Vini, Suiv Mwen
28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo’


“28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
twa fi ki kanpe nan lakou tanp lan

28 Oktòb–3 Novanm 

1 ak 2 Timote; Tit; Filemon

”Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo”

Nan lapriyè etidye 1 ak 2 Timote; Tit; ak Filemon pou w aprann kijan pou w itilize epit sa yo pou enstwi timoun yo kòrèkteman (gade 2 Timote 3:16).

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pale de yon moun ki se yon bon ”egzanp pou kwayan yo” pou yo. Kisa y ap fè pou yo ka bon egzanp pou lòt moun?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

1 Timote 3:1–2; Tit 1:7–9

Evèk yo dirije pawas yo antanke sèvitè Bondye.

Pòl te anseye Timote ak Tit sou enpòtans evèk. Kijan w ka anseye timoun yo kisa evèk la fè? (Yon prezidan Branch se ekivalan yon evèk.)

Aktivite posib

  • Desine yon foto evèk la sou tablo a. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay yo konnen osijè evèk la. Kiyès li ye? Kisa l fè? Ki fason l beni pawas la? (Ou gen dwa chèche kèk karakteristik yon evèk nan 1 Timote 3:1–2 ak Tit 1:7–9.) Mande timoun yo pou pataje ide yo, ekri yo sou moso papye epi fè yo plase yo sou tablo a, bò kot desen an.

    Imaj
    yon evèk ki nan biwo l ap pale avèk yon jenòm.

    Evèk yo aple pou yo bay manm pawas yo gidans espirityèl.

  • Ekri devwa yon evèk sou moso papye—tankou resevwa dim ak ofrann jèn, bay apèl, entèvyouve manm, ede pòv ak moun ki nan bezwen, ak priye pou lòt moun. Mete moso papye yo nan yon bòl, epi envite chak timoun pou pran youn. Apresa ede timoun nan jwe wòl devwa sa yo avèk ou. Pataje temwayaj ou ke se Bondye ki aple evèk ou a.

  • Envite timoun yo pou yo desine yon foto evèk la k ap sèvi manm pawas yo. Sigjere yo pou yo bay l desen yo a pou remèsye li. Kisa nou ka fè pou ede li?

1 Timote 4:12 

Mwen ka ”yon egzanp pou kwayan yo.

Kisa w santi w ta fè pou ede timoun yo gen konfyans nan kapasite yo pou yo se ”egzanp pou kwayan yo”?

Aktivite posib

  • Chante kantik “Do as I’m Doing” (Chants pour les enfants, 276). Mande timoun yo pou yo suiv egzanp ou nan fè menm jès w ap fè yo. Fè yo dirije rès klas la youn apre lòt nan suiv aksyon yo. Li 1 Timote 4:12, epi mande yo kisa yo ka fè pou yo ka bon egzanp pou lòt moun.

  • Pataje yon eksperyans kote w te eseye yon bon egzanp pou yon moun oubyen kote yon moun te bon egzanp pou ou. Ede yo konprann ke lè yo se bon egzanp, yo ka ede manm fanmi yo ak zanmi yo.

2 Timote 3:14–17 

Ekriti yo ap ede m aprann laverite.

Si w ka ede timoun yo aprann renmen ekriti yo, w ap beni lavi yo pou ane k ap vini yo.

Aktivite posib

  • Montre yon liv ekriti, epi ede timoun yo vin familye avèk yo nan montre yo paj tit Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans, ak Pèl Gran Pri a. Envite yon timoun pou l kenbe liv sa yo pandan w ap li 2 Timote 3:15–17. Eksplike ke Pè Selès la kòmande pwofèt yo atravè tout listwa pou yo ekri verite li revele yo. Nou ka aprann verite sa yo lè nou li ekriti yo.

  • Mande yo pou yo pale de byen ki pi presye yo posede. Kisa yo fè avèk li? Fè yo kenbe liv ekriti yo youn apre lòt. Poukisa nou itilize ekriti yo? Poukisa nou bezwen byen pran swen yo? Ede yo envante kèk jès pou akonpaye chan sou ekriti yo, tankou “Quand je lis l’Écriture sainte” oswa “Dans le Livre de Mormon” (Chants pour les enfants, 109, 118).

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

1 Timote 4:12

Mwen ka ”yon egzanp pou kwayan yo.”

Timote te relativman jèn pou l te dirijan Legliz la, men Pòl te vle l konnen ke l te ka toujou rete yon egzanp. Ou ka ede timoun w ap anseye yo santi yon gen konfyans nan kapasite yo pou montre bon egzanp.

Aktivite posib

  • Li 1 Timote 4:12 la ansanm, epi mande timoun yo pou yo jwenn sis fason Pòl te di nou ka “yon egzanp pou kwayan yo.” Divize timoun yo an de, epi envite chak gwoup pou yo panse sou fason yo ka yon egzanp pou kwayan yo. Mande yo pou yo jwe wòl sitiyasyon yo a pou rès klas la.

  • Mande yo si yo ta renmen pataje yon eksperyans kote yo te eseye yon bon egzanp pou lòt moun. Di yo kijan yo sete modèl pou ou kòm egzanp pou kwayan yo ak fason ou wè yo ap eseye rete bon egzanp pou lòt moun.

1 Timote 6:7–12 

Mwen renmen bagay etènèl yo plis pase lajan.

Nan yon mond ki ap vin plis anplis materyalis, kijan m ka ede timoun yo kenbe konsantrasyon yo ak lanmou yo santre sou Pè Selès la ak Jezikri?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo di kisa yo t ap achte si yo te gen tout lajan nan mond lan. Envite youn pou l li 1 Timote 6:7–12, epi mande lòt yo pou yo rezime sa Pòl te anseye Timote sou lajan yo. Apresa envite timoun yo pou yo li vèsè yo ankò, pandan y ap chèche bagay Pòl mansyone ki pi valab pase lajan yo.

  • Montre foto bagay ki nan mond lan (tankou lajan, jwèt, oswa distraksyon) ak bagay etènèl (tankou fanmi oubyen tanp). Envite timoun yo pou yo klase yo an de pil—bagay ki mennen nou pi pre Kris la ak bagay ki ka detounen nou de Kris la si nou renmen yo plis pase nou renmen li. Poukisa “amou pou lajan … se rasin tout mal la”?

2 Timote 3:14–17 

Pè Selès la ba nou ekriti yo pou ede nou disène ant laverite ak lerè.

Timoun yo gen dwa konn benediksyon ki genyen nan li ekriti yo. Pandan w ap anseye yo sou ekriti yo, chèche mwayen pou ankouraje yo pou yo fè pwòp eksperyans puisan pa yo avèk pawòl Bondye a.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li 2 Timote 3:15–17. Pote yon foto ki dekri yon istwa ki nan youn nan kat liv kanonik yo, epi mete foto yo nan yon bwat kouvri. Envite plizyè moun pou chwazi yon foto epi rakonte istwa a. Mande timoun yo si yo ka pataje yon lòt bagay yo konnen apwopo liv ekriti sa a. Kijan ekriti yo “kapab rann nou saj pou mennen nou nan sali”?

  • Envite yo pou yo pataje vèsè ekriti favori yo oubyen yon eksperyans kote yon verite nan ekriti yo te ede yo. Ou gen dwa pataje pwòp vèsè oubyen eksperyans pa w.

  • Ask a child to read Moroni 10:4–5. Kisa Mowoni pwomèt nan vèsè sa yo? Mande timoun yo kisa yo te fè pou yo te ka gen yon temwayaj ke ekriti yo vrè. Envite yo pou yo li oubyen koute ekriti yo regilyèman.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo kisa yo te aprann apwopo ekriti yo epi pou yo jwenn youn nan vèsè ekriti yo ka pataje avèk klas la semèn pwochèn (avèk èd paran yo, si nesesè).

Amelyore ansèyman nou

Adapte aktivite yo pou reponn bezwen yo. Olye w konsidere plan leson sa a kòm enstriksyon ou dwe suiv, itilize yo kòm sous ide pou pouse pwòp enspirasyon pa w pandan w ap medite sou bezwen timoun w ap anseye yo. Ou gen dwa adapte aktivite sa yo pou anseye timoun nan tout laj.

Enprime