2010–2019
“Mwen te yon etranje”
avril 2016


10:16

“Mwen te yon etranje”

Avèk èd lapriyè, reflechi sou sa nou ka fè—selon tan nou ak mwayen nou—pou sèvi refijye ak imigran k ap viv nan katye nou ak nan kominote nou yo.

Jou Sosyete Sekou te òganize a, Emma Smith te deklare: “Nou pral fè yon bagay ekstraòdinè. … Nou atann ke nou pral gen anpil okazyon ekstraòdinè ak apèl presan.”1 Apèl presan ak okazyon ekstraòdinè sa yo te konn prezante tèt yo souvan lè sa a—menmjan ak jodi a.

Youn ladan yo te prezante pandan konferans jeneral Oktòb 1856 la lè Prezidan Brigham Young te anonse kongregasyon an ke konpayi charèt abra pyonye yo te toujou nan plèn yo byen ta nan sezon an. Li te deklare: “Lafwa nou, relijyon nou an, ak pwofese lafwa nou pap sove nou youn nan wayòm selès Bondye nou an, si nou pa aplike prensip tankou sa m ap anseye nou yo la a. Ale epi mennen moun sa yo ki nan plèn yo kounyeya, epi fè egzakteman bagay sa yo nou rele tanporèl yo, … sinon, lafwa nou an pap sèvi anyen.”2

Avèk gwo admirasyon ak rekonesans, nou sonje mesye sa yo ki te derape pou al sekouri Sen aflije sa yo. Men, kisa sè yo te fè?

“Sè [Lucy Meserve] Smith te ekri … ke, apre egzòtasyon Prezidan Young nan, moun yo nan asanble a te pase alaksyon … Fi yo te ‘[retire] jipon yo [gwo jipon laj ki te alamòd nan epòk la e ki te kenbe yo cho tou], ba yo, ak tout sa yo te ka bay, lamenm nan [ansyen] Tabènak la, epi yo te anpile [yo] nan charyo yo pou te voye bay Sen yo ki te nan montay yo.’”3

Plizyè semèn apresa, Prezidan Brigham Young te reyini Sen yo nan ansyen Tabènak la ankò lè moun ki t al pote sekou yo ak konpayi charyo abra yo te prèske rive nan Vil Salt Lake. Ak gwo ijans, li te priye Sen yo—espesyalman sè yo—pou yo te pran swen moun ki t ap soufri yo, ba yo manje, epi resevwa yo, kote l te di: “Kèk nan nou pral rankontre avèk pye ki jele rive jis anlè; gen pye ki jele rive jis nan janm yo e genyen ki gen men yo jele. … Nou vle pou n resevwa yo tankou pwòp pitit nou, epi se pou nou santi se sa yo ye vre.”4

Lucy Meserve Smith te ekri tou:

“Nou te fè tout sa nou te kapab, avèk èd frè yo ak sè yo, pou rekonfòte moun nan nesesite yo. … Men yo ak pye yo te jele anpil. … Nou te kontinye fè tout efò nou jiskaske yo tout te enstale byen konfòtab. 

“Mwen pa t janm te gen plis satisfaksyon, e m ka di, plis plezi konsa nan tout travay m te konn akonpli nan lavi m, tèlman nou te santi nou fè youn. …

“Kisa ki genyen pou men ki dispoze yo fè apresa?”5

Sè byeneme m yo, istwa sa a ka aplike pou epòk pa nou an ak pou moun k ap soufri atravè mond lan. Gen yon lòt “okazyon ekstraòdinè” ki touche kè nou tou.

Tant nan yon ka refijye
Timoun nan yon kan refijye
Yon fi nan yon kan refijye
Yon fanmi nan yon kan refijye
Moun k ap bay èd ki antoure pa timoun nan yon kan refijye
Akèy nan yon kan refijye
Moun k ap bay èd k ap anbrase yon refijye

“Gen plis pase 60 milyon refijye, san konte moun yo deplase pa lafòs nan tout mond lan. Mwatye ladan yo se timoun6. “Moun sa yo travèse anpil gwo difikilte e yo oblije ap rekòmanse nan … nouvo peyi ak nouvo kilti. Pandan ke pafwa gen kèk òganizasyon ki ede yo nan ba yo yon kote pou yo viv ak nesesite debaz yo, sa yo bezwen se yon zanmi ak yon alye ki ka ede yo adapte avèk nouvo peyi yo a, yon moun ki ka ede yo aprann lang nan, konprann sistèm yo, e santi yo konekte.”7

Yvette Bugingo

Nan ete pase a, m te rankontre Sè Yvette Bugingo, ki nan laj 11 zan te oblije kouri deplase sot yon kote al nan yon lòt apre yo te fin touye papa li epi twa nan frè l yo te disparèt nan yon zòn ki te devaste pa lagè nan mond lan. Yvette ak rès fanmi an te finalman al viv pandan sizan edmi kòm refijye nan yon peyi tou pre jiskaske yo te vin kapab deplase al nan yon peyi pèmanan, kote yo te gen benediksyon rankontre yon koup ki te ede yo avèk transpò, lekòl, ak lòt bagay yo. Li di yo te “pratikman yon repons priyè yo.”8 Manman li ak bèl ti sè l la avèk nou aswè a, y ap chante nan koral la. Depi m te fin rankontre bèl moun sa yo, m souvan ap mande tèt mwen: “E si istwa yo a sete istwa pa mwen?”

Antanke sè, nou se plis pase mwatye nan magazen Senyè a pou ede pitit Pè Selès nou yo. Magazen l lan pa konpoze avèk pwodui sèlman men avèk tan nou, talan nou, ak nati divin nou tou. Sè Rosemary M. Wixom te anseye: “Nati divin ki andedan nou an mete lakay nou yon dezi pou lonje lamen bay lòt moun e li pouse nou pou nou aji.”9

Rekonèt nati divin nou kapab pouse nou pou n aji. Prezidan Russell M. Nelson eksplike:

“Nou bezwen fi ki konn kijan pou yo fè bagay enpòtan rive avèk lafwa yo epi ki kourajezman ap defann moralite ak fanmi nan yon mon ki malad anba peche … ; fi ki konn kijan pou yo fè apèl a pouvwa syèl yo pou pwoteje ak fòtifye timoun yo ak fanmi yo. ...

“… Ke nou marye oswa selibatè, nou menm sè yo, nou posede kapasite distenktif ak enspirasyon espesyal nou resevwa kòm kado nan men Bondye. Nou menm frè yo, nou pa ka kopye enfliyans san parèy nou.”10

Gen yon lèt Premye Prezidans lan te voye nan Legliz la 27 Oktòb 2015, ki eksprime gwo sousi ak konpasyon pou dè milye moun ki kite lakay yo pou chape anba gè sivil ak lòt tribilasyon yo. Premye Prezidans lan te envite tout moun, fanmi yo, ak inite yo nan Legliz la pou yo patisipe nan sèvis kretyen nan pwojè pou pote sekou bay refijye nan lokalite yo a, ak pou yo kontribye nan fon imanitè Legliz la, lè sa posib.

Prezidans Jeneral Sosyete Sekou, Jènfi, ak Primè yo te reflechi sou fason pou reponn a envitasyon Premye Prezidans lan. Nou konnen nou menm, chè sè byeneme nou yo nan tout laj, nou soti nan tout kalite sikonstans nan lavi a e n ap viv nan sitiyasyon varye. Men chak manm ki fè pati asosyasyon sè mondyal sa a te fè alyans nan batèm pou “konsole moun ki bezwen konsolasyon.”11 Men nou dwe sonje ke okenn nan nou pa dwe kouri plis pase fòs nou.12

Avèk verite sa yo nan lespri nou, nou òganize yon travay sekou ki rele “Mwen te yon Etranje.” Nou espere ke nou va reflechi nan lapriyè pou nou ka deside kisa nou ka fè—selon tan nou ak mwayen nou—pou sèvi refijye ak imigran k ap viv nan katye nou ak nan kominote nou yo. Sa se yon opòtinite pou nou sèvi endividyèlman, antanke fanmi, e atravè lòt òganizasyon pou nou ofri amitye, konsèy, ak lòt sèvis kretyen e sa se youn nan plizyè fason sè yo kapab sèvi.

Nou tout efò gide pa lapriyè nou yo, nou dwe suiv konsèy plen sajès Wa Benjamen te bay pèp li a lè l te fin egzòte yo pou yo te pran swen moun nan nesesite yo: “Epi fè tout bagay sa yo nan lasajès ak nan lòd.”13

Sè m yo, nou konnen lonje lamen bay lòt moun avèk lanmou konte pou Senyè a. Ann konsidere egzòtasyon sa yo nan ekriti yo:

“Ou dwe konsidere etranje ki abite avèk ou a kòm pitit ou, epi ou dwe renmen li menmjan ak tèt ou.”14

“Pa bliye bay etranje ospitalite: paske konsa ou gen dwa resevwa zanj san w pa konnen.”15

Epi Sovè a Limenm te di:

“Paske mwen te grangou, ou ban m manje; mwen te swaf dlo, epi ou te ban m bwè; mwen te etranje, ou te resevwa m lakay ou:

“Mwen te toutouni, epi ou te ban m rad; mwen te malad, ou te vizite mwen.”16

Ofrann vèv la

Avèk amou, Sovè a te fè lwanj pou vèv la ki te bay de santim sèlman kòm ofrann nan paske li te bay sa l te kapab.17 Li te pale de parabòl Bon Samariten an tou, ke L te fini avèk deklarasyon sa a “Ale, epi fè menm bagay la tou.”18 Pafwa, lonje lamen pou ede gen dwa enkonfòtab. Men lè nou travay ansanm nan lanmou ak inite, nou ka jwenn èd syèl la.

Nan antèman yon pitit fi Bondye ekstraòdinè, yon moun te pataje ke sè sa a, lè l te prezidant Sosyete Sekou pieu, te kolabore avèk lòt moun nan pieu a pou yo te fè dra pou te chofe moun ki t ap soufri nan Kosovo yo nan ane 1990 yo. Epi, tankou bon Samariten an, li te jwen pyezemen pou l te fè plis epi limenm ak pitit fi li te kondui yon kamyon plen dra sa yo soti Londres pou al Kosovo. Lè l t ap retounen, li te resevwa yon enpresyon espirityèl endiskitab ki te penetre nan fon nan kè li. Men enpresyon l te resevwa a: “Sa w fè a se yon bon bagay. Kounyeya, rantre lakay ou, travèse lari a, epi al rann vwazen ou sèvis!”19

Antèman an te ranpli ak lòt resi enspiran sou fason fi fidèl sa a te rekonèt ak reponn apèl presan ekstraòdinè—ak okazyon òdinè—moun ki te bò kote li. Pa egzanp, li te louvri kay li ak kè li pou ede jèn moun k ap lite yo nenpòt kilè---lajounen kou lannuit.

Sè byeneme m yo, nou ka gen asirans n ap resevwa èd Pè Selès la lè nou mete ajenou pou mande direksyon divin pou beni pitit Li yo. Pè Selès la; Sovè nou an, Jezikri; ak Sentespri a pare pou ede nou.

Prezidan Henry B. Eyring te rann temwayaj puisan sa a sou fi yo nan Legliz la:

“Pè Selès la tande e Li reponn priyè lafwa nou pou jwenn gidans ak èd pou pèsevere nan sèvis n ap rann Li yo.

“Yo voye Sentespri a pou nou menm ak moun n ap pran swen yo. N ap jwenn fòs ak enspirasyon pou n konnen limit nou ak longè kapasite nou pou sèvi. Lespri a ap rekonfòte nou lè n ap mande tèt nou: ‘Èske m fè ase?’”20

Pandan n ap reflechi sou “apèl presan” moun ki bezwen èd nou yo, annou mande tèt nou: “E si istwa yo a sete istwa pa mwen?” Apresa, se pou nou chèche enspirasyon, epi aji sou enspirasyon nou resevwa yo, epi lonje lamen nan inite pou ede moun ki nan bezwen yo jan nou kapab ak jan nou enspire pou nou fè sa. Lè sa a, petèt yo ka di apwopo nou, jan Sovè a te di apwopo yon sè eman ki te sèvi Li: “Li fè yon bon aksyon. … Li fè sa l te kapab.”21 Mwen panse sa ekstraòdinè! Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Emma Smith, nan Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 14.

  2. Brigham Young, nan Daughters in My Kingdom, 36.

  3. Filles dans mon royaume, 36–37.

  4. Brigham Young, nan James E. Faust, “Go Bring Them in from the Plains,” Liahona, Nov. 1997, 7; gade tou LeRoy R. and Ann W. Hafen, Handcarts to Zion: The Story of a Unique Western Migration 1856–1860 (1960), 139.

  5. Lucy Meserve Smith, nan Jill Mulvay Derr and others, eds., The First Fifty Years of Relief Society: Key Documents in Latter-day Saint Women’s History (2016), 217, 218, òtograf ak ponktyasyon nòmalize; gade tou nan Daughters in My Kingdom, 37.

  6. Gade “Facts and Figures about Refugees,” unhcr.org.uk/about-us/key-facts-and-figures.html.

  7. 40 Ways to Help Refugees in Your Community,” Sept. 9, 2015, mormonchannel.org.

  8. Mesaj nan men Yvette Bugingo, Mas. 12, 2016.

  9. Rosemary M. Wixom, “Discovering the Divinity Within,” Liahona, Nov. 2015, 8. Emily Woodmansee, youn nan moun yo te pote sekou an 1856 nan konpayi charyo abra Willie a, te dekri nati divin nan fason sa a (avèk yon ti modifikasyon m fè):

    Aux femmes incumbent les taches des anges;

    Nous, soeurs, en Sion, nous réclamons le droit:

    Aimant et servant (à la manière du Christ],

    D’aider, de bénir, [au nonm du Soveur]. (“Nous, soeurs de Sion,” Cantiques, no. 201)

  10. Russell M. Nelson, “A Plea to My Sisters,”Liahona, Nov. 2015, 96, 97.

  11. Mozya 18:9.

  12. Gade Mozya 4:27.

  13. Mozya 4:27.

  14. Levitik 19:34.

  15. Ebre 13:2.

  16. Matye 25:35–36.

  17. Gade Lik 21:1–4.

  18. Lik 10:37.

  19. Antèman Rosemary Curtis Neider, Jan. 2015.

  20. Henry B. Eyring, “The Caregiver,”Liahona, Nov. 2012, 124.

  21. Mak 14:6, 8.