Vini, Suiv Mwen
9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye’


“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezikri

9-15 Septanm

2 Korentyen 1–7

“Rekonsilye nou avèk Bondye”

Pandan w ap etidye lèt Pòl te voye bay Korentyen yo, ekri kèk nan prensip levanjil ou dekouvri yo epi medite sou fason ou ka aplike yo nan lavi w.

Ekri enpresyon ou

Pafwa, antanke yon dirijan nan Legliz la, wa p oblije di kèk bagay difisil. Sa te vre nan epòk Pòl la menmjan sa vre jodia. Aparaman, yon premye lèt Pòl te voye bay Korentyen yo te gen kèk reprimand ladan e li te lakoz moun yo te santi yo blese. Nan lèt nou rele 2 Korentyen an jodia, li te eseye eksplike kisa k te pouse l di pawòl rèd sa yo: “Se nan gwo afliksyon ak angwas nan kè m mwen ekri nou avèk dlo nan je m; non pa pou m fè nou tris, men pou nou ta ka konn lanmou m gen an abondans pou nou” (2 Korentyen 2:4). Lè nou resevwa yon koreksyon nan men yon dirijan, sa definitivman ede pou n konnen ke l enspire pa lanmou kretyen. Epi, menm nan ka kote se pa sa, si nou dispoze pou nou wè lòt moun avèk kalite lanmou Pòl te santi a, li fasil pou n reyaji byen devan ofans yo. Jan Èldè Jeffrey R. Holland te konseye a: “Se pou nou konpreyansif devan feblès imèn yo—feblès pa nou osibyen ke feblès moun k ap sèvi avèk nou nan yon Legliz ki dirije pa gason ak fi mòtèl ki volontè. Sof nan ka sèl Pitit Literal pafè l la, se moun ki enpafè Bondye te toujou genyen pou travay avèk li” (“Lord, I Believe,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 94).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; 7:4–7

Eprèv yo ka yon benediksyon.

Etandone tribilasyon Pòl t ap travèse nan ministè l la, sa pa etonan ke l te ekri anpil sou bi ak benediksyon tribilasyon. Panse sou fason eprèv yo ka yon benediksyon pandan w ap li 2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; ak 7:4–7 la. Paregzanp, ou gen dwa medite sou fason Bondye “konsole [w] nan tout tribilasyon [w] yo” ak fason oumenm, an retou, ou ka “konsole moun ki nan afliksyon” (2 Korentyen 1:4). Oubyen, ou gen dwa konsantre sou limyè Jezikri a “k ap briye nan kè nou an,” menm lè w santi w “twouble” ak “nan detrès” (2 Korentyen 4:6–10).

Gade Mozya 24:13–17; Sijè Levanjil, “Advèsite,” topics.lds.org.

2 Korentyen 2:5–11

M resevwa benediksyon epi m beni lòt moun lè m padone.

Nou pa konn anpil bagay sou mesye Pòl fè referans nan 2 Korentyen 2:5–11 la—nou sèlman konnen ke l te transgrese (gade vèsè 5–6) epi Pòl te vle pou Sen yo padone li (gade vèsè 7–8). Poukisa nou pafwa pa “montre lanmou” anvè yon moun ki ofanse nou? (vèsè 8). Nan ki fason lè nou pa padone, sa blese lòt moun epi l blese nou tou? (gade vèsè 7, 10–11). Selon oumenm, kisa sa vledi lè nou di si nou pa padone lòt moun, sa bay “Satan … yon avantaj sou nou”? vèsè 11

Gade Doktrin ak Alyans 64:9–11 tou.

2 Korentyen 5:14–21

Gras avèk Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, m ka rekonsilye avèk Bondye.

Menmjan ak tout lòt moun, Pòl te konn kisa sa te vledi pou yon moun te vin “yon nouvo kreyati.” Soti nan pèsekitè kretyen l te ye a, li te vin tounen yon brav defansè Kris la. Li te konnen pou tèt pa l kijan Jezi, ki “pa t fè okenn peche,” te ka retire peche nou epi ba nou “lajistis” li, pou fè nou retounen nan inite avèk Bondye. Pandan w ap li vèsè sa yo, panse sou kisa sa vledi pou n rekonsilye avèk yon lòt moun. Kijan sa ede w pou w konprann kisa savle di pou n rekonsilye avèk Bondye? Reflechi sou sa k ka separe w avèk Bondye. Kisa w bezwen fè pou w ka pi totalman rekonsilye avèk li?

Gade 2 Nefi 10:23–25 tou.

2 Korentyen 7:8–11

Tristès selon Bondye mennen nan repantans.

Nou pa jeneralman konsidere tristès kòm yon bon bagay, men, Pòl pale de “tristès selon Bondye” kòm yon pati ki nesesè nan repantans. Kisa w aprann osijè tristès selon Bondye nan referans sa yo? 2  Korentyen 7:8–11; Alma 36:16–21; Mòmon 2:11–15; ak Gospel Topics, “Repantans,” topics.lds.org. Kilè w konn santi tristès selon Bondye, e ki efè sa te genyen sou lavi ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

2 Korentyen 3:1–3

Èske gen manm nan fanmi w ki konn mande yon moun pou l ekri yon lèt rekòmandasyon pou yo, tankou yon lèt pou yon travay oubyen pou aplikasyon nan yon lekòl? Mande yo pou yo pale de eksperyans lan ak kisa lèt la te di osijè yo. Pòl te anseye ke lavi Sen yo sete tankou lèt rekòmandasyon pou levanjil la yo resevwa nan men Kris la limenm, “ki ekri non pa avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an.” Pandan w ap li 2 Korentyen 3:1–3 a ansanm, di ki fason egzanp nou se tankou lèt rekòmandasyon pou levanjil la ke “tout moun ka konnen epi yo ka li.” Petèt chak manm nan fanmi an ta ka ekri yon lèt oubyen yon “epit” ki eksplike kijan yon lòt manm nan fanmi an te yon bon egzanp kòm disip Jezikri. Yo ta ka li lèt yo bay fanmi an epi remèt li bay manm fanmi yo te ekri sou li a. Poukisa li enpòtan pou n konprann ke lavi nou se “epit Kris la”?

2 Korentyen 5:6–7

Kisa sa vle di pou n “mache pa lafwa, non pa pa sa n wè”? Kisa n ap fè pou nou montre ke nou kwè nan sa nou pa ka wè?

2 Korentyen 5:17.

Èske fanmi w ka panse—oubyen ka jwenn—egzanp sou kèk bagay ki pase pa transfòmasyon remakab pou yo vin nouvo kreyati? (gade foto yo ki nan plan leson sa a). Kisa egzanp sa yo anseye nou sou fason levanjil Jezikri a ka chanje nou?

2 Korentyen 6:1-10

Selon vèsè sa yo, kisa sa vledi pou n se “sèvitè Bondye”?

2 Korentyen 6:14–18

Kijan nou ka suiv konsèy Pòl la pou n “Soti nan mitan [enfidèl yo], epi separe nou de yo,” pandan ke n ap rete bon egzanp pou moun ki bò kote nou tou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Prezante leson objè. Gen kèk konsèp nan levanjil la, tankou Sakrifis Ekspyatwa a, ki ka difisil pou konprann. Panse pou w itilize foto oubyen objè ki ka ede fanmi w konprann prensip ou dekouvri nan ekriti yo.

Imaj
cheni, cocon, ak papiyon

Lè nou konvèti nan levanjil Kris la, transfòmasyon nou si pwofon ke Pòl di nou vin “nouvo kreyati” (2 Korentyen 5:17).

Enprime