Vini, Suiv Mwen
19–25 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se pou nou pafètman ini ansanm’


“19–25 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se pou nou pafètman ini ansanm” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“19–25 Out. 1 Korentyen 1–7” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Korent

Korent, Sid peyi La Grèce, forum nan ak Sant Minisipal la, tablo pa Balage Balogh

19–25 Out

1 Korentyen 1–7

‘Se pou nou pafètman ini ansanm’

Sentespri a ap ede w konn ki prensip levanjil nan 1 Korentyen 1–7 la k ap ede timoun w ap anseye yo.  Pandan w ap li chapit sa yo nan lapriyè, ekri panse ak santiman ou resevwa nan men Lespri a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèlke jou alavans, envite youn oubyen plis timoun pou yo jwenn yon vèsè nan 1 Korentyen 1–7 la yo ka pataje avèk klas la. Ou gen dwa envite paran yo pou ede si nesesè.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

1 Korentyen 2:11–14 

Sentespri a anseye m verite levanjil yo.

Youn nan wòl Sentespri a se anseye nou laverite. Ki eksperyans ou ka pataje avèk timoun yo pou ede yo konprann sa?

Aktivite posib

  • Montre objè oubyen foto ki reprezante mwayen nou genyen pou n aprann nan mond lan (tankou yon lekòl, yon liv, oubyen telefòn selilè). Kisa nou ka aprann lè nou itilize bagay sa yo? Eksplike ke nan 1 Korentyen 2:11, 14 la, Pòl te anseye ke nou ka aprann konnen Bondye sèlman atravè Lespri Bondye a, ki se Sentespri a. Kisa nou ka fè pou n aprann “bagay Bondye yo”?

  • Bat men ou pandan w ap di chak silab nan fraz “Sentespri a anseye nou laverite” a. Mande timoun yo pou yo bat men yo epi repete fraz la. Rakonte yo yon eksperyans kote Sentespri a te ede w konnen ke yon bagay vrè.

  • Chante yon kantik sou Sentespri a ansanm, tankou “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants 56). Ede timoun yo jwenn fraz ak mo nan kantik la ki anseye kijan Sentespri a pale avèk nou ak sa l anseye nou.

1 Korentyen 3:10–11

Jezikri se fondasyon mwen.

Timoun yo ap poze fondasyon temwayaj yo, epi ou ka ede yo bati yon fondasyon solid sou Jezikri.

Aktivite posib

  • Li 1 Korentyen 3:11 pou yo , epi eksplike yo ke Jezikri se fondasyon nou. Montre yo plizyè foto sou bagay nou ka fè pou n gen yon temwayaj, enkli yon foto Jezikri. Ede yo ranje foto yo pou foto Jezi a ka anba pil la, tankou yon fondasyon, epi lòt foti yo “bati” sou yon temwayaj konsènan li.

  • Envante jès pou kantik “The Wise Man and the Foolish Man” (Children’s Songbook, 281), epi chante l avèk timoun yo. Ba yo chak yon wòch ki gen “Jezikri se fondasyon m” ekri sou li. Fè yo pote wòch yo lakay yo pou raple yo sa yo te aprann yo.

  • Montre foto ki dekri kèk nan istwa w pi renmen sou lavi Sovè a, epi mande yo pou yo di w sa k ap pase nan foto sa yo. Kite yo rakonte kèk istwa yo pi renmen sou Jezi. Rann temwayaj ou ke Jezikri se fondasyon lafwa nou.

1 Korentyen 6:19

Kòm se tankou yon tanp .

Kijan w ka ede timoun yo apresye kò yo kòm kado Bondye ba yo epi fè yon gen yon pi gwo dezi pou pran swen kò yo?

Aktivite posib

  • Montre yo foto tanp (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a), epi li pawòl sa yo ki nan 1 Korentyen 6:19 la: “Kò nou se tanp Sentespri a.” Ede timoun yo konprann ke Pè Selès la vle nou kenbe kò nou pwòp ak sakre, tankou yon tanp.

  • Montre foto yon timoun, epi toutotou li, mete foto bagay ki bon pou kò nou ak bagay ki pa bon pou kò nou. Envite timoun yo pou yo pran tou pou idantifye bon bagay yo epi retire move bagay yo.

  • Chante yon kantik sou kò nou ansanm, tankou “La tête, les épaules, les genoux, les pieds” (Chants pour les enfants, 275), epi mande timoun yo poukisa yo rekonesan pou kò yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

1 Korentyen 1:23–25

Bondye pi saj pase lòm, e m montre vrè sajès lè m kwè nan ansèyman l yo.

Timoun w ap anseye yo ap wè—si sa pa deja fèt—ke gen kèk moun ki anseye bagay ki an kontradiksyon avèk sajès Bondye. Si yo etidye 1 Korentyen 1:23–25 la, sa ka ede yo konprann ke Bondye pi saj pase lòm. 

Aktivite posib

  • LI 1 Korentyen 1:23–25 la ansanm, epi ede timoun yo jwenn mo sajès ak foli yo. Eksplike yo ke anpil moun te panse ansèyman Pòl yo sete foli, men Pòl te eksplike yo ke kwè nan levanjil Kris la se vrè sajès. Poukisa li saj pou n kwè sa Bondye anseye?

  • Ede timoun yo jwe wòl sou fason yo ka reponn kèk moun ki panse ansèyman Legliz yo se foli—ansèyman tankou kwè nan Sovè a, respekte pawòl Sajès la, oubyen obeyi lwa dim nan. Paregzanp, yo ka temwaye de benediksyon ki soti nan viv ansèyman sa yo.

  • Pataje yon eksperyans kote lòt moun te panse ke kwayans ou yo sete foli, oubyen pataje yon egzanp sou sa nan ekriti yo. èske timoun yo ka pataje kèk eksperyans konsa tou? Ki fason 1 Korentyen 1:25 ede nou rete fidèl lè lòt moun trete kwayans nou yo kòm foli?

1 Korentyen 2:11–14

Sentespri a anseye m verite levanjil yo.

Kijan w ka ede timoun yo rekonèt ke yo bezwen Sentespri a pou yo konprann “bagay Bondye yo”?

Aktivite posib

  • Fè lis mwayen nou genyen pou n aprann nan mond lan—paregzanp, liv, lekòl, ak entènèt. Apresa li 1 Korentyen 2:11–14 ansanm. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason nou aprann “bagay Bondye yo”?

  • Envite timoun yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te santi enspirasyon Sentespri a, ke yo rele “espri Bondye” tou (1 Korentyen 2:11–14). Se gan dwa moman yo te nan legliz la, pandan yo t ap priye, oubyen yo t ap li ekriti yo. Ede yo konprann ke Sentespri a t ap anseye yo laverite, jan Pòl dekri a.

  • Envite chak timoun pou li youn nan ekriti sa yo: 1 Korentyen 2:11–14; 1 Nefi 10:17; Mowoni 10:3–5; ak Doktrin ak Alyans 8:2–3. Mande yo pou yo pataje sa yo aprann nan ekriti sa yo sou fason Sentespri a anseye nou. Ankouraje yo pou yo ekri referans sa yo nan maj liv ekriti yo a.

1 Korentyen 6:19–20

Mwen dwe trete kò m avèk respè epi kenbe l sakre.

Si yo konprann ke kò nou se kado Pè Selès la ba nou, sa ap ede timoun yo kenbe kò yo sakre, menm lè yo gen tantasyon pou yo fè otreman.

Aktivite posib

  • Pote yon kado vlope ki gen foto yon timoun ak yon tanp andedan l. Envite yo pou yo li 1 Korentyen 6:19–20 epi devine kisa k nan kado a. Fè yo devlope li epi eksplike yo kijan kò nou se tankou yon tanp.

  • Di yo kijan nou dwe trete yon tanp. Si kò nou se tankou tanp, kijan nou ta dwe trete kò nou? Chante oubyen li pawòl yon chan sou tanp, tankou “Je demeure dans un temple” (Chants pour les enfants, 153), ka ede yo reponn kesyon sa a. Lè nou fè erè, kijan nou ka fè “tanp” nou an vin pwòp ankò?

  • Li seksyon ki rele “Sante fizik ak emosyonèl” la nan bwochi Pou fòs jèn yo (2011, 25–27). Envite timoun yo pou yo fè yon lis konsèy yo jwenn sou fason pou pran swen kò nou yo sou tablo a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo pataje yon kantik yo te chante nan klas la ak sa yo te aprann ladan li avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Aprann konsènan Jezikri, Youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè kòm enstriktè se temwaye konsènan Jezikri. Sa ap ede timoun yo fòtifye temwayaj yo epi santi amou Sovè a pou yo.

Enprime