Vini, Suiv Mwen
29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28: ‘Yon sèvitè ak yon temwen’


29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28: ‘Yon sèvitè ak yon temwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Pòl ki nan prizon

29 Jiyè–4 Out 

Travay 22–28

“Yon sèvitè ak yon temwen“

Pandan w ap li resi sou ministè Pòl, Apot la, nan Travay 22–28 la, chèche prensip ki ap gen valè pou timoun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto yon chanm prizon, yon bato, ak yon koulèv. Envite yo pou yo rakonte nenpòt istwa yo konnen osijè Pòl ki gen rapò avèk foto sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Travay 23:10–11

Pè Selès la ak Jezi sousye pou mwen e y ap ede m pandan moman difisil yo.

Lè yo aprann kijan Sovè a te ede Pòl, sa ka ede timoun yo konnen Pè Selès la ak Jezi sousye de yo.

Aktivite posib

  • Rakonte istwa ki nan Travay 23:10–11 la sou Sovè a k ap vizite Pòl nan prizon an. Oubyen pase videyo “Prand kouraj” la (LDS.org), ki dekri istwa sa a. Pale de yon okazyon kote w te gen yon eprèv epi w te resevwa gidans ak rekonfò nan men Bondye. Mande timoun yo pou yo pale de moman kote yo te santi Bondye te rekonfòte yo.

  • Ede yo memorize sa Jezi te di Pòl la: “Pran kouraj.” Mande yo pou yo panse a yon moun yo ka envite pou pran kouraj---petèt yon moun ki tris oubyen ki enkyè.

Travay 26:1–29

M ka pataje temwayaj mwen avèk lòt moun.

Repase temwayaj Pòl devan Wa Agripa a ka ede timoun yo aprann kijan pou yo pataje sa yo konnen k se verite.

Aktivite posib

  • Pote yon kouwòn nan klas la epi kite yon timoun mete l epi pretann ke l se Wa Agripa. Envite yon lòt timoun pou kanpe devan wa a pou reprezante Pòl pandan w ap fè rezime temwayaj Pòl la ak reyaksyon Wa Agripa, w ap jwenn nan Travay 26:1–29 (gade “Chapit 63: Pòl fini misyon li,” Istwa Nouvo Testaman, 162–66, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org). Eksplike ke nou ka pataje temwayaj nou avèk lòt moun, jan Pòl te fè a.

  • Mande timoun yo pou yo koute pandan w ap chante oubyen li yon kantik sou temwayaj, tankou kouplè  2 nan “Le Saint-Esprit a témoigné” (Cantiques, no. 137) oswa “Je sais que mon Dieu vit” (Chants pour les enfants, 5). Envite yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay yo ka rann temwayaj de li. Ou gen dwa chante kantik sa a plizyè fwa; envite yo pou yo chante tou lè yo fin konn mo yo. Mande yo pou yo rakonte kèk bagay sou levanjil la yo konnen ki vrè.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo panse a yon bagay yo te ka di lè y ap rann temwayaj. Envite timoun yo pou pataje temwayaj yo avèk fanmi yo.

Travay 9

Pwofèt yo avèti m kont danje.

Panse kijan resi nofraj Pòl la ka anseye timoun yo ke pwofèt la wè danje nou pa ka wè.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pretann ke yo nan yon bato ki pran nan yon tanpèt. Li avètisman Pòl te bay pèp la, nou jwenn nan Travay 27:9–10 la, epi pataje istwa nofraj ki te fèt paske yo pa t koute avètisman l lan (gade vèsè 11, 39–44). Montre foto Prezidan aktyèl Legliz la. Ki kalite avètisman li ba nou?

  • Mete plizyè imaj ak objè toupatou nan sal la ki reprezante sa pwofèt yo te anseye nou pou nou fè, tankou al legliz la oubyen batize. Ansanm ak klas la, mache nan tout sal la, rete bò chak foto oubyen objè pou n pale sou fason pou n suiv ansèyman pwofèt yo ede nou rete an sekirite.

Imaj
Prezidan Thomas S. Monson

Suiv ansèyman pwofèt yo ede kenbe nou an sekirite.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Travay 23:10–11; 27:18–26; 28:1–6

Lè m anfas advèsite, Bondye pa bliye m.

Pandan tout eprèv Pòl te travèse yo, Senyè a te avèk li. Kijan w ka ede timoun yo konpare eksperyans Pòl yo avèk pwòp lavi yo?

Aktivite posib

  • Itilize Travay 23:10, eksplike ke yo te mete Pòl nan prizon paske li te anseye moun yo sou Jezi. Apresa, li Travay 23:11 avèk timoun yo. Oubyen pase videyo “Pran kouraj” la nan (LDS.org), ki dekri istwa sa a. Poukisa Pòl te ka “pran kouraj” menmsi l te nan prizon?

  • Ekri Travay 23:10–11; Travay 27:18–26; ak Travay 28:1–6. Montre foto yon prizon, yon bato, ak yon koulèv, epi envite timoun yo pou yo repase vèsè sa yo epi matche yo avèk foto yo. Nan chak nan resi sa yo, kijan Senyè a te montre Senyè Pòl ke l te avèk li?

  • Envite yon moun nan pawas la pou pataje yon eksperyans kote Senyè a te avèk li pandan yon moman difisil. Petèt oumenm oubyen timoun yo ta ka pataje eksperyans yo.

Travay 26:1–29

Mwen ka pataje temwayaj mwen konsènan Jezikri avèk konviksyon.

Kouraj Pòl lè l te pataje temwayaj li a ka ede timoun yo pou yo brav lè y ap pataje temwayaj yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Travay 26:1–29 epi pou yo chèche kèk verite levanjil Pòl te anseye Wa Agripa. Poukisa sa te ka efreyan pou Pòl te pale de bagay sa yo devan wa a? Envite timoun yo pou yo fè lis kèk prensip levanjil yo konnen ki vrè. Mande yo pou yo panse ak yon moun yo konnen ki bezwen tande temwayaj yo sou verite sa yo.

  • Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou yo ekri yon bagay yo ta ka di nan temwayaj yo.

Travay 27

Pwofèt yo avèti m kont danje.

Timoun yo ka koute mesaj pwofèt modèn yo epi rekonèt avètisman yo. Kijan w ka ede timoun yo aprann kijan pou yo koute avètisman sa yo?

Aktivite posib

  • Koupe yon moso papye nan fòm yon bato an pyès jwèt kastèt. Envite timoun yo pou yo ekri avètisman Pòl la ki nan Travay 27:9–11 la sou moso papye epi mete kastèt la ansanm. Poukisa moun yo pa t koute Pòl? (gade vèsè 11). Envite timoun yo pou yo li vèsè 18–20 ak 40–44 pou yo ka dekouvri sa k te rive kòm rezilta. (Eksplike ke, paske moun yo te suiv konsèy Pòl te bay nan apre pou yo te rete sou bato a, okenn moun pa t mouri nan nofraj la; gade vèsè 30–32.) Kisa nou ka aprann nan eksperyans sa a sou suiv pwofèt la?

  • Pote yon mesaj konferans resan Prezidan Legliz la te bay epi di timoun yo ki avètisman oswa konsèy li te bay. Envite timoun yo pou panse a fason yo ka suiv pwofèt la.

  • Pase videyo “Moun ki respekte kòmandman Bondye yo beni epi yo gen kè kontan” (LDS.org). Nan kisa pwofèt yo tankou mesye avèk jimèl la?

  • Ekri kèk aktivite timoun yo ka fè ki pral ede yo aprann wòl yon pwofèt—paregzanp, “Li Doktrin ak Alyans 21:4–7” oubyen chante “Suivre le prophète’” (Chants pour les enfants, 110–11, oubyen yon lòt kantik sou pwofèt). Kwoke lis aktivite yo deyò sal la, epi envite yon timoun pou l kanpe nan pòt la epi pou l li yon aktivite alafwa pou rès timoun yo, sa k pèmèt yo konplete aktivite a anvan yo li yon lòt. Eksplike ke menmjan youn nan timoun yo te bay lòt yo direksyon an, yon pwofèt anseye nou sa Bondye ta renmen nou fè. Mande timoun yo pou yo rakonte kisa yo te aprann sou pwofèt yo nan aktivite yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande timoun yo pou yo itilize sa yo aprann sou Pòl yo pou ankouraje fanmi yo pou yo etidye mesaj ki pi resan pwofèt la fè epi diskite sou fason yo ka suiv konsèy li.

Amelyore ansèyman nou

Enplike sans yo. “Anpil timoun (ak grandèt) aprann pi byen lè plizyè sans enplike. Chèche jwenn mwayen pou ede timoun yo itilize sans tankou gade, koute, ak touche lè y ap aprann. Nan kèk sitiyasyon, ou gen dwa menm jwenn fason pou w itilize sans odora ak gou tou!“ (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime