Vini, Suiv Mwen
9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye’


“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezikri

9-15 Septanm

2 Korentyen 1–7

“Rekonsilye nou avèk Bondye“

Kòmanse preparasyon w lan nan li 2 Korentyen 1–7. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèk nan timoun nan klas ou yo gen dwa ekri yon lèt semèn sa a pou eksplike kijan yon manm nan fanmi yo se yon bon egzanp disip Jezikri. Si yo fè sa, mande yo alavans pou yo pataje lèt la avèk klas la. Ouubyen mande yo pou yo pataje yon lòt bagay yo te aprann.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

2 Korentyen 1:3–4

Pè Selès la rekonfòte m, e m ka rekonfòte lòt moun.

Kijan w ka fè timoun yo gen konfyans ke Pè Selès la ap rekonfòte yo? Kijan w ka ankouraje yo pou yo rekonfòte lòt moun?

Aktivite posib

  • Pote kèk objè ki bay rekonfò nan klas la, tankou yon dra oswa yon pansman. Mande timoun kisa k rekonfòte yo lè yo tris oubyen yo pè oubyen lè yo gen lòt pwoblèm. Li 2 Korentyen 1:3–4 avèk yo, epi eksplike yo ke “tribilasyon” se yon lòt mo pou pwoblèm difisil. Pale yo de kèk sitiyasyon kote Pè Selès la te rekonfòte ou, epi temwaye ke l ap rekonfòte yo tou.

  • Montre foto moun k ap batize (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103 ak 104) pandan w ap li 2 Korentyen 1:4 ak Mozya 18:8–9 pou yo. Eksplike yo ke lè batèm nou, nou pwomèt pou n konsole lòt moun. Kijan nou ka suiv konsèy Pòl la pou n “konsole moun ki nan afliksyon”?

  • Envite timoun yo pou yo desine yomenm k ap ede yon moun ki nan bezwen. Fè yo eksplike kijan lè yo fè bagay sa yo, sa ka pote konsolasyon pou lòt moun.

2 Korentyen 2:7–8, 10

M ka padone lòt moun.

Chwazi youn nan aktivite sa yo—oubyen envante pwòp aktivite pa w—pou ranfòse dezi timoun yo pou yo padone moun.

Aktivite posib

  • Eksplike yo ke Pòl te vle pou Sen Korentyen yo padone yon moun ki te peche. Li 2 Korentyen 2:7–8, 10, epi envite timoun yo pou mete men yo sou kè yo chak fwa yo tande mo padone a.

  • Envite yo pou yo jwe wòl sou fason yo ka reyaji nan sitiyasyon kote yon moun fè yo yon bagay ki pa janti. Fè yo chak pran tan pa yo pou di “Mwen dezole” ak “M padone w.” Kijan nou ka fè moun konnen ke nou padone yo. Eksplike ke yon fason nou ka fè sa se “konfime lanmou nou,” oubyen montre lanmou pou yo (2 Korentyen 2:8).

2 Korentyen 4:1–2

Mwen kwè nou dwe onèt.

Pòl te anseye ke sèvitè Kris yo pa dwe bay lòt moun manti—yo “renonse aa aksyon kache ki pa onèt yo.” Reflechi sou fason w ka fòtifye dezi timoun yo pou yo onèt nan tout bagay.

Aktivite posib

  • Ede yo memorize fraz “Nou kwè nou dwe onèt” la (Atik lafwa 1:13). Ekri fraz sa a sou braslè an papye pou timoun yo dekore epi pou yo pote lakay yo. Eksplike ke lè nou onèt, sa vledi nou di laverite.

  • Mande yo pou yo leve men yo lè w di yon bagay ki vrè epi pou yo bese men yo lè w di yon bagay ki pa vre. Fè kèk deklarasyon senp men ki klè, tankou “Jodia se Dimanch” oubyen “M gen twa nen.” Repete aktivite a plizyè fwa, pandan y ap kite timoun yo pran tou pou yo se moun k ap fè deklarasyon ki vrè oubyen fo a. Poukisa li bon pou nou onèt?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

2 Korentyen 1:3–4

Pè Selès la konsole mwen, e m ka konsole lòt moun.

Sonje kijan Bondye te rekonfòte yo ka enspire timoun yo pou yo ofri rekonfò bay lòt moun.

Aktivite posib

  • Pandan w ap li 2 Korentyen 1:3–4 la, mande yo pou yo koute pou yo ka jwenn repons pou kesyon “Kisa Bondye fè pou nou?” an. Ede yo fè yon lis sou fason Bondye rekonfòte nou. Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te tris oubyen enkyè oubyen pè epi Bondye te rekonfòte yo.

  • Envite yo pou yo di ki fason yo ka konsole lòt moun. Ba yo tan pou yo panse ak yon moun yo konnen ki bezwen rekonfò epi pou yo planifye pou yo lonje lamen bay moun sa a.

2 Korentyen 2:5–11

M ka padone lòt moun.

Sa ka difisil pou n padone lòt moun lè yo pa janti avèk nou. Men timoun w ap anseye yo ap jwenn lanmou, lapè, ak bonè si yo aprann padone.

Aktivite posib

  • Di yo ke yon moun nan Korent te peche epi l te “lakoz” Sen yo te tris (gade 2 Korentyen 2:5). Mande yo pou yo gade nan 2 Korentyen 2:7–8 pou yo ka wè kisa Pòl te di Sen yo pou yo te fè.

  • Pataje yon eksperyans kote ou te padone yon moun—oubyen yon moun te padone ou—ak kijan w te santi w apresa.

2 Korentyen 5:6–7

M ap “mache pa lafwa, e non pa atravè sa m wè.”

Reflechi sou fason w ka ankouraje timoun yo pou yo obeyi kòmandman Bondye yo menm lè yo pa wè benediksyon yo vle a imedyatman.

Aktivite posib

  • Li 2 Korentyen 5:6–7 ak Alma 32:21 avèk timoun yo, epi mande yo pou yo chèche fraz ak mo ki ka ede yo defini lafwa. Mande yo pou yo ekri definisyon yo, li yo fò, epi mete yo sou tablo a.

  • Bande je youn nan timoun yo, epi mande lòt yo pou yo ba l direksyon pou ede l reyalize yon tach tankou bati yon tou avèk blòk papye, fè yon jwèt kastèt, oubyen mache travèse sal la. Kijan aktivite sa a ede nou konprann kisa savle di pou n “mache pa lafwa” nan Bondye?

  • Pase videyo “Pure and Simple Faith” la nan (LDS.org), epi mande timoun yo kijan nènfi a te mache pa lafwa. Pataje yon eksperyans kote ou te gen lafwa nan Bondye. Envite timoun yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè avèk mache pa lafwa.

2 Korentyen 7:8–11

Tristès selon Bondye mennen nan repantans.

Se tou natirèl pou timoun yo santi yo wont oubyen jennen lè yo kenbe yo ap fè yon bagay ki pa bon. Ede yo fè distenksyon ant santiman sa yo ak tristès ki mennen nan vrè repantans lan.

Aktivite posib

  • Eksplike ke nan 2 Korentyen 7:8–11, Pòl fè referans ak lèt li te ekri Sen yo anvan sa a, kote l te bravman avèti yo kont peche. Li vèsè yo fò. Poukisa Pòl te kontan paske Sen yo te santi yo tris? Fè timoun yo remake ke kalite tristès sa a rele tristès selon Bondye.

  • Mande yo pou yo fèmen je yo epi panse ak yon moman kote yo te fè yon bagay ki pa t bon epi yo te santi yo malalèz poutèt sa. Envite yo pou yo mande tèt yo: “Poukisa m te santi m malalèz la?” Ekri sou tablo a kèk nan rezon k fè moun pa santi yo byen lè yo fè yon bagay ki pa bon, tankou “M te pè pou yo pa t pini m” oubyen “M te wont pou sa moun t ap panse de mwen” oubyen “M te konnen ke m te desi Pè Selès.” Kiyès nan repons sa yo sou tablo a ki sanble l se “tristès selon Bondye”? Poukisa tristès selon Bondye pi bon pase tout lòt tristès nou ka santi lè nou fè yon bagay ki pa bon?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Di timoun yo ke yo ka fè youn nan aktivite yo te fè nan klas la jodia avèk fanmi yo lakay yo, petèt pandan yon sware familyal.

Amelyore ansèyman nou

Afiche yon ekriti. Chwazi yon vèsè ekriti ou twouve k enpòtan epi afiche l nan klas la kote timoun yo ap wè l souvan. Petèt yo chak ka pran tou pa yo pou yo chwazi yon ekriti pou yo afiche.

Enprime