Vini, Suiv Mwen
21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pa kite nou fasilman ebranle nan lespri nou, pa twouble’


“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pa kite nou fasilman ebranle nan lespri nou, pa twouble’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
sè misyonè k ap pale avèk yon jenòm

21-27 Oktòb.

1 ak 2 Tesalonisyen

Pa kite nou fasilman ebranle nan lespri nou, pa twouble

Pandan w ap li 1 ak 2 Tesalonisyen nan lapriyè, avèk timoun yo nan lesprie w, w ay jwenn prensip yo bezwen konprann.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Nan leson semèn pase a, èske w te envite yo pou yo aplike sa yo te aprann yo. Fè yo itilize premye minit klas semèn sa a pou pataje eksperyans yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

1 Tesalonisyen 5:1–6

Si m suiv kòmandman Bondye yo, m ap pare pou Dezyèm Vini Jezikri a.

Konsèy Pòl la ka ede nou pare epi veye gran jou sa a lè Senyè a ap vin sou tè a ankò.

Aktivite posib

  • Envite yon manman pou l di ki santiman l te genyen lè l t ap tann nesans ti bebe l la san l pa t konnen egzakteman kilè nesans lan t ap rive. Li 1 Tesalonisyen 5:2–3, epi di timoun yo Jezikri ap vin sou tè a ankò, men okenn moun pa konn egzakteman kilè—menmjan yon manman pa konn egzakteman kilè tibebe l la ap fèt.

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te prepare yo pou yon vwayaj oubyen yon evenman. Kisa yo te fè pou yo te prepare? Pote yon valiz oubyen yon sak epi fè timoun yo pretann ke y ap ranpli l pou prepare yo pou yon vwayaj oubyen yon evenman. Eksplike ke nou prepare pou retou Jezikri a nan priye, li ekriti yo, suiv pwofèt la, ak viv dwat chak jou. Mande timoun yo pou yo fè desen sou fason yo ka fè bagay sa a epi pou yo mete desen yo nan valiz yo.

  • Li 1 Tesalonisyen 5:6 pou timoun yo epi eksplike ke si nou pa prepare pou retou Jezi a, se tankou dòmi pran nou epi nou pa pare pou li. Envite yo pou yo fè tankou y ap dòmi. Eksplike ke si nou prepare, se kòmsi nou reveye epi n ap tann ni. Envite yo pou yo reveye. Chante ansanm “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 82–83).

2 Tesalonisyen 2:1–3

Pòl te anseye gen yon apostazi ki pou rive anvan Jezikri retounen.

Legliz Jezikri te etabli a te fini pa tonbe nan apostazi, ki vledi otorite prètriz la ak verite levanjil yo te soti sou tè a. Pòl te pwofetize ke apostazi sa a, t ap rive anvan Dezyèm Vini Sovè a.

Aktivite posib

  • Lè w fin li 2 Tesalonisyen 2:3 a avèk timoun yo, bati yon tou avèk goblè oubyen blòk an plastik. Di timoun yo ke goblè yo oubyen blòk yo reprezante kèk pati enpòtan nan veritab Legliz la, tankou verite levanjil yo, prètriz la, sèlman nan tanp, ak pwofèt. Apre Pòl ak lòt Apot yo te fin mouri, bagay sa yo te pèdi, epi vrè Legliz la pa t sou tè a ankò pandan anpil anpil ane. Envite yon timoun pou l ranvèse tou a epi eksplike ke sa reprezante Apostazi a. Lè Jezikri te mennen Legliz li a retounen, sa te rele Retablisman. (Gade “Apostazi,” Ankre nan lafwa, 13–14.)

  • Montre yon Liv Mòmon ak foto pwofèt la ak yon tanp. Envite timoun yo pou yo di “Apostazi” lè w kache bagay yo nan yon sache ak “Retablisman” lè w mete yo deyò.

  • Chante kantik ki anseye verite yo te retire pandan Apostazi yo e retabli nan epòk pa nou an, tankou “Je suis enfant de Dieu,” “L’église de Jésus-Christ,” akd “Oh, j’aime voir le temple” akd (Chants pour les enfants, 2–3, 77, 95).

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

1 Tesalonisyen 5:1–6

Si m respekte kòmandman yo, m ap pare pou Dezyèm Vini Jezikri a.

Konsèy Pòl la ka ede nou pare epi veye gran jou sa a kote Sovè a ap retounen sou tè a ankò a.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou li 1 Tesalonisyen 5:1–6 pandan lòt timoun yo ap suiv. Apre chak vèsè, mande yon timoun pou l rezime sa l panse vèsè a di. Ou gen dwa eksplike yo ke “jou Senyè a” vledi Dezyèm Vini Jezikri a. Poukisa timoun yo panse yo konpare Dezyèm Vini an avèk yon vòlè nan lannuit oubyen yon fi ki pral akouche yon ti bebe?

  • Di yo pou yo imajine Sovè a pral vizite klas yo a jodia. Kijan nou ka prepare klas nou an pou vizit li? Ede yon panse ak kisa nou ka fè pou prepare tèt nou pou jou sa a. Paregzanp, nou ka repanti, padone, amelyore relasyon nou avèk fanmi nou, suiv pwofèt la, ak kenbe alyans nou yo. Ankouraje timoun yo pou yo chwazi on bagay yo pral fè pou prepare tèt yo pou resevwa Sovè a lè l vini.

2 Tesalonisyen 2:1–3

Pòl te anseye ke yon apostazi t ap gen pou rive anvan Jezikri retounen.

Si timoun yo konprann ke Legliz Jezikri a ak levanjil li a pa t sou tè a pandan Gran Apostazi a, nesesite Retablisman an ap vin parèt pi klè pou yo.

Aktivite posib

  • Envite youn ladan yo pou l li 2 Tesalonisyen 2:1–3 Selon vèsè sa yo, kisa k te rive anvan “jou Kris la,” ki vledi Dezyèm Vini an. Èske youn nan timoun yo konnen kisa “yon apostazi” vledi? Asire w ke yo konprann sa vledi Gran Apostazi a, ki te rive apre lanmò Apot Sovè a yo. Ou gen dwa anvi pataje enfòmasyon ki nan “Apostazi,” Ankre nan Lafwa, 13–14 la.

  • Ede timoun yo fè lis kèk nan verite ak benediksyon nou jwi gras ak levanjil la. (Kèk egzanp ka enkli tanp, pwofèt, prètriz, ak don Sentespri a). Efase bagay sa yo youn apre lòt, epi mande timoun yo kijan lavi yo t ap diferan san bagay sa yo. Eksplike ke verite sa yo te pèdi pandan Gran Apostazi a. Poukisa li enpòtan pou Legliz Jezikri a te retabli sou tè a nan dènye jou yo? Envite timoun yo pou yo “retabli” oubyen reekri verite yo ak benediksyon yo sou tablo a.

2 Tesalonisyen 3:7–13

Pè Selès la vle m travay.

Kijan w ka ede timoun yo wè travay kòm yon benediksyon , e non pa kòm yon bagay pou yo evite?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li vèsè nan 2 Tesalonisyen 3:7–13 yo epi chèche wè ki pwoblèm Sen yo te rankontre. Poukisa Pè Selès la vle nou travay? Kisa k t ap rive si nou pa t janm aprann travay di? Fè timoun yo pran tou pa yo pou mime kèk senp kòve pandan ke lòt yo ap devine sa y ap fè.

  • Envite yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te travay di pou akonpli yon tach, yon pwojè, oubyen yon objektif. Kijan yo te santi yo lè yo te fini? Kisa sa vledi “pa bouke fè byen”? (2 Tesalonisyen 3:13).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo di yon manm fanmi oubyen yon zanmi yon rezon k fè yo rekonesan dèske nou gen levanjil la sou tè a jodia (paj aktivite semèn sa a ka ede yo sonje).

Amelyore ansèyman nou

Sipòte paran timoun yo. “Paran yo se enstriktè levanjil ki pi enpòtan pou pitit yo—yo gen responsablite prensipal ak pi gwo pouvwa pou enfliyanse pitit yo (gade Detewonòm 6:6–7 Lè w ap anseye timoun yo nan legliz la, chèche nan lapriyè pou w konn ki fason pou soutni paran yo nan wòl esansyèl yo a.” (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime