Vini, Suiv Mwen
11–17 Novanm. Ebre 7–13: ‘Yon sakrifikatè byen ki pou vini yo’


11–17 Novanm. Ebre 7–13: ‘Yon sakrifikatè byen ki pou vini yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019 (2019)

11–17 Novanm. Ebre 7-13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Mèlkisedèk k ap bay Abraram yon benediksyon

Melchisedèk beni Abraram, pa Walter Rane

11–17 Novanm.

Ebre 7-13

“Yon sakrifikatè byen ki pou vini yo”

Pandan w ap li Ebre 7–13, ou gen dwa resevwa enpresyon atravè Sentespri a. Panse sou fason ou ka konsève yo; paregzanp, ou gen dwa konsève yo nan plan leson sa a, nan maj ekriti w yo, oubyen nan app Libreri Levanjil la.

Ekri enpresyon ou

Menm Sen fidèl yo konn pafwa sibi “soufrans ak afliksyon” ki ka ebranle konfyans yo (gade Ebre 10:32–38). Pòl te konnen Juif ki te konvèti nan Krisyanis yo t ap gen pou yo sibi gwo pèsekisyon akoz nouvo lafwa yo a. Pou l te ankouraje yo rete fidèl nan temwayaj yo, li te raple yo long tradisyon kwayan yo te genyen nan istwa yo: Abèl, Enòk, Nowe, Abraram, Sara, Joseph, Moyiz—“yon kantite temwen” ki te konnen pwomès Bondye yo reyèl epi sa te vo lapèn pou yo te tann yo (Ebre 12:1). Eritaj lafwa sa a komen a tout moun ki gen rega yo fikse “sou Jezi [kòm] chèf ak konsomatè lafwa nou” (Ebre 12:2). Gras avèk li, kèlkeswa lè advèsite fè nou anvi “rale kò nou,” nou ka okontrè “apwoche nou avèk yon kè sensè, nan tout asirans lafwa nou” (Ebre 10:22, 38). Pou noumenm, menmjan ak pou ansyen Sen yo, Jezikri se “sakrifikatè bon bagay ki gen pou vini yo” (Ebre 9:11).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Ebre 7:1-22.

Prètriz Mèlkisedèk la se prètriz ki pi wo a.

Pandan dè syèk, Juif yo te egzèse Prètriz Levitik la, ke nou rekonèt kòm Prètriz Aawon tou. Men, ak plenitid levanjil Jezikri a, nou te resevwa Prètriz Mèlkisedèk la, ki pi gran e ki ofri pi gwo benediksyon toujou. Kisa w aprann apwopo Prètriz Mèlkisedèk la nan Ebre 7? Men kèk egzanp sou verite w ka jwenn:

Joseph Smith Tradiksyon, Ebre 7:3, 21:Moun ki te òdone nan Prètriz Mèlkisedèk yo “vin sanblab avèk Pitit Bondye a” epi yo se “[prèt] pou tout tan.”

Ebre 7:11:Prètriz Levitik la pa ofri “pèfeksyon”; konsa, li te ranplase pa Prètriz Mèlkisedèk la (gade DA 84:18–22).

Ebre 7:20–21:Nou resevwa Prètriz Mèlkisedèk la atravè yon sèman (gade DA 84:19–44).

Ki benediksyon w te resevwa nan Prètriz Mèlkisedèk la ak òdonans ki asosye avèk li yo?

Gade Alma 13:1–13; Doktrin ak Alyans 121:36–46; Gid Ekriti yo, “Melchizedek Priesthood,” topics.lds.org; Gid Ekriti yo, “Melchizedek,” scriptures.lds.org; Henry B. Eyring, “Faith and the Oath and Covenant of the Priesthood,” Ensign oswa Liahona, Me 2008, 61–64; Dallin H. Oaks, “Kle ak Otorite Prètriz yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 49–52 tou.

Ebre 9:1–10:22.

Òdonans ansyen ak modèn yo pwente sou Jezikri.

Premye lektè Ebre yo nan epit sa a te siman familye avèk ansyen tabènak la ak òdonans Pòl te dekri yo. Men, gen kèk ki pa t byen rekonèt ke objektif òdonans sa yo sete pou oryante nou sou sakrifis ekspyatwa Jezikri a.

Nan epòk biblik la, nan yon fèt anyèl yo te rele Jou Ekspyasyon an, yon gran prèt te konn antre nan andwa ki pi sen an (oubyen Sen dè Sen) an nan tanp Jerizalèm nan epi l te sakrifye yon anyo oubyen yon mouton pou peche Izrayèl yo. Pòl te eksplike ke Jezikri se yon gran prèt ki ofri yon sakrifis unique—pwòp lavi li—pou ekspye pou peche mond lan (gade Ebre 9:24–10:14).

Panse sou òdonans w ap patisipe yo jodia. Poukisa òdonans sa yo pwente w sou Jezikri?

Pou w aprann plis sou ansyen seremoni Juif yo ak senbòl yo, gade videyo “Tabènak la” ak “Sakrifis ak Sentsèn” nan (LDS.org).

Ebre 11

Lafwa mande konfyans nan pwomès Bondye yo.

Si yon moun ta mande w pou w defini lafwa, kisa w t ap di? Anne C. Pingree, ansyen manm Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, te apiye sou langaj ki nan Ebre 11 la pou l te bay definisyon sa a: “Lafwa, kapasite spirityèl pou nou pèsyade de pwomès nou wè ‘delwen’ men ke n pa ka atenn nan lavi sa a, se yon mak fabrik moun ki vrèman kwè” (“Voir les promesses au loin,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 14).

Panse pou w devlope pwòp definisyon pa w sou lafwa pandan w ap medite sou ide ki nan Ebre 11 yo. Kisa egzanp moun yo mansyone nan chapit sa yo anseye w sou lafwa? (Gade Etè 12:6–22 tou).

Gade Alma 32:21, 26–43; Jeffrey R. Holland, “An High Priest of Good Things to Come,” Ensign, Nov. 1999, 36–38; Gospel Topics, “Faith in Jesus Christ,” topics.lds.org tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Ebre 10:32–36

Ou gen dwa envite manm fanmi w pou pataje eksperyans yo te fè kote yo te santi yo “ilimine“ avèk verite. Kijan eksperyans sa yo ka ede nou pou n “pa abandone asirans [nou]“ nan moman eprèv oswa dout yo?

Ebre 11

Kijan w ka ede manm fanmi w aprann nan egzanp fidèl yo mansyone nan Ebre 11 yo? Sa ta ka amizan si w ta jwe wòl istwa nan kèk nan egzanp sa yo. Oubyen petèt fanmi w ta ka diskite sou egzanp lòt moun fidèl ou konnen—enkli zansèt ou, dirijan Legliz, ak manm nan kominote ou.

Ebre 12:2

Selon vèsè sa a, poukisa Jezi te dispoze pou l te andire doulè ak soufrans kwa a? Kisa sa anseye nou sou fason pou nou andire eprèv nou yo? Prezidan Russell M. Nelson te bay kèk ide itil sou vèsè sa a nan mesaj li ki rele “Joie et survie spirituelle” la (Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 81–84).

Ebre 12:5-11.

Poukisa Senyè a chatye nou ak korije nou? Kisa manm fanmi yo remake sou fason Senyè a wè chatiman pandan w ap etidye vèsè sa yo ansanm? Kijan vèsè sa yo afekte fason w bay oubyen w resevwa chatiman?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize mizik pou envite Lespri a ak pou aprann doktrin nan. Premye Prezidans lan te di: “Mizik gen pouvwa imans pou l soulve pi gwo espirityalite nan [nou]” (“First Presidency Preface,” Hymns, x). Petèt yon kantik sou lafwa, tankou “Vas-tu faiblir, ô jeunesse” (Cantiques, no. 164), ta ka konplete yon diskisyon fanmi an ap fè sou Ebre 11 la.

Imaj
modèl ansyen tanp Jerizalèm nan

Senbòl ansyen tanp la ak òdonans li yo anseye nou sou wòl Jezikri.

Enprime