Pote Sekou: Nou Ka Fè Sa
Senyè a bay nou tout zouti ki nesesè pou n al pote sekou bay zanmi inaktif nou yo ak sa ki pa manm yo.
Sovè a te klèman konprann misyon L pou L vin pote pitit Papa nou ki nan syèl yo sekou a, paske li te deklare :
“Pitit Gason Lòm nan vini pou sove moun ki te pèdi yo.
“ … [Paske] se pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou yonn nan timoun piti sa yo ta peri.”
Manman m, Jasmine Bennion Arnold sete yon zanj ki te klèman konprann wòl li nan sekouri brebi Papa nou ki nan syèl yo ki te blese oubyen ki te nan detrès yo, enkli pwòp pitit ak pitit pitit pa l yo. Ala yon wòl ekstraòdinè granparan ka jwe nan lavi pitit pitit yo.
Abityèlman, manman m te gen apèl pou l te fè vizit nan fwaye pou moun ki te gen lafwa fèb yo, ki te inaktif yo ak fanmi ki gen yon pati manm yo; sepandan, twoupo l la te gen plizyè lòt ke onkenn moun pat ajoute nan sa l te gen pou l vizite yo. Jeneralman, vizit li yo pat sèlman yon sèl fwa pa mwa, men li te konn diskrètman koute e pote swen bay malad yo epi l te konn bayo ankourajman. Nan dènye mwa lavi manman m yo, li te oblije rete lakay li, men, li te pase anpil tan ap ekri lèt voye bay moun sa yo, pou eksprime amou li, pou rann temwayaj, ak pou edifye moun ki te konn vin vizite li.
Lè nou pote moun sekou, Bondye ban nou pouvwa, ankourajman, ak benediksyon. Lè L te kòmande Moyiz pou sekouri pitit Izrayèl yo, Moyiz te pè, menmjan anpil nan nou pè a. Moyiz te jistifye tèt li, li te di, “M pa konn pale byen, … epi m pale lan, epi lang mwen lou.”
Senyè a te ba l asirans:
“Kiyès kit e fè bouch lòm? … èske se pat mwen, Senyè a?
“Kounyeya,se poutèt sa, ale, epi map avèk bouch ou, pou m aprann ou sa ou dwe di.”
Annefè, Senyè a te di Moyiz, “Ou ka fè l!” E ou konn yon bagay, nou kapab tou!
Kite m pataje kat prensip ki pral ede nan efò pou sekouri moun nan.
Prensip 1: Nou pa dwe retade lè pou n al pote sekou
Èldè Alejandro Patania, yon ansyen Swasanndis Otorite Rejyonal te rakonte istwa ti frè li a, Danyèl, ki te pran bato avwal al nan lanmè pou l al peche avèk ekipaj li a. Apre yon tan, Danyèl te resevwa yon avètisman dijans ki te fè konnen te gen yon gwo tanpèt ki t ap apwoche. Imedyatman, Danyèl ak ekipaj li a te kòmanse pran direksyon pò a.
Pandan move tan an tap entansifye, mote yon bato pechè nan zòn nan te sispann fonksyone. Ekip
Pandan fanmi yo tap tann yo avèk enkyetid, reprezantan nan gadkòt yo, asosyasyon pechè yo, ak marin nan te reyini pou yo te deside ki bi bon strateji pou yo te itilize pou pote sekou a. Gen kèk moun ki te vle derape rapidman, men yo te di yo pou yo te ret tann yon plan daksyon. Pandan moun yo ki te pran nan tanpèt la te kontinye ap mande èd ijans, reprezantan yo te kontinye ap fè reyinyon, pou yo te eseye dakò sou pi bon metòd la ak sou yon plan.
Lè yo te reyisi fin òganize yon ekpi sovtaj, yon dènye apèl dezespere te vini. Tanpèt la te dechennen epi li te kase kab ki te relye bato yo, epi ekipaj Danyèl la te retounen pou yo te wè si yo te ka al sove lòt zanmi pechè yo. Alafen, toulède bato yo te koule, ansanm avèk ekipaj yo, enkli ti frè Èldè Patania a.
Èldè Patania te konpare trajedi sa a avèk avètisman Senyè a lè L te di: “Nou [pat] fòtifye, … [oubyen] rachete sa ki te pèdi yo, … [oubyen] chèche sa ki te pèdi yo; … e m pral repran twoupo m nan nan men [nou].”
Èldè Patania te eksplike ke, pandan ke nou dwe òganize nou nan konsèy nou yo, kowòm yo, oksilyè yo, menm endividyèlman an, nou pa dwe retade lè pou n al pòte sekou. Pafwa, plizyè semèm pase pandan nap pale sou fason pou ede fanmi oubyen endividi ki nan bezwen espesyal yo. Nou fè deliberasyon sou kiyès ki pral vizite yo ak ki metòd pou yo anplwaye. Pandan tan sa a, frè ak sè nou yo ki pèdi yo kontinye bezwen nou e pafwa yo menm ap enplore èd nou. Nou pa dwe retade.
Prensip 2: Nou pa dwe janm lage sa
Prezidan Monson, ki te lanse yon apèl pou n al pote moun sekou, te di: “Nou dwe fè manm nou yo sonje ke l pa janm twò ta nan zafè al chèche manm … mwens aktif nou yo … ke yo ta ka konsidere kòm koz dezespere yo.”
Menmjan ak anpil nan nou, kèk moun mwen pataje levanjil la avèk yo vin batize oubyen vin aktif tout suit pandan ke pou kèk lòt sa pran pi plis tan—tankou Tim, zanmi m nan ki pa t manm nan, ak madanm li, Charlène, ki te inaktif.
Pandan plis pase 25 an, m te konn fè konvèsasyon sou levanjil la avèk Tim, epi m te konnn mennen Tim ak Charlèn al nan vizit yo òganize pou tanp yo. Gen lòt moun ki te pote è dpa yo tou men, Tim te rejte tout envitasyon nou te fè l pou l te rankontre avèk misyonè yo.
Yon wikenn, m te gen responsablite pou prezide nan yon konferans pieu. M te mande prezidan pieu a pou l te jene ak priye pou nou te konn kiyès nou ta dwe vizite. M te resevwa yon chòk lè l te lonje non Tim, zanmi m nan, ban mwen. Lè evèk Tim nan, prezidan pieu a, avèk mwen te frape pòt la, Tim te ouvri, li te gade m, li te gade evèk la, epi l te di : “Evèk, m kwè w te di m ou ta pral mennen yon moun ki espesyal!”
Aprasa, Tim te ri epi l te di : “Ou mèt antre, Merv.” Yon mirak te fèt jou sa a. Kounyeya, Tim batize, epi limenm ak Charlèn te sele nan tanp.
Prensip 3: Ala gwo lajwa w ap genyen si w mennen menm yon sèl nanm bay Kris la
Sa gen kèk ane, nan yon konferans jeneral, m te pale sou fason José de Souza Marques te konprann pawòl Sovè a ki di: “Si nenpòt moun nan pami nou fò nan Lespri a, se pou l pran yon moun ki fèb avèk li, pou l ka… vin fò tou.”
Frè Marques te konn non chak brebi nan kowòm prèt la epi l te reyalize Fernando te absan. Li t al chèche Fernando lakay li, epi apresa lakay yon zanmi, e li te menm al sou plaj la.
Li te finalman jwenn Fernando k ap fè laplanch sou lanmè a. Li pa t ret tann jistan bato a te nwaye, tankou nan istwa Danyèl la. Li te imedyatman antre nan dlo a pou l t al pote brebi pèdi l la sekou, e li te mennen l retounen ak kontantman.
Apresa, li te asire l ke l te kontinyèlman pran swen Fernando pou l pa t janm ale kite twoupo a ankò.
Kite m rakonte nou sa k pase depi lè yo te pote Fernando sekou a epi kite m rakonte nou lajwa ki genyen nan sekouri jis yon sèl brebi egare. Fernando te marye avèk ti cheri li, Maria, nan tanp. Kounyeya, yo gen 5 pitit ak 13 pitit pitit, yo tout aktif nan Legliz la. Anpil lòt paran yo ansanm ak fanmi yo te vin manm Legliz la. Ansanm, yo te pote dèmilye non zansèt yo pou resevwa òdonans tanp yo, e benediksyon yo fèk kòmanse vini.
Kounyeya, Fernando ap sèvi kòm evèk pou la twazyèm fwa, epi li kontinye pote moun sekou, jan yo te pote l sekou a. Dènyèman, li te di, “Nan pawas nou an, nou gen 32 jènjan ki aktif nan Prètriz Aawon an, 21 ladan yo se sa nou te pote sekou nan dènye 18 mwa yo.” Antanke moun endividyèl, antanke fanmi, kowòm, oksilyè, klas, ak vizitè nan fwaye, nou ka fè sa tou!
Prensip 4: Kèlkeswa laj nou, nou tout gen apèl pou nou pote sekou
Prezidan Henry B. Eyring te deklare: “Kèlkeswa laj nou, konpetans nou, apèl nou nan Legliz la, oubyen kote nou rete, nou tout gen apèl pou nou travay pou ede [Sovè a] nan mwason nanm moun Li yo jiskaske L retounen ankò.”
Chak jou, gen plizanplis nan timoun nou yo, jèn nou yo, jèn adilt sèl nou yo, ak manm adilt nou yo, nan tout laj, k ap reponn apèl Sovè a pou al pote sekou a. Mèsi pou efò nou! Kite pataje kèk egzanp avèk nou:
Amy, ki gen 7 tan, te envite zanmi li Arianna avèk fanmi l nan reyinyon Sentsèn Primè a fè chak ane a. Kèk mwa apresa, Arianna ak fanmi l te batize.
Allan, yon jèn adilt sèl, te santi l enspire pou l te pataje kèk nan video Legliz yo ki nan Mormon Messages (Mesaj Mòmon)yo, ak kèk vèsè ekriti avèk tout zanmi l yo ki sou medya sosyal yo.
Sè Reeves te kòmanse pataje levanjil la avèk chak moun ki te rele nan travay li.
James te envite Shane, yon zanmi ki pat manm, nan batèm pitit fi l la.
Spencer te voye referans diskou konferans Prezidan Russell M. Nelson an bay sè l la ki te inaktif la, epi l te di : “Li te li diskou a epi sa te ouvri yon pòt.”
Senyè mete tout zouti ki nesesè yo aladispozisyon nou pou nou ka al sekouri zanmi inaktif nou yo ak zanmi ki pa manm nou yo. Nou tout ka fè sa!
M envite nou chak pou nou koute apèl Sovè a pou pote sekou s. Nou ka fè sa!.
Mwen temwaye solanèlman ka Jezi se Bon Bèje a, Li renmen nou epi Lap beni nou lè nou al pote moun sekou. M konnen Li vivan; m konnen sa. Nan non Jezikri, amèn.