Vini, Suiv Mwen
30 Septanm–13 Oktòb. Efezyen: “Pou pèfeksyonman Sen yo“


30 Septanm–13 Oktòb. Efezyen: “Pou pèfeksyonman Sen yo “Saints’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“30 Septanm–13 Oktòb. Efezyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
yon fanmi k ap gade foto

30 Septanm–13 Oktòb

Efezyen

“Pou pèfeksyonman Sen yo“

Èske gen koneksyon ant mesaj jeneral konferans yo ak Epit Pòl te voye bay Efezyen yo?

Ekri enpresyon ou

Lè levanjil la te kòmanse simaye nan Efèz, li te lakoz yon “gwo dezòd” (Travay 19:23) pami Efezyen yo. Atizan lokal ki te konn fè ti modèl tanp yo te konn dedye a yon deyès payen yo te konsidere Krisyanis la kòm yon menas pou anpeche yo jwenn pen kotidyen yo epi, byen vit, “foul moun yo te vin ankòlè anpil, … epi dezòd te gaye nan tout vil la” (gade Travay 19:27–29). Imajine ke w se yon nouvo konvèti nan levanjil la ki nan yon sitiyasyon konsa. Anpil Efezyen te aksepte levanjil la epi yo te viv li nan mitan “gwo boulvèsman” sa a (Travay 19:40), epi Pòl te asire yo ke “Kris la … se lapè nou” (Efezyen 2:13–14). Pawòl sa yo, ansanm ak envitasyon l bay pou n “fè tout amètim, tout kòlè, tout kalomni, ak tout mechanste disparèt nan mitan nou” (Efezyen 4:31) an sanble l tou osi enpòtan ak rekonfòtan jodia jan l te ye lè sa a. Pou Efezyen yo, menmjan avèk nou, fòs pou n fè fas ak advèsite a soti “nan Senyè a, epi nan fòs tou puisan li” (Efezyen 6:10–13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Efezyen 1:4–11, 17–19

Èske Bondye te “chwazi” oubyen “predestine” kèk nan pitit li yo pou yo sove?

Pòl te pale avèk Sen yo kòm moun Bondye te “predestine” epi “chwazi … anvan fondasyon mond lan” pou vin pèp li. Jan Prezidan Henry B. Eyring te di, lefèt ke si anpil moun viv epi yo mouri san yo pa gen chans pou yo te resevwa levanjil la lakoz kèk moun rive nan “konklizyon ke Bondye te siman detèmine alavans kiyès nan pitit li yo li t ap sove e ki t ap gen aksè nan levanjil la, pandan ke moun ki pa janm tande levanjil yo tou senpleman pa ‘chwazi.’ Men … plan Bondye a pi eman ak pi jis pase sa. Papa nou ki nan syèl la vle rasanble ak beni tout fanmi li” (“Rasanble fanmi Bondye a,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 20–21). Tout pitit Bondye ka aksepte levanjil la ak òdonans li yo gras ak travay yo fè pou mò yo nan tanp sakre yo.

Malgre okenn moun pa predestine pou yo sove ni pou yo pa sove, revelasyon modèn nan anseye ke gen kèk moun ki te chwazi oubyen “preòdone” nan mond premòtèl la pou yo ranpli kèk responsablite isit sou tè a. Sa enkli responsablite tout Sen Dènye Jou yo genyen pou pataje levanjil la ak pou ede tout pitit Bondye sou toulède bò vwal yo vin jwenn Kris la. (Gade “Preòdinasyon,” Gospel Topics, topics.lds.org.)

Efezyen 1:10

Bondye ap “rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la.”

Èske w janm mande w kisa “dispansasyon plenitid tan yo” ye oubyen kisa sa vledi pou “rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la”? Pandan w ap medite sou fraz sa yo, li ekriti sa yo: Efezyen 4:13; 2 Nefi 30:7–8; Doktrin ak Alyans 110:11–16; 112:30–32; 128:18–21. Ou gen dwa santi w enspire pou w ekri pwòp eksplikasyon ou de fraz sa yo.

Efezyen 2:19–22; 4:11–16

Legliz la fonde sou fondasyon apot ak pwofèt, epi Jezikri se wòch fondasyon an.

Lekti ansèyman Pòl yo sou apot ak pwofèt yo ede w prepare w pou w tande mesaj apot ak pwofèt modèn yo pandan konferans jeneral la. Selon Efezyen 2:19–22; 4:11–16, poukisa nou gen pwofèt ak apot? Èske ansèyman yo konn ede w pou “okenn van doktrin pa pote w ale”?

Gade Travay 4:10–12 tou.

Imaj
manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo

Senyè a aple pwofèt ak apot pou dirije Legliz li a.

Efezyen 5:21–6:4

M ka fòtifye relasyon familyal mwen.

Pandan w ap li Efezyen 5:21–6:4 an, ki sa k vin nan panse w sou fason pou w fòtifye relasyon familyal ou?

Li enpòtan pou n note ke pawòl Pòl yo nan Efezyen 5:22 yo te ekri nan kontèks koutim sosyal ki te egziste nan epòk la. Pwofèt yo ak apot yo jodia anseye ke gason pa siperyè de fi yo epi konjwen yo dwe “asosye egal ego” (gade “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 145). Menmsi sa, ou ka twouve konsèy nan Efezyen 5:23–33 a rezonab, espesyalman si w marye oubyen w ap prepare w pou maryaj. Paregzanp, ki fason Kris la montre lanmou li pou Sen yo? Kisa sa enplike osijè jan mari yo dwe trete madanm yo? Ki mesaj ou jwenn pou tèt ou nan vèsè sa yo?

Efezyen 6:10–18

Si m mete “tout zàm Bondye yo sou mwen,” sa ap pwoteje m kont mal.

Pandan w ap li Efezyen 6:10–18 la, mande tèt ou poukisa Pòl rele chak pati nan zam sa a fason l rele yo a. Kont kisa “tout zam Bondye” yo ap pwoteje nou? Kisa nou ka fè pou n pi totalman abiye nou avèk chak pyès nan zam sa a chak jou?

Gade 2 Nefi 1:23; Doktrin ak Alyans 27:15–18 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Efezyen 1:10

Atravè Retablisman dènye jou a, Bondye ap reyini tout bagay vin fè youn, enkli tout prensip ak òdonans levanjil yo. Pou ilistre ide sa a, ou ka kache kèk bagay oubyen ekri kèk fraz nan tout kay la, ki reprezante bagay ki te retabli nan epòk nou yo (tankou kle prètriz yo, òdonans tanp, ekriti, ak don spirityèl). Manm fanmi yo ka chèche yo epi “rasanble” yo ansanm. Poukisa nou rekonesan dèske n ap viv nan “dispensasyon plenitid tan yo”?

Efezyen 2:4–10; 3:14–21

Envite manm fanmi yo pou yo pataje eksperyans kote yo konn santi amou ak mizèrikòd Bondye ak Jezikri yo dekri nan vèsè sa yo.

Efezyen 2:12–19

Fanmi w ka kontan bati kèk mi avèk zorye oubyen lòt bagay ou gen nan kay la, epi detwi yo apresa. Ki kalite mi ki separe moun yo jodia? Kijan Jezikri te “kraze … mi separasyon antre noumenm” ak Bondye a?

Efezyen 6:10–18

Fanmi w ta ka fè pwòp “zàm Bondye” pa yo kote y ap itilize atik menaje ki nan kay la. Videyo “The Armour of God” (LDS.org) la ka ede yo vizyalize zam sa a, epi yo ka jwenn senp eksplikasyon sou li nan “The Whole Armor of God” (Friend, Jen 2016, 24–25). Ki fason chak pyès nan zam sa a pwoteje nou espirityèlman? Kisa nou ka fè pou youn ede lòt “abiye avèk tout zam Bondye yo” (Efezyen 6:11) chak jou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Kite Lespri a gide etid ou. Se pou w koute Lespri a lè l gide w al nan sa w bezwen aprann chak jou, menmsi sa pouse w etidye yon sijè ou pa t planifye pou w te etidye.

Imaj
yon mesye nan epòk Nouvo Testaman an ki abiye ak zam pwoteksyon

Mete zam Bondye yo ka pwoteje nou espirityèlman.

Enprime