Vini, Suiv Mwen
2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se Bondye lapè’


“2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se yon Bondye lapè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Fon batismo tanp

2–8 Septanm

1 Korentyen 14–16

“Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se yon Bondye lapè“

Pandan w ap li 1 Korentyen 14–16 la, Sentespri a ap ede w konn sa pou w anseye timoun nan klas ou yo. Repase plan leson sa a pou w ka jwenn ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou gen dwa leson semèn sa a nan li 1 Korentyen 14:26 la fò. Fè remake ke lè nou reyini nan legliz la, nou ka edifye (oubyen fòtifye ak ede lòt) lè nou pataje. Kisa timoun yo ka pataje pou edifye yon moun nan klas la jodia?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

1 Korentyen 15:12–22

M ap ka viv avèk Pè Selès la apre m fin mouri paske Jezikri te resisite.

Kijan w ka anseye timoun nan klas ou yo ke, paske Jezikri te resisite, nou ka viv ankò.

Aktivite posib

  • Repete fraz sa a plizyè fwa avèk yo: “Nan Kris la tout moun ap reviv” (1 Korentyen 15:22). Montre foto Sovè resisite a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) a. Eksplike ke nou tout ap gen pou n mouri yon jou, men, paske Jezi te resisite, nou tout ap retounen a lavi apre nou fin mouri.

  • Itilize yon leson objè tankou sa a pou n anseye sou Rezirèksyon an: Montre timoun yo yon manto, ki reprezante kò fizik nou. Lè nou vivan, espri nou nan kò nou, epi kò nou ka bouje (mete manto a la sou ou). Lè nou mouri, espri nou kite kò fizik nou, epi kò a pa ka bouje ankò (retire manto a epi mete l sou yon tab oubyen sou yon chèz pou reprezante yon kò ki san espri li). Lè nou resisite, espri nou retounen nan kò nou (mete manto a sou ou ankò), epi yo p ap janm separe ankò. Fè timoun yo mete manto a youn apre lòt epi pou yo retire l pandan yon lòt ap eksplike kisa k pase lè nou resisite.

1 Korentyen 15:29

M ka batize pou moun ki mouri.

Timoun w ap anseye yo ka prepare yo kounyeya pou yo ale nan tanp pou yo ka batize pou mò lè yo gen 12 zan. Pòl mansyone doktrin enpòtan sa a nan lèt li te voye bay Korentyen yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a kèk bagay yo pa ka fè pou tèt pa yo (tankou pote yon bagay lou oubyen pran yon bagay sou yon etajè ki wo). Kiyès ki ede yo fè bagay sa yo? Montre foto youn nan zansèt ou yo ki te mouri san l pa t batize. Pale yo de moun sa a, epi eksplike ke moun sa a pa ka batize san èd yon lòt moun sou tè a.

  • Mande yo si yo gen manm nan fanmi yo ki konn al nan tanp pou fè batèm pou mò yo. Montre foto fon batismo yon tanp. Èske yo konn sa k pase ladan? Eksplike yo ke nan tanp lan nou ka batize pou moun ki te mouri san yo pa t batize. Apresa, moun sa yo ka chwazi si y ap aksepte batèm nan.

1 Korentyen 15:40–41

Pè Selès la vle m viv avèk li nan wayòm selès la.

Kijan w ka anseye timoun yo sou wayòm selès, terès, ak telès? Aktivite sa yo ka ede.

Aktivite posib

  • Ekri selès, terès, ak telès sou tablo a. Ede timoun yo aprann di tèm sa yo.

  • Montre yo foto solèy, lilin, ak zetwal. Kiyès ki briye pi plis? Li 1 Korentyen 15:40–41 pou timoun yo (gade Joseph Smith Translation, 1 Korentyen 15:40, referans a) tou. Eksplike yo ka solèy la, lalin nan, ak zetwal yo reprezante wayòm nou ka viv apre nou fin resisite. Nan wayòm selès la, nou ka viv avèk Pè Selès la.

  • Fè desen solèy la sou tablo a epi mete ti moso papye, oubyen tras pye atè a k ap mennen nan solèy la. Chak papye ka reprezante yon bagay nou bezwen fè pou n ka antre nan wayòm selès la (gade DA 76:50–53). Fè timoun yo pataje ide yo epi fè pa nan direksyon wayòm selès la.

Imaj
leve solèy

Pòl konpare laglwa selès la avèk solèy la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

1 Korentyen 15:12–22

Gras ak Jezikri ak Rezirèksyon l lan, m ap resisite.

Èske timoun w ap anseye yo konprann enpòtans Rezirèksyon Jezikri a? Ide sa yo ka ede.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo pran tou pa yo pou li vèsè ki nan 1 Korentyen 15:12–22 yo, pandan y ap chèche repons pou kesyon “Kisa k t ap pase si pa t gen rezirèksyon?” an.

  • Envite yo pou yo jwe wòl sou fason pou eksplike yon moun rezirèksyon an. Pou ide, gade mesaj Thomas S. Monson nan “Mrs. Patton—the Story Continues” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 21–24). Gade videyo “Until We Meet Again” nan tou (LDS.org). Rann temwayaj ou konsènan Rezirèksyon Kris la.

1 Korentyen 15:12–13, 20–22, 29

M ka prepare pou m ale nan tanp pou m fè batèm pou mò yo.

Lè timoun yo vin gen 12 zan, yo ka resevwa yon rekòmandasyon tanp epi yo ka al fè batèm pou mò yo nan tanp. Kijan w ka ede yo prepare yo?

Aktivite posib

  • Li 1 Korentyen 15:29. Kisa Sen nan epòk Pòl yo te konn fè ke nou fè tou jodia?

  • Mande timoun yo poukisa nou batize pou mò yo. Si nesesè, eksplike yo ke anpil nan zansèt nou yo pa t gen opòtinite pou yo te batize ak konfime nan lavi sa a. Nan tanp lan, nou ka batize ak konfime pou yo.

  • Kèlke jou anvan klas la, mande paran youn nan timoun yo pou l vini prepare pou pale de ab jeneyalojik li, oubyen pou l rakonte yon istwa sou yon zansèt. Ou gen dwa pale de zansèt pa w tou.

  • Envite yon manm nan episkopa a pou l pataje kèk bagay timoun yo ka fè pou yo ka rete diy pou yo antre nan tanp. Mande timoun yo kisa yo ka fè pou yo ka sonje pou yo fè bagay sa yo. Ekri sigjesyon yo sou tablo a. Envite yo pou yo fikse bi pou yo al nan tanp yon jou.

1 Korentyen 15:40–41

Apre m fin resisite, m ap ka viv nan wayòm selès la.

Pou l te anseye Korentyen yo sou kò n ap resevwa nan Rezirèksyon an, Pòl te mansyone twa degre laglwa: selès, terès, ak telès.

Aktivite posib

  • Li 1 Korentyen 15:40–41 epi envite yon timoun pou l desine yon solèy, yon lalin, ak yon zetwal sou tablo a. Mande manm klas yo pou yo idantifye ki kalite kò resisite chak desen reprezante.

  • Chante yon kantik sou tanp ansanm, tankou “Je demeure dans un temple” (Chants pour les enfants, 153). Kisa kantik sa a anseye nou sou prepare pou n al viv nan wayòm selès la?

  • Eksplike ke Joseph Smith te fè yon vizyon kote l te wè twa wayòm ki te koresponn avèk kò Pòl dekri yo. Ede timoun yo jwenn fraz nan Doktrin ak Alyans 76:50–53, 70; 76:71–79; 76:81–82 ki dekri twa wayòm sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo mande paran yo pou rakonte yo yon istwa sou youn nan zansèt yo. Yo gen dwa pataje istwa a avèk klas la nan semèn apre a.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje timoun yo pou yo poze kesyon. “Efòse w pou w konsidere kesyon [timoun yo] kòm opòtinite, non pa kòm distraksyon oswa obstak pou leson w lan. … Kesyon sa yo ba w ide valab sou sa timoun yo ap panse, sou ki pwoblèm yo genyen, ak kijan y ap reyaji ak sa y ap aprann yo. Ede yo wè ke yo ka jwenn repons pou kesyon yo genyen yo nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 25–26).

Enprime