Nouvo Testaman 2023
23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: “Se Pou w Yon Egzanp pou Kwayan yo”


“23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se Pou w Yon Egzanp pou Kwayan yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
twa fi ki kanpe devan yon tanp

3–9 Oktòb

1 and 2 Timote; Tit; Filemon

“Se Pou w Yon Egzanp pou Kwayan yo”

Pòl te anseye ke “yo ba nou ekriti yo … pou enstwi nou nan lajistis” (2 Timote 3:16). Pandan w ap etidye epit sa yo, medite sou fason yo ka enspire timoun yo pou yo viv nan ladwati.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pale de yon moun ki se yon bon ”egzanp pou kwayan yo” pou yo. Kisa y ap fè pou yo ka bon egzanp pou lòt moun?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

1 Timote 3:1–2; Tit 1:7–9

Evèk yo dirije pawas yo antanke sèvitè Bondye.

Pòl te anseye Timote ak Tit sou enpòtans evèk. Kijan w ka anseye timoun yo kisa evèk la fè? (Yon prezidan Branch se ekivalan yon evèk.)

Aktivite posib

  • Desine yon foto evèk la sou tablo a. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay yo konnen osijè evèk la. Kiyès li ye? Kisa l fè? Ki fason l beni pawas la? (Ou ka jwenn kèk karakteristik yon evèk nan 1 Timote 3:1–2 ak Tit 1:7–9.) Mande timoun yo pou pataje ide yo, ekri yo sou moso papye epi fè yo plase yo sou tablo a, bò kot desen an.

  • Ekri devwa yon evèk sou kèk moso papye—tankou ede timoun yo ak jèn yo nan pawas la, aksepte dim ak ofrann jèn, bay apèl, fè entèvyou avèk manm, ak ede moun ki nan nesesite. Mete moso papye yo nan yon bòl, epi envite chak timoun pou pran youn. Apresa ede timoun nan jwe wòl devwa sa yo avèk ou. Pataje temwayaj ou ke se Bondye ki aple evèk ou a.

  • Envite timoun yo pou yo desine yon foto evèk la k ap sèvi manm pawas yo. Sigjere yo pou yo bay l desen yo a pou remèsye li. Kisa nou ka fè pou ede li?

Imaj
de misyonè k ap pale avèk yon mesye

“Pa kite pèsonn pase nan betiz paske w twò jèn; men se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo” (1 Timote 4:12).

1 Timote 4:12

Mwen ka ”yon egzanp pou kwayan yo.”

Kisa w santi w ta fè pou enspire timoun yo pou yo se “egzanp pou kwayan yo”?

Aktivite Posib

  • Chante kantik “Do as I’m Doing” (Children’s Songbook, 276). Mande timoun yo pou yo suiv egzanp ou nan fè menm jès w ap fè yo. Fè yo dirije rès klas la youn apre lòt pandan y ap suiv jès yo. Li 1 Timote 4:12, epi mande yo kisa yo ka fè pou yo ka bon egzanp pou lòt moun.

  • Pataje yon eksperyans kote w te eseye vin yon bon egzanp pou yon moun oubyen kote yon moun te bon egzanp pou ou (petèt eseye enkli timoun nan klas ou yo). Envite timoun yo pou yo se bon egzanp pou manm fanmi yo ak zanmi yo.

2 Timote3:14-17

Ekriti yo ap ede m aprann laverite.

Si w ka ede timoun yo aprann renmen ekriti yo, ansèyman ki nan ekriti yo ap beni lavi yo pou ane k ap vini yo.

Aktivite posib

  • Montre yon liv ekriti, epi ede timoun yo vin familye avèk yo nan montre yo paj tit Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans, ak Pèl Gran Pri a. Envite yon timoun pou l kenbe liv sa yo pandan w ap li 2 Timote 3:15–17. Di yo poukisa ou renmen ekriti yo, epi kite timoun yo eksprime sa yo santi.

  • Mande yo pou yo pale de yon byen ki pi presye yo posede. Kisa yo fè avèk li? Kijan yo trete li? Fè yo kenbe liv ekriti yo youn apre lòt epi vire paj yo avèk swen. Poukisa nou itilize ekriti yo? Poukisa nou bezwen byen pran swen yo? Temwaye ke ekriti yo gen verite ke Papa nou ki nan Syèl la vle nou konnen.

  • Ede yo envante kèk jès pou akonpaye chan sou ekriti yo, tankou “Quand je lis l Ecriture Sainte” (Chants pour les enfants, 66).“

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Timote 4:12

Mwen ka ”yon egzanp pou kwayan yo.”

Timote te relativman jèn pou l te dirijan Legliz la, men Pòl te vle l konnen ke l te ka toujou rete yon egzanp. Ou ka enspire timoun yo pou yo bay bon egzanp pou moun ki bò kote yo.

Aktivite Posib

  • Li 1 Timote 4:12, ansanm, epi mande timoun yo pou yo chèche jwenn sis fason Pòl te di nou ka “yon egzanp pou kwayan yo.” Divize timoun yo an de, epi envite chak gwoup pou yo panse a yon sitiyasyon kote yo ka sèvi kòm yon egzanp pou kwayan yo. Mande yo pou yo jwe wòl sitiyasyon yo a pou rès klas la.

  • Mande yo si yo ta renmen pataje yon eksperyans kote yo te eseye yon bon egzanp pou lòt moun. Di yo kijan yo se egzanp pou kwayen yo pou ou ak fason ou wè yo ap eseye rete bon egzanp pou lòt moun.

1 Timote 6:7–12

Bagay etènèl yo gen plis valè pase lajan.

Mond lan mete gwo priyorite sou lajan ak sou bagay lajan ka achte. Kijan ou ka ede timoun yo kenbe fokis yo ak lanmou yo konsantre sou Pè Selès la ak Jezikri?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo di kisa yo t ap achte si yo te gen tout lajan nan mond lan. Li 1 Timote 6:7–12 avèk yo, epi mande yo pou yo fè rezime sa Pòl te anseye Timote apwopo lajan. Apresa envite yo pou yo li vèsè 11–12 yo ankò, pandan y ap chèche bagay Pòl mansyone ki gen plis valè pase lajan yo.

  • Montre foto bagay materyèl (tankou lajan, jwèt, oswa divètisman) ak bagay ki etènèl (tankou fanmi oubyen tanp). Envite timoun yo pou yo klase yo an de pil—bagay ki mennen nou pi pre Kris la ak bagay ki ka detounen nou de Kris la si nou renmen yo plis pase nou renmen Li. Poukisa “amou pou lajan … se rasin tout mal”? Kijan konsantre sou Jezikri ka fè nou gen kè kontan?

2 Timote3:14-17

Pè Selès la ba nou ekriti yo pou ede nou disène ant laverite ak lerè.

Pandan w ap anseye timoun yo sou ekriti yo, chèche fason pou w ankouraje yo pou yo fè pwòp eksperyans puisan pa yo avèk pawòl Bondye a.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li 2 Timote 3:15–17. Afiche foto ki dekri yon istwa ki nan chak nan liv kanonik yo, epi envite plizyè timoun pou chwazi yon foto epi pou yo rakonte istwa a. (Ou ka jwenn foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la ak nan dokimantasyon ki nan Vini, Suiv Mwen yo.) Mande timoun pou yo pataje yon lòt bagay yo konnen apwopo liv ekriti sa a. Kijan ekriti yo “kapab fè [nou] saj pou mennen nou nan sali”?

  • Pataje yon vèsè ekriti oubyen yon eksperyans favori kote ekriti yo te ede w bati lafwa w nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri. Envite timoun yo pou yo pataje yon vèsè oswa yon eksperyans favori pa yo.

  • Mande yon timoun pou l li Mowoni 10:4–5 Kisa Mowoni pwomèt nan vèsè sa yo? Mande timoun yo kisa yo te fè pou yo te ka gen yon temwayaj ke ekriti yo vrè. Envite yo pou yo li oubyen koute ekriti yo regilyèman epi pou yo mande Bondye si yo vrè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo kisa yo te aprann apwopo ekriti yo epi pou yo jwenn youn nan vèsè ekriti yo ka pataje avèk klas la semèn pwochèn (avèk èd paran yo, si nesesè).

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte aktivite yo pou reponn bezwen yo. Olye w konsidere plan leson sa yo kòm enstriksyon ke w dwe suiv, itilize yo kòm sous ide pou pouse pwòp enspirasyon pa w pandan w ap medite sou bezwen timoun w ap anseye yo. Ou gen dwa adapte aktivite sa yo pou anseye timoun nan tout laj.

Enprime