Vini, Suiv Mwen
16–22 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan’


“16–22 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“16–22 Septanm. 2 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezi ap pale avèk yon timoun piti

16-22 Septanm

2 Korentyen 8–13

“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”

Ekri enpresyon spirityèl ou yo ap ede w sonje sa w ap aprann pandan etid ekriti w la. Ou gen dwa ekri nan yon jounal, ekri nòt nan maj ekriti yo, ajoute nòt nan app Bibliyotèk Levanjil la, oubyen fè yon enrejistreman odyo sou sa w panse.

Ekri enpresyon ou

Kisa w t ap fè si w ta tande yon kongregasyon Sen nan yon lòt zòn t ap lite anba pòvrete? Sa sete sitiyasyon Pòl te dekri Sen Korentyen yo nan 2 Korentyen 8–9 la. Li te espere pèsyade Sen nan Korent yo pou yo te bay nan abondans yo te genyen pou Sen k te nan bezwen yo. Men, odela demann pou bay don an, pawòl Pòl yo gen kèk verite pwofon osijè bay tou: “Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan” (2 Korentyen 9:7). Nan epòk pa nou an, toujou gen Sen atravè tout mond lan ki bezwen èd. Pafwa, pi gwo bagay nou ka fè pou yo se jene epi bay don jèn. Nan kèk lòt ka, don nou an ka pi dirèk epi pi pèsonèl. Kèlkeswa fòm sakrifis nou an ka pran, sa vo lapèn pou nou egzamine kisa k motive nou pou nou bay la. Èske sakrifis nou an se yon ekspresyon lanmou? Apretou, se lanmou ki fè moun k ap bay la kontan.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Korentyen 8:1–15; 9:5–15

Mwen ka pataje sa m genyen jwayezman pou fè byen pou pòv yo ak moun ki nan bezwen.

Gen anpil moun ki nan bezwen nan tout mond lan. Kijan nou ka fè yon diferans? Èldè Jeffrey R. Holland te bay konsèy sa a: “Rich oubyen pòv, nou dwe ‘fè tout sa n kapab’ lè lòt moun nan bezwen [gade Mak 14:6, 8]. … [Bondye] ap ede w epi gide w nan zak disip konpatisan w yo si w vrèman anvi respekte yon kòmandman li ba nou san rete, epi si w priye epi w sensèman chèche fason pou w fè sa” (“Èske nou tout se pa mandyan nou ye?” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 41).

Li 2 Korentyen 8:1–15; 9:6–15, pandan w ap pran nòt sou prensip Pòl te anseye sou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo. Kisa k enspire w nan konsèy Pòl la? Ou gen dwa priye pou w jwenn direksyon pou w ka konn kisa w ka fè pou ede yon moun ki nan bezwen. Asire w ke w ekri tout enpresyon ou resevwa epi suiv yo.

Gade Mozya 4:16–27; Alma 34:27–29; Henry B. Eyring, “Is Not This the Fast That I Have Chosen?” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 22–25; Linda K. Burton, “I Was a Stranger,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 13–15.

2 Korentyen 11

Fo pwofèt yo chèche twonpe moun.

Sa ta ka ede si w ta konprann chapit sa a pou w konnen ke gen “fo apot” ki te leve pami Sen nan Korent yo (2 Korentyen 11:13). Kisa w aprann nan vèsè 13–15 yo sou moun k ap anseye fos doktrin yo? Kisa w aprann sou vrè pwofèt yo pandan w ap li eksperyans Pòl kòm sèvitè Kris la? (gade vèsè 23–33

2 Korentyen 11:3; 13:5–8

M dwe “egzamine” fidelite m nan levanjil Jezikri a.

Paske jodia gen anpil moun k ap chèche detounen nou “de senplisite ki nan Kris la” (2 Korentyen 11:3), ou gen dwa aksepte envitasyon Pòl la pou “egazamine [tèt ou], pou w konn si w nan lafwa a” (2 Korentyen 13:5). Paregzanp, ou gen dwa medite sou sa w ka eliminte nan lavi w ki ap ede w konsantre sou Kris la, oubyen ou gen dwa fè “Aktivite konsènan vèti” a ki nan Preche levanjil mwen an, paj 137.

2 Korentyen 12:2–4

Kisa k “twazyèm syèl la,” epi kiyès moun sa a ki te “anlve al ladan” l lan?

Nan vèsè sa yo, Pòl t ap pale de tèt li, san mansyone tèt li dirèkteman—petèt pou l te evite vante tèt li pou vizyon remakab sa a. Fraz “twazyèm syèl la” fè referans ak wayòm selès la (gade DA 76:96–98).

2 Korentyen 12:5–10

Gras Sovè a ase pou ede m jwenn fòs nan feblès mwen.

Nou pa konn kisa “pikan nan flèch” Pòl la te ye, men, li fasil pou n mete nou nan plas li nan zafè retire dezi a. Nou tout gen difikilte ak pwoblèm Senyè a pa jije bon pou l retire nan lavi nou. Panse sou pwòp pwoblèm pa ou pandan w ap li 2 Korentyen 12:5–10 la. Kisa Pòl te anseye sou feblès? Selon oumenm, kisa sa vledi gras Bondye sifi pou ou? Èske w konn fè eksperyans pouvwa Bondye pou bay fòs la?

Gade Mozya 23:21–24; 24:10–15; Etè 12:27; Mowoni 10:32–33.

2 Korentyen 13:1

Kisa Pòl te vledi lè l te pale de “de oubyen twa temwen” an?

Nan epòk Ansyen Testaman an, yo te mande pou gen de oubyen twa temwen pou pote yon akizasyon kont yon moun (gade Detewonòm 19:15). Pòl te site pratik sa a lè l te fè referans ak twazyèm vizit li nan Korent la. Kèk egzanp modèn sou prensip plizyè temwen sa a enkli Twa Temwen Liv Mòmon yo, temwayaj konsènan Jezikri ki nan Bib la ak Liv Mòmon an, ak pratik misyonè, sèvis pastoral sè yo ak frè yo k ap temwaye an ekip.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

2 Korentyen 8–9

Kisa w jwenn nan chapit sa yo ki enspire fanmi w pou yo lonje lamen bay pòv ak moun ki nan bezwen? Se ka yon bon okazyon pou w planifye yon pwojè sèvis an fanmi pou yon moun ki nan bezwen.

2 Korentyen 9:6–7

Èske fanmi w konn yon moun yo ta ka dekri kòm yon “moun ki bay ak kè kontan”? Kijan nou ka rann lòt moun sèvis avèk plis lajwa?

2 Korentyen 10:3–7

Kijan w ka anseye fanmi w sou “konba” kont mechanste a? Èske yo t ap kontan bati yon mi oubyen yon fò avèk chèz ak dra? Sa ta ka mennen yon diskisyon sou fason pou n rejte bagay ki detounen nou de Bondye yo epi “pou [mennen] tout panse nou kaptif nan obeyisans nan Kris la.” Ki “zàm” espirityèl nou itilize pou n kontwole panse nou? (gade Efezyen 6:11–18).

2 Korentyen 11:3

Kisa fanmi w ka fè pou yo konsantre yo plis sou “senplisite ki nan Kris la”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Ekri enpresyon ou. Èldè Richard G. Scott te di: “Yon konesans ki byen konsève se you konesans ki disponib nan moman bezwen. … Si w [ekri direksyon w resevwa nan men Lespri a] sa ap ogmante chans pou w resevwa pi plis limyè” (“Acquiring Spiritual Knowledge,” Ensign, Nov. 1993, 88; gade Anseye nan fason Sovè a, 1230 tou).

Imaj
jèn moun k ap ede nan yon pwojè sèvis

“Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan” (2 Korentyen 9:7).

Enprime