Nouvo Testaman 2023
30 Oktòb–5 Novanm Ebre 1–6: “Jezikri, ‘Otè Sali Etènèl la’”’


“30 Oktòb–5 Novanm. Ebre 1–6: ‘“Jezikri, ‘Otè Sali Etènèl la’”’ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

30 Oktòb–5 Novanm. Ebre 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Kris la ki kanpe avèk yon jènfi

Balm of Gilead [Pomad Gilead[, pa Annie Henrie

30 Oktòb–5 Novanm

Ebre 1–6

“Jezikri, ‘Otè Sali Etènèl la’”’

Ki verite nou jwenn nan Ebre 1–6 la nou santi n enspire pou n anseye timoun yo? Pote atansyon a enspirasyon Lespri a w ap resevwa pandan w ap prepare w la, epi asire w ke w ekri yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Èske timoun yo te aksepte envitasyon w te fè nan leson semèn pase a pou yo chèche yon vèsè ekriti pou yo pataje a? Si wi, ba yo tan pou yo pataje l. Si non, ede yo panse a yon bagay yo aprann nan ekriti yo resamman ke yo ka pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Ebre 1:1–10; 2:8–10, 17–18

Wi m kwè nan Kris la.

Vèsè sa yo ka ede timoun yo aprann plis osijè Jezikri ak fòtifye relasyon yo avèk li.

Aktivite posib

  • Chèche kèk verite konsènan Jezikri nan Ebre 1:1–10; 2:8–10, 17–18, epi ekri yo sou fèy papye. Kache lè papye yo nan sal la, epi envite timoun yo chèche yo. Ede timoun yo li verite ki ekri sou yo a, epi pale de siyifikasyon yo. Si nesesè, eksplike ke yo rele Jezi Pitit Gason Bondye paske Pè Selès la se papa kò L ak lespri L.

  • Kenbe yon foto Sovè a, epi di poukisa ou rekonesan pou Li. Kite chak timoun pran tan ap kenbe foto an epi di poukisa li rekonesan pou Jezikri.

Ebre 3:8

Pè Selès la vle pou nou “pa fè kè nou di.”

Ebre 3 dekri Izrayelit yo ki te fèi kè yo di epi yo te rejte benediksyon Senyè a. Sa kapab yon avètisman pou nou tout tou, pou n pa andisi kè nou.

Aktivite Posib

  • Vini avèk yon bagay absòban (tankouyon eponj oubyen yon twal) ak yon bagay di (tankou yon wòch). Envite timoun yo pou yo touche objè sa yo epipou yo dekri kisa yo santi. Mete kèlke gout dlo sou chak objè, epi fè yo remake ke eponj lan absòbe plis dlo pase wòch la. Di yo ke kè nou dwe mou e lipa dwe di pou nou ka aksepte verite Pè Selès la ak lanmou L.

  • Koupe yon kè nan yon materyèl byen soup, tankou twal, ak youn nan yon materyèl byen di, tankou katon. Diskite diferans ant yon kè mou ak yon kè ki vin di avèk timoun yo. Pataje kèk egzanp nan ekriti yo sou moun ki adousi kè yo ak moun ki andisi kè yo (tankou Nefi, Laman, ak Lemyèl [1 Nefi 2:16–19Pòl [Travay 9:1–22oubyen Joseph Smith [Joseph Smith—Istwa 1:11–20 Pandan w ap pataje chak egzanp, envite timoun yo pou yo montre kè ki dou a ak kè ki di a.

Imaj
Moyiz k ap òdone Aawon

Aawon te “aple de Dye” (Ebre 5:4). Moses Calls Aawon to the Ministry [Moyiz aple Aawon nan ministè a], pa Harry Anderson

Ebre 5:4

Se Bondye ki aple detantè Prètriz yo.

Ebre 5:4 se yon vèsè enpòtan paske li klarifye ke detantè prètriz yo dwe aple pa Bondye. Sa vrè pou nenpòt moun ki aple pou sèvi nan Legliz Senyè a.

Aktivite posib

  • Li Ebre 5:4 pou timoun yo. Mande yon detantè prètriz pou eksplike sa prètriz la ye. Li ta ka pataje tou fason L sèvi lòt moun lè l ap ranpli devwa l Mande yon sè nan pawas la pou l pataje eksperyans li lè yo te mete l apa nan yon apèl nan Legliz la. Ankouraje l pataje kijan Senyè a te beni l avèk pouvwa pou l mayifye apèl li a.

  • Ede timoun yo memorize ekspresyon ki nan senkyèm atik lafwa a. Temwaye yo ke moun Bondye aple pou fè travay li a, li aple yo pa revelasyon.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Ebre 1:2–10; 2:8–10, 17–18

Mwen kwè nan Kris la.

Nan Epit pou Ebre yo te ekri pou fòtifye lafwa Sen Ebre yo nan Jezikri. Li ka fè menm bagay la pou timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tack pou l kèlke vèsè nan Ebre 1:1–10; 2:8–10, 17–18, epi envite yo pou yo chèche verite sou Jeizkri nan vèsè sa yo. Fè yo pataje oubyen ekri sa yo jwenn yo sou tablo a. Ki lòt bagay nou konnen konsènan Jezikri? Timoun yo ap jwenn kèk ide nan kantik tankou “Je sais qu il vit, mon Rédempteur” (Cantiques, no.136) oswa “He Sent His Son”, (Chants pour les enfants, 34–35).

  • Envite timoun yo pou yo desine tèt yo avèk paran yo. Mande yo pou yo di kisa yo gen an komen avèk paran yo. Eksplike ke lè Ebre 1:3 di ke Jezikri se “pòtre Bondye” a, li vle di Jezi ak Pè Selès la gen menm kalite ak karakteristik. Pale avèk timoun yo konsènan kijan suiv Jezikri mennen nou vin pi pre Papa nou Ki Nan Syèl la.

Ebre 3: 7-19

Pou n resevwa asistans ak benediksyon Pè Selès la, nou pa dwe “andisi kè nou.”

Nan Ebre 3, yo itlize istwa Izrayelit yo nan dezè a pou anseye sou enpòtans pou n pa andisi kè nou. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun nan klas ou a prensip sa a?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo panse ak bagay ki di ak sa ki mou. {Si posib, pote ekzanp pou montre yo.) Li ansanm Ebre 3:8. Kisa yon kè andisi vle di? Poukisa Bondye vle pou nou gen kè ki dou?

  • Nan pwòp mo pa w, rakonte istwa Izrayelit yo ki te andisi kè yo kont Senyè a nan dezè a (gade nan Resansman 14:1–12; Ebre 3:7–19). Fè timoun yo jwe wòl istwa a. Kisa k ap rive si nou andisi kè nou kont Senyè a ak levanjil li a?

  • Envite timoun yo pou yo pou yo li Matye 13:15; Ebre 3:15; Mozya 11:29; ak Moyiz 6:27. Mande yo pou yo desine kèk pati nan kò nou yo mansyone nan vèsè sa yo. Kisa sa vle di pou nou gen zòrèy andisi, je avèg, ak kè ki di? Kijan nou ka asire nou ke zòrèy nou, je nou , ak kè nou pare pou rekonèt vwa Espri a?

Ebre 5:1–4

Se Bondye ki aple detantè prètriz yo.

Ebre 5 ba w yon opòtinite pou w diskite kisa prètriz la ye—pouvwa ak otorite pou aji nan non Bondye—ak kijan yo resevwa li.

Aktivite Posib

  • Montre foto Moyiz k ap bay Aawon prètriz la (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.15) pandan yon timoun ap li Ebre 5:4. Eksplike ke Prètriz Aawon an te pote non Aawon. Ede timoun yo panse a devwa detantè Prètriz Aawon yo akonpli (tankou fè batèm, beni ak distribye Sentsèn, epi envite lòt moun pou vin jwenn Kris la; gade Doktrin ak ALyans 20:46-48, 59).

  • Ede timoun yo panse a kèk fason diferan moun resevwa otorite. Pa egzanp, kijan yon enstriktè, yon doktè, oubyen yon dirijan politik resevwa otorite? Kijan Bondye bay otorite L? Envite timoun yo pou yo panse a kesyon sa a pandan y ap li Ebre 5:4 ak senkyèm atik lafwa a. Ede timoun yo panse a moun nan pawas la ki gen otorite Bondye—enkli detantè prètriz, ansanm ak gason ak fi ke te resevwa mizapapou sèvi nan apèl espesifik.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje yon ekriti, yon kantik, oubyen yon aktivite yo te aprann nan klas la jodia avèk fanmi yo pandan yon sware familyal.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a.

Enprime