Vini, Suiv Mwen
26 Out–1 Septanm. 1 Korentyen 8–13: ‘Nou se kò Kris la’


“26 Out–1 Septanm. 1 Korentyen 8–13: ‘Nou se kò Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“26 Out–1 Septanm. 1 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
reyinyon sentsèn

26 Out–1 Septanm 

1 Korentyen 8-13

“Nou se kò Kris la“

Pandan w ap li 1 Korentyen 8–13 la, Sentespri a ka pale avèk ou nan fason diskrè (gade 1 Wa 19:11–12). Si w ekri enpresyon sa yo, sa ap ede w raple w sa w te panse ak sa w te santi pandan etid ou a.

Ekri enpresyon ou

Nan epòk Pòl la, Korent sete yon kafou komèsyal byen rich ki te gen moun ki te soti toupatou nan Anpi Women an. Avèk si anpil kilti ak relijyon diferan konsa nan peyi a, manm Legliz nan Korent yo t ap lite pou yo te kenbe inite; konsa, Pòl t ap chèche ede yo jwenn inite nan kwayans yo nan Kris la. Inite sa a te dwe plis pase senpleman abite ansanm nan lapè; Pòl pat ap mande yo pou youn te senpleman tolere diferans lòt. Olyesa, li te anseye ke lè nou antre nan Legliz Jezikri a, nou “batize pou n vin fòme yon sèl kò,” epi chak pati nan kò sa a nesesè (1 Korentyen 12:13). Lè yon manm pèdi, se kòmsi nou pèdi yon manm nan kò a, epi kò a vin pi fèb kòm rezilta. Lè yon manm ap soufri, nou tout dwe santi l epi fè pati pa nou pou n soulaje li. Nan kalite inite sa a, nou pa sèlman rekonèt diferans yo men nou apresye yo tou, paske san manm ki gen plizyè kalite don ak kapasite, kò a t ap limite. Konsa, keseswa ou toujou santi w lakay ou nan Legliz la oubyen w ap mande tèt ou si w vrèman apatni nan Legliz la, mesaj Pòl genyen pou ou sèke inite pa vledi inifòm. Ou bezwen lòt manm yo, epi lòt manm yo bezwen ou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Korentyen 10:1–13

Bondye bay yon mwayen pou n reziste anba tantasyon.

Eksperyans spirityèl, menm sa k mirakile yo, pa egzante nou anba tantasyon ki se bagay ki “komen pou lòm” (1 Korentyen 10:13). Se petèt youn nan rezon k fè Pòl te ekri sou Izrayelit nan epòk Moyiz yo ki t ap lite anba tantasyon, malgre ke yo te wè anpil mirak puisan (gade Egzòd 13:21; 14:13–31). Pandan w ap li 1 Korentyen 10:1–13 la, ki avètisman nan eksperyans Izrayelit yo ki sanble yo aplike pou ou? Ki kalite mwayen pou “reziste” anba tantasyon Pè Selès la ba nou? (gade Alma 13:27–30; 3 Nefi 18:18–19 tou).

1 Korentyen 10:16–17; 11:16–30

Sentsèn ini nou antanke disip Kris la.

Malgre òdonans sentsèn nan enplike yon angajman pèsonèl ant yon moun avèk Senyè a, li se yon eksperyans nou pataje avèk lòt tou—nou prèske toujou pran sentsèn nan ansanm, antanke yon asanble Sen. Li kisa Pòl te anseye sou sentsèn nan, epi panse sou fason òdonans sakre sa a ka ede “anpil” moun vin fè “youn” nan Kris la (1 Korentyen 10:17). Kijan w ka jwenn fòs nan pran sentsèn avèk lòt kwayan yo? Kijan sa ap enfliyanse fason ou prepare w pou sentsèn nan ak fason w ap eseye kenbe alyans batèm ou yo?

 1 Korentyen 11:3-15

Poukisa Pòl te ekri osijè chapo ak kwafi?

Li fè referans ak koutim kiltirèl sou abiye ak aparans yo pou l te ka anseye sou relasyon ant gason, fi, ak Senyè a. Byenke nou pa suiv koutim sa yo jodia, nou ka toujou aprann nan deklarasyon Pòl la nan 1 Korentyen 11:11 la ke ni gason ni fi nesesè nan plan Senyè a, ak nan maryaj ak nan Legliz la. Èldè David A. Bednar te anseye: “Gason ak fi kreye pou youn aprann nan men lòt, pou youn ranfòse, beni, ak konplete lòt” pandan y ap pwogrese ansanm al nan egzaltasyon (“We Believe in Being Chaste,” Ensign oswa Liahona, Me, 2013, 42; gade Mak 10:6–9).

1 Korentyen 12-13

Yo ba nou don spirityèl yo pi byen tout piti Pè Selès yo.

Lis don spirityèl ki nan 1 Korentyen 12–13 yo pa konplè. Men li se yon bon pwen depa pandan w ap idantifye ak medite sou don espirityèl Pè Selès la ba ou yo. Atik “Don spirityèl” la nan Sijè Levanjil yo (topics.lds.org) ka ede w konprann don sa yo pou byen. Ou gen dwa ajoute sou lis don Pòl la sa w remake nan lòt moun, nan oumenm, oubyen nan moun nan ekriti yo. Si w gen benediksyon patriyakal ou, li gen dwa mansyone kèk nan don spirityèl ou yo tou. Kijan don sa yo ede nou bati wayòm Bondye a? Reflechi sou sa w pral fè pou w “onètman chèche pi bon don yo” (1 Korentyen 12:31).

Gade Mowoni 10:8–21, 30; Doktrin ak Alyans 46:8–26; Atik Lafwa 1:7.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, chèche enspirasyon pou w ka reponn bezwen yo. Sigjesyon sa yo kapab ede:

1 Korentyen 9:24–27

Puiske Pòl konpare viv levanjil la avèk yon kous, ou gen dwa fè fanmi an fè yon kous pou ilistre pwen l la. Bay tout moun ki fini kous la yon pyès kòb kòm rekonpans, epi eksplike yo ki fason tout moun ki suiv Jezikri ak dilijans nan lavi sa a ap merite pri “enkoriptib” la (1 Korentyen 9:25; gade 2 Timote 4:7–8 tou). Kisa yon chanpyon kous ka fè pou prepare l pou yon kous? Menmjan tou, kisa nou ka fè pou prepare nou pou n retounen al jwenn Pè Selès la?

Imaj
atlèt k ap fè kous

Pòl konpare viv levanjil la avèk fè yon kous.

1 Korentyen 12:1–11

Panse pou w bay chak moun yon moso papye avèk non yon lòt manm fanmi an ekri nan tèt la. Mande chak moun pou fè lis don spirityèl yo remake moun sa a genyen. Apresa, ou gen dwa fè papye yo sikile jiskaske chak moun gen yon chans pou ekri osijè don chak manm nan fanmi an genyen.

1 Korentyen 12:3

Poukisa Sentespri a nesesè pou n akeri yon temwayaj konsènan Jezikri? Kisa nou ka fè pou n envite Sentespri a pou fòtifye temwayaj nou konsènan li?

1 Korentyen 12: 12-27

Analoji Pòl la sou yon kò a ta ka yon fason memorab pou n diskite sou inite familyal. Paregzanp, manm fanmi yo ta ka eseye desine yon kò ki gen zye oubyen zòrèy sèlman (gade vèsè 17). Kisa vèsè sa yo di sou fason nou chak dwe trete lòt antanke manm yon fanmi?

1 Korentyen 13:4–8

Definisyon Pòl sou charite a ta ka yon deviz enspiran pou fanmi ou. Ou gen dwa bay chak manm fanmi an tach pou yo etidye yon fraz nan vèsè 4–8 la epi anseye rès fanmi an kisa sa vledi kote y ap itilize definisyon, egzanp, ak eksperyans pèsonèl. Nan ki fason Sovè a se yon egzanp sou kalite sa yo? Ou gen dwa fè kèk afich ansanm tou pou chak nan fraz sa yo epi mete yo nan tout kay la. Se pou w kreyatif!

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Montre yon ekriti. Chwazi yon vèsè ou twouve ki enpòtan, epi afiche l kote manm fanmi yo ka wè l souvan. Envite lòt manm fanmi yo pou chak pran tou pa yo pou chwazi yon ekriti pou yo afiche.

Imaj
reyinyon sentsèn

“Pen kase nou pran an, èske se pa kominyon kò Kris la? Paske, menmsi nou se plizyè, nou fòme yon sèl kò” (1 Korentyen 10:16–17).

Enprime