Nouvo Testaman 2023
14–20 Out. Women 7–16: “Venk Mal la avèk Byen”


“14–20 Out. Women 7–16: ‘Venk Mal la avèk Byen,’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“14–20 Out. Women 7–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
vestij Wòm antik

14–20 Out

Women 7-16

“Venk Mal la avèk Byen“

Se sèl kèk nan prensip levanjil ki nan Women 7–16 yo nou ka enkli nan plan leson sa a, konsa, pa limite tèt ou a sa yo prezante w la a. Pote atansyon a enspirasyon w resevwa pandan w ap li ekriti yo.

Ekri Enpresyon w yo

Nan kòmansman epit li a pou Women yo, Pòl te salye manm Legliz nan Wòm yo nan rele yo “byeneme nan Bondye” ki “aple pou yo vin sen.” Li te remake ke “lafwa yo te [gen] renome nan tout mond lan” (Women 1:7–8). Byenke Pòl pase anpil tan nan epit li a ap korije fos ide ak konpòtman fotif, sanble l te vle asire nouvo konvèti kretyen sa yo ke yo sete vrèman Sen byeneme Bondye yo te ye. Li te kontinye pataje konsèy plen tandrès li avèk nou tout k ap lite pou n santi lanmou Bondye ak pou moun ki ka santi pa gen chans pou yo vin yon Sen. Nan yon manifestasyon senpati enb, Pòl te rekonèt ke l te konn santi l tankou yon “moun mizerab” pafwa (Women 7:24, men levanjil Jezikri a te ba l pouvwa pou l te simonte peche (gade Joseph Smith Tradiksyon, Women 7:22–27 [nan apendiks Bib la]). Avèk pouvwa sa a, pouvwa redanmsyon Sovè a, nou ka “simonte mal” —ni mal nan mond lan ni mal ki nan noumenm—“avèk byen” (Women 12:21).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Women 7-8

Moun ki suiv Lespri a ka vin tounen “koeritye nan Kris la.”

Menm apre w fin antre nan yon “nouvo lavi” atravè òdonans batèm nan (Women 6:4), petèt ou ka santi yon ti kal nan konfli enteryè Pòl dekri nan Women 7—“lit” ant lòm natirèl la ak dezi jis nou yo (Women 7:23). Men Pòl pale de esperans tou nan Women 8:23–25 Ki rezon nou jwenn nan chapit 8la pou esperans sa a? Ou gendwa chèche benediksyon ki soti nan genyen “Lespri a demere nan nou” (Women 8:9). Kijan w ka plis chèche konpayi Sentespri a nan lavi ou pi totalman?

Women 8:16–39

Kado glwa etènèl depase delwen eprèv yo sou tè a.

Kèk ane apre Pòl te ekri epit sa a, Sen nan Wòm yo te sibi gwo pèsekisyon terib. Kisa w jwenn nan Women 8:17–39 ki ka te ede Sen sa yo lè pèsekisyon yo te rive? Kijan pawòl sa yo aplike pou noumenm ak eprèv n ap travèse aktyèlman yo?

Chèche koneksyon ant vèsè sa yo ak konsèy Sè Linda S. Reeves la: “M pa konnen poukisa nou gen tout eprèv nou genyen yo, men,pèsonèlman, m santi ke rekonpans lan si gran, si etènèl, ak enfini, si jwaye e depase tout konpreyansyon ke, nan jou rekonpans sa a, nou gen dwa santi n ta di Papa eman ak mizèrikòdye nou an: ‘Èske se sèlman sa m te gen kòm obligasyon?’ Mwen kwè si chak jou nou ka sonje ak rekonèt pwofondè lanmou Pè Selès nou an ak Sovè nou an genyen pou nou, nou t ap dispoze pou n fè tout sa yo mande nou pou n retounen nan prezans yo ankò, antoure ak lanmou yo etènèlman. Èkse sa pa pral gen anpil enpòtans … si sa nou soufri isit la, alafen, se eprèv sa yo jisteman sa ki kalifye nou pou lavi etènèl ak egzaltasyon nan wayòm Bondye a avèk Papa nou ak Sovè nou an?” (“Diy pou Benediksyon ki Pwomèt yo,” Liahona, Nov. 2015,11). Deside kisa w pral fè chak jou pou w ka “sonje ak rekonèt” lanmou Bondye pou ou.

Women 8:29–30; 9–11

Kisa Pòl te vledi lè l pale de “predestine,” “eleksyon,” ak “konnen davans”?

Pòl te itilize tè “predestine,” “eleksyon,” ak “konnen davans pou anseye ke avan lavi sa a , Bondye te chwazi kèk nan piitt li yo pou vin manm Izrayèl, pèp alyans li a. Sa vledi yo t ap resevwa benediksyon espesyal pou yo ka beni tout pèp yo nan mond lan (gade Gid pou Ekriti yo, “Eleksyon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Sepandan, Pòl te ensiste nan Women 9–11 ke tout pitit Bondye yo ka vin tounen pèp alyans li a, epi nou tout resevwa lavi etènèl nan menm fason an —atravè lafwa nan Jezikri ak obeyisans pou kòmandman li yo.

Gade tou Efezyen 1:3–4; 1 Pyè 1:2; Alma 13:1–5; Gospel Topics, “Preòdinasyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Women 12-16

Pòl envite m pou m vin yon vrè Sen ak disip Jezikri.

Dènye senk chapit Women yo gen dè douzèn enstriksyon espesifik konsènan fason pou nou viv kòm Sen. Yon fason pou w etidye enstriksyon sa yo se pou chèche sijè ki reprete yo. Kijan w t ap rezime konsèy Pòl la?

Ou gen dwa pa ka aplike tout konsèy sa a yon sèl kou, men Lespri a ka ede ou jwenn youn oubyen de prensip ou ta ka kòmanse travay sou yo jodia. Pataje dezi w avèk Pè Selès la nan lapriyè, epi mande èd li.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Women 8:31–39.Kisa nou jwenn nan Women 8:31–39 ki anseye fason Pè Selès la ak Jezi santi yo konsènan nou? Kilè nou te santi lanmou Bondye?

Pou ilistre vèsè 38–39, manm fanmi yo ta ka jwenn egzanp sou bagay yo ki, tankou nou ak lanmou Bondye, pa ka separe.

Imaj
Papa ak pitit fi k ap danse

Èldè Wilford W. Andersen te anseye: “Mizik levanjil la se [yon] sansasyon spirityèl kè kontan.”

Women 9:31–32.Mesaj Èldè Wilford W. Andersen nan “Mizik Levanjil la” (Lyawona, Me 2015, 54–56; gade tou videyo a nan ChurchofJesusChrist.org) ka ede ilistre sa Pòl anseye konsènan lalwa, zèv, ak lafwa. Apre diskisyon sou diskou l la, fanmi w ta ka eseye danse avèk oubyen san mizik. Kijan lafwa ka ede nou fè eksperyans avèk lajwa ki genyen nan levanjil la?

Women 10:17.Mete etikèt sou plizyè vè dlo avèk sous pawòl Bondye a sou yo (tankou ekriti yo, revelasyon pèsonèl, ak konferans jeneral). Di kijan pawòl Bondye a fè lafwa nou grandi pandan w ap vide chak vè dlo nan yon resipyan ki make “Lafwa.”

Women 12.Kisa sa vledi pou nou fè tèt nou vin “yon sakrifis vivan, sen, ki akseptab pou Bondye”? (vèsè 1).

Women 14:13–21.Fanmi w ta gen dwa benefisye nan etidye konsèy Pòl la konsènan jijman ak diskisyon sou preferans pèsonèl. Petèt ou ta ka diskite sou fason apwopriye pou nou reponn lè lòt moun, enkli manm fanmi nou, fè chwa ki diferan de pa nou. Kijan nou ka “ka suiv bagay yo ki mennen nan lapè”? (vèsè 19).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Je ressens son amour,” Chants pour les enfants,, 74–75.

Amelyore Ansèyman Nou

Kite timoun yo eksprime kreyativite yo. “Lè w envite timoun yo pou yo kreye yon bagay ki anrapò ak yon prensip levanjil, ou ede yo pi byen konprann prensip la. … Kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, epi kreye” (Anseye nan Fason Sovè a,25).

Imaj
Kris la avèk men l lonje

Rete avèk mwen, ilistrasyon pa Del Parson

Enprime