagay chak fwa yo di yon moun yon bagay janti.

Jak 5:7–11

Kèk nan benediksyon Bondye yo mande pasyans.

Pasyans pa toujou vini tou natirèlman, espesyalman kay timoun yo. Panse a ki fason w ka itilize konsèy Jak la pou ede timoun w ap anseye yo aprann pasyans.

Aktivite posib

  • Ede yo panse a moman kote yo konn oblije tann pou yon bagay yo konn vrèman bezwen. Di yo tann pou yon bagay nou bezwen san plenyen rele pasyans.

  • Rezime Jak 5:7 nan pwòp mo pa ou, epi montre foto yon semans oubyen yon jèn plant. Poukisa nou bezwen pasyans lè n ap kiltive plant? Kisa k ap rive si w eseye rale sou plan sa a pou fè l grandi pi vit? Temwaye ke Bondye gen anpil benediksyon pou nou, men kèk ladan yo mande pasyans.

  • Rakonte yo istwa Jòb la, yo mansyone nan Jak 5:11 la kòm yon egzanp sou pasyans (gade “Chapit 46: Jòb,” Istwa Ansyen Testaman, 165–69, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org). Ki fason Jòb te beni poutèt pasyans li?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jak 1:5–6

Pè Selès la ap ede m aprann laverite si m chèche èd li.

Byenke timoun w ap anseye yo ka parèt jèn, se sèlman kèlke ane sèlman Joseph Smith te genyen pase yo lè l te li Jak 1:5 la epi l te santi enspirasyon pou l t al mande Pè Selès la nan lapriyè a. Reflechi sou ki fason w ka ede yo bati lafwa yo ke Bondye ap ede yo lè yo manke sajès.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo rakonte istwa Premye Vizyon Joseph Smith la nan pòp mo pa yo (gade Joseph Smith—Istwa 1:5–19; gade videyo “Premye Vizyon Joseph Smith” la LDS.org). Kijan Jak 1:5 te ede Joseph? Ede timoun yo panse sou egzanp kèk lòt moun nan ekriti yo ki te resevwa yon repons pou priyè yo (tankou Nefi [1 Nefi 11:1–6] ak frè Jarèd la [Etè 2:18–3:9]). Ki kèk bagay nou ka mande Pè Selès la nan lapriyè?

  • Li Joseph Smith—Istwa 1:10–14 avèk timoun yo. Envite yo pou yo chèche kèk bagay Joseph te fè pou l te resevwa repons pou kesyon l yo. Kijan nou ka suiv egzanp li lè nou gen kesyon?

Jak 1:22–27; 2:14–26

“Lafwa san zèv pa vo anyen.”

Kijan w ap montre timoun yo ki lyen ki genyen ant sa yo kwè ak sa yo fè.

Aktivite posib

  • Montre yo yon flach ki san pil ladan, yon kreyon ki pa gen min, oubyen yon lòt bagay ki initil oubyen ki “mouri.” Mande yo pou yo li Jak 2:14–17. Kijan bagay sa yo ilistre verite ki nan vèsè sa yo?

  • Envite yo pou yo li Jak 1:22–27; 2:14–26 an silans. Apresa pou yo di kisa yo ta ka fè pou mete pawòl la an pratik. Paregzanp, èske yon konn yon moun ki malad oubyen ki solitè yo ta ka vizite, oubyen èske yo ta ka pran rezolisyon pou yo sèvi fanmi yo plis? Ou gen dwa raple yo pawòl yo te tande nan reyinyon Sentsèn nan jodia tou. Kijan nou ka mete pawòl sa yo an pratik?

Jak 3:1–13

M ka kontwole sa m ap di.

Pawòl nou chak di lòt ka parèt yo pa enpòtan, men, jan Jak temwaye a, yo ka gen yon enfliyans puisan, pou byen oubyen pou mal.

Aktivite posib

  • Èske gen yon moun nan pawas la, petèt youn nan timoun w ap anseye yo, ki konn travay avèk cheval oubyen ki konn yon bagay sou bato? Ou gen dwa envite l pou l pote ide sou ansèyman Jak yo nan Jak 3:3–4 la sou itilize pawòl janti, oubyen pote limyè pa w sou sa. Kisa nou aprann konsènan kontwole lang nou nan egzanp sa yo?

  • Envite timoun yo pou yo li Jak 3:1–13 epi pou yo desine yon bagay yo wè ki anseye sou kontwole lang nou. Ba yo tan pou yo pataje desen yo a ak sa yo aprann.

  • Apre w fin repase Jak 3:1–13 la ansanm, repase prensip yo bay pou langaj yo nan bwochi Pou fòs jèn yo (20–21). Ede timoun yo panse ak yon bagay yo ta ka fè pou amelyore fason yo pale ak lòt moun, epi ankouraje yo pou yo fikse bi pèsonèl.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo priye Pè Selès la si yo gen yon kesyon oubyen pou yo eseye gen plis pasyans nan semèn k ap vini an. Mande yo pou yo pataje eksperyans yo nan pwochen klas la.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo pou yo patisipe aktivman. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo se plis pase aktivite ki amizan—yo esansyèl pou aprantisaj la” (Anseye nan Fason Sovè a, 25).

Enprime