Vini, Suiv Mwen
21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pa kite moun fasilman ebranle nou nan lespri nou, pa kite yo twouble nou’


“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pa kite moun fasilman ebranle nou nan lespri nou, pa kite yo twouble nou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
sè misyonè k ap pale avèk yon jenòm

21–27 Oktòb

1 ak 2 Tesalonisyen

“Pa kite moun fasilman ebranle nou nan lespri nou, pa kite yo twouble nou“

Si nou pa ekri enpresyon nou resevwa nan men Lespri a, nou gen dwa bliye yo. Kisa Lespri a pouse w pou w ekri pandan w ap li 1 ak 2 Tesalonisyen an?

Ekri enpresyon ou

Nan Tesalonik, yo te akize Pòl ak Silas paske yo te “mache fè dezòd toupatou” (Travay 17:6). Prèch yo te pwovoke kòlè kèk dirijan nan pami Juif yo, epi dirijan sa yo te pouse pèp la fè l soulve (gade Travay 17:1–10). Kòm rezilta, yo te mande Pòl ak Silas pou yo te kite lavil la. Pòl te enkyè pou nouvo konvèti Tesalonisyen yo ak pèsekisyon yo t ap rankontre, men li pa t ka retounen al vizite yo. Li te ekri: “Lè m pa t ka kenbe ankò, m te voye pran nouvèl lafwa nou.” Kòm repons, asistan Pòl la, Timote, ki t ap sèvi nan Tesalonik, “te pote bòn nouvèl sou lafwa nou ak charite nou” (1 Tesalonisyen 3:5–6). Anfèt, Sen Tesalonisyen yo te rekoni kòm egzanp “pou kwayan yo” (1 Tesalonisyen 1:7), epi nouvèl apwopo lafwa yo te simaye nan tout lòt vil yo. Imajine lajwa ak soulajman Pòl lè l te tande travay li pami moun sa yo “pa t anven” (1 Tesalonisyen 2:1). Men, Pòl te konnen ke fidelite lepase yo pa t sifizan pou yo te siviv spirityèlman nan lefiti, epi li te pè enfliyans fo enstriktè yo k te nan pami Sen yo (2 Tesalonisyen 2:2–3). Mesaj li pou yo, ak pou noumenm tou, se kontinye “pèfeksyone sa nou manke nan lafwa [nou] toujou” epi pou “nou chèche viv pi byen toujou” nan lanmou (gade 1 Tesalonisyen 3:10; 4:10).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Tesalonisyen 1–2

Moun k ap preche levanjil yo preche avèk senserite ak lanmou.

Nan 1 Tesalonisyen, pawòl Pòl yo revele alafwa enkyetid ak lajwa yon moun ki bay tout limenm pou sèvi pitit Bondye yo. Espesyalman nan premye de chapit 1 Tesalonisyen yo, nou jwenn pawòl ak fraz ki dekri kijan yon vrè sèvitè anseye levanjil la. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka amelyore ansèyman levanjil ou?

1 Tesalonisyen 3:9–4:12

Si m suiv Jezikri, m ka vin sen.

Nou tout espere ke lè “Senyè nou an vini,” n ap kapab kanpe devan l avèk “kè nou san repwòch devan Bondye” (1 Tesalonisyen 3:13). Kisa Pòl te anseye konsènan pou nou vin pi sen 1 Tesalonisyen 3:9–13; 4:1–12?

Gade Mowoni 10:32–33; Bible Dictionary, “Holiness”; Carol F. McConkie, “Bote Sentete,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 9–12 tou.

1 Tesalonisyen 4:16–18; 5:1–10; 2 Tesalonisyen 1:4–10

Si m fidèl epi m vijilan, m ap prepare pou Dezyèm Vini Sovè a.

Nan 1 Tesalonisyen 5:1–10, Pòl te itilize plizyè metafò pou l te anseye dè verite enpòtan sou epòk lè Jezi pral retounen sou tè a. Pandan w ap etidye metafò sa yo, panse pou w ekri enpresyon ou resevwa sou Dezyèm Vini Jezikri a:

“Yon vòlè nan lannuit”:

“Doulè yon fi k ap akouche“:

Lòt metafò w jwenn:

Ki verite adisyonèl ou aprann osijè Dezyèm Vini Jezikri a nan 1 Tesalonisyen 4:16–18; 5:1–10; 2 Tesalonisyen 1:4–10? Kisa w santi w pouse pou w fè pou w ka veye ak prepare w pou lè l vini?

Gade Dallin H. Oaks, “Preparation à la Seconde Venue,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 7–10.

2 Tesalonisyen 2

Yo te pwofetize ke te gen yon apostazi, oubyen yon pèt laverite, ki t ap presede Dezyèm Vini an.

Nan mitan tout pèsekisyon k t ap ogmante yo, anpil nan Sen yo te panse Dezyèm Vini Sovè a te siman pwòch. Men, Pòl te konnen ke, anvan Jezi te retounen sou tè a, t ap gen yon apostazi—yon rebelyon kont laverite (gade 2 Tesalonisyen 2:1–4). Ou gen dwa apwofondi konpreyansyon ou sou Gran Apostazi a—ak apresyasyon ou pou Retablisman an—nan eksplore kèk nan resous sa yo:

  • Ekriti ki te predi Apostazi a: Ezayi 24:5; Amòs 8:11–12; Matye 24:4–14; 2 Timote 4:3–4

  • Ekriti ki montre ke Apostazi a te deja kòmanse nan epòk Pòl la: Travay 20:28–30; Galat 1:6–7; 1 Timote 1:5–7

  • Obsèvasyon sou Gran Apostazi a pa refòmatè Kretyen yo:

    Martin Luther: “M pa t chèche lòt bagay pase refòme Legliz la pou l te vin konfòm avèk Ekriti Sent yo. … M di senpleman ke Kristyanis la te sispann egziste pami moun ki ta dwe prezève l yo” (nan E. G. Schweibert, Luther and His Times: The Reformation from a New Perspective [1950], 590).

    Roger Williams: “Apostazi a … kowonpi tout bagay nan pwen ke pa p ka gen okenn sòti nan apostazi sa a jiskaske Kris la voye nouvo apot pou replante legliz la ankò” (nan Philip Schaff, The Creeds of Christendom [1877], 851).

    Erasmus: “Tout bagay si anpetre kounyeya ak kesyon [sou doktrin] ak dekrè sa yo ke nou pa menm oze espere fè mond lan retounen nan vrè Krisyanis la” (The Praise of Folly, trans. Clarence H. Miller, 2nd ed. [2003], 155–56).

Gade 2 Nefi 28; “Apostazi,” Gospel Topics, topics.lds.org tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

1 Tesalonisyen 3:9-13 

Kisa k enpresyone w apwopo santiman Pòl te genyen pou zanmi l yo. Kijan nou ka favorize santiman sa yo pou fanmi nou, zanmi nou, ak Sen parèy nou yo?

1 Tesalonisyen 4:13-18

Kijan nou ka itilize vèsè sa yo pou rekonfòte noumenm oubyen yon lòt moun lè n gen yon moun ki mouri?

1 Tesalonisyen 5:14-25

Repase konsèy Pòl la nan 1 Tesalonisyen 5:14–25 la, epi chèche yon fraz fanmi w ta renmen konsantre sou li. Ou gen dwa ekri l sou yon afich epi mete l nan kay la. Manm fanmi yo ka ajoute yon nòt sou afich la lè yo chak wè lòt ap suiv konsèy ki nan afich la.

2 Tesalonisyen 3:13

Èske nou janm santi nou “fatige ap fè byen”—depase, petèt, pa egzijans lavi disip yo? Kisa k ede nou lè nou santi n fason sa a? (Gade Galat 6:9; DA 64:33.) Kijan nou youn ka sipòte lòt lè sa rive?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche revelasyon pèsonèl chak jou. “Revelasyon souvan vini ‘liy apre liy’ (2 Nefi 28:30), non pa tout alafwa. Pa panse a [etid levanjil] la kòm yon bagay ou libere tan pou w fè men kòm yon bagay ou fè tout tan” (Anseye nan fason Sovè a, 12).

Imaj
Kris la nan nyaj yo

Kris resisite a, pa Robert T. Barrett

Enprime