Vini, Suiv Mwen
4–10 Novanm. Ebre 1–6: ‘Jezi, ‘Otè sali etènèl nou’’


4–10 Novanm. Ebre 1–6: ‘Jezi, ‘Otè sali etènèl nou’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Novanm. Ebre 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Kris la ki kanpe avèk yon jènfi ak yon mesye

Pomad Gileyad, pa Anne Henrie

4–10 Novanm.

Ebre 1-6

Jezikri, “Otè sali etènèl nou”

Ekri enpresyon espirityèl ou yo ap ede w rekonèt sa Sentespri a vle w anseye. Aji sou enpresyon w yo demontre ke w gen lafwa ke enspirasyon sa yo reyèl.

Ekri enpresyon ou

Nou tout renonse ak yon bagay pou n ka aksepte levanjil Jezikri a—keseswa move abitid, kwayans enkòrèk, move frekantasyon, oubyen yon lòt bagay. Pou Janti yo, konvèsyon souvan vledi abandone fo dye yo. Sepandan, pou Ebre (Juif) yo, konvèsyon te pi difisil, yon tijan pi konplike. Apretou, kwayans ak tradisyon yo te atache yo te anrasinen nan adorasyon vrè Bondye a ak ansèyman pwofèt li yo, depi dè milenè. Men, Apot yo te anseye ke lwa Moyiz la te akonpli nan Jezikri epi te gen yon lwa siperyè kounyeya pou kwayan yo. Èske aksepte Krisyanis la te vledi pou Ebre yo te abandone kwayans ak istwa yo te gen anvan yo? Epit Ebre yo te chèche ede reponn kesyon sa yo kote l anseye ke lwa Moyiz la, pwofèt yo, ak òdonans yo, tout enpòtan, men, Jezikri pi gran pase tout (gade Ebre 1:1–4; 3:1–6; 7:23–28). Anfèt, tout bagay sa yo pwente nou vè Kris la, epi yo temwaye de Kris la kòm Pitit Gason Bondye ak Mesi yo te pwomèt la ke Juif yo t ap tann nan. Mesaj pou Ebre yo, ak pou nou tout, sèke pafwa nou dwe abandone kèk tradisyon pou n ka fè Jezikri vin sant adorasyon nou ak sant lavi nou—paske, se atravè Kris la “nou ka jwenn mizèrikòd” (Ebre 4:16).

senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Ebre

Kiyès ki te ekri Epit Ebre yo?

Gen kèk espesyalis ki te mande tèt yo si sete vre Pòl te ekri Epit Ebre yo. Stil literè epit Ebre yo yon ti jan diferan de lòt lèt Pòl yo, epi, premye vèsyon tèks yo pa gen non otè a ladan yo. Men, paske ide yo eksprime nan Ebre yo koresponn avèk lòt ansèyman Pòl yo, Sen Dènye Jou yo, nan kenbe tradisyon kretyen yo, jeneralman aksepte ide ke Pòl te omwen patisipe nan ekri epit sa a.

Gade Diksyonè Bib la, “Paul Epistles” tou.

Ebre 1-5

Jezikri se “pòtre egzat” Pè Selès la.

Anpil Juif te twouve sa difisil pou yo te aksepte Jezikri kòm Pitit Gason Bondye. Epit Pòl te voye bay Ebre yo anseye ke tout bagay osijè Jezi temwaye de Papa a e montre egzanp li. Pandan w ap li senk premye chapit Ebre yo, ou gen dwa fè yon lis sou tit, wòl, kalite, ak zèv Jezikri yo. Kisa bagay sa yo anseye nou sou Sovè a? Kisa yo anseye nou sou Pè Selès la?

Kisa deklarasyon sa a Èldè Jeffrey R. Holland te fè a ajoute sou fason ou konprann ansèyman ki nan chapit sa yo? “Jezi … te vini pou amelyore vizyon moun yo te genyen de Bondye a epi pou l te sipliye yo pou yo te renmen Pè Selès la jan l toujou renmen yo e l ap toujou renmen yo a. … Konsa, nouri moun ki grangou, geri malad, reprimande ipokrizi, priye pou lafwa—sete Kris la ki t ap montre nou chemen Papa a” (“The Grandeur of God,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 72).

Ebre 2:9–18; 4:12–16; 5:7–8

Jezikri te soufri tantasyon ak enfimite pou l te ka konprann mwen ak ede mwen.

Èske w santi w ka “apwoche bò twòn lagras la avèk asirans” epi chèche mizèrikòd? (Ebre 4:16). Youn nan mesaj Epit Pòl te voye bay Ebre yo sèke, malgre peche nou ak feblès nou, nou ka gen aksè a Bondye epi gras li alapòte nou. Kisa w jwenn nan Ebre 2:9–18; 4:12–16; 5:7–8 ki ranfòse konfyans ou ke Jezikri ap ede w nan pwoblèm ou nan mòtalite a? Panse pou w ekri sa w panse ak sa w santi osijè sa Sovè a fè pou ou nan yon jounal.

Gade Mozya 3:7–11; Alma 7:11–1334.

Ebre 3:7–4:11,

Pou m resevwa benediksyon Bondye yo, m pa dwe “andisi” kè m.

Byenke yo te konvèti nan Krisyanis la, kèk nan Sen Juif yo te twouve l difisil pou yo te totalman aksepte levanjil Jezikri a ak benediksyon l yo. Lè l te raple yo istwa ansyen Izrayelit yo, Pòl te espere pèsyade Juif yo pou yo te evite fè menm erè zansèt yo te fè yo—ki sete rejte benediksyon Bondye yo akoz enkredilite. (Ou ka li istwa Pòl yo rakonte nan Resansman 14:1–12, 26–35.)

Panse kijan Ebre 3:7–4:11 ka aplike pou ou. Pou fè sa, ou gen dwa medite sou kesyon tankou sa yo:

  • Kijan Izrayelit yo te pwovoke Senyè a? (gade Ebre 3:8–11). Ki konsekans ki genyen nan andisi kè nou?

  • Kilè m konn kite kè m andisi? Èske gen benediksyon Bondye vle ban mwen ke m pa resevwa paske m manke lafwa?

  • Kisa m ka fè pou m vin gen yon kè dou ki kontri? (gade Etè 4:15; Pwovèb 3:5–6; Alma 5:14–15).

Gade 1 Nefi 2:16; 15:6–11; Jakòb 1:7–8; Alma 12:33–36.

senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Ebre 1:8–9

Nan ki fason Jezi montre ke l renmen ladwati epi l rayi inikite? Si nou gen dezi ki pa jis, kisa nou ka fè pou n chanje yo?

Ebre 2:1-4.

Èske w ka panse a yon bagay pou ede fanmi w konprann kisa savle di pou n kenbe fèm nan verite levanjil “nou tande yo”? Ou gen dwa ilistre sa avèk yon objè ki difisil pou w kenbe. Kijan efò nou pou kenbe temwayaj nou se tankou atrape objè sa a ak kenbe li? Kijan nou ka asire nou ke “bagay nou tande yo” pa “soti” nan lespri nou? (vèsè 1.).

Ebre 2:9-10.

Pou eksplore fraz “kapitèn sali yo” a, ou ta ka kòmanse diskite kisa yon kapitèn ye. Kisa yon kapitèn fè? Kijan Jezikri se tankou yon kapitèn pou noumenm ak sali nou?

Ebre 5:1–5

Vèsè sa yo ka ede nou fè yon diskisyon sou kisa savledi pou yon moun aple pa Bondye pou detni prètriz la oubyen pou l ranpli lòt apèl nan Legliz la nan men yon moun ki gen otorite. Kisa nou ka aprann nan egzanp Jezikri a sou resevwa ak ranpli apèl?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Eseye diferan apwòch. Olye pou w toujou etidye ekriti yo nan menm fason an, panse a lòt diferan ide pou etid. Pou kèk ide, gade seksyon “Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou” a nan kòmansman manyèl sa a.

Kris la ki parèt devan Nefit yo

Kris la vizite Nouvo Mond lan, pa Walter Rane