Vini, Suiv Mwen
14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: ‘M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs’


“14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: ‘M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Pòl k ap dikte yon lèt nan prizon an

14–20 Oktòb.

Filipyen; Kolosyen

“M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”

Li Filipyen ak Kolosyen, pandan w ap panse a timoun w ap anseye yo. Chèche enspirasyon sou fason pou w anseye yo prensip ki nan epit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande yo kisa yo te fè semèn pase a pou yo te lonje lamen bay yon moun ki te bezwen yon zanmi, jan yo diskite nan klas semèn pase a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Filipyen 1:3–4; Kolosyen 1:3, 9

Dirijan legliz yo renmen m epi yo priye pou mwen.

Pòl te souvan kòmanse epit li a nan eksprime lanmou pou manm Legliz yo epi di yo ke l ap priye pou yo. Panse sou kijan w ka ede timoun yo konprann ke dirijan Legliz yo renmen yo.

Aktivite posib

  • Li Filipyen 1:3–4 epi Kolosyen 1:3, 9 fò, epi mande yo pou yo kwaze bra yo epi bese tèt yo chak fwa yo tande mo priye, priyè, ak lapriyè a. Eksplike yo ke Apot Pòl te priye pou manm Legliz yo, menmjan dirijan nou yo nan Legliz la priye pou nou jodia.

  • Montre yon foto Jezikri, epi pataje egzanp sou limenm k ap priye pou yon moun (gade Lik 22:32; 3 Nefi 19:21, 23). Kisa Jezi te mande pou yo lè l te priye pou lòt yo?

  • Ede timoun yo site kèk nan dirijan Legliz yo, tankou Prezidant Primè a, evèk la, ak Prezidan Legliz la. Di yo ke dirijan sa yo mande Pè Selès la pou l beni timoun yo epi ede yo viv nan ladwati. Panse pou w di yo kisa w di lè w priye pou yo.

Filipyen 4:4, 8

M ka rejwi nan Senyè a.

Pòl te ankouraje Sen yo pou yo te rejwi—menmsi yo t ap travèse eprèv difisil epi Pòl limenm te nan prizon. Kijan w ka ede timoun yo wè ke viv levanjil la pote lajwa?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo koute si yon mo repete pandan w ap li Filipyen 4:4 la. Mande yo pou yo montre w sa yo ka fè lè yo rejwi. Ede yo konprann ke “rejwi nan Senyè a” vledi santi lajwa paske nou gen levanjil la epi paske Jezikri renmen nou.

  • Pote objè oubyen foto ki reprezante bagay ki ede w “rejwi nan Senyè a.” Ou gen dwa pote yon bèl kreyasyon Bondye oubyen foto yon tanp, Sovè resisite a, oubyen yon fanmi. Fè yo pran tou pa yo chak pou chwazi yon foto oubyen yon objè, epi apresa di yo poukisa li fè w kontan. Envite yo pou yo pataje sa k ede yo rejwi nan Senyè a.

  • Li Filipyen 4:8 ansanm, epi ede yo panse sou bagay ki koresponn avèk deskripsyon yo nan vèsè a (gade Atik lafwa 1:13). Bay timoun yo moso papye epi fè yo desine foto bagay sa yo pou ede yo “panse“ a sa Pòl dekri yo.

Kolosyen 1:23; 2:6–7

Lafwa m dwe “enrasinen“ nan Jezikri.

Si timoun yo ka bati lavi yo ak lafwa yo sou Sovè a, y ap kapab reziste anba tanpèt lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon pyebwa ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pandan w ap li fraz kle ki nan Kolosyen 1:23; 2:6–7 yo. (Oubyen pase videyo “Spiritual Whirlwinds” la nan LDS.org.) Kisa k t ap rive pyebwa sa a si tanpèt la te vini epi l pa t gen rasin ki te solid? Fè timoun yo leve epi pou yo pretann yon se yon pyebwa ki gen rasi n fèb ki nan yon tanpè epi apresa yon pyebwa ki gen rasin solid. Kijan lafwa nan Sovè a ke ede nou vin tankou yon pyebwa ki gen rasin solid?

  • Envite yon timoun pou desine yon pyebwa sou tablo a. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay yo kapab fè pou yo ka “anrasinen“ nan Jezikri. Chak fwa youn di yon bagay, envite l pou l ajoute yon rasin nan desen an.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Filipyen 4:4-13

Si m gen lafwa nan Jezikri, m ka gen kè kontan menm nan moman difisil yo.

Pòl te travèse anpil eprèv, men li te kontan paske l te gen lafwa nan Jezikri.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo imajine yo nan prizon, menmjan Pòl te nan prizon lè l te ekri epit li te voye bay Filipyen yo. Li Filipyen 4:4–13 avèk yo epi mande yo pou yo chèche mo sa yo: rejwi, lapè, kontan. Poukisa Pòl te kapab rejwi e santi lapè menm nan prizon an? Ede timoun yo jwenn mo Senyè, Bondye, ak Kris ki nan vèsè yo. Ede yo konprann ke lafwa Pòl te genyen nan Jezikri a te rann posib pou l te rejwi.

  • Envite timoun yo pou yo ede w konplete fraz tankou sa a: M ka nan fènwa epi m ankò gen yon . M ka deyò nan yon jounen byen cho epi m toujou santi m frèt si m gen yon . M ka gen moman difisil e toujou jwenn lajwa si m . Ede timoun yo panse a mwayen yo ka jwenn lajwa nan Jezikri lè yo gen moman difisil. Yo ka chante yon kantik, li yon ekriti favori, sèvi yon moun, oubyen fè yon priyè remèsiman. Kisa Filipyen 4:4–13 sigjere? Di yo kèk kantik oubyen ekriti ki ede w jann lajwa nan moman difisil.

Filipyen 4:8

M ka panse a bagay ki vrè, ki onèt , epi pwòp.

Timoun yo souvan ekspoze anba bagay ki mal e ki pa pwòp. Ou ka ede yo chèche sa ki edifyan e ki vètye.

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l li Filipyen 4:8 fò pandan lòt yo ap chèche mo nan Atik Lafwa 1:13 la ki sanble avèk yo. Envite youn pou ekri mo sa yo sou tablo a. Bay definisyon senp pou mo sa yo epi mande timoun yo pou yo matche definisyon mo yo. Poukisa nou dwe “panse” sou bagay sa yo? Ki fason nou ka chèche sentete?

  • Mande yo pou yo site kèk bagay ki koresponn avèk deskripsyon ki nan Filipyen 4:8 yo. Envite yo pou yo fè yon lis semèn sa a sou nenpòt sa yo remake ki koresponn avèk deskripsyon sa yo. Ankouraje yo pou yo pote lis yo fè a nan Primè a semèn pwochèn epi pataje sa yo jwenn.

Kolosyen 1:23; 2:6–7

Lafwa m dwe “anrasinen” nan Jezikri.

Satan ap eseye febli lafwa timoun yo atravè tantasyon ak fos doktrin. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo fòtifye lafwa yo nan Sovè a pou yo “pa pèdi esperans levanjil la”?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo fè desen sou bagay ki reprezante verite yo jwenn nan Kolosyen 1:23; 2:6–7 yo. Fè yo pataje foto yo avèk klas la epi eksplike verite foto sa yo reprezante yo.

  • Pase videyo “Spiritual Whirlwinds” la. Ki tantasyon ak fos doktrin nan mond lan jodia ki ka febli lafwa nou. Kisa nou ka fè pou n fòtifye lafwa nou pou n ka “anrasinen” nan Jezikri?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann sou “anrasinen“ nan Kris la. Yo ka itilze paj aktivite semèn sa a oubyen yon ekriti yo li pandan klas la jodia.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo plen kiryozite epi yo aprann atravè nouvo eksperyans varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, ak eseye nouvo bagay. Sigjesyon nan “Satisfè bezwen timoun piti yo“ ki nan kòmansman manyèl sa a ka ede tou. Gade Anseye nan Fason Sovè a, 25–26.)

Enprime