Vini, Suiv Mwen
12–18 Out. Women 7–16: ‘Venk mal la avèk byen’


“12–18 Out. Women 7–16: ‘Venk mal la avèk byen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

12–18 Out. Women 7–16” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Wòm

12–18 Out.

Women 7-16

“Venk mal la avèk byen“

Pandan w ap li Women 7–16 la, ekri tout enpresyon ou resevwa sou fason w ka temwaye timoun yo verite ki nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo si yo te pataje avèk fanmi yo yon bagay yo te aprann nan Primè semèn pase a. (Ou gen dwa oblije repase leson semèn pase a brèfman avèk yo.) Si wi, kisa yo te pataje?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Women 8:35–39

Pè Selès la renmen m.

Kijan w ka itilize pawòl Pòl yo pou anseye timoun yo ke Pè Selès la ap toujou renmen yo?

Imaj
yon papa k ap danse ak pitit fi l

Pè Selès la renmen chak grenn pitit li.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo memorize fraz “[Anyen pa ka] separe nou de lanmou Bondye” a (Women 8:39). Pou ilistre verite sa a, kloure de planch ansanm epi sou youn mete yon etikèt ki make “noumenm” epi yon lòt ki make “lanmou Bondye.” Fè timoun yo eseye wè si yo ka separe yo.

  • Mennen yo deyò a pou yo ka santi chalè solèy la oubyen montre yo yon foto solèy la. Nan ki fason solèl la sanble ak lanmou Pè Selès la? Ede yo wè ke malgre solèy la byen lwen, nou ka santi chalè li. Nou ka santi lanmou Pè Selès la tout tan, menmsi li pa prezan fizikman avèk nou. Ou gen dwa chante ansanm “Mon Père céleste m‘aime” (Chants pour les enfants 16–17).

Women 10:17

Lafwa vini nan koute pawòl Bondye a.

Lè timoun yo tande pawòl Bondye a epi yo koute l avèk swen, lafwa yo nan Bondye ap grandi. Kijan w ka ede yo konprann enpòtans pou yo koute pawòl Bondye a?

Aktivite posib

  • Li Women 10:17 pou yo, epi montre yo foto sou sitiyasyon kote yo ka tande pawòl Bondye a (tankou etid ekriti familyal, legliz la, nan konferans jeneral; gade paj aktivite semèn sa a). Mande yo kilè yo te tande pawòl Bondye a.

  • Rakonte yon istwa sou yon timoun ki koute pawòl Bondye an nan plizyè fason. Pandan w ap rakonte istwa a, gonfle yon balon ti kal pa ti kal pou reprezante kijan lafwa timoun nan grandi chak fwa l koute pawòl Bondye a.

  • Pou ede timoun yo konprann ke lafwa yo ka grandi, ede yo sonje “Lafwa” (Chants pour les enfants, 96–97). Pandan y ap chante a, mande yo pou yo akwoupi pou yo ka pretann ke yo se semans. Chak fwa yo chante mo lafwa a, fè yo fè yon ti leve tankou y ap grandi.

  • Kache yon liv ekriti nan klas la, ak yon foto Prezidan Legliz la, ak kopi revi Zanmi an oswa Liahona. Mande timoun yo pou yo chèche bagay sa yo epi montre kijan yo chak rann posib pou nou tande pawòl Bondye a.

Women 16:1–4

M ka di mèsi pou moun ki ede mwen.

Pòl te rekonesan pou moun ki te ede l yo. Ou ka ede timoun yo remake bagay janti moun fè pou yo epi sonje pou w remèsye yo.

Aktivite posib

  • Eksplike yo ke Pòl te rekonesan pou èd li te resevwa nan men yon fi ki te rele Phoebé ak yon koup marye, Priscilla ak Aquila (gade Women 16:1–4). Mande yo pou yo desine foto Pòl avèk twa moun pandan w ap di yo pawòl ak fraz ki nan vèsè sa yo.

  • Envite yo chak pou yo di yon bagay janti yon moun te fè pou yo resamman. Ede yo fè kat remèsiman pou moun sa yo.

  • Ede yo aprann kijan pou yo di mèsi nan diferant lang. Kantik “Partout dans le monde” lan, (Chants pour les enfants, 4–5) la ka ede.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Women 8:16–18

Pè Selès la vle m prepare pou m resevwa tout sa l genyen.

Plan l la rann posib pou nou vin menmjan avèk li epi pou n eritye tout sa l genyen. Verite sa a ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo viv levanjil la pi fidèlman.

Aktivite posib

  • Li Women 8:16–18 ansanm. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou kiyès nou ye ak sa nou ka devni? Eksplike ke yon “eritye” se yon moun ki eritye, oubyen resevwa sa paran l genyen. Ekri Kisa nou bezwen fè pou n ka eritye tout sa Pè Selès la genyen? sou tablo a. Chante ansanm yon kantik sou obeyisans, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 86–87), pandan n ap chèche repons. Ki lòt repons timoun yo ka bay?

  • Mande yo pou yo panse ak yon wa ki vle pou pitit gason l ak pitit fi l yo gouvène nan wayòm ni an yon jou. Eksplike ke Pè Selès la se tankou yon wa, epi nou se pitit gason ak pitit fi wayal li. Ou gen dwa rakonte yo istwa pitit gason Wa Louis XVI la an Frans, ke w ap jwenn nan diskou Sè Elaine S. Dalton an ki rele “Sonje kiyès nou ye!” (Ensign oswa Liahona, Me 2010, 121). Kijan lefèt ke nou sonje ke n se pitit Pè Selès la epi nou ne pou n vin menmjan avèk li yon jou a ka ede nou viv dwat isit sou tè a. (Pou plis enfòmasyon, gade Ankre nan lafwa, 46–48.)

Women 10:17

Lafwa vini nan koute pawòl Bondye a.

Timoun yo gen anpil opòtinite pou yo tande pawòl Bondye a. Ede yo wè kijan tande pawòl Bondye a ka fòtifye lafwa yo.

Aktivite posib

  • Ekri fraz sa yo sou tablo a: soti nan , ak pa Mande timoun yo pou yo ranpli espas blanch yo lè yo fin li Women 10:17 la. Pale de yon okazyon kote yon moun te anseye yon verite levanjil ki te ede fòtifye lafwa ou—petèt ou ka pataje yon ekriti favori oubyen yon sitasyon yo te bay nan konferans jeneral. Envite timoun yo pou pataje pwòp eksperyans pa yo.

  • Make plizyè vè dlo avèk yon etikèt ki gen non kote nou ka jwenn pawòl Bondye a (tankou nan ekriti yo, reyinyon legliz yo, ak konferans jeneral). Di kijan pawòl Bondye a fè lafwa nou grandi pandan w ap vide chak vè dlo nan yon resipyan ki make “Lafwa.”

  • Bay chak timoun yon foto Sovè a k ap geri yon moun san w pa kite lòt timoun yo wè foto a. Mande yo chak pou bay endis pou ede lòt timoun yo devine kisa foto a montre. Kijan nou ka pataje sa nou konnen de Sovè a avèk lòt moun pou yo ka gen lafwa nan li?

Women 14:10, 13

“Annou youn pa … jije lòt ankò.”

Lè timoun yo gen relasyon avèk lòt timoun ki fè chwa ki diferan avèk chwa pa yo, yo gen dwa gen tandans pou yo pote jijman. Chèche wè kijan konsèy Pòl te bay Women yo ka ede yo evite jijman sa yo.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l li Women 14:10, 13. Mande lòt yo pou yo konte konbyen fwa Pòl itilize mo jije a. Kisa jije yon moun vle di? Poukisa nou dwe evite jije lòt moun?

  • Montre foto yon moun, epi mande timoun yo kisa nou konnen sou moun sa a pandan n ap sèlman gade figi l la. Ki lòt bagay nou pa konnen de li? Poukisa se Senyè a ki pi byen plase pou jije moun sa a? (gade 1 Samyèl 16:7).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande timoun yo pou yo chwazi yon aktivite ou te fè nan klas la epi pou yo fè l avèk fanmi yo. Di yo semèn pwochèn nan yo ka pataje sa yo te fè.

Amelyore ansèyman nou

Fè yo patisipe nan diskisyon levanjil yo. Ou gen dwa panse sou kèk fason kreyatif pou angaje timoun ki pi piti yo nan diskisyon levanjil yo. Pafwa w gen dwa fè yon bagay osi senp ke envite timoun yo pou yo chita an wonn atè a olye ke yo chita sou chèz yo.

Enprime