Pouvwa Divinite a
Chak tanp se kay sen ak sakre Bondye a, epi anndan l nou chak kapab aprann epi konnen pouvwa divinite a.
Jis kèlke mwa anvan lanmò Pwofèt Joseph Smith la, li te reyini avèk Douz Apot yo pou yo te pale sou pi gwo bezwen Legliz la t ap fè fas nan epòk trè difisil sa a. Li te di yo, ”Nou bezwen tanp pase tout lòt bagay.” Sètènman, jodya, nan epòk difisil sa yo, nou chak ak fanmi nou bezwen tanp plis pase tout lòt bagay.
Pandan yon konsekrasyon tanp ki te fèt dènyèman, m te kontan pandan tout eksperyans la. M te renmen pòt ouvèt la, kote n te akeyi vizitè yo ki te vin wè tanp lan; selebrasyon kiltirèl la avèk antouzyas ak kè kontan jèn yo; epi apre te gen bèl sesyon konsekrasyon yo. Lespri a te dous. Anpil moun te beni. Epi apre, nan demen maten, madanm mwen avèk mwen te antre nan fon batismo a pou n te patisipe nan batèm pou kèk nan zansèt nou yo. Pandan m t ap leve men m pou kòmanse òdonans la, m te prèske depase pa pouvwa Sentespri a. M te reyalize ankò ke pouvwa reyèl tanp la chita nan òdonans yo.
Jan Senyè a revele, nou jwenn plenitid Prètriz Mèlkisedèk la nan tanp lan ak nan òdonans li yo, “paske kle prètriz sen yo òdone ladan l pou nou kapab resevwa onè ak laglwa.” “Se poutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan òdonans prètriz la yo.” Pwomès sa a se pou nou menm ak pou fanmi nou.
Responsablite nou se pou n “resevwa” tout sa Papa nou an genyen. “Paske yon moun ki resevwa, m ap ba li pouvwa plis an abondans”: pouvwa pou resevwa tout sa Li kapab ba nou ak sa Li pral ba nou—kounyeya epi etènèlman; pouvwa pou vin tounen pitit gason ak pitit fi Bondye, pou konnen “pouvwa syèl yo,” pouvwa pou pale nan non Li, ak pou resevwa “pouvwa Lespri [Li] a.” Pouvwa sa yo vin disponib pèsonèlman pou nou chak atravè òdonans ak alyans tanp yo.
Nefi te wè epòk nou an nan gwo vizyon l la : “Mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a ; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”
Dènyèman, m te gen privilèj pou m te patisipe nan pòt ouvèt yon tanp avèk Prezidan Russell M. Nelson ak fanmi li pandan li te rasanble yo otou lotèl sèlman an pou eksplike yo ke tout sa nou fè nan Legliz la—tout reyinyon, tout aktivite, tout leson, ak sèvis—se pou prepare nou chak pou n vin nan tanp lan pou mete ajenou sou lotèl la pou resevwa tout benediksyon Papa a pwomèt pou letènite yo.
Amezi n ap santi benediksyon tanp yo nan lavi nou, kè nou ap tounen vè fanmi nou, ni vivan ni mò.
Dènyèman, m te wè yon fanmi twa jenerasyon ki t ap patisipe nan batèm ansanm pou zansèt yo. Menm granmè a te patisipe—malgre li te yon tijan pè pou l t al anba dlo a. Lè l te soti anba dlo a epi l te anbrase mari li, li te gen dlo lajwa nan je l. Apresa granpapa a ak papa a youn te batize lòt ak anpil nan pitit pitit yo. Ki pi gwo lajwa pase sa yon fanmi ka genyen ansanm? Chak tanp gen yon tan ki rezève pou fanmi pou pèmèt nou planifye pou n sèvi ansanm nan sal batèm nan.
Yon ti bout tan anvan lanmò li, Prezidan Joseph F. Smith te resevwa vizyon sou redanmsyon mò yo. Li te anseye ke moun ki nan mond lespri yo totalman depann sou òdonans nou resevwa pou yo. Ekriti a di, “Mò ki repanti yo ap rachte, atravè obeyisans yo nan òdonans ki nan kay Bondye a.” Nou resevwa òdonans yo nan non yo, men se yo menm fè chak alyans ki asosye avèk chak òdonans yo epi yo responsab pou yo. Asireman, vwal la fen pou nou epi li totalman ouvè pou yo nan tanp la.
Konsa, ki responsablite pèsonèl nou genyen pou n angaje nan travay sa a, kòm patisipan e kòm travayè tanp? Pwofèt Joseph Smith te anseye Sen yo nan lane 1840 ke “gen efò konsiderab pou nou fè, epi gen mwayen ki pral nesesè—epi paske travay [bati tanp lan] dwe akselere nan lajistis, tach Sen yo se pou mezire enpòtans bagay sa yo, nan lespri yo, … epi apresa, pran etap nesesè pou akonpli yo; epi ame avèk kouraj, pou yo dispoze pou fè tout sa yo kapab, e santi yo responsab kòmsi tout travay la te depann de yo sèlman.”
Nan liv Apokalips la nou li:
“Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, kimoun yo ye, kibò yo soti?
“… Sa yo se moun ki pase anba gwo tribilasyon, epi yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san Ti Mouton an.
“Se poutèt sa, yo kanpe devan twòn Bondye a, epi y ap sèvi li lajounen kou lannwit nan tanp li a: epi moun ki chita sou twòn nan ap demere pami yo.”
Èske nan lespri w, ou ka wè moun k ap sèvi nan tanp yo jodia?
Gen plis pase 120.000 travayè tanp nan 150 tanp ki an fonksyon nan mond lan. Men, gen opòtinite pou menm plis al fè bèl eksperyans sa a. Lè Prezidan Gordon B. Hinckley te anonse ide pou konstwi anpil ti tanp yo atravè mond lan, li te anseye ke “tout travayè tanp k ap fè òdonans yo, se ta pral moun lokal ki ta pral sèvi nan lòt kapasite nan pawas yo ak pieu yo.” Nòmalman, travayè tanp yo aple pou sèvi pandan twazan, avèk posiblite pou yo pwolonje sèvis yo plis pase sa. Sa pa vle di yon fwa yo aple w, ou pral rete osi lontan ou kapab. Anpil travayè ki t ap sèvi lontan nan tanp yo kenbe lanmou yo pou tanp lan avèk yo lè yo relve pandan y ap kite plas pou lòt nouvo travayè tanp sèvi.
Sa gen prèske 100 tan, Apot John A. Widtsoe te anseye : “Nou bezwen plis travayè tanp pou akonpli travay mèveye [sa a] … Nou bezwen plis moun ki gen temwayaj fèm sou travay tanp, soti nan tout laj. … Moman an rive … nan nouvo mouvman tanp sa a, pou nou mete tout moun nan sèvis aktif, nan tout laj. … Travay tanp … pote otan benefis pou moun ki jèn ak aktif yo ke pou moun aje yo, ki kite anpil fado lavi dèyè yo. Jenòm nan bezwen plas li nan tanp lan menm plis pase papa li ak granpapa li, ki afèmi pa eksperyans yo gen tan fè pandan tout lavi yo; epi jènfi ki fèk ap antre nan lavi a bezwen lespri, enfliyans, ak direksyon ki soti nan patisipasyon nan òdonans tanp yo tou.”
Nan anpil tanp, prezidan tanp yo envite misyonè ki fèk resevwa apèl yo ak dotasyon yo, jènjan ak jènfi, pou yo sèvi pandan jis yon ti tan kòm travayè tanp anvan yo ale nan Sant Fòmasyon Misyonè a. Jèn sa yo non sèlman jwenn benediksyon pou yo sèvi, men, an menm tan “yo ranfòse bote ak lespri ki genyen pou tout moun k ap sèvi nan tanp lan.”
M te mande yon gwoup jènjan ak jènfi ki te sèvi kòm travayè tanp anvan e apre misyon yo pou yo pataje sa yo panse. Yo te itilize ekspresyon tankou sa yo pou dekri eksperyans yo nan tanp la:
Lè m sèvi nan tanp lan
-
M santi “m pi pre Papa m ak Sovè a”;
-
M santi “lapè ak bonè total”;
-
M gen enpresyon ke m “lakay mwen”;
-
M resevwa “sentete, pouvwa, ak fòs” ;
-
M santi “enpòtans alyans sakre m yo” ;
-
“Tanp lan vin fè pati mwen menm” ;
-
“Moun n ap sèvi yo pwòch pandan òdonans yo”;
-
“Sa ban m fòs pou m simonte tantasyon”; epi
Sèvi nan tanp se yon eksperyans ki rich ak puisan pou moun tout laj. Menm kèk nan nouvo marye yo ap sèvi ansanm. Prezidan Nelson te anseye : “Sèvis nan tanp … se yon aktivite mayifik pou yon fanmi.” Antanke travayè tanp, anplis resevwa òdonans pou zansèt ou yo, ou ka ofisye nan òdonans pou yo tou.
Jan Prezidan Wilford Woodruff te di:
“Ki pi gwo apèl yon gason [oswa yon fi] ka genyen sou fas tè a pase kenbe nan men l pouvwa ak otorite pou l ale administre nan òdonans sali yo?…
“… Ou vin yon enstriman nan men Bondye nan sali moun sa a. Pa gen anyen pitit lèzòm yo resevwa ki egal ak sa.”
Epi li te di tou :
“[W] ap resevwa chichotman dous Sentespri ak trezò syèl yo, kominikasyon zanj yo, ap vin ajoute tanzantan.”
“Sa vo tout sa mwen menm avèk ou ka sakrifye [pandan] kèk grenn ane nou genyen pou n pase isit la nan lachè a.”
Prezidan Thomas S. Monson te raple nou dènyèman ke “benediksyon tanp yo pa gen pri.” “Pa gen okenn sakrifis ki twò gran.”
Vini nan tanp. Vini souvan. Vini avèk fanmi nou epi pou fanmi nou. Vini, epi ede lòt moun vini tou.
“Moun sa yo ki gen rad tou blan an, kimoun yo ye?” Frè m ak sè m yo, se nou menm—nou menm ki resevwa òdonans tanp yo, ki kenbe alyans nou yo menm lè n oblije fè sakrifis ; nou menm k ap ede fanmi nou jwenn benediksyon sèvis nan tanp yo epi ki gen tan ede lòt moun sou wout la tou. Mèsi pou sèvis nou. Mwen temwaye chak tanp se kay sen ak sakre Bondye, epi anndan yo chak nou ka aprann epi konnen pouvwa divinite a, nan non Jezikri, amèn.