Vini, Suiv Mwen
11–17 Novanm. Ebre 7–13: ‘Yon sakrifikatè byen ki pou vini yo’


“11–17 Novanm. Ebre 7–13: ”Yon sakrifikatè byen ki pou vini yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“11–17 Novanm. Ebre 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Mèlkisedèk k ap bay Abraram yon benediksyon

Mèlkisedèk beni Abraram, pa Walter Rane

11–17 Novanm.

Ebre 7-13

”Yon sakrifikatè byen ki pou vini yo”

Pandan w ap repase ak medite sou plan leson sa a, pote atanson a enspirasyon w resevwa osijè timoun w ap anseye yo. Lespri a ap ede w jwenn mesaj pou yo nan Ebre 7–13.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yomenm ak fanmi yo fè pou yo aprann levanjil la nan fwaye a. Envite yo pou yo pataje kèk nan pi bon moman yo te pase nan aprann levanjil la avèk fanmi yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Ebre 7:1-6

Prètriz la ka ede nou nan plizyè fason.

Ebre 7:1–6 ka bay yon opòtinite pou w anseye timoun yo benediksyon prètriz Mèlkisedèk yo.

Aktivite posib

  • Brèfman eksplike kiyès Abraram te ye, epi apresa itilize Ebre 7:1–6 ak Joseph Smith Tradiksyon, Jenèz 14:36–40 (nan apendiks Bib la) pou anseye ke Abraram te peye Mèlkisedèk ladim. Eksplike ke Mèlkisedèk te detni prètriz siperyè a, ki se pouvwa Bondye bay lòm sou tè a, epi l te itilize l pou l te beni Abraram. Timoun yo ta ka kontan jwe wòl istwa sa a avèk senp objè tankou yon kouwòn, ak yon anvlòp dim.

  • Envite yon detantè Prètriz Aawon ak Mèlkisedèk pou l vizite klas la epi di timoun yo kijan yo itilize prètriz la pou beni lòt moun. Apresa, montre timoun yo foto lòt òdonans prètriz (paregzanp, gade foto 103–8 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la). Ede yo detèmine ki prètriz ki nesesè pou akonpli chak òdonans yo epi bay detantè prètriz korespondan an foto a.

Ebre 11:1-32

Lafwa se kwè nan bagay nou pa kapab wè.

Menmsi yo pa ka wè Pè Selès la ak Jezikri, oubyen yo pa ka fè eksperyans tout benediksyon levanjil yo, timoun w ap anseye yo ka devlope lafwa nan aprann nan egzanp ki nan Ebre 11 yo.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezi. Nan tout sal la, mete plizyè bagay ki reprezante “prèv” ke Jezi reyèl menmsi nou pa ka wè li (tankou ekriti yo, yon foto Premye Vizyon an, ak yon foto tè a). Envite yo pou yo chèche bagay yo epi apresa di yo kijan chak ladan yo ede nou gen lavi ke Jezi vivan.

  • Pote yon vantilatè nan klas la, epi fè timoun yo pran tan pou yo santi van vantilatè a sou figi yo. Anseye yo ke nou pa ka wè lè a, men nou ka santi li. Menmjan tou, nou pa ka wè Pè Selès la ak Jezikri, men nou ka santi amou yo e gen lafwa ke yo reyèl.

  • Rakonte istwa youn nan moun yo mansyone nan Ebre 11:4–32 yo. Panse pou w itilize Istwa Ansyen Testaman yo (gade chapit 4–6, 8–10, 15–17, 23, ak 28). Poukisa moun sa yo te montre yo te gen lafwa nan yon bagay yo pa t ka wè? Di yo kèk benediksyon ou resevwa akoz lafwa ou.

Ebre 13:5-6.

Pè Selès la ak Jezikri ap ede nou e yo p ap janm kite nou.

Ki eprèv timoun yo ka rankontre? Kijan mesaj Ebre 13:5–6 la ka ede yo?

Aktivite posib

  • Repase kèk nan istwa Nouvo Testaman timoun yo te etidye ane sa a kote Sovè a te ede lòt moun, tankou lè l te geri mesye ki te paralize a (gade Lik 5:18–26) oubyen bay 5.000 moun manje a (gade Matye 14:15–21). Ede yo aprann fraz “Senyè a se èd mwen” an (Ebre 13:6).

  • Envite yo pou yo desine yon foto sou yon lè kote yo te santi yo te pè. Li Ebre 13:5–6 pou yo, epi temwaye ke Pè Selès la ap ede nou e l pa p janm kite nou. Ede yo koupe kè an papye ki gran ase pou kouvri desen yo a. Ki kèk bagay ki ede nou santi n pi pre Pè Selès la? Ekri kèk nan bagay sa yo sou kè yo.

  • Anseye timoun yo dezyèm kouplè kantik “Dis-moi, Seigneur” (Chants pour les enfants, 176) la. Selon kantik la, ki èd nou ka resevwa lè Pè Selès la ak Jezikri tou pre nou? Pale sou yon moman kote Pè Selès la te tou pre ou epi l te ede ou.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Ebre 7:1-4

Detantè prètriz ki diy yo suiv Sovè a.

Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou ede timoun yo konprann ke moun ki detni prètriz yo dwe fidèl epi yo dwe sèvi lòt moun jan Sovè a te fè?

Aktivite posib

  • Ede yo fè lis sa yo konnen sou de gran detantè prètris: Abraram ak Mèlkisedèk. Yo ka jwenn èd nan Ebre 7:1–4; Abraram 1:1–2; ak Joseph Smith Tradiksyon, Jenèz 14:25–40 (nan apendiks Bib la). Ki kalite kretyèn mesye sa yo te genyen ki te ede yo onore prètriz yo a?

  • Mande timoun yo pou yo li Ebre 7:1–2 epi pou yo chèche tit yo itilize pou dekri Mèlkisedèk yo. Kijan tit sa yo raple nou Jezikri? Ede yo panse sou fason kote Jezi sete yon “Wa lapè.” Èske yo konn lòt detantè Prètriz ki se egzanp nan suiv Sovè a tou?

  • Pataje yon eksperyans kote yon detantè prètriz ki diy te ede w rapwoche w de Sovè a. Ede yo panse a fason sèvis prètriz beni yo.

Ebre 11

Pè Selès la rekonpanse moun ki gen lafwa yo.

Ebre 11 gen anpil egzanp sou moun ki te jwenn benediksyon lè yo te aji ak lafwa. Kiyès nan istwa sa yo ki ap pi motivan oubyen pi itil pou timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè yon lis sou tablo a sou bagay yo aprann osijè lafwa nan Ebre 11:1–3, 6. Bay chak timoun yo non yon moun yo mansyone nan Ebre 11 yo, epi envite yo pou yo li vèsè ki asosye avèk moun sa a. Mande yo pou yo di kèk endis sou moun nan pou lòt timoun yo ka devine kiyès li ye. Kijan moun sa yo te montre lafwa, e kijan Pè Selès la te rekonpanse yo? (Pou foto sou moun sa yo, gade seksyon Ansyen Testaman an nan Liv Ilistrasyon Levanjil la).

  • Apre yo fin li kèk nan egzanp fièl ki nan Ebre 11 yo, mande timoun yo pou yo ekri osijè yon moun yo konnen ki te montre lafwa. Envite plizyè timoun pou pataje egzanp yo avèk klas la.

Ebre 12:5-11

Senyè a chatye moun li renmen.

Vèsè sa yo ka ede timoun yo konprann ke Pè Selès la, paran yo, ak lòt moun korije yo paske yo renmen yo epi yo vle yo aprann nan erè yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm Ebre 12:5–11, epi mande timoun yo pou yo jwenn ki rezon k fè Pè Selès la chatye nou (korije nou oubyen disipline nou). Kisa sa anseye nou sou rezon k fè paran terès nou korije nou tou? Kijan nou dwe reyaji devan yon koreksyon plen lanmou?

  • Pataje egzanp sou kèk moun nan ekriti yo Senyè a te chatye epi ki te repanti (paregzanp, gade 1 Nefi 16:25–27; Etè 2:13–15). Kijan yo se bon egzanp sou prensip ki nan Ebre 12:5–11 yo?

  • Lè yo fin li Ebre 12:5–11 la, envite timoun yo pou yo ekri kèk bagay yo pral eseye sonje lè yo korije yo pou erè yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo ekri oubyen desine sa yo santi ki se bagay ki pi enpòtan yo te aprann nan klas la. Ankouraje yo pou pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo lakay yo.

Amelyore ansèyman nou

Itilize paj aktivite yo. Pandan timoun yo ap konplete paj aktivite yo, itilize tan an pou w repase prensip yo ki nan leson an.

Enprime