I M se Pitit Bondye
Yon konpreyansyon kòrèk sou eritaj selès nou esansyèl pou egzaltasyon nou.
Doktrin ki pi fondamantal nou an enkli konesans ke nou se pitit yon Bondye vivan. Se rezon sa a ki fè youn nan non ki pi sakre Li se Papa—Papa nou ki nan Syèl la. Pwofèt yo nan tout epòk te klèman anseye doktrin sa a:
-
Lè Satan te tante l la, Moyiz te repouse li, li te di: “Kiyès ou ye? Paske gade, m se yon pitit Bondye.”
-
Lè l t ap adrese Izrayèl la, Salmis la te deklare: “Nou tout se pitit Bondye ki anwo a.”
-
Pòl te anseye Atenyen yo sou mòn Mars la ke yo sete “pitit Bondye.”
-
Joseph Smith ak Sidney Rigdon te resevwa yon vizyon kote yo te wè Papa a ak Pitit la, epi yon vwa soti nan syèl la te deklare ke abitan ki nan mond yo se “se pitit gason ak pitit fi Bondye.”
-
An 1995, 15 apot ak pwotèt vivan te deklare : “ Tout kretyen vivan … kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès.”
-
President Thomas S. Monson te temwaye: “Nou se pitit gason ak pitit fi yon Bondye vivan. … Nou pa ka gen konviksyon sa a san nou pa santi yon nouvo sans fòs ak pouvwa pwofon.”
Doktrin sa a tèlman fondamantal, yo si souvan mansyone l, e li si enstenktivman senp, ke l ka parèt òdinè, pandan ke an reyalite, li pami konesans ki pi ekstraòdinè nou ka genyen. Yon konpreyensyon kòrèk sou eritaj selès nou an esansyèl pou egzaltasyon. Li se fondasyon pou nou konprann plan glorye sali a ak pou nou nouri lafwa nan Premyene Papa a, Jezi, Kris la, ak Sakrifis plen mizèrikòd Li a. Epitou, sa ban nou motivasyon kontinyèl pou nou fè ak kenbe alyans etènèl endispansab nou yo.
Apa kèk eksepsyon, chak moun k ap patisipe nan reyinyon sa a, t ap kapab kounyeya menm, san pawòl ni patisyon, chante, “Je suis enfant de Dieu.” Kantik apresye sa a se yonn nan chan moun plis chante nan Legliz sa a. Men kesyon enpòtan an se, “Èske noureyèlman konnen sa?” Èske nou konn sa nan panse nou, ak nan kè nou, ak nan nanm nou? Èske orijin selès nou an se premye idantite ki pi pwofon nou?
Isit sou tè a, nou idantifye tèt nou nan plizyè fason diferan, enkli lye nesans nou, nasyonalite nou, ak lang nou. Gen moun ki menm idantifye tèt yo apati aktivite pwofesyonèl yo oubyen pastan yo. Idantite terès sa yo pa move amwenske yo entèfere oubyen yo pran pye sou idantite etènèl nou—ke nou se yon pitit gason oubyen yon pitit fi Bondye a.
Lè pi jèn pitit nou an te gen sizan epi l te nan premye ane nan klas primè, pwofesè a te bay timoun yon devwa pou yo te fè nan klas la. Sete mwa Oktòb, mwa Halloween, yon jou ferye nan kèk pati nan mond la. Se pa yon jou ferye m renmen men, m sipoze gen petèt kèk aspè inosan ak pozitif nan Halloween.
Pwofesè a te distribye fèy papye bay jèn elèv yo. Anlè paj la, te gen foto yon majisyèn mistik (m di nou se pa fèt prefere mwen) ki te sispandi anlè yon gwo chodyè k ap bouyi. Kesyon yo te poze sou paj la, pou ankouraje imajinasyon timoun yo ak pou teste konesans yo sou ekriti yo, sete: “Ou fèk bwè yon goblè nan bouyon majisyèn nan, kisa k rive ou?” Tanpri, note ke m pa p pataje istwa sa a kòm yon rekòmandasyon pou pwofesè yo.
“Ou fèk bwè yon goblè nan bouyon majisyèn nan, kisa k rive ou? Avèk pi bèl ekriti l kòm debitan, ti pitit nou an te ekri : “M ap mouri e m pral nan syèl la. M ap renmen sa. M ap renmen l paske se pi bon kote pou yon moun ye paske ou ansanm avèk Pè Selès la.” Repons sa a te yon tijan siprann pwofesè a; men, lè pitit fi nou an te pote devwa a lakay, nou te remake yo te ba l yon etwal, pi gwo nòt la.
Nan lavi reyèl la, nou rankontre difikilte reyèl, ki pa imajinè. Gen soufrans—fizik, emosyonèl, ak espirityèl. Gen kè brize lè sikonstans yo diferan avèk sa nou te atann. Gen enjistis lè nou pa sanble nou merite sitiyasyon nou ye a. Gen desepsyon lè yon moun nou fè konfyans trayi nou. Gen pwoblèm sante ak revè finansye ki ka dezoryante nou. Ka menm gen moman kesyon kote yon pwen doktrin oubyen yon evenman depase konpreyensyon nou pou moman an.
Lè difikilte prezante nan lavi nou, ki reyaksyon imedyat nou? Èske se konfizyon oubyen dout oubyen nou fè retrè espirityèl? Èske sa pa atake lafwa nou? Èske nou akize Bondye ak lòt moun pou sitiyasyon nou? Oubyen, èske premye reyaksyon nou se sonje kiyès nou ye—ke nou se pitit yon Bondye eman? Èske santiman sa a vini avèk yon konfyans total ke Li kite nou gen kèk soufrans sou tè apaske Li konnen sa ap yon benediksyon pou nou, tankou yon dife pirifikatè, pou nou vin menmjan avèk Li e akeri eritaj etènèl nou?
Dènyèman, m te nan yon reyinyon avèk Èldè Jeffrey R. Holland. Pandan l tap anseye prensip ke lavi mòtèl la ka agonizan, men difikilte nou yo gen objektif etènèl—menmsi nou pa konprann sa nan momanm an —Elder Holland te di, “Nou ka gen sa nou vle a, oubyen nou ka gen yon bagay ki pi bon.”
Sa gen senk mwa, madanm mewn, Diane, avèk mwen tal an Afrik avèk Elder ak sè David A. Bednar. Sizyèm e dènye peyi nou te vizite sete Liberia. Liberia se yon gwo peyi ki gen yon pèp nòb ak yon bèl istwa, men, bagay yo pa fasil nan kote sa a. Dè dizèn ane enstabilite politik ak gè sivil te agrave fleyo povrete a. Anplis desa, maladi mòtèl Ebola a te touye prèske 5.000 moun nan kote sa a nan dènye epidemi an. Nou sete premye gwoup dirijan Legliz ki te sòti deyò peyi a pou al Monrovia, kapital la, depi òganizasyon Mondyal Sante a te deklare l pa danjere pou vizite apre epidemi Ebola a.
Nan yon Dimanch maten imid ki te fè cho anpil, nou te vwayaje al nan kote yo te lwe pou fè reyinyon an nan sant vil la. Tout chèz ki te disponib yo te ranje, ototal 3.500 chèz. Total final moun ki te vin asiste yo sete 4.100 moun. Prèske tout moun ki te vini yo te fè trajè a apye oubyen yo te itilize yon fòm transpò piblik ki pa t pratik; li pa t fasil pou Sen yo te rasanble. Men, yo te vini. Majorite nan yo te rive plizyè èdtan anvan lè reyinyon an. Lè nou te antre nan nan sal la, atmosfè espirityèl la te elektrik! Sen yo te prepare pou yo resevwa ansèyman.
Lè yon oratè te site yon ekriti, manm yo te resite vèsè a byen fò. Keseswa---ekriti a te kout oubyen long; tout kongregasyon an te reponn ansanm. Nou pa nesesèman rekòmande sa, men, sa te sètènman enpresyonan dèske yo te ka fè li. Epi koral la---te chante avèk fòs. Avèk yon mayestwo antouzyas ak yon jèn gason 14 zan sou pyano a, manm yo te chante avèk anpil enèji ak fòs.
Apresa, Elder Bednar te pale. Natirèlman, sete evenman sa a tout moun t ap tann----pou yo te tande yon Apot anseye ak temwaye. Klèman, sou direksyon espirityèl, lè l te rive nan mitan diskou li la, Èldè Bednar te kanpe epi l te di, “Èske nou konn chan ‘Quels fondements fermes’ nan?
4.100 vwa te reponn byen fò: “WI!”
Epi li te mande, “Èske nou konn 7 tyèm kouplè a?”
Tout asanble a te reponn “WI!”
Aranjman bèl kantik sa a “Quels fondements fermes” nan, Kè Tabènak la te konn chante pandan dènye 10 zan yo, gen yon setyèm kouplè yo pa t konn chante anvan sa. Èldè Bednar te di: “Annou chante kouplè 1, 2, 3, ak 7.”
San ezitasyon, mayestwo koral la te leve kanpe epi jènjan detantè Prètriz Arawon an ki te akonpaye l la te imedyatman kòmanse jwe nòt entwodiksyon yo avèk enèji. Avèk yon degre konviksyon m pat janm santi anvan sa nan yon chan yon kongregasyon chante, nou te chante 1e, 2e, ak 3e kouplè yo. Apresa, volim nan ak puisans espirityèl la te vin pi wo lè 4.100 vwa yo te chante setyèm kouplè a ki di:
Nan yonn nan evènman espiritèl ki pi remakab nan lavi mwen, m te aprann yon leson jou sa a. N ap viv nan yon mond ki ka lakoz nou bliye kiyès nou reyèlman ye. Plis distraksyon antoure nou, se plis l ap pi fasil pou nou pran relasyon nou avèk Bondye alalejè, epi inyore li, epi bliye li. Sen nan Liberia yo pa gen anpil byen materyèl, men, malgre sa, yo sanble yo gen tout bagay espirityèlman. Sa nou te temwen jou sa a nan Monrovia a sete yon gwoup pitit gason ak pitit fi Bondye---ki te konn kiyès yo ye!
Nan mond jodia, kèlkeswa kote n ap viv e kèlkeswa sitiyasyon nou, li esansyèl pou nou sonje ke idantite ki pi enpòtan nou se kòm pitit Bondye.Si nou konn sa sa ap pèmèt lafwa nou epanouwi, l ap pouse nou repanti kontinyèlman, epi ba nou fòs pou nou ka kanpe “fèm e inebranlab” pandan tout vwayaj nou nan mòtalite a. Nan non Jezikri, amèn.