Vini, Suiv Mwen
19–25 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se pou nou pafètman ini ansanm’


“19–25 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se pou nou pafètman ini ansanm’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“19–25 Out. 1 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Korent

Korent, Sid la Grèce, Fowòm nan ak Sant Sivik la, tablo Balage Balogh

19-25 Out.

1 Korentyen 1–7

”Se pou nou pafètman ini ansanm”

Ekri enpresyon ou pandan w ap li 1 Korentyen 1–7 la. Enpresyon sa yo ka enkli enspirasyon pou w etidye yon ide pi plis, pou w pataje yon bagay ou aprann, oubyen pou w fè chanjman nan lavi w.

Ekri enpresyon ou

Pandan mwa Pòl te pase nan Korent yo, “plizyè Korentyen ki t ap koute [li] te kwè, epi yo te batize” (Travay 18:8). Konsa, siman sa dwe te tris pou Pòl lè l te tande, jis kèlke ane sèlman, ke te gen “divizyon” ak “kontansyon” pami Sen Korentyen yo epi pandan l pa t la a, yo te kòmanse suiv “sajès mond lan” (1 Korentyen 1:10–11, 20). Kòm repons, li te ekri lèt nou rele 1 Korentyen an kounyeya. Li ranpli ak doktrin pwofon, epi, an menm tou, Pòl sanble l te desi dèske Sen yo pa t pare pou yo te resevwa tout doktrin li te vle anseye yo. Li te plenyen: “Pou mwen menm, frè m yo, m pa t ka adrese nou antanke moun spirityèl, men antanke moun chanèl” (1 Korentyen 3:1–3). Pandan n ap prepare pou nou li pawòl Pòl yo, li ta bon pou n ta egzamine pwòp dispozisyon pa nou pou n resevwa verite a—enkli dezi nou pou n koute Lespri a e efòse nou pou n gen inite nan fanmi nou, avèk manm Legliz yo, epi avèk Bondye.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Korentyen 1:10–17; 3:1–11

Manm Legliz Kris yo ini yo ansanm.

Nou pa konn tout detay sou mank inite pami Sen Korentyen yo men, nou konn sa k rele mank inite nan pwòp relasyon pa nou. Panse a yon relasyon nan lavi w ki ta ka benefisye de plis inite; ep apresa, chèche kisa Pòl anseye nan 1 Korentyen 1:10–17; 3:1–11 la sou mank inite pami Sen Korentyen yo. Ki ide w ka jwenn sou fason pou devlope pi gran inite avèk lòt moun?

Gade Mozya 18:21; 4 Nefi 1:15–17; Doktrin ak Alyans 38:23–27; 105:1–5; “Inite,” Gospel Topics, topics.lds.org tou.

1 Korentyen 1:17–312

Pou akonpli travay Bondye a, m bezwen sajès Bondye.

Byenke sa bon—e menm rekòmande—pou n chèche sajès tout kote nou ka jwenn ni (gade 2 Nefi 9:29; DA 88:118), Pòl mete nou angad byen fèm, kont sajès enpafè lòm, sa l rele “sajès mond lan.” Pandan w ap li 1 Korentyen 1:17–25 la, reflechi sou siyifikasyon fraz sa a. Kisa w panse Pòl te vledi lè l te pale de “sajès Bondye”? Poukisa nou bezwen sajès Bondye pou n akonpli travay Bondye?

Nan efò nou pou n ranpli responsablite nou nan akonpli travay Bondye a, èske nou konn santi yon sansasyon “laperèz, ak … gwo tranble” Pòl te santi lè l t ap anseye Sen Korentyen yo? (1 Korentyen 2:3). Kisa w jwenn nan vèsè 1–5 yo ki ba w kouraj? Panse sou fason w ka montre ke gen plis konfyans nan “pouvwa Bondye” pase nan “sajès lèzòm.”

Gade Doktrin ak Alyans 1:17–28 tou.

1 Korentyen 2:9–16

M bezwen Sentespri a pou m ka konprann bagay Bondye yo.

Si w ta anvi aprann plis sou yon bagay tankou mekanik otomobil oubyen achitekti medyeval, kijan w t ap fè sa? Selon 1 Korentyen 2:9–16, kijan aprann “bagay Bondye yo” diferan avèk aprann “bagay lèzòm”? Poukisa nou dwe gen Sentespri a pou n ka konprann bagay Bondye yo? Lè w fin li vèsè sa yo, kisa w santi w ta dwe fè pou w ka pi byen konprann bagay spirityèl yo? Nan ki fason pawòl Pòl yo ta ka ede yon moun k ap lite avèk temwayaj li?

1 Korentyen 6:13–20

Kò m se bagay ki sakre.

Pifò nan moun Korent yo te panse ke imoralite seksyèl te akseptab epi kò yo te fèt prensipalman pou yo te pran plezi yo. Otremandi, Korent pa t twò diferan avèk mond jodia. Kisa Pòl te anseye nan 1 Korentyen 6:13–20 ki ka ede w eksplike lòt moun rezon k fè nou mennen yon lavi chastete?

Li ta bon tou pou w gade kijan Sè Wendy W. Nelson, menmjan ak Pòl, te ankouraje Sen yo pou yo chas nan diskou l la ki rele “Lanmou ak marya” la (Devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 8, 2017, broadcasts.lds.org). Nan ki fason verite sou lanmou ak entimite Sè Nelson dekri yo diferan avèk mesaj mond lan ap bay yo.

Gade Women 1:24–27; “Chastete,” Gospel Topics, topics.lds.org tou.

11 Korentyen 7:29-33

Èske Pòl te anseye ke l pi bon pou yon moun pa marye pase pou l marye?

Plizyè vèsè nan 1 Korentyen 7 la sanble yo sigjere ke, pandan maryaj akseptab la, li ta preferab pou yon moun ta rete selibatè epi elwanye l totalman de tout relasyon seksyèl. Sepandan, Tradiksyon Joseph Smith sou, 1 Korentyen 7:29–33 a (gade nan apendiks Bib la) ede nou konprann ke Pòl t ap fè referans ak moun li te aple pou yo te misyonè aplentan yo, kote l t ap fè yo remake ke yo t ap kapab sèvi pi byen si yo te rete selibatè pandan misyon yo a. Senyè a anseye palentèmedyè sèvitè l yo, enkli Pòl, ke maryaj fè pati plan etènèl li a epi li nesesè pou egzaltasyon (gade 1 Korentyen 11:11; DA 131:1–4).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

1 Korentyen 1:10–17; 3:1–11

Pandan manm fanmi w yo ap li vèsè sa yo, envite yo pou yo chèche yon ide ki ka ede yo vin pi ini ansanm.

1 Korentyen 3: 1-2

Petèt ou ta ka li vèsè sa yo pandan y ap manje yon ti goute ki konpoze pa lèt ak vyann, epi fè yon konparezon ant fason tibebe yo grandi jiska laj adilt avèk fason n ap pwogrese spirityèlman.

 1 Korentyen 3:4–9

Pòl te konpare efò misyonè li avèk plante yon semans. Kisa konparezon l lan sigjere sou fason nou dwe anvizaje pou n pataje levanjil la avèk lòt moun?

1 Korentyen 6:19–20;

Konpare kò nou avèk yon tanp, jan Pòl te fè a, ka yon mwayen efikas pou w anseye sou karaktè sakre kò nou. Petèt ou ta ka montre kèk foto tanp, tankou sa k nan plan leson sa yo. Poukisa tanp yo sakre? Nan ki fason kò nou sanble ak tanp? Kisa nou ka fè pou n trete kò nou tankou tanp? (Gade “Pureté sexuelle,” Jeunes, soyez forts, 35–37.) Si posib, ale nan tanp ansanm oubyen vizite lakou tanp lan; sa ka anrichi diskisyon w lan sou karaktè sakre tanp yo ak kò nou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Se pou w gen pasyans avèk tèt ou. Pòl te anseye ke lèt vini anvan vyann lè n ap aprann levanjil la (gade 1 Korentyen 3:1–2). Si w ta twouve ke gen kèk pwen doktrinal ki difisil pou w konprann kounyeya, pran pasyans. Ou dwe gen konfyans ke repons yo ap vini si w gen lafwa epi w etidye ak dilijans.

Imaj
kat tanp

Pòl konpare kò nou avèk karaktè sakre yon tanp. Kòmanse anwo agoch ale adwat: Tanp Tijuana, Meksik; Tanp Taipei, Tayiwann; Tanp Tegucigalpa, Honduras; Tanp Houston, Texas.

Enprime