Nouvo Testaman 2023
(21–27 Out. 1 Korentyen 1–7: “Se Pou Nou Pafètman Ini Ansanm”


“21–27 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se Pou Nou Pafètman Ini Ansanm’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“21–27 Out. 1 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Ansyen Korent

Korent, Sid peyi La Grèce, forum nan ak Sant Minisipal la, tablo Balage Balogh Balogh/www.ArchaeologyIllustrated.com

21–27 Out

1 Korentyen 1–7

“Se Pou Nou Pafètman Ini Ansanm”

Ekri enpresyon ou pandan w ap li 1 Korentyen 1–7la. Enpresyon sa yo ka enkli enspirasyon pou w etidye yon ide pi plis, pou w pataje yon bagay ou aprann, oubyen pou w fè chanjman nan lavi w.

Ekri enpresyon ou yo

Pandan mwa Pòl te pase nan Korent yo, “plizyè Korentyen ki t ap koute [li] te kwè, epi yo te batize” (Travay 18:8). Konsa, siman sa dwe te tris pou Pòl lè l te tande, jis kèlke ane sèlman, ke te gen “divizyon” ak “kontansyon” pami Sen Korentyen yo epi pandan l pa t la a, yo te kòmanse suiv “sajès mond lan” (1 Korentyen 1:10–11,20). Kòm repons, li te ekri lèt nou rele 1 Korentyen an kounyea. Li ranpli avèk doktrin pwofon, epi, an menm tou, Pòl sanble l te desi dèske Sen yo pa t pare pou yo te resevwa tout doktrin li te vle anseye yo. Li te plenyen: “Pou mwen menm, frè m yo, m pa t ka adrese nou antanke moun spirityèl, men antanke moun chanèl” (1 Korentyen 3:1–3). Pandan n ap prepare pou nou li pawòl Pòl yo, li ta bon pou n ta egzamine pwòp dispozisyon pa nou pou n resevwa verite a—enkli dezi nou pou n koute Lespri a e efòse nou pou n gen inite nan fanmi nou, avèk manm Legliz yo, epi avèk Bondye.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

1 Korentyen 1:10–17; 3:1–11

Manm Legliz Kris yo dwe ini.

Nou pa konn tout detay sou mank inite pami Sen Korentyen yo men, nou konn sa k rele mank inite nan pwòp relasyon pa nou. Panse a yon relasyon nan lavi w ki ta ka benefisye de plis inite; ep apresa, chèche kisa Pòl anseye nan 1 Korentyen 1:10–17; 3:1–11 la sou mank inite pami Sen Korentyen yo. Ki ide w ka jwenn sou fason pou devlope pi gran inite avèk lòt moun?

Gade tou nan Mozya 18:21; 4Nefi 1:15–17; Doktrin ak Alyans 38:23–27; 105:1–5; Sijè Levanjil yo, “Inite,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

1 Korentyen 1:17–312

Pou akonpli travay Bondye a, m bezwen sajès Bondye.

Byenke sa bon—e menm rekòmande—pou n chèche sajès tout kote nou ka jwenn ni (gade 2 Nefi 9:29; Doktrin ak Alayns 88:118), Pòl mete nou angad byen fèm, kont sajès enpafè lòm, sa l rele “sajès mond lan.” Pandan w ap li 1 Korentyen 1:17–25la, reflechi sou siyifikasyon fraz sa a. Kisa w panse Pòl te vledi lè l te pale de “sajès Bondye” a? Poukisa nou bezwen sajès Bondye pou n akonpli travay Bondye?

Nan efò nou pou n ranpli responsablite nou nan akonpli travay Bondye a, èske nou konn santi yon sansasyon “laperèz, ak … gwo tranble” Pòl te santi lè l t ap anseye Sen Korentyen yo? (1 Korentyen 2:3). Kisa w jwenn nan 1 Korentyen 2:1–5 ki ba w kouraj? Panse sou fason w ka montre ke gen plis konfyans nan “pouvwa Bondye” pase nan “sajès lèzòm.”

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 1:17–28.

1 Korentyen 2:9–16

M bezwen Sentespri a pou m ka konprann bagay Bondye yo.

Si w ta anvi aprann plis sou yon bagay tankou mekanik otomobil oubyen achitekti medyeval, kijan w t ap fè sa? Selon 1 Korentyen 2:9–16, kijan aprann “bagay Bondye yo” diferan avèk aprann “bagay lèzòm”? Poukisa nou dwe gen Sentespri a pou n ka konprann bagay Bondye yo? Lè w fin li vèsè sa yo, kisa w santi w ta dwe fè pou w ka pi byen konprann bagay spirityèl yo? Nan ki fason pawòl Pòl yo ta ka ede yon moun k ap lite avèk temwayaj li?

1 Korentyen 6:13–20

Kò m se bagay ki sakre.

Pifò nan moun Korent yo te panse ke imoralite seksyèl te akseptab epi kò yo te fèt prensipalman pou yo te pran plezi yo. Otremandi, Korent pa t twò diferan avèk mond jodia. Kisa Pòl te anseye nan 1 Korentyen 6:13–20 ki ka ede w eksplike lòt moun rezon k fè nou mennen yon lavi chastete?

Tankou Pòl, Sè Wendy W. Nelson te ankouraje Sen yo pou yo gen chastete; gade nan mesaj li a “Amou ak Maryaj” (Devosyon Mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 8, 2017, broadcasts.ChurchofJesusChrist.org). Daprè Sè Nèlson, ki benediksyon ki vini lè moun viv modèl Senyè a konsènan amou ak entimite?

1 Korentyen 7:29-33

Èske Pòl te anseye ke l pi bon pou yon moun pa marye pase pou l marye?

Plizyè vèsè nan 1 Korentyen 7 la sanble yo sigjere ke, pandan maryaj akseptab la, li ta preferab pou yon moun ta rete selibatè epi elwanye l totalman de tout relasyon seksyèl. Sepandan, Tradiksyon Joseph Smith, 1 Korentyen 7:29–33 a (gade nan apendiks Bib la) ede nou konprann ke Pòl t ap fè referans a moun li te aple pou yo te misyonè aplentan yo, kote l t ap fè yo remake ke yo t ap kapab sèvi pi byen si yo te rete selibatè pandan misyon yo a. Senyè a anseye palentèmedyè sèvitè l yo, enkli Pòl, ke maryaj fè pati plan etènèl li a epi li nesesè pou egzaltasyon (gade 1 Korentyen 11:11; DA 131:1–4).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Korentyen 1:10–17; 3:1–11.Pandan manm fanmi w yo ap li vèsè sa yo, envite yo pou yo chèche yon ide ki ka ede yo vin pi ini ansanm.

1 Korentyen 3:1–2.Petèt, ou ta ka li vèsè sa yo pandan w ap bwè lèt ak manje vyann. Ou ta ka konpare fason tibebe grandi vin tounen adilt avèk fason nou grandi spirityèlman.

1 Korentyen 3:4–9.Pòl te konpare efò misyonè li avèk plante yon semans. Kisa konparezon li a anseye nou konsènan pataje levanjil la?

1 Korentyen 6:19–20.Konpare kò nou avèk yon tanp, jan Pòl te fè a, ka yon mwayen efikas pou w anseye sou karaktè sakre kò nou. Petèt ou ta ka montre kèk foto tanp, tankou sa k nan plan leson sa yo. Poukisa tanp yo sakre? Nan ki fason kò nou sanble ak tanp? Kisa nou ka fè pou n trete kò nou tankou tanp? (Gade tou nan edispesyal Out 2020 edisyon spesyal nan Liahona sou seksyalite.)

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sigjere: “Je demeure dans un temple,” Chants pour les enfants, 73.

Amelyore etid pèsonèl nou

Se pou w gen pasyans avèk tèt ou. Pòl te anseye ke lèt vini anvan vyann lè n ap aprann levanjil la (gade 1 Korentyen 3:1–2). Si w ta twouve ke gen kèk pwen doktrinal ki difisil pou w konprann kounyeya, pran pasyans. Ou dwe gen konfyans ke repons yo ap vini si w gen lafwa epi w etidye ak dilijans.

Imaj
kat tanp

Pòl konpare kò nou avèk karaktè sakre yon tanp. Kòmanse anwo agoch ale adwat: Tanp Tijuana, Meksik; Tanp Taipei, Tayiwann; Tanp Tegucigalpa, Honduras; Tanp Houston, Texas.

Enprime