Vini, Suiv Mwen
14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: “M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”


“14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: “M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Pòl k ap dikte yon lèt pandan l nan prizon

14–20 Oktòb.

Filipyen; Kolosyen

“M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”

Ki dènye fwa w te li enpresyon spirityèl ou te ekri pandan w t ap etidye Nouvo Testaman an? Li ta bon si w ta repase enpresyon w te resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Pòl te ekri epit li te voye bay Filipyen ak Kolosyen yo pandan l te nan prizon. Men lèt sa yo pa t gen ton w t ap atann nan men yon moun ki nan prizon. Pòl te pale plis sou lajwa, rejwisans, ak rekonesans pase l te pale de afliksyon ak eprèv. Li te di: “Yo anonse Kris la, epi sa fè m kontan, wi, epi m ap pi kontan toujou” (Filipyen 1:18). “Si mwen pa la avèk nou nan kò m, mwen la nan lespri m. Mwen kontan wè … jan nou kenbe lafwa nou fèm nan Kris la” (Kolosyen 2:5). Sètènman, “lapè Bondye” Pòl te santi nan sikonstans difisil li yo “depase tout konpreyansyon” (Filipyen 4:7), men li se yon reyalite. Nan pwòp eprèv pa nou yo, nou ka santi menm lapè sa a epi “toujou rejwi nan Senyè a” (Filipyen 4:4). Jan Pòl te fè a, nou ka repoze nou totalman sou Jezikri, “ki ba nou redanmsyon an” (Kolosyen 1:14). Nou ka di jan Pòl te di a: “M ka fè tout bagay gras ak Kris la, ki ban m fòs” (Filipyen 4:13; gade Kolosyen 1:11 tou).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Filipyen 2:12–13

Èske nou “travay pou pwòp sali [nou]”?

Gen kèk moun ki itilize ekspresyon “travay pou pwòp sali nou” an pou sipòte ide ke se sèlman pa pwòp efò nou nou sove. Men, sa se yon vizyon limite, menmjan sa limite pou n konprann ansèyman Pòl ki di—“se pa lagras nou sove atravè lafwa” a (Efezyen 2:8)—ki vledi pa gen okenn zèv nou bezwen fè pou nou sove. Ekriti yo, enkli ekri Pòl yo, klèman anseye ke nou bezwen gras Jezikri ak efò pèsonèl pou n ka jwenn sali. Jan Nefi te di: “Se pa lagras nou sove, apre tout sa nou kapab fè” (2 Nefi 25:23). Menm nan efò nou pou n travay pou sali nou, “se Bondye ki travay nan nou” (Filipyen 2:13; gade Filipyen 1:6; Bible Dictionary, “Grace” tou).

Filipyen 3:5–14

Levanjil Jezikri a vo tout sakrifis.

Pòl te renonse a anpil bagay lè l te konvèti nan levanjil Jezikri a, enkli gwo pozisyon enpòtan l te genyen nan sosyete Juif la antanke Farizyen. Nan Filipyen 3:5–14, chèche wè kisa Pòl te jwenn paske l te dispoze pou l te fè sakrifis pou levanjil la. Kisa l te panse de sakrifis li yo?

Apresa reflechi sou pwòp kondisyon disip pa w. Kisa w sakrifye pou levanjil Jezikri a? Kisa w te resevwa? Èske gen lòt sakrifis ou santi w bezwen fè pou w ka vin yon disip pi devwe Sovè a.

Gade 3 Nefi 9:19–20; Doktrin ak Alyans 58:2–5; Robert C. Gay, “What Shall a Man Give in Exchange for His Soul?” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 34–36.

Filipyen 4:1–13

M ka jwenn lajwa nan Kris la, kèlkeswa sikonstans mwen.

Lavi Pòl se yon bèl ilistrasyon sou verite ki eksprime pa Russell M. Nelson ki di: “Lè lavi nou santre sou … Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan Limenm e gras avèk li” (“Joy and Spiritual Survival,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 82).

Pandan w ap li Filipyen an—patikilyèman chapit 4 la,—chèche deklarasyon ki ka ede w jwenn lajwa nan nenpòt sikonstans nan lavi ou. Kilè w konn santi “lapè Bondye” pandan yon moman difisil? (vèsè 7). Kilè w konn jwenn fòs “atravè Kris la” pou w fè bagay ki difisil? (vèsè 13). Poukisa w panse li enpòtan pou nou “kontan” nan tout sikonstans? (vèsè 11). Kijan pratike vèti yo dekri nan vèsè 8 yo ka ede w jwenn lajwa nan sikonstans ou?

Gade Alma 33:23; Dieter F. Uchtdorf, “Rekonesan nan tout sikonstans,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 70–77.

Kolosyen 1:12–23

Lafwa m fonde sou Jezikri.

Men yon metòd etid ou ka eseye avèk nenpòt chapit nan ekriti yo, menmsi l fonksyone espesyalman avèk Kolosyen 1:12–23. Sonde vèsè yo pou w chèche tout sa w aprann osijè Jezikri, epi fè yon lis sa w jwenn yo. Poukisa ou santi l enpòtan pou w konn bagay sa yo konsènan Sovè a?

Kolosyen 3:1-17

Disip Jezikri yo vin “nouvo” lè yo viv levanjil li a.

Kijan w fè konnen si levanjil Jezikri a ap ede w vin yon “nouvo gason [oswa yon nouvo fi]”? Yon fason pou w konn sa se eksplore Kolosyen 3:1–17 la epi fè yon lis sou atitid, karakteristik, ak aksyon “ansyen moun” nan epi yon lòt lis sou atitid, karakteristik, ak aksyon “nouvo moun” nan.

Èske etid ou sou vèsè sa yo enspire w kèk panse sou fason levanjil la chanje ou? Ekri panse w pou w ka repase yo nan apre epi medite sou fason w pwogrese.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Filip

Fanmi w ka petèt remake ke mo lajwa oswa rejwi yo repete souvan nan Filipyen. Chak fwa ou rankontre youn nan mo sa yo, ou gen dwa stope epi diskite sou sa Pòl te anseye sou fason pou nou jwenn lajwa.

Filipyen 2:14-15

Kijan nou ka ”briye tankou limyè pou mond la”?

Filipyen 4:8

Petèt fanmi w ta ka idantifye kèk bagay pou yo “panse” ki koresponn avèk deskripsyon nan vèsè sa a (gade Atik Lafwa 1:13). Kijan fanmi w beni lè w suiv konsèy Pòl la?

Kolosyen 1:9–11; 2:2–3

Kisa nou ka fè pou n pwogrese “nan konesans Bondye”? Ki “trezò sajès ak konesans” nou jwenn nan levanjil la?

Kolosyen 1:23; 2:7

Petèt fanmi w ta ka li vèsè sa yo pandan yo chita bò yon pyebwa oubyen pandan y ap gade foto yon pyebwa (tankou sa ki nan plan leson sa a). Kisa sa vledi pou n “fonde” ak “anrasine” nan Kris la? Kijan nou youn ka ede lòt fòtifye rasin espirityèl nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Pataje temwayaj ou. Èldè Neal A. Maxwell te di: “Se sa w ye ou anseye.” Y ap plis sonje figi ou … pase yon verite patikilye nan yon leson patikilye” (na Anseye nan fason Sovè a, 13).

Imaj
pyebwa

Pòl te anseye ke lafwa nou dwe “anrasinen” nan Jezikri (Kolosyen 2:7).

Enprime