Vini, Suiv Mwen
2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men li se yon Bondye lapè’


“2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men li se yon Bondye lapè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Fon batismo nan yon tanp

2-8 Septanm

1 Korentyen 14-16

“Bondye pa yon Bondye konfizyon, men li se yon Bondye lapè“

Ekri enpresyon w resevwa pandan w ap li 1 Korentyen 14–16 la. Priye sou sa Lespri a anseye ou, epi mande Pè Selès la si gen plis bagay li ta renmen w aprann.

Ekri enpresyon ou

Etandone Legliz la ak doktrin ni an te relativman nouvo nan Korent, sa konpreyansib ke Sen Korentyen yo te nan konfizyon. Pòl te anseye yo verite fondamantal levanjil la anvan sa: “Ke Kris la te mouri pou peche nou… epi yo te antere li, epi l te leve ankò nan twazyèm jou a” (1 Korentyen 15:3–4). Men, gen kèk manm ki te vit kòmanse anseye ke “pa gen rezirèkson pou mò yo” (1 Korentyen 15:12). Pòl te enplore yo pou yo “sonje” verite l te anseye yo (1 Korentyen 15:2). Lè nou rankontre opinyon kontrè konsènan verite levanjil yo, li ta bon pou nou sonje “Bondye pa yon Bondye konfizyon, men li se yon Bondye lapè” (1 Korentyen 14:33). Koute sèvitè otorize Senyè a yo epi kenbe fèm nan verite senp yo toujou ap anseye nou yo kapab ede nou jwenn lapè ak “kanpe fèm nan lafwa” (1 Korentyen 16:13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Korentyen 14

M ka chèche don pwofesi a.

Èske w janm mande w kisa don pwofesi a ye? Èske se kapasite pou predi lavni? Èske nenpòt moun ka resevwa don sa a? Oubyen èske se sèlman pou pwofèt yo l ye?

Prezidan Legliz la se sèl moun ki ka pwofetize epi resevwa revelasyon pou tout Legliz la; men, Gid ekriti yo defini pwofesi kòm “pawòl oubyen ekri divinman enspire, ke yon moun resevwa atravè revelasyon nan men Sentespri a. … Lè yon moun pwofetize, li pale oubyen l ekri sa Bondye vle l konnen, pou pwòp byen pa li oubyen pou byen lòt moun” (Gid ekriti yo, “Pwofesi,” scriptures.lds.org; gade DA 100:5–8 tou). Revelasyon 19:10 defini lespri pwofesi a kòm “temwayaj Jezi” tou.

Kisa w aprann sou don spirityèl sa a nan 1 Korentyen 14:3, 31, 39–40 la? Kisa Pòl dwe te vle di lè l te envite Korentyen yo pou yo “chèche gen don pwofesi a”? (1 Korentyen 14:39). Kijan w ka aksepte envitasyon sa a?

Gade Resansman 11:24–29; Jakòb 4:6–7; Alma 17:3; Doktrin ak Alyans 11:23–28.

1 Korentyen 14:34–35

Poukisa Pòl te di medàm yo ta dwe rete an silans nan legliz la?

Ansèyman Pòl yo nan 1 Korentyen 14:34–35 la ka sanble l gen konfizyon, paske anvan sa, nan menm epit sa a, li te ekri ke fi yo te priye epi yo te pwofetize (gade 1 Korentyen 11:5). Tradiksyon Joseph Smith la ranplase mo pale a nan vèsè 34 ak 35 la pa mo gouvène. Klarifikasyon sa a sigjere ke Pòl te petèt fè referans a fi ki t ap eseye pran otorite nan reyinyon Legliz yo. (Gade 1 Timote 2:11–12 tou.)

Gade “Fi yo nan Legliz la” Gospel Topics, topics.lds.org.

1 Korentyen 15:1–34, 53–58

Jezikri te gen laviktwa sou lanmò.

Rezirèksyon Jezikri a si fondamantal nan Krisyanis la ke yon moun ta ka di san li, pa gen Krisyanis —pou n itilize pawòl Pòl yo, “enben, predikasyon nou an initil, epi lafwa nou initil tou” (1 Korentyen 15:14). Men, kèk nan Sen Korentyen yo t ap anseye ke pa t ap gen “rezirèksyon pou mò yo” (1 Korentyen 15:12). Pandan w ap li repons Pòl la nan 1 Korentyen 15 la, pran yon moman pou w medite sou kijan lavi w t ap diferan si w pa t kwè nan Rezirèksyon an. Ki fason sa se yon benediksyon pou ou? Ki benediksyon w ap resevwa paske Jezikri te resisite? (gade 2 Nefi 9:6–19; Alma 40:19–23; Doktrin ak Alyans 93:33–34). Kisa fraz ki di “Si Kris la pa resisite, enben, lafwa nou initil” la vledi pou ou? (vèsè 17).

1 Korentyen 15:35–54

Kò resisite yo diferan de kò mòtèl yo.

Èske w janm konn mande tèt ou a kisa yon kò resisite sanble? Selon 1 Korentyen 15:35, gen kèk Korentyen ki t ap poze tèt yo menm kesyon an tou. Li repons Pòl te bay nan vèsè 36–54 la, epi note mo ak fraz ki dekri diferans ant kò mòtèl ak kò resisite yo. Paregzanp, vèsè 40–42 a anseye ke kò resisite yo ap briye nan laglwa nan degre diferan, tou kòm solèy la, lalin nan, ak zetwal yo diferan nan ekla yo (gade Tradiksyon Joseph Smith, 1 Korentyen 15:40; DA 76:50–112 tou).

Gade Alma 11:43–45; Lik 24:39 tou.

Imaj
solèy leve

“Laglwa solèy la se youn” (1 Korentyen 15:41).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

1 Korentyen 15:29

Nou aprann nan vèsè 29 la ke ansyen Sen yo te patisipe nan batèm pou mò, menmjan nou fè nan Legliz la jodia. Nan ki pwen nou ye antanke fanmi nan prepare non zansèt nou yo pou òdonans tanp yo? Gade “Batèm pou mò yo,” Gospel Topics, topics.lds.org tou.

1 Korentyen 15:35-54

Ki objè oubyen imaj ou ta ka montre pou ede manm fanmi ou konprann kèk nan tèm Pòl itilize pou dekri fason kò mòtèl yo diferan de kò resisite yo? Paregzanp, pou demontre diferans ant koriptib ak enkoriptib (gade vèsè 52–54) ou ta ka montre yo metal ki wouye (tankou fè, paregzanp) ak metal ki pa wouye (tankou asye inoksidab). Oubyen ou ta ka konpare yon bagay fèb avèk yon bagay puisan (gade vèsè 43).

1 Korentyen 15:55-57

Yon diskisyon sou vèsè sa yo ka espesyalman siyifikan si fanmi w konn yon moun ki mouri. Manm fanmi yo ka rann temwayaj sou fason Jezikri retire “epin lanmò a” (vèsè 56). Mesaj Èldè Paul V. Johnson nan “Epi p ap gen lanmò ankò” a (Ensign oswa Liahona, Me 2016, 121–23) la ta ka yon bon adisyon pou diskisyon w lan.

1 Korentyen 16:13

Pou ede manm fanmi yo konprann vèsè sa a, ou gen dwa desine yon sèk atè a epi mande yon manm nan fanmi an pou “kanpe fèm” andedan li ak je l bande pandan ke lòt yo ap eseye rale l soti nan sèk la. Ki diferans sa fè lè manm fanmi an ki nan sèk la pa gen je l bande epi l ka “gade”? Kisa nou ka fè pou n “kanpe fèm” nan lavi nou lè nou gen tantasyon pou nou fè move chwa?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche modèl. Nan ekriti yo, n ap jwenn modèl ki montre kijan Senyè a fè travay li. Ki modèl ou jwenn nan 1 Korentyen 14 la ki ede nou konprann kijan pou nou youn anseye ak edifye lòt? Gade DA 50:13–23 tou.

Imaj
Kris la parèt devan Mari nan tonb nan jaden an

Madanm, poukisa w ap kriye? pa Simon Dewey

Enprime