Vini, Suiv Mwen
23–29 Septanm. Galat: ‘Mache selon Lespri a’


“23–29 Septanm. Galat: “Mache selon Lespri a” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“23–29 Septanm. Galat,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kris la parèt devan Pòl nan prizon

23–29 Septanm.

Galat

“Mache selon Lespri a“

Lè w ap li Galat la, ekri enpresyon spirityèl ou resevwa yo. Si w fè sa, sa ap ede w sonje yo ak medite sou yo nan lefiti.

Ekri enpresyon ou

Levanjil Jezikri a ofri libète anba esklavaj spirityèl. Men pafwa, moun ki konn fè eksperyans libète levanjil la ofri yo konn vire do ba li epi yo “vle tonbe nan esklavaj ankò” (Galat 4:9). Se sa Sen nan Galat yo t ap fè—yo te vire do bay libète Kris la te ofri yo a (gade Galat 1:6). Epit Pòl te voye bay moun Galat yo, lè sa a, sete yon apèl ijan pou yo te retounen vin nan “libète nou jwenn granmesi Kris la” (Galat 5:1). Apèl sa a se yon apèl nou bezwen koute ak suiv tou paske, byenke sikonstans yo chanje, lit ant libète ak esklavaj la toujou konstan. Jan Pòl te anseye, sa pa ase pou nou “aple nan libète” (Galat 5:13); nou dwe “kenbe fèm” nan li tou (Galat 5:1) nan apiye nou sou Kris la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Galat 1–5

Lwa Kris la rann mwen lib.

Pòl te ekri Sen nan Galat yo lè l te aprann ke te gen fo ansèyman ki t ap detounen yo. Youn nan ansèyman sa yo te di pou yo te ka sove, Janti ki te aksepte levanjil yo te dwe sikonsi epi kenbe lòt tradisyon lwa Moyiz yo. Pòl te rele tradisyon sa yo “jouk esklavaj” (Galat 5:1) paske yo te anpeche Sen yo byen viv lwa Kris la, ki pote vrè libète a. Kisa w jwenn nan konsèy Pòl te bay Galasyen yo ki ka ede w konprann kisa vrè libète ye? Ou gen dwa medite sou ki jouk esklavaj ki egziste nan lavi ou. Èske gen yon bagay ki anpeche w jwi libète levanjil la ofri a? Kijan Kris la ak levanjil li a “rann [ou] lib”? (Galat 5:1).

Gade 2 Nefi 2:27; 9:10–12 tou.

Galat 3

Mwen se eritye benediksyon yo te pwomèt Abraram yo.

Kèk nan Sen nan Galat yo te panse ke, paske yo pa t desandan literal (“posterite”) Abraram, yo pa t ap resevwa benediksyon yo te pwomèt Abraram yo, enkli benediksyon egzaltasyon yo. Selon Galat 3:7–9, 13–14, 27–29, kisa k kalifye yon moun pou l se “posterite Abraram”? Pou w aprann ki benediksyon yo te pwomèt Abraram ak ki benediksyon nou ka eritye antanke posterite li, gade Diksyonè Bib la, “Abraram, alyans,” ak “Alyans Abraramik,” Gospel Topics,topics.lds.org.

Galat 3:6–25

Èske Abraram te gen levanjil Jezikri a?

Pwofèt Joseph Smith te eksplike: “Nou pa ka kwè ke ansyen nan tout epòk yo pa t tèlman konn sistèm syèl la jan anpil moun panse a, paske tout sa k te sove yo, yo te sove pa pouvwa gran plan redanmson sa a, osibyen anvan Kris la te vini an ke depi lè sa a. … Abraram te ofri sakrifis, epi malgre sa, yo te oblije preche l levanjil la” (“The Elders of the Church in Kirtland to Their Brethren Abroad,” The Evening and the Morning Star, Mas 1834, 143, josephsmithpapers.org). Ekriti sa yo endike ke levanjil Jezikri a te preche anvan ministè Sovè a nan mòtalite a: Elaman 8:13–20; Moyiz 6:50–66.

Galat 5:13–26; 6:7–10

Si m “mache selon Lespri a,” m ap resevwa “fwi Lespri a.”

Si w etidye vèsè sa yo, sa ka ede w evalye nan ki pwen w ap mache selon Lespri a. Èske w benefisye fwi Lespri yo mansyone nan vèsè 22–23 yo? Ki lòt fwi, oubyen rezilta, w remake nan lavi spirityèl ou? Reflechi sou kisa w bezwen fè pou w kiltive fwi sa a pi totalman. Nan ki fason kiltive fwi sa a ka amelyore relasyon enpòtan yo nan lavi ou?

Imaj
pòm sou yon pyebwa

M dwe chèche “fwi Lespri yo” nan lavi m.

Petèt w ap eseye mache selon Lespri a, men sanble ke efò w yo pa pote fwi yo pwomèt ou yo. Li Galat 6:7–10 (ke yo souvan fè referans kòm lwa mwason an). Ki mesaj ou santi Senyè a gen pou ou nan vèsè sa yo? Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou ankouraje yon moun k ap lite pou l viv levanjil la?

Gade Alma 32:28, 41–43; Doktrin ak Alyans 64:32–34.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Galat 3:11

Kisa “viv pa lafwa” vle di? Kisa fanmi w fè pou yo montre ke y ap viv pa lafwa?

Galat 4:1–7

Ou gen dwa prezante Galat 4 la nan diskite sou diferans ant sèvitè yon wa ak pitit li. Ki opòtinite oubyen potansyèl yon pitit yon wa genyen ke yon sèvitè pa genyen? Panse a sa pandan n ap li vèsè 1–7 la ansanm. Kisa vèsè sa yo anseye sou relasyon nou avèk Pè Selès la?

Galat 5:22–23

Pou fè diskisyon sou Galat 5:22–23 a pi amizan, fanmi w gen dwa mete etikèt diferan sou kèk fwi diferan kote ke y ap itilize Pawòl Pòl te itilize pou l te dekri “fwi Lespri yo.” Apresa, chak manm fanmi ka chwazi youn, defini li, epi pale de yon moun ki se egzanp fwi sa a. Sa ka mennen nan yon diskisyon sou fason fanmi w ka envite Lespri a nan fwaye ou ak kiltive fwi sa a. Apre diskisyon an, nou gen dwa savoure yon salad fwi ansanm.

Galat 6:1

Gen dwa gen moman kote w ka “siprann yon moun nan fanmi an an fot.” Ki konsèy ou jwenn nan Galat 6:1 an sou kisa pou w fè nan yon sitiyasyon konsa?

Galat 6:7–10

Si fanmi w konn plante yon bagay ansanm, ou gen dwa itilize eksperyans sa a pou ilistre prensip ki di “Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte” a tou (vèsè 7). Oubyen ou gen dwa mande manm fanmi yo pou pale w de fwi oubyen vejetab yo pi renmen epi di kisa sa mande pou yon fè yon plant ki pwodui manje sa a pouse. (Ou ka itilize foto ki akonpaye plan leson sa a kòm èd vizyèl.) Apresa, ou gen dwa fè yon konvèsasyon sou benediksyon fanmi w espere resevwa ak fason pou “rekòlte” benediksyon sa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Ede fanmi w konpare ekriti yo avèk tèt yo. Nefi te di: “M te konpare tout ekriti yo avèk lavi nou, pou nou kapab pwofite ak aprann” (1 Nefi 19:23). Pou ede fanmi w fè sa, ou gen dwa envite yo pou yo panse a moman kote yo te fè eksperyans fwi Lespri a yo dekri nan Galat 5:22–23 a. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 21.)

Imaj
poire sou yon pyebwa

Pòl te anseye ke, lè nou mache selon Lespri a, n ap resevwa fwi Lespri a nan lavi nou.

Enprime