Nouvo Testaman 2023
13–19 Novanm. Jak: “Mete Pawòl la an Pratik, Pa Kontante Nou ap Koute l Sèlman“


“13–19 Novanm. Jak: ‘Mete Pawòl la an Pratik, Pa Kontante Nou ap Koute l Sèlman’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“13–19 Novanm. Jak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
jèn k ap netwaye yon miray

13–19 Novanm

Jak

“Mete Pawòl la an Pratik, Pa Kontante Nou ap Koute l Sèlman“

Nan Epit Jak la gen anpil verite ki ka beni timoun w ap anseye yo. Suiv Lespri a pou w ka detèmine kiyès ladan yo w ap pataje avèk yo. Ide yo ki nan plan leson sa a ka ede tou.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo pale de yon prensip levanjil yo sonje yo te aprann avèk fanmi yo pandan semèn pase a oubyen nan klas Primè a Dimanch pase. Apre chak timoun fin pataje, envite yon lòt timoun nan klas la pou l rezime sa yo te pataje a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jak 1:5–6

M ka mande Pè Selès la pou ede m aprann sa ki vrè.

Ede timoun w ap anseye yo konprann ke yo ka ale kote Pè Selès la pou yo jwennsajès. Si yo fè sa, sa ap ede yo anpil lè y ap fè fas ak kesyon difisil.

Aktivite posib

  • Ede yo aprann fraz “Si yon moun manke bon konprann, se pou l mande Bondye” a (Jak 1:5). Kijan nou poze Bondye kesyon? Kijan Li reponn nou?

  • Montre yon foto sou Premye Vizyon an (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 90), oubyen pase videyo “Premye Vizyon Joseph Smith la” (ChurchofJesusChrist.org). Eksplike kijan lekti Jak 1:5 la te pouse Joseph Smith pou l t al mande Pè Selès la pou te ede l avèk yon kesyon (gade Joseph Smith—Istwa 1:1–20). Pataje temwayaj ou ke Bondye reponn priyè nou, epi temwaye ke timoun yo ka priye L lè yo gen kesyon. Fè yo desine pwòp imaj pa yo sou Joseph Smith k ap li Jak 1:5 la epi k ap priye Pè Selès la.

Jak 3:1–13

Mwen ka pale avèk jantiyès.

Jan Jak temwaye a, aprann di lòt moun bagay ki janti ap ede nou vin menmjan ak Jezikri (gade Jak 3:2).

Aktivite posib

  • Montre foto yon bagay ki dous ak yon bagay ki si. Ede timoun yo konprann ke Pè Selès la mande nou pou nou itilize lang nou pou di bagay ki dous (oubyen janti) e nou pa dwe di bagay ki anmè (oubyen kipa janti) (gade Jak 3:10). Ede yo panse a kèk egzanp sou bagay janti nou ka di lòt moun.

  • Bay chak timoun yon senp desen sou yon moun k ap pale. Envite yo pou yo leve l anlè lè w di yon bagay janti nou ka fè avèk pawòl nou (tankou di laverite, fè konpliman, ak ofri yon moun èd) epi pou yo bese l lè w di yon bagay nou pa ta dwe fè avèk lang nou (tankou bay manti, ensilte yon moun, ak refize obeyi paran nou).

  • Ranfòse mesaj ki nan Jak 3:1–13 la nan chante yon kantik sou jantiyès ansanm, tankou “Soyons gentils” (Chants pour les enfants, 83).

Jak 5:7–11

Resevwa benediksyon Bondye yo mande pasyans.

Pasyans pa toujou vini tounatirèlman, espesyalman kay timoun yo. Panse a ki fason w ka itilize konsèy Jak la pou ede timoun w ap anseye yo aprann pasyans.

Aktivite posib

  • Ede yo panse a moman kote yo konn oblije tann pou yon bagay yo te vrèman vle. Pataje yon eksperyans kote w te oblije tann. Eksplike ke tann pou yon bagay nou vle san nou pa plenyen rele pasyans.

  • Rezime Jak 5:7 nan pwòp mo pa ou, epi montre foto yon semans oubyen yon jèn plant. Poukisa nou bezwen pasyans lè n ap kiltive plant? Kisa k ap rive si w eseye rale yon jèn plant la pou fè l grandi pi vit? Ou gendwa pale avèk timoun yo konsènan kisa sa vledi pou gen pasyans avèk lòt moun epi avèk tèt nou. Temwaye ke Bondye ka ede nou aprann gen pasyans.

  • Pataje istwa Jòb la, ke yo mansyone nan Jak 5:11 la kòm yon egzanp sou pasyans (gade “Jòb,” nan Istwa Ansyen Testaman yo, oubyen videyo koresponsan an nan ChurchofJesusChrist.org). Kijan Jòb te beni poutèt pasyans li?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jak 1:5–6

Pè Selès la ap ede m aprann laverite si m chèche èd Li.

Timoun w ap anseye yo gen kèlke ane sèlman pase sa Joseph Smith te genyen lè l te li Jak 1:5 la epi l te santi enspirasyon pou l te apwoche Pè Selès la nan lapriyè a. Reflechi sou ki fason w ka ede yo bati lafwa yo ke Bondye ap ede yo lè yo manke sajès.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo rakonte w istwa Premye Visyon Joesph Smith la nan pwòp mo pa yo (gade e Joseph Smith—Istwa 1:5–20; gade videyo “Premye Vizyon Joseph Smith la” tou nan ChurchofJesusChrist.org). Kijan lekti Jak 1:5 la te ede Joseph? Ede timoun yo panse a egzanp kèk lòt moun nan ekriti yo ki te resevwa yon repons pou priyè yo, tankou Nefi (gade 1 Nefi 11:1–6) ak frè Jarèd la (gade Etè 2:18–3:9). Ki kèk bagay nou ka mande Pè Selès la nan lapriyè?

  • Li Joseph Smith—Istwa 1:10–14avèk timoun yo. Envite yo pou yo chèche kèk bagay Joseph Smith te fè pou l te resevwa repons pou kesyon l yo. Kijan nou ka suiv egzanp Joseph la lè nou gen kesyon?

Jak 1:22–27; 2:14–26

“Lafwa san zèv pa vo anyen.”

Kijan w ap ede timoun yo wè koneksyon ant sa yo kwè ak sa yo fè?

Aktivite posib

  • Montre yo yon flach ki san pil ladan, yon kreyon ki pa gen min, oubyen yon lòt bagay ki initil oubyen ki “mouri.” Mande yo pou yo li Jak 2:14–17. Kijan bagay sa yo ilistre verite ki nan vèsè sa yo?

  • Envite kèk timoun pou li Jak 1: 22–27 an silans epi kèk lòt pou li 2:14–18. Apresa envite yo pou yo di kisa yo ta ka fè pou mete pawòl la an pratik. Pa egzanp, kijan yo respekte alyans batèm yo? Oubyen èske yo konn yon moun ki malad oubyen solitè ke yo ta ka vizite? Kijan yo ta ka sèvi fanmi yo plis? Ou ta ka raple yo pawòl yo te tande nan reyinyon Sentsèn nan jodia tou. Kijan nou ka mete pawòl sa yo an pratik?

Imaj
Abraram k ap priye deyò tant li a

“Abraram te kwè nan Bondye” (Jak 2:23). Abraram nan Plèn Mamre a, tablo Grant Romney Clawson

Jak 3:1–13

Mwen ka chwazi pale avèk jantiyès.

Pawòl nou chak di lòt ka parèt ke yo pa enpòtan, men, jan Jak temwaye a, yo ka gen yon enfliyans puisan, pou byen oubyen pou mal.

Aktivite posib

  • Èske gen yon moun nan pawas la, petèt youn nan timoun w ap anseye yo, ki konn travay avèk cheval oubyen ki konn yon bagay sou bato? Ou ta ka envite l pou l pote ide sou ansèyman Jak yo nan Jak 3:3–4 la osijè itilize pawòl janti. Oubyen pote kèk ide pa w. Kisa nou aprann konsènan kontwole lang nou nan egzanp sa yo?

  • Envite timoun yo pou yo li Jak 3:1–13 epi pou yo desine yon bagay yo wè ki anseye sou kontwole lang nou. Ba yo tan pou yo pataje desen yo a ak sa yo aprann. Chante ansanm yon kantik sou itilize mo janti, tankou “Sachons dire un mot gentil” (Cantiques, no. 150).

  • Apre nou fin repase Jak 3:1–13 la ansanm, revize prensip pou langaj yo ki nan Pou Fòs Jèn yo ([bwochi, 2022], 12). Ede timoun yo fikse yon objektif pou amelyore fason yo pale avèk lòt moun, epi ankouraje yo pou yo mande Pè Selès la pou ede yo avèk bi sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo fè yon bagay semèn sa a pou aplike sa yo te aprann nan klas la, tankou priye Pè Selès la avèk yon kesyon oubyen eseye gen plis pasyans. Mande yo pou yo pataje eksperyans yo nan pwochen klas la.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo pou yo patisipe aktivman. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo se plis pase aktivite ki amizan—yo esansyèl pou aprantisaj la” (Anseye nan Fason Sovè a25).

Enprime