Vini, Suiv Mwen
12-18 Out. Women 7–16: ‘Venk mal la avèk byen’


“12-18 Out. Women 7–16: ‘Venk mal la avèk byen’’Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“12-18 Out. Women 7–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Wòm

12–18 Out

Women 7-16

“Venk mal la avèk byen“

Se sèl kèk nan prensip levanjil ki nan Women 7–16 yo nou ka enkli nan plan leson sa a, konsa, pa limite tèt ou a sa yo prezante w la a. Pote atansyon a enspirasyon w resevwa pandan w ap li ekriti yo.

Ekri enpresyon ou

Nan kòmansman epit li te voye bay Women yo, Pòl te salye manm Legliz nan Wòm yo epi l te rele yo “byeneme Bondye” ki “aple pou yo vin sen.” Li te remake ke “lafwa yo te gen renome nan tout mond lan” (Women 1:7–8). Byenke Pòl pase anpil tan nan epit li a ap korije fos ide ak konpòtman fotif, sanble l te vle asire nouvo konvèti kretyen sa yo ke yo sete vrèman Sen byeneme Bondye yo te ye. Nan yon enb manifestasyon senpati, Pòl te rekonèt ke l te konn santi l tankou yon “moun mizerab” pafwa (Women 7:24), men levanjil Jezikri a te ba l pouvwa pou l te simonte peche (gade Joseph Smith Tradiksyon, Women 7:22–27 [nan apendiks Bib la]). Li te kontinye pataje konsèy plen tandrès li avèk nou tout k ap lite pou n santi yo renmen nou ak pou nou tout ki petèt santi sentete pa alapòte nou. Li di: “Pa kite mal venk nou,” —ni mal nan mond lan ni mal ki nan noumenm—“men se pou nou simonte mal la avèk byen” (Women 12:21).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Women 7-8

Si m suiv Lespri a, m ka venk peche e prepare m pou yon eritaj avèk Bondye.

Menm apre w fin antre nan yon “nouvo lavi” atravè òdonans batèm nan (Women 6:4), petèt ou ka santi yon ti kal nan konfli enteryè Pòl dekri nan Women 7 la—“lit” ant lòm natirèl la ak dezi jis nou yo (Women 7:23). Men Pòl pale de esperans tou nan Women 8:23–25. Ki rezon nou jwenn nan chapit 8 la pou esperans sa a? Ou gen dwa chèche benediksyon ki soti nan gen “Lespri a demere nan nou” an (Women 8:9). Kijan w ka plis chèche konpayi Sentespri a nan lavi ou pi totalman?

Women 8:17–39

Laglwa etènèl ki ap tann fidèl yo grandman depase eprèv mòtalite yo.

Kèk ane apre Pòl te ekri epit sa a, Sen nan Wòm yo te sibi gwo pèsekisyon terib. Kisa w jwenn nan Women 8:17–39 la ki ta ka ede Sen sa yo lè pèsekisyon yo te rive? Kijan pawòl sa yo aplike pou noumenm ak eprèv n ap travèse aktyèlman yo?

Chèche koneksyon ant vèsè sa yo ak konsèy Sè Linda S. Reeves la: “M pa konn poukisa nou gen tout eprèv nou genyen yo, men,pèsonèlman, m santi ke rekonpans lan si gran, si etènèl, ak enfini, si jwaye e depase tout konpreyansyon ke, nan jou rekonpans sa a, nou gen dwa santi n ta di Papa eman ak mizèrikòdye nou an: ‘Èske sete sa sèlman m te bezwen fè?’ Mwen kwè si chak jou nou ka sonje ak rekonèt pwofondè amou Pè Selès nou an ak Sovè nou an gen pou nou, nou t ap dispoze pou n fè tout sa yo mande nou pou n retounen nan prezans yo ankò, antoure pa amou yo etènèlman. Ki enpòtans sa t ap genyen … ak sa nou te soufri isit la yo si, alafen, eprèv sa yo se jisteman sa ki ap kalifye nou pou lavi etènèl ak egzaltasyon nan wayòm Bondye a avèk Papa nou ak Sovè nou an?” (“Worthy of Our Promised Blessings,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 11).

Deside kisa w pral fè chak jou pou w ka ”sonje ak rekonèt” amou Bondye pou ou.

Women 8:29–30; 9–11

Kisa Pòl vledi lè l pale de “predestine,” “eleksyon,” ak “konnen davans”?

Li te itilize tèm sa yo pou anseye ke kèk nan pitit Bondye yo te predestine, oubyen chwazi alavans, pou resevwa benediksyon ak devwa spesyal pou yo ka beni tout nasyon nan mond lan (gade Gid Ekriti yo, “Eleksyon”). Sa te baze sou lefèt ke Bondye konnen alavans dispozisyon pitit li yo pou yo suiv Jezikri epi vin menmjan avèk li (gade Efezyen 1:3–4; 1 Pyè 1:2). Sepandan, Pòl di nou nan Women 9–11 ke kèlkeswa fason nou antre nan mezon Izrayèl la—oubyen nou vin manm Legliz la—nou tout dwe resevwa sali a endividyèlman pa lafwa nan Jezikri ak obeyisans nan kòmandman l yo.

Pou plis enfòmasyon, gade Alma 13:1–5; “Preòdinasyon,” Gospel Topics (topics.lds.org).

Women 12-16

Pòl envite m pou m vin yon vrè Sen ak disip Jezikri.

Dènye senk chapit Women yo gen dè douzèn enstriksyon spesifik konsènan fason Sen yo ta dwe viv. Ou gen dwa pa ka aplike tout konsèy sa yo toudenkou, men koute Lespri a, epi l ap ka ede w jwenn youn oubyen de w ta ka kòmanse travay sou yo jodia. Pataje dezi w avèk Pè Selès la nan lapriyè, epi mande èd li.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Women 7:23

Pou ede fanmi w pi byen konprann “lit” Pòl dekri nan vèsè sa a, ou gen dwa rakonte istwa lou yo nan atik Èldè Shayne M. Bowen nan “Agency and Accountability” (New Era, Sept. 2012, 8–9).

Women 9:31–32

Mesaj Èldè Wilford W. Andersen nan “Mizik levanjil la” (Ensign oswa Liahona, Me 2015, 54–56) la ka ede w ilistre sa Pòl anseye sou lalwa, zèv, ak lafwa yo. Fanmi w gen dwa ta renmen pale de diskou l la epi eseye danse avèk oubyen san mizik. Ki fason danse san mizik se tankou obeyi levanjil la san lafwa?

Imaj
Papa ak pitit fi k ap danse

Èldè Wilford W. Andersen te anseye: “Mizik levanjil la se [yon] santiman spirityèl jwaye.”

Women 10:17; 15:4

Kijan etidye pawòl Bondye a pote benediksyon yo dekri nan vèsè sa yo pou nou? Petèt manm fanmi w ta ka pataje kèk nan ekriti yo pi renmen yo (gade 2 Nephi 25:26 tou).

Women 12

Kisa sa vledi pou nou fè tèt nou vin “yon sakrifis vivan, sen, ki akseptab pou Bondye”? (Women 12:1).

Women 14:31–21

Fanmi w ta ka benefisye nan etidye konsèy Pòl la sou jijman ak diskisyon osijè preferans pèsonèl lòt moun yo. Petèt ou gen dwa pale de fason apwopriye pou n reponn lè chwa lòt moun diferan ak pa nou. Kijan nou ka pi sousye pou fason chwa nou afekte lòt moun? Videyo “Jije lòt moun? Sispann!” ak “Gade atravè fenèt yo” (LDS.org) ta ka pote ide adisyonèl sou sijè sa a tou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Bay timoun yo posiblite pou yo eksprime kreyativite yo. “Lè w envite timoun yo pou yo kreye yon bagay ki anrapò avèk yon prensip levanjil, ou ede yo pi byen konprann prensip la. … Kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, epi kreye” (gade Anseye nan fason Sovè a, 25).

Imaj
Kris la avèk men l lonje

Rete avèk mwen, pa Del Parson

Enprime