Vini, Suiv Mwen
5-11 Out. Women 1–6: ‘Puisans Bondye pou sali’


“5-11 Out. Women 1–6: ‘Puisans Bondye pou sali’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“5-11 Out. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Pòl k ap ekri yon epit

5-11 Out.

Women 1-6

“Puisans Bondye pou sali“

Ekri enpresyon w resevwa yo ap ede w sonje sa Lespri a ap anseye ou. Sonje pou w ekri kijan w santi w lè w resevwa enspirasyon sa yo tou.

Ekri enpresyon ou

Nan epòk Pòl te ekri Epit li te voye bay manm yo nan Legliz Womèn nan, ki sete yon gwoup Juif ak Janti diferan, Legliz Jezikri a te grandi depase sa k te yon ti gwoup kwayan nan Galile yo. Anviwon 20 tan apre Rezirèksyon Sovè a, te gen kongregasyon kretyen prèske toupatou Apot yo te ka rezonableman vwayaje ale—enkli Wòm, kapital yon gwo wayòm. Men, pandan ke asanble Pòl te destine epit sa yo sete Sen nan Wòm yo, mesaj li a inivèsèl, epi li enkli nou tout jodia: “Levanjil Kris la … se puisans Bondye pou sali tout moun ki kwè” (Women 1:16, italik ajoute).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Women–Filemon

Kisa epit yo ye e ki fason yo òganize?

Epit yo se lèt dirijan Legliz yo te ekri voye bay Sen yo nan plizyè kote diferan nan mond lan. Apot Pòl te epri pifò nan epit ki nan Nouvo Testaman yo—kòmanse nan Women pou fini nan Filemon. Epit li yo klase apati longè yo. Byenke Women se premye epit nan Nouvo Testaman an, Pòl te ekri l prèske nan fen vwayaj li yo. Pou plis enfòmasyon sou epit yo, gade Bible Dictionary, “Pauline Epistles.”

Women 1-6

Lè m montre lafwa m nan Sovè a nan respekte kòmandman l yo, mwen jistifye atravè lagras li.

Definisyon sa yo ka petèt pi byen ede w konprann Epit Pòl te voye bay Women yo:

Lwa a:Lè Pòl te pale de “lwa a,” li t ap fè referans ak lwa Moyiz la. Menmjan tou, mo “zèv” la nan ekri Pòl yo souvan fè referans ak seremoni ak rityèl lwa Moyiz yo. Pòl te konpare lwa sa a ak “lwa lafwa a” (gade Women 3:27–31), oswa doktrin Jezikri a, ki se vrè sous sali a.

Sikonsizyon, ensikonsizyon:Nan tan ansyen an, sikonsizyon sete yon siy oubyen yon senbòl sou alyans Bondye te fè avèk Abraram. Pòl te itilize tèm “sikonsizyon” an pou fè referans ak Juif yo (pèp alyans la) epi tèm “ensikonsizyon” an fè referans a Janti yo (moun ki pa fè pati alyans Abraramik la). Sikonsizyon pa nesesè ankò kòm siy alyans Bondye avèk pèp li a (gade Travay 15:23–29).

Jistifikasyon, jistifye, jistifye:Tèm sa yo fè referans a remisyon, oubyen padon, pou peche. Lè nou jistifye, nou jwenn padon, yo deklare nou inosan, epi nou libere anba chatiman etènèl pou peche nou. Jan Pòl eksplike a, sa posib gras ak Jezikri (gade Gid ekriti yo, “Jisfikasyon, Jistifye,” scriptures.lds.org; gade D. Todd Christofferson, “Justification and Sanctification,” Ensign, June 2001, 18–25) tou. Nan Women, nou ka konsidere mo tankou jis ak lajistis yo kòm sinonim pou mo jis ak jistifikasyon.

Gras:Gras se “èd oswa fòs divin … , nou resevwa gras ak mizèrikòd ak lanmou Jezikri.” Pa lagras, tout moun ap resisite epi y ap resevwa imòtalite. Epitou, “Gras se yon pouvwa sanktifyan ki pèmèt gason ak fi jwenn lavi etènèl ak egzaltasyon apre yo fin fè tout efò yo kapab.” Nou pa jwenn gras pa efò nou; men, se gras ki ba nou “fòs ak asistans pou n fè bon zèv ke [nou] pa t ap kapab akonpli otreman” (Bible Dictionary, “Grace”; gade Dieter F. Uchtdorf, “Don lagras la,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 107; 2 Nefi 25:23).

Women 2:17–29

Aksyon eksteryè mwen dwe reflete konvèsyon enteryè mwen e ogmante li.

Ansèyman Pòl yo montre ke kèk nan Kretyen Juif nan Wòm yo te toujou kwè ke obeyi rit ak rityèl lwa Moyiz yo te pote sali. Sa gen dwa parèt yon pwoblèm ki pa egziste ankò paske nou pa p viv sou lwa Moyiz la ankò. Men, pandan w ap li ekri Pòl yo, espesyalman Women 2:17–29, panse a pwòp efò pa w pou w viv levanjil la. Èske aparans eksteryè ou, tankou pran sentsèn oubyen al nan tanp, mennen w nan konvèsyon e fòtifye lafwa w nan Kris la? (gade Alma 25:15–16). Kijan w ka asire w ke aksyon eksteryè ou mennen yon chanjman nan kè ou?

Gade Dallin H. Oaks, “The Challenge to Become,” Ensign, Nov. 2000, 32–34 tou.

Women 3:10–315

Gras ak Jezikri, m ka jwenn padon pou peche mwen.

Gen kèk moun ki ka santi yo dekouraje poutèt deklarasyon klè Pòl la ki di “pa gen okenn moun ki jis, non, okenn moun” nan (Women 3:10). Men gen mesaj espwa nan Women tou. Chèche yo nan chapit 3 ak 5 yo, epi reflechi sou rezon k fè sonje ke “tout moun peche, epi yo tout prive de laglwa Bondye” a (Women 3:23) se yon etap enpòtan nan aprann pou nou “rejwi ak esperans” atravè Jezikri (Women 5:2).

Women 6

Levanjil Jezikri a envite m pou m “mache nan yon nouvo lavi.”

Pòl te anseye ke levanjil la dwe chanje fason n ap viv. Ki deklarasyon nan Women 6 la ou t ap itilize pou ede yon moun konprann kijan levanjil la te ed w “mache nan yon nouvo lavi”? (vèsè 4). Ki eksperyans pèsonèl ou t ap pataje?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Women 1:16–17

Kijan nou ka montre ke nou “pa wont levanjil Kris la”?

Women 3:23–28

Gen kèk moun ki ka di paske “se lagras [Bondye] sèlman ki jistifye nou” (Joseph Smith Tradiksyon, Women 3:24 [nan Women 3:24, referans a]), yo pa fè nou okenn egzijans pou n resevwa gras la. Menmsi nou pa p ajanm ka fè ase pou n “merite” gras Bondye, Bondye mande nou pou n fè kèk bagay pou n ka resevwa li. Kisa nou ka fè pou n resevwa gras li?

Women 5:3–5

Ki tribilasyon nou travèse? Èske tribilasyon sa yo ede nou devlope pasyans, akeri eksperyans, ak esperans?

Women 6:3–6

Kisa Pòl te di nan vèsè sa yo sou senbòl batèm nan? Petèt fanmi w ka planifye pou yo asiste yon batèm ki gen pou fèt. Oubyen yon moun nan fanmi an ka montre foto oubyen rakonte souvni sou batèm ni. Ki fason fè ak kenbe alyans batèm nou ka ede nou “mache nan yon nouvo lavi”?

Imaj
yon mesye k ap batize yon lòt nan yon lak

Batèm senbolize kòmansman yon nouvo lavi antanke disip Kris la.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Poze kesyon pandan w ap fè etid la. Pandan w ap etidye ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri ou. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pou yo. Paregzanp, nan Women 1–6 ou ka chèche repons pou kesyon “Kisa lagras ye?” a.

Enprime