Nouvo Testaman 2023
21–27 Out. 1 Korentyen 1–7: “Se Pou Nou Ini Ansanm Pafètman”


“21–27 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se Pou Nou Ini Ansanm Pafètman” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“21–27 Out. 1 Korentyen 1–7” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Korent tan lontan

Korent, Sid La Grèce, Fowòm nan ak Sant sivik la, tablo Balage Balogh/www.ArchaeologyIllustrated.com

21–27 Out

1 Korentyen 1–7

”Se Pou Nou Ini Ansanm Pafètman”

Sentespri a ap ede w konnen ki prensip levanjil nan 1 Korentyen 1–7 ki ap ede timoun w ap anseye yo. Pandan w ap li chapit sa yo nan yon espri lapriyè, ekri panse ak santiman ou resevwa nan men Lespri a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo si yo te pataje avèk fanmi yo yon bagay yo te aprann nan Primè semèn pase a. (Ou gendwa bezwen revize leson semèn pase a byen vit.) Si wi, kisa yo te pataje?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

1 Korentyen 2:11–14

Sentespri a anseye m verite levanjil yo.

Youn nan wòl Sentespri a se anseye nou laverite. Ki eksperyans ou ka pataje avèk timoun yo pou ede yo konprann sa?

Aktivite Posib

  • Montre objè oubyen foto ki reprezante fason nou aprann nan mond lan (tankou yon lekòl, yon liv, oubyen telefòn entèlijan). Kisa nou ka aprann lè nou itilize bagay sa yo? Eksplike ke nan 1 Korentyen 2:11,14, Pòl te anseye ke nou ka aprann konnen Bondye sèlman atravè Lespri Bondye a, ki se Sentespri a. Kisa nou ka fè pou nou aprann “bagay Bondye yo”?

  • Bat men w pandan w ap di chak silab nan fraz “Sentespri a anseye nou laverite” a. Mande timoun yo pou yo bat men yo epi repete fraz la. Pataje avèk timoun yo yon eksperyans kote Sentespri a te ede w konnen ke yon bagay te vrè.

  • Chante ansanm yon kantik sou Sentespri a, a tankou “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 105). Ede timoun yo jwenn mo ak ekspresyon nan kantik la ki anseye kijan Sentespri a pale avèk nou ak sa Li anseye nou.

1 Korentyen 3:10–11

Jezikri se fondasyon m.

Timoun yo ap poze yon fondasyon pou temwayaj yo, epi ou ka ede yo bati yon fondasyon solid sou Jezikri.

Aktivite posib

  • Li 1 Korentyen 3:11 pou timoun yo, epi eksplike ke yo ke Jezikri se fondasyon nou. Montre timoun yo plizyè foto bagay nou ka gen yon temwayaj sou yo, pami yo yon foto Jezikri. Ede yo ranje foto yo pou foto Jezi a ka anba pil la, tankou yon fondasyon, epi pou lòt foto yo “bati” sou yon temwayaj konsènan li.

  • Kreye aksyon pou kantik “Le Sage et Le Fou”” a (Chants Pour Les Enfants,281), epi chante kantik la avèk timoun yo. Ba yo chak yon wòch ki gen “Jezikri se fondasyon m” ekri sou li. Fè yo pote wòch yo lakay yo pou raple yo sa yo te aprann yo.

  • Montre foto ki dekri kèk nan istwa ou pi renmen nan lavi Sovè a, epi mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan foto sa yo. Kite yo rakonte kèk istwa yo pi renmen sou Jezi. Rann temwayaj ou ke Jezikri se fondasyon lafwa w.

1 Korentyen 6:19

Kò m se tankou yon tanp.

Kijan w ka ede timoun yo apresye kò yo kòm kado Bondye ba yo epi fè yo gen yon pi gwo dezi pou yo pran swen kò yo?

Aktivite posib

  • Montre yo foto tanp (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi li pawòl sa yo ki nan 1 Korentyen 6:19la: “Kò nou se tanp Sentespri a.” Ede timoun yo konprann ke Pè Selès la vle nou kenbe kò nou pwòp ak sakre, tankou yon tanp.

  • Montre foto yon timoun, epi mete foto bagay ki bon pou kò nou ak bagay ki pa bon pou kò nou toutotou foto sa a. Envite timoun yo pou yo chak idantifye bon bagay yo epi retire move bagay yo lè tou pa yo rive.

  • Chante yon kantik sou kò nou ansanm, tankou “La tête, les épaules, les genoux, les pieds” (Chants pour les enfants,, 275), epi mande timoun yo poukisa yo rekonesan pou kò yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Korentyen 1:23–25

Lè moun saj, sa vledi yo konfye yo nan sajès Bondye.

Timoun w ap anseye yo ap reyalize—si yo pa deja fè sat—ke gen kèk moun ki anseye bagay ki an kontradiksyon avèk sajès Bondye. Etidye 1 Korentyen 1:23-25 ka ede timoun yo konprann ke nou ka konfye nou nan sajès Bondye paske l pi gran pase pa nou.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo li 1 Korentyen 1:23-25 epi chache pawòl sajès ak foli. Eksplike yo ke anpil moun te panse ansèyman Pòl yo sete foli, men Pòl te eksplike yo ke kwè nan levanjil Kris la se vrè sajès. Poukisa li saj pou moun kwè sa Bondye anseye?

  • Ede timoun yo jwe wòl sou fason yo ka reponn moun ki panse ke kòmandman Bondye bay yo se “se foli”—kòmandmann tankou kwè nan Sovè a, respekte Pawòl Sajès la, oubyen obeyi lwa dim nan. Pa egzanp, yo ta kapab rann temwayaj sou benediksyon ki soti nan viv ansèyman sa yo.

  • Pataje yon eksperyans kote lòt moun te panse ke kwayans ou yo sete foli, oubyen pataje yon egzanp nan ekriti yo. Kite timoun yo pataje kèk eksperyans menm jan an. Kijan 1 Korentyen 1:25 ede nou rete fidèl lè lòt moun rele kwayans nou yo foli?

1 Korentyen 2:11–14

Sentespri a anseye m verite levanjil yo.

Kijan w ka ede timoun yo rekonèt ke yo bezwen Sentespri a pou yo konprann “bagay Bondye yo”?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou fè lis mwayen nou genyen pou nou aprann osijè mond lan—pa egzanp, liv, lekòl, ak entènèt. Apre sa li 1 Korentyen 2:11–14ansanm. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason nou aprann “bagay Bondye yo”?

  • Rakonte lè w te aprann yon bagay atravè Lespri Bondye a. Ede timoun yo idantifye lè yo te santi Lespri a. Ki “bagay Bondye” (1 Korentyen 2:11) Lespri a te ede nou konprann?

  • Envite chak timoun pou yo li youn nan ekriti sa yo: 1 Korentyen 2:11–14; 1 Nefi 10:17; Mowoni 10:3–5; ak Doktrin ak Alyans 8:2–3. Mande timoun yo pou yo pataje sa yo te aprann nan ekriti sa yo sou fason Sentespri a anseye nou. Poukisa nou rekonesan pou don Sentespri a?

1 Korentyen 6:19–20

Mwen dwe trete kò m avèk respè epi kenbe l sakre.

Konprann ke kò nou se kado ki soti nan Pè Selès la ap ede timoun yo kenbe kò yo sakre, menm lè yo gen tantasyon pou yo fè otreman.

Aktivite posib

  • Pote yon bwat ki gen foto yon timoun ak yon tanp andedan l. Envite timoun yo pou yo li 1 Korentyen 6:19–20 epi devine kisa ki nan bwat la. Fè yo ouvri l li epi diskite kijan kò nou se tankou tanp.

  • Pale timoun yo de kijan nou ta dwe trete yon tanp. Si kò nou se tankou tanp, kijan nou ta dwe trete kò nou? Chante oubyen li pawòl yon chan sou tanp, tankou “Je demeure dans un temple” (Chants pour les enfants,, 153), ka ede nou reponn kesyon sa a. Lè nou fè erè, kijan nou ka fè “tanp” nou an vin pwòp ankò?

  • Li ansanm “Kò ou Sakre” (nan Pou Fòs Jèn yo [gid, 2022], 22–29). Envite timoun yo pou yo mete sou tablo a yon lis konsèy yo jwenn sou fason pou nou pran swen kò nou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo yon kantik yo te chante nan klas la ak sa yo te aprann ladan l.

Amelyore Ansèyman Nou

Temwaye konsènan Jezikri. Youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè kòm enstriktè se temwaye konsènan Jezikri. Sa ap ede timoun yo fòtifye temwayaj yo epi santi lanmou Sovè a pou yo.

Enprime