Vini, Suiv Mwen
28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo’


“28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
twa fi ki kanpe devan yon tanp

28 Oktòb–3 Novanm 

1 ak 2 Timote; Tit; Filemon

“Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo”

Pafwa li bon pou abòde etid ekriti w la avèk youn oubyen plis kesyon nan lespri ou. Envite Lespri a pou l gide w jwenn repons pandan w ap etidye a, epi ekri nenpòt enspirasyon ou resevwa.

Ekri enpresyon ou

Nan epit Pòl te ekri Timote, Tit, ak Filemon yo, nou wè yon apèsi sou kè yon sèvitè Senyè a. Kontrè ak lòt epit Pòl te voye bay dè kongregasyon annantye, li te ekri epit sa yo voye bay moun endividyèlman—zanmi pwòch li ak asosye l yo nan travay Bondye a—epi lè w ap li yo, se tankou w ap tande yon konvèsasyon. Nou wè Pòl k ap ankouraje Timote ak Tit, de dirijan kongregasyon, nan sèvis yo legliz la. Nou wè l k ap envite zanmi li, Filemon, pou l padone yon Sen parèy li epi trete l tankou yon frè nan levanjil la. Pawòl Pòl yo pa t adrese avèk nou dirèkteman, e li gen dwa pa t janm ta imajine ke si anpil moun t apral li yo yon jou. Men, nan epit sa yo, nou jwenn konsèy ak ankourajman pou nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 ak 2 Timote; Tit

Kiyès Timote ak Tit te ye?

Timote ak Tit te sèvi avèk Pòl nan kèk nan vwayaj misyonè l yo. Pandan sèvis yo, yo te vin gen respè ak konfyans Pòl. Nan apre, yo te aple Timote kòm dirijan Legliz la nan Efèz, epi yo te aple Tit kòm dirijan nan Krèt. Nan epit sa yo, Pòl te bay dirijan yo enstriksyon ak ankourajman konsènan responsablite yo, ki te enkli preche levanjil la ak aple moun pou sèvi kòm evèk.

Gade Diksyonè Bib la, “Paul Epistles,” “Timothy,” “Tit.”

Imaj
yon evèk k ap pale avèk yon jenòm nan biwo li

Evèk yo aple pou yo bay manm pawas yo gidans espirityèl.

1 Timote 4:10–16

Si m se “yon egzanp pou kwayan yo,” M ka mennen lòt moun vin jwenn Sovè a ak levanjil li a.

Timote te jèn anpil, men , Pòl te konnen li t ap vin yon gwo dirijan nan Legliz la malgre jenès li. Ki konsèy li te bay Timote nan 1 Timote 4:10–16? Kijan konsèy sa a ka ede w mennen lòt moun bay Sovè a ak levanjil li a?

Gade Alma 17:11 tou.

2 Timote

“Paske se pa yon espri laperèz Bondye mete nan nou; men, se yon espri fòs, lanmou, ak sajès.”

Yo toujou di ke 2 Timote se dènye epit Pòl te ekri, e se kòmsi li te konnen tan l sou tè a ta pral fini (gade 2 Timote 4:6–8). Pandan w ap li epit sa a, panse sou kijan Timote dwe te santi l pou l te konnen li ta pral pèdi zanmi l ak dirijan l sa a. Kisa Pòl te di pou l te ankouraje l? Kisa pawòl Pòl yo anseye w sou fè fas ak pwòp eprèv ak laperèz pa w?

2 Timote 3

Viv levanjil la pote sekirite kont danje spirityèl dènye jou yo.

N ap viv nan “dènye jou” Pòl te pale yo, epi “tan difisil” yo rive (2 Timote 3:1). Pandan w ap li 2 Timote 3 a, ekri peril dènye jou yo ki mansyone yo (gade 1 Timote 4:1–3 tou):

Èske w ka panse ak kèk egzanp sou peril sa yo nan nan mond ki antoure la—oubyen nan pwòp lavi ou? Ki fason peril sa yo, tankou sa yo dekri nan vèsè 6, “glise antre nan [fwaye nou], e mennen[nou] kaptif”? Ki konsèy ou jwenn nan 2 Timote 3, ak lòt kote nan epit sa yo, ki ta ka ede oumenm ak fanmi w rete an sekirite anba danje spirityèl sa yo? (gade, paregzanp, 1 Timote 1:3–11; 2 Timote 2:15–16; Tit 2:1–8).

Filemon

Kiyès Filemon te ye?

Filemon sete yon kretyen Pòl te konvèti nan levanjil la. Li te gen yon esklav ki te rele Onesim, ki te sove anba esklavaj, li te rankontre Pòl, epi li te konvèti nan levanjil la tou. Nan yon lèt li te voye bay Filemon, Pòl te ankouraje zanmi l sa a pou l te padone Onesim epi pou l te resevwa l “non pa kòm yon esklav ankò, men kòm yon frè byeneme” (vèsè 16).

Filemon

Disip Kris yo padone youn lòt.

Èske w konn nan yon sitiyasyon kote yon moun te chèche jwenn padon ou? Panse a sitiyasyon sa a pandan w ap li epit Filemon an. Kisa Pòl te anseye Filemon sou rezon k fè l te dwe padone Onesim? Èske gen mesaj pou ou nan epit sa a?

Gade 1 Nefi 7:16–21; Mozya 26:30–31; Gospel Topics, “Forgiveness,” topics.lds.org tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

1 Timote 2:9–10

Byenke kèk aspè nan konsèy Pòl te bay pou fi yo abiye avèk modesti a pa aplike a epòk nou an, nou tout ka aprann nan konsèy li bay pou “abiye [nou] … avèk bon zèv” la. Fanmi w gen dwa ta renmen òganize yon defile mòd, avèk manm fanmi an abiye an rad oubyen bijou ki pote non diferant kalite bon zèv. Ki bon zèv fanmi an ta ka fè semèn sa a?

1 Timote 4:12

Pou ede manm fanmi w anvi vin “yon egzanp pou kwayan yo,” panse pou w envite yo pou yo desine foto sou fason moun konn bon egzanp pou yo. Nan ki fason moun sa yo enspire nou pou n suiv Jezikri? Mesaj Prezidan Thomas S. Monson nan: “Be an Example and a Light” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 86–88) la ta ka bay kèk ide.

1 Timote 6:7–12

Poukisa w panse yo konsidere “amou lajan” kòm “rasin tout mal”? Ki danje k genyen nan santre lavi nou sou lajan? Kijan nou ka satisfè avèk benediksyon nou genyen yo?

2 Timote3:14-17

Selon vèsè sa yo, ki benediksyon moun ki konnen ekriti yo e ki etidye yo resevwa? Petèt manm fanmi yo ta ka pataje kèk ekriti yo twouve k espesyalman “pwofitab.”

Filemon 1:17-21

Kisa Pòl te dispoze pou l te fè pou Onesim? Ki fason sa sanble ak sa Sovè a te volontèman fè nou an? (gade 1 Timote 2:5–6; DA 45:3–5 tou). Kijan nou ka suiv egzanp Pòl avèk Sovè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Anseye senp doktrin klè. Levanjil la bèl nan senplisite li (gade DA 133:57). Olye ke w eseye divèti fanmi w avèk leson ki mande anpil preparasyon, eseye anseye doktrin nan nan pite l ak senplisite li (gade 1 Timote 1:3–7).

Imaj
frè ak sè ka p li ekriti yo

Etidye pawòl Bondye a ap ede prezève nou anba danje spirityèl dènye jou yo.

Enprime